Kovid-19: Konbyen tan viris la ka rete vivan?

Kowonaviris la rive nan peyi Dayiti. Se sa Prezidan Jovenel Moise te di nan yon konferans pou laprès li te bay yè jedi a ki te 19 mas 2020 la. Gouvènman Ayiti a, devan reyalite sa a, deklare yon eta dijans: Lekòl fèmen. fontyè a fèmen an pati, gen kouvrefe, san pale de lòd pou evite gwo rasanblman.

Ayiti Referans ak Ajans nouvél yo rele Reuters a pibliye tèks sa pou enfòme konpatriyòt nou yo sou konpòtman viris la lè li ap sikile nan lè a oubyen lè li poze sou yon sifas. Konsa yo ka pran prekosyon pou evite trape l:

Foto de REUTERS/Andres Martinez Casares
Yon polisye sou fontyè Malpas la.
17 mas 2020

Kowonaviris (Kovid-19) tounen yon pandemi, sa vle di li afekte moun toupatou sou latè. Se yon maladi ki kontajye anpil ki ka bay etoufman ou anpeche w respire byen (maladi respiratwa). Moun ki genyen l, menm si yo pa gen okenn sentòm oubyen santi anyen ka pase l bay lòt. Viris ki koze maladi sa, ke moun save yo rele  (SARS-CoV-2), ka rete vivan nan ti gout ki sòti nan bouch ou nan nen moun ki genyen l. Ti gout sa yo ka rete nan lè e sou sifas pou kèk tan, dapre yon nouvo etid ki ofri konsèy pou ede moun evite maladi respiratwa sa a.

Syantis nan Enstiti Nasyonal pou Maladi Alèji ak Enfeksyon, an angle National Institute of Allergy and Infectious Diseases (NIAID), yon branch Enstiti Nasyonal Sante Ameriken, an angle National Institutes of Health (NIH), ap travay chak jou sou li nan laboratwa.  Yo vle konprann danje li poze pou yo ka pwoteje moun e rive mate l.

Nan youn nan travay sa yo, yo te depoze viris la sou yon sifas e fè li sikile nan lè a pou yo te ka konnen ekzateman konbyen tan li rete vivan. Pou sa, yo te sévi ak yon aparèy pou filtre pou yo te ka imite yon moun ki gen maladi e ki ap touse oswa etènye.

Moun save sa yo te ekri yon lèt ki te pibliye nan yon jounal yo rele Jounal Nouvèl Angletè pou la Medsin(an angle New England Journal of Medicine) madi 17 mas ki sot pase a (*), yon jou kote moun ki te fèk gen maladi te pase a 5,200 e moun ki mouri jou sa a de maladi a te rive jiska 100.

Tès yo montre ke viris la, lè li lage nan lè a ou al chita sou yon sifas, ka rete vivan pou kèk tan e tou pare pou li enfekte lòt moun.

Sou plastik ak metal ki pa wouye, viris la ka rete vivan pou twa (3) jou. Sou bwat katon, viris la ka rive disparét apre 24 trè. Sou kwiv, li te pran 4 trè pou viris la kaba. Nan lè li ka viv pandan 3 zè.

Menm etid sa a montre ke viris la, menm kote li pa rete anpil tan, ka pran yon mwayèn de 66 minit pou mwatye nan yo disparèt. Men menm lè sa rive, gen yon lòt mwatye ki kontinye ap viv e ki ka fè ravaj. Twa zè apre, ou ka menm jwenn 12.5% nan viris ki ka kontinye enfekte moun.

Menm si viris la disparèt apre yon tan, moun ki genyen l ka kontinye ap lage l. Pa bliye chak fwa yon moun ki genyen l touse oubyen etènye, li lage l sou fòm ti gout nan lè a ou sou sifas ki tou pre li a.

Nou sipliye tout moun pou yo pran tout prekosyon pou yo pwoteje tèt yo ak lantouray yo. Se sèl jan nou ka rive kwape maladi pichon sa a apre yon tan.

Nou ankouraje yo tou li tèks sou viris la ke nou te  pibliye nan 2 semenn ki sot pase yo.

Granmèt avèk nou tout!
Ke Li pwoteje peyi nou an!

Haiti-Référence et Reuters
Vandredi 20 mas 2020

(*) Holshue, M. L., et al. “Aerosol and Surface Stability of SARS-CoV-2 as Compared with SARS-CoV-1: NEJM.” New England Journal of Medicine, 17 Mar. 2020, https://www.nejm.org/doi/full/10.1056/NEJMc2004973?query=recirc_mostViewed_railB_article. Verifié le 20 mars 2020

Si nou pale angle: nou ka li atik la (PDF) nan adrès sa a: https://www.nejm.org/doi/pdf/10.1056/NEJMc2004973