Textes et Documents » Catégorie : Textes en créole

📂 Nòt Evèk Katolik Peyi Dayiti yo kont kidnapin

Nou resevwa teks sa a jou ki 13 avril 2021

“Sekou nou se nan men Granmèt la li ye” (Sòm 124, 8)

1 Se avèk anpil endiyasyon ak revòlt nou aprann bandi kidnape 4 Pè kominote Sen Jak : Pè Evens Joseph, Pè Michel Briand (Fransè), Pè Jean Nicaisse Milien, Pè Joël Thomas ; yon Pè Achidyosèz Kapayisyen : Pè Hugues Baptiste ; 2 relijyez : Sè Anne Marie Dorcelus (Sè Sent Terèz) ak Sè Agnès Bordeau (Fransèz nan kominote La Pwovidans) ak 3 fidèl layik, manm fanmi Pè Jean Arnel Joseph: Madan Oxane Dorcelus (Manman li), Madmwazèl Lovely Joseph (Sè li) ak Mesye Welder Joly (Parenn li). Sa rive jou dimanch 11 avril la, Dimanch Kè Sansib Bondye a, apre masak ki sot pase sou Bèlè a. Bandi kidnape yo sou wout pandan yo ta prale nan enstalasyon Pè Jean Anel Joseph kòm kire pawas Galette Chambon. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Evèk Katolik peyi Ayiti voye pou Pèp Bondye-a: pè yo, mè yo, frè yo, fidèl yo ak tout moun ki gen bòn volonte nan okazyon fèt Nwèl 2020 an

Texte reçu le 28 novembre 2020

« Pa kite yo vòlè Lesperans lan nan men nou »

(Pap Franswa)

1.- Nou menm evèk katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble òdinè nou, nou salye nou tout, sè ak frè nou, nan tan Lavan sa a kote n’ap prepare kè nou pou nou selebre fèt nesans Jezi Granmèt nou. Evenman san parèy sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou chèche glwa Bondye epi travay pou lapè tabli sou tè a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Pyè 3,15) nan moman difisil yo. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt Konferans Episkopal D Ayiti a sou Rewouvèti Legliz yo ak Repriz selebrasyon litiji Kominotè yo.

POU PÈ YO, RELIJYE AK RELIJYEZ YO EPI FIDÈL LAYIK YO

Nou menm, Evèk Katolik Peyi DAyiti, nou voye gwo salitasyon fratènèl pou nou nan Jezikri ki se Tèt Kò a nou fòme a.Pandan plizyè mwa tout moun te rete lakay yo a, sa te fè nou mal anpil lè nou pa t ka selebre Lamès ansanm ak fidèl yo. Se te yon gwo soufrans espirityèl pou nou tout, paske rasanble ansanm pou selebre lamès se fondman sa nou ye kòm Legliz oswa kòm kretyen katolik. Se sa k fè Pè Anri Libak (Henri Lubac) kite bèl fòmil sa a : « Lekaristi a fè Legliz la epi Legliz la fè Lekaristi a ».

Se pou sa, nan nòt sa a, n ap fè n konnen ak anpil kè kontan, selebrasyon lamès ak prezans fidèl yo epi tout rasanbleman kominotè yo pral kapab rekòmanse nan dat 12 Jiyè k ap vini an, pandan n ap respekte tout konsiy otorite ki reskonsab lasante yo bay epi n ap pran tout prekosyon pou anpeche Kowonaviris la gaye nan peyi a. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Kèk konsiy pou selebrasyon nou yo nan tan epidemi Kovid 19 la / de la CEH

I.- Gwo soulajman pou tout Legliz


N ap di Bondye mèsi paske li pèmèt nou kapab reprann selebrasyon nou yo apre 3 mwa. Se yon gwo soulajman pou tout Legliz la paske sa te fè nou anpil lapenn le nou wè nou pat kapab rasanble ak anpil moun jan sa abitye fèt.

Men n ap sonje tou maladi a toujou la, li kontinye ap fè dega. Poutèt sa, fò nou kontinye pran anpil prekosyon. Se pa nenpòt kijan nou pral reprann selebrasyon nou yo. Gen dispozisyon pou nou pran anndan Legliz yo pou pwoteje lavi pèp Bondye a. Se sa kifè Konferans Evèk Katolik peyi Dayiti an voye nòt sa a pou tout pè, tout relijye, relijyez, tout fidèl nan peyi a. Sa yo mande la a ale nan menm sans ak sa kap fèt nan lòt peyi yo. Sou otorite evèk la, kire pawas yo ansanm avèk ekip pastoral yo pral veye pou prensip sa yo respekte nan tout Legliz la pandan tout tan maladi Kovid 19 la ap egziste nan peyi a. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt Konferans Episkopal d Ayiti a sou dènye dekrè Pouvwa Egzekitif la mete deyò nan Jounal Ofisyèl Peyi a

ceh_logoNan nòt sa a, nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, nou prezante salitasyon fratènèl nou bay fidèl nou yo epi tout konpatriyòt nou yo. Nan jou difisil sa yo, lespri nou tout boulvèse akoz tout mal k ap minen Nasyon nou an ak tè nou an. Nou pa ka pa atire atansyon chak grenn konpatriyòt sou danje ki riske plonje Ayiti ak tout pitit li yo pi fon nan bouyay ak dezòd. Nou vle pale sou kèk atik nan dekrè ki gen pou wè ak Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik la ak Kat Idantifikasyon Inik la, men tou lòt Pwojè Lwa sou Nouvo Kòd Penal la. Nan dekrè sa yo, gen kèk atik ki manyen nati imanite nou an, kilti nou, lafwa nou ak sosyete nou an. Atik sa yo pa ta dwe soti san yon chita pale ak moun yo ki konsène yo.

Fason yo kouri aji san chèche konnen kiyès ki pou ak kiyès ki kont la, san chèche konnen kisa gason ak fanm avize Nasyon an panse, deja montre feblès ak ensètitid ki bò kote dirijan nou yo. (suite…)

...lire le texte »»