Mesaj Nwèl 2026 : Konferans Evèk Ayiti yo
📅 Texte publié le Samedi 28 novembre 2026
✍ Note de Haiti-Référence :
Kòm chak ane, nan kòmansman premye tan litijik la nou rele Lavan, Konferans Evèk Ayiti yo voye yon mesaj bay fidèl katolik yo, e tout moun ki gen bon volonte. Nan mesaj ane sa a, ki gen pou tèm « Limyè a klere nan fènwa a » (Jan 1,5), yo mande frè ak sè yo pou yo kontinye bay lafwa yo jarèt, kenbe lesperans yo byen vivan, epi kontinye aji, oswa kòmanse aji, kòm sitwayen responsab.
Evèk yo rekonèt soufrans pèp ayisyen a ap sibi yo anpil. Vyolans ak lòt zak kriminèl ap simaye laperèz toupatou. Yo kreye yon sitiyasyon kote moun pa santi yo an sekirite. Tout sa vin elaji « ravin rayisman » la, e fè twou divizyon yo vin pi fon. Yo mande otorite yo pou yo pran mezi serye pou retabli yon Eta de dwa, konbat kriminalite, epi garanti bon kondisyon pou eleksyon yo prevwa òganize yo ka fèt nan yon fason ki vrèman lib ak onèt.
Evèk yo rekonèt genyen kèk mouvman k ap fèt nan bon direksyon an. Men yo souliye tou ke nou pa ka toujou ap mande peyi zanmi yo pou yo vin rezoud pwoblèm nou yo. Se responsablite chak sitwayen. Se sitou responsablite Leta. Kidonk, nou tout dwe pran angajman nou oserye, e mete devwa nou opwòp.
Nan yon sitiyasyon ki sanble ak yon nwit ki parèt twò long, yo ankouraje tout Ayisyen pou yo pa kite dekourajman anvayi kè yo, men pou yo kontinye fè efò pou bati yon sosyete ki chita sou lanmou, responsablite ak solidarite.
Lèt la fini ak yon souwè: Yo swete pèp la yon Nwèl 2026 ak yon Ane 2027 ki pote lapè ak benediksyon Granmèt la sou Ayiti; yon Nwèl ki ka fè yo rive wè limyè yon bèl douvanjou.
Nou envit nou li mesaj la.
Nou resevwa tèks sa a jou ki te samdi 28 novanm 2026
Pè yo, Relijye yo, Relijyez yo,
Gason ak Fanm bòn volonte yo
« Limyè a klere nan fènwa a »
(Evanjil de Jan 1, 5)
Frè n ak Sè n yo,
2. Nan fèt Nwèl la, Bondye depase tout lojik nou menm moun pou li vin rankontre nou nan reyalite lavi nou. Li te tounen moun tankou nou pou chak moun kapab dekouvri diyite li kòm pitit Bondye. Konsa, kòm pastè nou, pandan n ap kontanple krèch la, n ap gade nou tou nou menm frè ak sè nou yo. Gwo eprèv n ap sibi yo pote anpil doulè nan kè nou. Nan 10 dyosèz peyi a, nou fè youn ak nou nan tout soufrans ak lapenn vyolans gwoup ame yo lakòz chak jou. Apèl pou nou prepare chemen Granmèt la envite nou akeyi JeziKri, Emanyèl ki vle di Bondye avèk nou. Men apèl sa a envite nou tou pou nou louvri chemen lavi ak lespwa pou peyi nou an: bouche ravin rayisman yo, bouche ravin divizyon yo; relouvri wout ki mennen nan vil pwovens yo; netwaye katye yo epi rebati espas vyolans defigire yo; retabli tout mwayen kominikasyon ak transpò avyon nan ayewopò entènasyonal kapital peyi a.
3. Lè yon frè oubyen yon sè vin pote nou sekou nan mitan detrès nou yo, fènwa lannwit la pa menm jan ankò. Li klere tankou limyè douvanjou k ap disparèt fènwa. Se poutèt sa, nou pa kapab fèmen je sou pwogrè ki fèt nan lit kont vyolans avèg k ap dechire lavi pèp nou an depi anpil lane. Sa a se rezilta angajman serye anpil frè ak sè ki konprann chay kwa pèp nou an ap pote epi deside pote nou sekou. Nou gen larekonesans pou tout fòs sa yo ki soti nan lòt peyi, ansanm ak fòs nasyonal nou yo, ki riske lavi yo pou pwoteje pèp nou an epi ede peyi a leve kanpe ankò. Nou sèten listwa peyi nou an ap sonje jès solidarite, kouraj ak imanite sa yo. Men, fò nou pa bliye: premye limyè douvanjou a pa vle di gran jounen deja rive. Se poutèt sa, nou ankouraje tout aktè ki konsène yo pou yo kontinye fè jefò ak anpil kouraj. Peyi a dwe rive nan limyè yon vrè chanjman ki garanti sekirite a, retabli otorite Leta a, mete sistèm jistis la kanpe, repare tò yo, epi rekoud sosyete a.
