0700.- Articles et Documents

📂 Mesaj Konferans Ayisyen relijye yo (CHR) nan peyi Dayiti voye bay manm li yo ak tout lòt ki gen bòn volonte

I.- Rèl tè a ak rèl pòv yo

Jodi a, tè nou an ap plenyen nan kè l. Depi nan Plèn Kil De Sak rive nan kwen ki pi blese nan Lwès, nan Sant ak nan Latibonit, peyi nou an tounen yon teren antrenman pou laterè. Frè ak sè nou yo, yo rache nan kay yo, ap fè moute desann, san yo pa gen yon kote pou yo kache kò yo.

Nan peyi Ayiti, sanble lanmo tounen yon règ pou moun viv,  ak vyolans ki sèl modpas nou. Nou tounen yon sèn teyat, kote moun toupatou griyen dan sou nou, e jwenn plezi nan sa. Nou tounen  yon pèp kote enterè pèsonèl ak egoyis pase anvan enterè tout lòt moun. Pov yo, ki se potre Bondye, trete kounyeya a tankou yon pakèt vye rad sal pou jete nan fatra. Yon peyi ki pa respekte ni moun, ni Bondye, ni Legliz, se yon nasyon k ap kouri toudwat nan lanmè kote li pral peri. Jan Pawol Bondye a raple nou sa: « Malere a rele, Bondye koute l, epi li sove l anba tout tray li yo » (Sòm 34, 6).

II.- Fantòm Anyen an

N ap denonse ak tout fòs nou volonte pou transfòme Ayiti an yon dezè ki parèt aklè: yon dezè san imanite, san estrikti ak san espwa.

Kouman yon moun ka rive rayi tè kote lonbrik li anterè a li jis nan pwen pou l vle fini avè l? Poukisa n ap chèche detwi pwòp frè nou? Si Papa Nasyon yo ta leve jodi a, dlo nan je yo t ap nwaye teren mechanste nou yo.

Pwojè dezolasyon sa a pa soti nan Bondye, paske Bondye kreye nou pou lavi.

III.- Apèl pou chak moun pran Responsablite yo: « Desann sou teren kè a »

N ap sonnen klewon bay tout fòs viv nan Nasyon an:

  • Pou sa k ap dirije nou yo ak sa ki anvi direje yo: Chèche konsyans sitwayen an nan bibliyotèk kè nou.
  • Pou nou menm k ap chèche siksè: Pa janm bati l sou do lòt moun.
  • Pou gason ak fanm save yo: Pa rete prizonye nan « Syèl panse nou yo ». Desann sou teren kè nou pou nou travay tout bon pou byen tout moun alawonnbadè.
  • Pou Jèn yo: Se pou Kris la sèvi nou de modèl, li menm ki te renmen moun pa l yo, jouk sa kaba. Pa kite yo achte nou pou nou gaspiye pwòp lavi nou.
  • Pou Edikatè ak Kretyen yo: Temwaye ak kouraj sa nou ye tout bon an. Se pou byen komen an parèt nan tout sa n ap di ak sa n ap fè. « Veye sou kè ou plis pase tout lòt bagay, paske se nan li sous lavi a soti » (Sòm 4, 23).
IV.- Lapryè ak Esperans Rezirèksyon
Kris la bay lavi l pou nou ka soti nan lonbraj kavo yo. Anba drapo Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, n ap mande favè pou nou sispann moute desann nan dezè vyolans sa a. Paske Bondye di nou: « Mwen konnen pwojè mwen gen pou nou, se pwojè kè pose, ki ka ban nou yon lavni ak yon seperanse tou nèf, se pa pwojè malè. » (Jer 29, 11).

Ayiti dwe reviv. Ayiti pral leve byen vivan.

Tèks sa ekri nan Syèj Konferans Ayisyen relijye yo (CHR).

Nan dat ki te 21 avril 2026.

__________________________
P. Morachel BONHOMME, sdb
Prezidan Konferans Relijye yo (CHR)

...lire le texte »»

📂 Message de la Conférence Haïtienne des Religieux (CHR): Aux Religieux et Religieuses, aux Chrétiens de bonne volonté

Le texte suivant émanant de la CHR et publié le mardi 21 avril 2026, dénonce la souffrance profonde qu’endure Haïti, devenue un pays ravagé par la violence, une déshumanisation visqueuse et l’effondrement moral.

La nation semble glisser vers l’irréparable, et comme d’habitude les plus pauvres paient les frais de cette cruelle situation. Dans le texte, la condamnation de cette morbide volonté de transformer ce morceau de terre que nous a légué nos Pères, en un désert d’humanité est sans appel.

Pour endiguer le mal découlant d’une telle volonté, elle lance un appel aux dirigeants, élites, éducateurs, chrétiens et jeunes. Elle les invite à se montrer solidaires par des engagements concrets, ce, pour le bien commun. Enfin, elle invite à l’espérance chrétienne, affirmant que Dieu n’a pas créé Haïti pour la destruction mais pour la vie, et que, sous la protection de Notre Dame du Perpétuel Secours, Haïti doit renaitre.

