Textes et Documents » Catégorie : Textes en créole

📂 Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry Céant) sou Sitiyasyon kriz la

Pèp Ayisyen,
Konpatriyòt nan tout 4 kwen peyi a,
Konpatriyòt ki nan dyaspora a,
Frèm ak Sèm yo :

Sa fè 10 jou depi peyi a ap viv yon moman difisil, yon moman ki bay anpil kè sote ;Sa fè 10 jou depi timoun yo paka ale lekòl, lopital yo paka bay laswenyay, gwo biznis ak ti biznis paka fonksyone ;

Sa fè 10 jou tou depi Leta ap pèdi anpil lajan. An menm tan tou, popilasyon an soufri anpil. Akòz wout ki bare, li paka jwenn dlo potab, li paka jwen manje, li paka jwenn gaz, li prèske pa jwenn kouran. Tout sa ki ka mennen nou dirèk dirèk nan yon grav kriz imanitè ;

Sa fè 10 jou depi kèk nan frè ak sè nou yo ap pèdi lavi yo nan sikonstans ki revòlte nou tout. Se avèk anpil kè sere m’ap pwofite voye senpati m pou tout kategori moun, espesyalman polisye ki tonbe yo.

Kòm papa pitit ki konn doulè paran, mwen voye yon panse espesyal pou manman jenn ti gason sa a, Roberto Badjo THELUSMA ki mouri devan lopital jeneral pandan li t’ap ede manman li nan ti aktivite komès li. Si m tounen 40 lane annaryè, mwen sonje tou kijan m te konn ede manman m nan komès vyann li t konn fè nan mache Kwabosal. Men Jodia mwen se Premye Minis, kidonk, pèsonn pa konnen kisa Roberto Badjo Thelusma te ka vin ye nan peyi sa a. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Diskou Prezidan Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) sou sitiyasyon kriz la

Une semaine après des manifestations qui ont pris chaque jour plus d’ampleur et qui reflètent le raz-de-bol du peuple devant la corruption qui gangrène le gouvernement, le président Haitien, Jovel Moise, après une semaine de silence déconcertant, décida finalement de prendre la parole en s’adressant en créole au peuple Haitien le 14 février.
(suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Nwèl 2018 Konferans Evèk Katolik peyi Dayiti

Texte reçu le 10 décembre 2018

« Lè tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi, ki te fèt anba Lalwa pou sove sila yo ki anba lalwa, yon fason pou l te fè nou favè vin pitit Bondye » (Galat 4,4-5).

bishop-hat1. Se ak gwo kokennchenn mo sa yo Sen Pòl sèvi nan lèt li ekri moun Galat yo, pou l pale sou entèvansyon Bondye fè pou l sove ras lèzòm. Sen Jan, bò kote pa l, prezante fason entèvansyon sa a fèt ak yon bèl ti pawòl tou kout : « Li monte tant li nan mitan nou » (Jan 1, 14).

2. Pitit Bondye a rebay moun ki pa t ka sove tèt li, konfyans. Li fèt sanble ak moun. Li aksepte viv menm jan ak li, sòf peche li pa t konn fè (cf. Ebre 4, 15). Li monte tant li bò kote pa moun, yon fason pou moun ka tounen jwenn fyète l, grandè l ak diyite l nan konfyans. Kèlkeswa non mal la pote, Bondye pa kite moun nan kontinye plonje pi fon ladan l. Li vin pote l sekou pou ede l soti nan twou li te tonbe a, yon mannyè pou l ka gen konfyans nèt ale nan fòs Sila a ki sove l la.

3. Pitit fi ak pitit gason Ayiti k ap viv anndan tankou deyò peyi a, nou salye nou avèk anpil renmen. N ap pare nou pou n fete Nwèl, kise gwo evènman kote Jezi, Pitit Bondye a, sovè nou an, te vin fèt nan mitan nou. Jodi a ankò, nan tan nap viv la, li vin plante tant li nan mitan nou. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt pou laprès ki sòti nan Konferans Evèk Katolik nan peyi Ayiti

Le président Jovenel et le Cardinal Langlois
À lilavoix, le 27 septembre 2017

Frè ak sè nou yo, ak tout moun nòt sa a rive jwenn!

1.- Nous menm Evèk Katolik nan peyi a, nou salye nou nan non Bondye lavi a. Antan nou reyini nan Lilavwa depi 25 pou rive 29 septanm, nou te pran tan lapriyè epi reflechi sou sa kap pase nan peyi a.

2.- Rèl pèp la rive nan zorèy nou, e li touche nou nan fon kè nou. Nou te koute tou Prezidan peyi a ki te vin vizite Evèk yo kote yo konn reyini nan Lilavwa jou ki te mèkredi 27 septanm nan. Sa fè nou sonje sa Konsil Vatikan e di: « Tout sa ki touche moun, ki fè l soufri, tout kè kontan an dlo nan je, tout tray ak lespwa pèp la dwe sonnen nan kè nou » (Gaudium et Spes #1). (suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt Konferans Evèk Katolik Ayiti yo (CEH) sou solisyon kriz eleksyon yo pou ane 2015-2016

ceh_logol – Konferans Evèk Katolik Ayiti yo te reyini pou yon asanble espesyal. Li wete chapo l devan kouraj Pèp Ayisyen an montre li genyen nan jou sa yo ki tèlman difisil pou sa ki gade reyalite sosyal, politik ak ekonomik peyi a.

2- Kèk aktè politik ki angaje nankriz koulye a te sèlman mande Konferans Evèk yo, pou’l ede youn pale ak lòt epi tabli dyalòg nan mitan yo. Konferans Evèk yo te fè sa pou debloke kominikasyon ki te difisil oubyen ki te parèt enposib; gen lòt enstitisyon ak moun ki te fè menm bagay la. Aktè politik sa yo te travay pou jwenn yon solisyon negosye pou sòti nan kriz sa a. Yo te bay kèk pwopozisyon ki sèvi kòm baz yon akò nan yon tèks ki ta merite konplete. Genyen anpil lòt pwopozisyon pou sòti nan kriz sa a kap sikile. Yo montre kijn anpil moun gen gwo tèt chaje sou jan yo pral dirije peyi a apre dat 7 fevriye a. (suite…)

...lire le texte »»