Diksyonè kreyòl: Mo revize
Page revisée
9300.- Fêtes Champêtres en Haïti
En Haïti, les fêtes champêtres sont des événements calendaires très complexes célébrés surtout durant l’été. Elles associent la fête patronale d’une ville, commune ou section rurale à une fête foraine, ce qui leur confère des attributs à la fois sacrés, ludiques et, dans certains cas, mythiques.
Citation de la semaine 33
Récent article
Mesaj Konferans Ayisyen relijye yo (CHR) nan peyi Dayiti voye bay manm li yo ak tout lòt ki gen bòn volonte
Se Konferans Ayisyen relijye (CHR) ki pibliye tèks ki sou paj sa a, jou ki te madi 21 avril 2026. Nan li, relijye yo li denonse gwo soufrans Ayisyen ap sibi. Yo ap viv nan yon peyi kote youn ak fini ak lòt e kote lavi moun pa gen okenn valè.
Ayiti, peyi nou an, ap degrenngole, e tankou sa rive souvan, moun ki pi pòv yo se yo menm ki ap peye, ak lavi yo e anpil soufrans, sitiyasyon malouk nou kreye a. Kondanasyon, pou fè eritaj zansèt nou yo tounen yon tè sèk ak moun san kè sou li, klè nan tèks la.
Pou rive kontwole katchouboumbe sa a, Konferans Ayisyen relijye yo pran pòtvwa li pou rele lidè yo, elit yo, edikatè yo, kretyen yo ak jèn yo. Li envite yo pou yo montre solidarite ak angajman yo nan bon ti mamit. Anfen, li envite tout kretyen pou pa pèdi lespwa, paske Bondye pa t kreye Ayiti pou destriksyon men pou lavi, e ke, anba pwoteksyon Manman Nòt Dam Perpetyèl Sekou, li ap rive reprann li.