4. Solidarite peyi zanmi yo se yon kado tout bon vre ki gen anpil valè epi moun ap toujou sonje l. Se nou tout pitit peyi a ki dwe pran responsablite fè nasyon an leve kanpe. Men se otorite piblik yo ki pote responsblite sa a an premye. Leta a pa gen lòt chwa. Li dwe retounen pran kontwòl katye yo yon fwa pou tout. Li dwe ranfòse zòn ki deja sekirize yo epi retabli sèvis esansyèl yo pou popilasyon an kapab viv avèk diyite. Konsa, okenn gwoup ame pap kapab enpoze lwa pa yo ankò. Menm jan tou, nou mande otorite yo pou yo pran mezi ki fèm epi k ap bay rezilta, pou bloke sikilasyon zam ak minisyon, ranfòse siveyans pò yo, fwontyè yo ak sèvis ladwàn yo, epi mete yon bout nan tout trafik k ap alimante vyolans la. Tout moun ki komèt zak kriminèl sa yo ansanm ak tout konplis yo dwe rann kont devan lajistis.
5. Pou sa ki gade eleksyon yo, sa fè anviwon 10 lane depi otorite ki pase nan tèt Leta a pa kreye kondisyon pou pèmèt sitwayen yo ekzèse dwa yo pou yo vote. Li lè li tan pou popilasyon an pran chemen biwo vòt pou l tounen sèl aktè nan chwazi moun li vle pou dirije l. Nou envite chak sitwayèn ak chak sitwayen pou yo sèvi ak bilten vòt yo avèk yon konsyans klè, avèk kouraj ak detèminasyon pou prepare yon lòt avni pou peyi a. Sa mande pou lè moman an rive, tout sila yo ki gen laj pou sa al vote pou chwazi moun k ap gen pou vin dirije nou. Men, pou tout sa rive posib, fòk popilasyon an, kèlkeswa kote l twouve l nan peyi a kapab deplase lib e libè san kè sote. Sa se yon kondisyon priyoritè, yon kondisyon nesesè.
6. Frè ak sè nou yo, sitiyasyon n ap viv jounen jodiya sanble ak yon nwit ki long anpil. Men se nan mitan lannwit lan menm JeziKri vin klere fas tè a ki te plonje nan fènwa. Konsa, nou ka tande apèl pwofèt Izayi a k ap kònen nan zòrèy nou : « Leve kanpe, klere, men Limyè w la k ap briye, k ap klere » (Izayi 60, 1). Fèt Nwèl la pa sèlman yon konsolasyon, men tou li se yon apèl pou nou tounen « limyè tè a » (Matye 5, 14). Nan chak kè ki vire gade Granmèt la nan lapriyè, nan chak vizaj ki montre renmen pou lòt la, nan chak men kap pran swen sila yo ki malad oubyen k ap simen pou yon demen miyò, chak fwa nou refize lavyolans, gen yon ti flanm ki limen, kap kwape fènwa. Nou se pèp ki gen lafwa, yon pèp ki gen lesperans, nou p ap kite fòs mal la pote laviktwa. (cf Women 12, 21) !
7. Pandan n ap prepare nou pou nou antre nan yon lane tou nèf, n ap kite je nou fikse sou JeziKri. Nou p ap kite lapèrèz fè dap piyanp sou lesperans nou, nou p ap kite rayisans toufe renmen Bondye mete nan kè nou pou nou viv tankou frè ak sè, nou p ap kite vyolans fè nou bliye nou se moun Bondye kreye pòtre ak Li. Mal la p ap janm triyonfe. Fènwa p ap janm gen dènye mo a : JeziKri se limyè nou, yon limyè ki p ap janm etenn.
8. Frè ak sè nou renmen anpil yo, nou swete nou tout yon lane tou nèf tankou yon kaye tou nèf kote nou pral ekri ansanm listwa yon Ayiti ki transfòme, yon Ayiti k ap viv nan lapè. Nou remèt peyi a nan men Manman NòtreDam Pèpetyèl Sekou, Patwòn nou. Nou remèt peyi a tou nan men Sen Jozèf, ki te toujou ap veye sou Jezi nan tout moman fènwa yo. Se pou JeziKri, Limyè ki soti nan Limyè a, klere sou nou chak ak sou nou tout ! Nou swete tout moun yon Bòn fèt Nwèl 2026 ki pote kè kontan. Nou swete tout moun yon bòn Ane 2027 chaje ak lagras ak benediksyon. Se pou Bondye Granmèt la beni epi pwoteje Ayiti ! Se pou Bondye Granmèt la beni epi pwoteje pèp Ayisyen an !
Mesaj sa a soti nan Kay kote Evèk Katolik peyi Ayiti yo konn reyini, jou ki 27 Novanm 2026 la, nan okazyon fèt NòtreDam Meday Mirakilez.
Men siyati Evèk Katolik Ayiti yo ki siyen mesaj la
| Monseyè Max Leroy MESIDOR ♝ Achevèk Pòtoprens ✶ Prezidan CEH |
Monseyè Pierre André DUMAS (Ospitalize) ♝ Evèk Ansavo ak Miragwan ✶ Visprezidan CEH |
| Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ ♝ Evèk Jeremi ✶ Sekretè Jeneral CEH |
Monseyè Désinord JEAN ♝ Evèk Ench ✶ Ekonòm CEH |
| Kadinal Chibly LANGLOIS ♝ Evèk Okay ✶ Konseye |
Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT ♝ Evèk Jakmel |
| Monseyè Launay SATURNE ♝ Achevèk Okap Ayisyen |
Monseyè Charles Peters BARTHELUS ♝ Evèk Pòdepè |
| Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC ♝ Evèk Gonayiv |
Monseyè Wismick JEAN-CHARLES, smm ♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens |
| Monseyè Sander LOUIS-JEAN ♝ Evèk Fòlibète |
Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM. ♝ Evèk Emerit Fòlibète |