Ci-aprés, le texte en question…

(suite…)

...lire le texte »»

📂 Appel à la Nation : 39 ans de la Constitution de 1987

Ce texte très vigoureux de Simon Dieuseul Desras, un ancien sénateur de la République et, un temps, président du grand corps, a été rendu public à la veille du jour marquant le 39e anniversaire de la ratification de la Constitution haïtienne de 1987 qui fut un pacte sacré. Cette Constitution, qui suscita tant d’espoirs, fut pourtant trahie par la majorité des gouvernements qui se sont succédé et qui a conduit finalement à l’effondrement de toutes les institutions élues et, ces derniers temps, la montée d’un exécutif sans contrôle.

L’auteur dénonce le soi-disant « Pacte de Gouvernabilité », à ses yeux, un instrument illégal et unilatéral de captation du pouvoir par l’actuel premier ministre et chef d’un exécutif monocéphale, Alix Fils-Aimé et ses alliés, les accusant de flou constitutionnel, d’absolutisme et de kleptocratie tandis que la population fait face quotidiennement à l’insécurité, et endure la misère et des déplacements forcés et indus.

Son texte décrit également une Haïti plongée dans un vide institutionnel, avec un Parlement inexistant, une justice paralysée, et la souveraineté populaire prise en otage. Il appelle la jeunesse, la société civile et toutes les forces vives à rejeter les solutions imposées, à reconquérir l’ordre constitutionnel et à reconstruire la nation grâce à la solidarité citoyenne, et un engagement renouvelé envers l’esprit du 29 mars 1987.

(suite…)

...lire le texte »»

📂 8è Cérémonie de collation de diplômes à l’UNIFA le dimanche 1er Mars 2026: Discours de Dr Jean-Bertrand Aristide

Dr Jean-Bertrand Aristide et le corps professoral de l’Université homonyme célèbrent, le dimanche 1er mars, la 8è collation de diplômes dans un style lyrique, avec un assortiment de références historiques, neurosciences, humour créole et appel civique. Le discours visait à honorer les diplômés, remercier les acteurs de l’université, et mobiliser la jeunesse pour la transformation d’Haïti.

En rendant des hommages publics et en remerciant les autorités universitaires, son épouse, Mildred Trouillot-Aristide, les parents, Jean-Bertrand Aristide appelle les récipiendaires à toujours se montrer à la hauteur de leurs responsabilités civiques, en alliant science et conscience, en évitant l’anosognosie », ce trouble neurologique qui rend une personne atteinte d’une maladie ou d’un handicap incapable d’avoir conscience de ceux-ci, l’analphabétisme politique et, si appelés à gérer ses ressources pour reconstruire le pays, à être des modèles pour leurs générations et celles du future

Pour ce, il leur propose une vision de la nouvelle Haïti dont ils seront les acteurs qualifiés; une vision qui commencera autant que possible par une reconnaissance et la mise en pratique des valeurs louverturiennes soutenues par la vision d’autonomie et de liberté de Dessalines. Avant son dernier message d’adieu aux diplômés, il a rendu, comme il l’avait fait en 2021, hommage à sa mère, en annonçant que, en son nom, tous les étudiants en agronomie poursuivront désormais gratuitement leur étude à l’UNIFA.

Neurone Conscience fut le thème dominant du discours qui fut, à un moment, une longue réflexion sur le cerveau, la plasticité neuronale et les neurones conscience.

Ci-après, le texte intégral du discours avec une version audio.

(suite…)

...lire le texte »»

📂 Message de Noël 2025 de la Conférence Épiscopale d’Haiti (CEh)

Le 8 décembre, jour de la solennité de l’Immaculée Conception, les Évêques Haïtiens ont rendu public leur traditionnel message de Noël.

Les Haïtiens vivant dans une société blessée marquée par la misère, terrorisée par la violence se retrouvent, dans leur grande majorité, au bord du désespoir. En rappelant d’abord que la Lumière du Christ brûle même dans les ténèbres, les Évêques des dix diocèses du pays encouragent leurs compatriotes à penser au-delà de leurs souffrances quotidiennes et à rester optimistes dans la foi, car Jésus, né dans la pauvreté et l’obscurité d’une étable, au cœur d’un monde en souffrance reste et demeure le pôle d’espérance par excellence.

A la suite du Pape Léon XIV, ils leur rappellent que “le chemin vers la Paix demande des cœurs formés à reconnaître le bien commun”. Pour ce, ils préconisent un nouveau type de leadership composé d’hommes et de femmes intègres et courageux, qui se laissent uniquement guider par la boussole du bien commun et surtout capables d’instaurer un climat sécuritaire dans tout le pays. Avec ces attitudes et cette action, ils aideront le peuple à marcher vers des lendemains meilleurs…

(suite…)

...lire le texte »»
 

Supportez-nous