Kouman Kovid-19 aji sou kò yon moun?

Kowonaviris te ekziste anvan jounen jodiya sou anpil lòt fòm. Gen ladan ki te jis bay moun ki genyen li yon rim sèvo. Gen lòt ki te pi grav pou moun ki trape li. Tankou, pa ekzanp, sa ki te parèt nan peyi Lachin en 2002 a e ki te bay moun lafyév, yon tous sèch, doulè nan tout kò yo e gwo pwoblèm pou respire.

Sa ki ap fè ravaj toupatou jodiya rele nouvo kowonaviris oubyen KOVID-19. Li pi rèd pase tout sa ki te la anvan yo. Lè li antre nan kò yon moun, preske tout ògan enpòtan yo ka peye konsekans la.

Kijan viris sa enfekte kò yon moun?

Viris sa a enfekte kò yon moun lè li atake e rive anpeche selil ki ansante yo fè travay yo. Souvan, li kòmanse miltipliye tèt li pou li ka rive simaye pi byen. Premye sa viris ki responsab KOVID-19 la fè, se al layite sou selil ki nan poumon nou yo. Nou konnen poumon yo (gen 2) se yon aparèy ki enpotan anpil. Se yo ki pèmet nou respire, donk ki kenbe nou anvi. Lè nou respire, yo voye oksijèn nou pran nan lè a nan san nou. E san an pataje oksijèn nan ak tout lòt ògan ki nan kò nou. Konsa tou, lè san an voye ba yo gaz kabonik ke kò a pwodwi, yo voye pwazon sa a deyò prese prese. Nan poumon yon moun, viris la fè dapiyanp sou selil yo. Li konn menm rive elimine kèk. Lè sa a, li lib pou li deplase e fè dega.

Kijan virus KOVID-19 la deplase nan kò yon moun?

Viris la antre nan kò yon moun ak farinay ki soti nan bouch yon moun ki enfekte lè li touse, etènye, pale oswa nan nen li, lè li respire fò. Ti farinay sa yo rete nan lè a pou yon tan, oubyen al chita sou yon sifas pou plis tan ankò. Lè yon moun ki ansante respire lè sa a oubyen touche yon sifas kote viris la chita, epi pase men sa a nan je li, bouch li ou nen li, viris la jwenn yon baryè tou ouvè ki pèmet li antre nan kò w byen vit.

Lè sa a, viris la pran wout aparèy respiratwa yo ki komanse nan bouch ou nan nen, pase nan gòj rive nan poumon. Lè li ale pi lwen nan pasaj respiratwa, li jwenn yon kalte selil ki genyen sa gwo moun save yo rele reseptè ACE2. Reseptè sa yo vin tounen yon konplis ki ede viris KOVID-19 fè travay kraze brize a. Nan 14 jou konsa, kò a kòmanse voye mesaj ba nou pou li di nou yo atake li. Fatig, gòj fè mal, lafyèv, pèdi gou bouch ou, oswa yon tous sèch, se mesaj  sa yo li voye ba nou anpil fwa pou fè nou santi gen yon bagay dwòl ki ap pase.

Pou anpil moun sentòm yo ka rete la. Men pou anpil lòt moun, bagay yo ka vini pi grav. Moun sa yo ka vin pi mal ant 5 a 8 jou apre premye sentòm yo parèt. Kèk jou apre, yo ka gen gwo difikilte pou yo respire tout bon vre.

Sa ki rive menm?

Viris la rive anvlimen poumon yo e fè li paka fè travay li byen, e se poumon ki fè yon moun ka respire. Lè ou pa respire byen pou anpil tan, veso ki pèmèt san w sikile, sibi anpil domaj. E san an pa rive netwaye. Tout sa, paske li pa resevwa ase oksijèn nan men poumon yo. E kòm san bay tout lòt ògan yo lavi, tout ògan sa yo (sitou fwa nou ak ren nou) ap rele osekou e diminye nan travay pa yo. Yo ka menm rive pa travay ditou. Pou ede moun ki gen gwo pwoblèm pou respire yo, lopital sèvi ak yon machin ke yon rele « respiratè atifisyèl ».

Ki sa respiratè atifisyèl ye?

Yon respiratè atifisyél se yon aparèy ki fè travay poumon yo lè yo gen pwoblèm voye oksijèn nan san a. Konsa, yo fè poumon yo pran yon poz pou yo ka reprann yo. Aparey la pa geri moun ki paka respire. Li jis ede yo pou yon tan an atandan poumon yo reprann travay yo.

Pou yo mete aparèy sa a sou yon moun, fò li nan yon lopital, fò yo andòmi li, fò yo siveye  li 24 sou 24. Lontan, yon lopital te bezwen sèlman youn ou 2 aparèy sa yo. Jodiya, KOVID-19 vin ogmante bezwen yo.

KOVID-19, se pa yon jwèt!

N ap raple ankò, ke gwo konplikasyon ki fè ou paka respire pa rive tout moun ki gen KOVID-19. Se pa tout moun ki ap bezwen yon respiratè atifisyél. Gen moun ki ka pa menm konnen yo gen viris, donk yo pa menm bezwen swen nan men yon doktè. Men yo ka pase l bay yon lòt. E si lòt la deja gen kèk pwoblèm sante (tankou las, SIDA, dyabèt, problèm nan ren ou nan fwa) ou byen se yon granmoun ki gen plis pase 65 lane, bagay yo ka vin pi konplike si li pran viris la. Donk, Mezanmi nouvo kowonaviris yo rele KOVID-19 la, se pa yon jwèt.

Tout moun ka pran viris la. Men tout moun ka rive pwoteje tèt yo e pwoteje moun ki nan lantouray yo. Si ou poko genyen l, pran prekosyon. Si ou santi ou genyen l, oubyen yo di ou genyen l apre yon tès, rete lwen lòt moun, menm fanmi, pou omwen 14 jou, e priye pou ou pa gen gwo konplikasyon nou mansyonen nan teks sa.

Ke Bondye pwoteje nou!
Ke li kontinye voye je li sou Ayiti, peyi nou an!

Haiti-Référence
Boston, MA, 7 avril 2020