Textes et Documents » Catégorie : Textes en créole

📂 Mesaj Konferans Evèk Peyi d Ayiti yo pou Fèt Nwèl la 2014

Texte reçu le 1er décembre 2014

bishops_ht1. « Men lè tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a, ki fèt sòti nan vant yon fi. » (Galat 4,4)

2. Nou menm Evèk Peyi d Ayiti, nou reyini nan Asanble plenyè, epi nou voye mesaj sa a pou tout pè, frè, mè, disip misyonè Jezikri, pèp Bondye ki nan peyi d Ayiti, tout moun, gason kou fi, ki gen bòn volonte : Benediksyon ak lapè nan Kris la!

3. Pandan n ap prepare nou pou n selebre jou Kris la te fèt nan mitan nou, li menm Pitit Bondye a ki vin tounen tou pitit yon fi, lè l pran chè nan chè nou. Depi lontan lontan, Bondye te prepare jou sa a. Se li menm tout tè tap tann. Epi, tankou Abraram, sa te fè kèl kontan anpil. (Gade Jan 8,56)

4. Sitiyasyon lavi sosyal, politik ak relijye nan epòk Jezi a te gen anpil latwoublay. Te gen gwoup moun ki tap batay kont lot gwoup moun, gwoupman politik yo te youn anfas lot, divizyon nan zafè larelijyon, epitou se etranje ki tap kontrole peyi a : men nan ki eta peyi kote Jezi te fèt la te ye. Men tou, se konsa tan an te ye!

  1. Tan an ki te bon nèt pou simaye Bon Nouvèl la!
  2. Tan an ki te pote lesperans ak yon chanjman total kapital!

5. Jezi li menm menm te montre kijan misyon l te makonnen ak tan kote l t ap viv la, pandan l tap anonse : « Tan an rive, peyi kote Bondye wa a toupre. » (Mak 1,15) (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj konferans Evèk Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon fèt nwèl 2013 la

Texte reçu le 3 décembre 2013

bishop-hat1. Nou menm Achevèk ak Evèk katolik ayisyen yo ki te reyini nan Asanble plenyè òdinè nan Lilavwa salye nou ak lafwa nan Granmèt la.

2. Nou sot selebre avek Pep Bondye ki nan 10 dyosez peyi a kloti Lane Lafwa a ki te tonbe nan jou fèt Kris Wa a. Selebrasyon sa yo ki te plen nou ak kè kontan, ki bay nanm nou fos pèmèt nou antre nan Tan Lavan an pou nou ka prepare rout pou Jezi, Sovè nou an ki te fèt sou tè a. An n gade nan ki reyalite sosyal, politik, jewopolitik ak espirityel Jezi te fèt.

3. « Lè tan an te rive nan dènye bout li, Bondye te voye pitit li a ki te fèt nan vant yon fanm, ki fèt daprè Lalwa a pou vin sove tout sila yo ki anba Lalwa ». (Galate 4,4) Li te fèt nan yon peyi ki te anba lokipasyon ak divizyon. Gwoup ki tap lite youn kont lòt, tap goumen, te vle youn touye lòt. Zelòt yo tap batay ak patizan Ewod yo, Esenyen kont Sadiseyen, Jideyen kont Samariten, Farizyen kont Pibliken, e nou te ka di plis toujou. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Kanaval 28 jiyè se krache sou memwa pèp ayisyen: Pétition dénonçant la date d’ìnauguration du « carnaval des fleurs » 2013

Texte reçu le 16 juillet 2013

Lors de la cérémonie de présentation des reines du Carnaval des Fleurs qui eut le vendredi 27 juillet 2012 au palais nationalNou menm sitwayen ayisyen ki siyen petisyon sila a estomake gouvènman an chwazi dat 28 jiyè a ki se anivèsè Okipasyon ameriken (se 28 jiyè 1915 merin ameriken yo te antre nan peyi a) pou dat inogirasyon Kanaval dè flè li a.

Pas ankò gouvènman an chwazi depanse nan kanaval alòs gen bezwen lajan pou òganize eleksyon e pote solisyon nan pwoblèm popilasyon an k ap soufri. Pas ankò gouvènman an bliye oswa fè kòm si li bliye nan ki kontèks gouvènman Divalye a te vin ak lide kanaval dè flè a. Men pou li chwazi dat 28 jiyè se manke respè pou sitwayen ki te konbat premye okipasyon an, se manke respè pou peyi a ki bezwen reflechi ki jan pou li soti anba okipasyon n ap viv jodi a. Jounen 28 jiyè a se yon jounen refleksyon ak souvni li dwe ye, pou sa pa rive ankò.

Nan yon peryòd tout moun nan peyi a ap leve vwa yo pou mande depa MINISTA, si prezidan an, premiye minis la, minis Edikasyon nasyonal la, minis Kilti a ak tout gouvènman an wè se banbòch dat senbolik sa a merite, yo gen dwa fè l an prive, men yo pa gen dwa mobilize resous peyi a pou vòlè dwa nou pou sèvi ak dat sa a pou nou reflechi sou listwa n ak reyalite n ap viv jodi a. (suite…)

...lire le texte »»