Konferans relijye ak relijyez Dayiti: Nòt pou laprès

Texte reçu le 18 octobre 2019

Pòtoprens, jou 17 oktòb 2019

« Bondye wè soufrans Pèp li a, li tande rèl li anba moun k ap peze l yo, paske li konnen doulè yo » (Ex 3,7)

Nan menm liy dènye mesaj nou an jou lendi 30 sektanm kote nou te mete vwa nou ansanm ak tout sektè kle nasyon an, ak tout moun ki refize kòripsyon, byen san swe, kontrabann, pou ekzije dirijan nou yo rekòlte sa yo simen epi fè yon jès bon konprann, pou yo koute vwa pèp la ki se vwa Bondye.

  • Lè nou konsidere jodi a kriz imanitè san parèy peyi nou an preske tonbe ladan l nan
  • Lè nou konsidere kriz sa a se rezilta yon kriz ki pi fon toujou ki touche fondalnatal sa nou ye kòm pèp sou plan: Politik, economik ak relijyez.
  • Lè nou konsidere tout enstitisyon repiblik la (Ekzekitif, Lejislatif ak Jidisyè) fin delabre, san nou pa bliye responsbilite elit entèlektyèl ak ekonomik yo nan mennen peyi nan sityasyon malouk sa a.

Nou menm, relijye ak relijyez, ki soti nan zantray pèp la, nou konsyan misyon nou kòm konsakre e misyonè, sitou nan mwa misyonè ekstraòdinè kote Pap Franswa envite nou defann lavi, diyite moun nan epi chache lapè ak rekonsilyasyon,

  • nou frape pòt konsyans tout moun zannana kou pengwen, men espesyalman chèf pouvwa ekzekitif la pou li pran konsyans jan sitiyasyon an grav kounye a epi konsa pran yon desizyon sajès pou Ayiti rale yon souf.
  • nou fè yon rèl byen fò ki sot nan trip pou nou mande pou yo respekte lavi moun, yon fason espesyal timoun yo, malad yo, granmoun aje yo, moun ki gen andikap yo, fanm ansent yo, e nou mande pou yo respekte sa ki pou tout moun lan (bien commun) ak byen prive.
Lè n gade tout aktè ki gen responsabilite nan prezan ak nan avni peyi a fè kè yo di kou wòch epi rete endiferan, lè n wè jan ensekirite a ap galope san kòd nan tèt, nou twouve nou nan obligasyon pou fèmen enstitisyon nou yo jiskaske genyen yon solisyon klè nan kriz la, nan yon tan ki tou kout; sa kap pèmèt lajistis, laverite ak rekonsilyasyon triyonfe, an menm tan tout peyi a ap kapab viv san kè sote.

Nan mwa misyonè sa a kote Pap Franswa, nan lapriyè li voye bay tout Legliz la, envite nou pou nou “Temwen Levangil la, pou nou gen kouray, pou nou pi chofe konsa Legliz la nan misyon li resevwa […] kapab jwenn yon lòt fason ki pi efikas pou pote lavi ak limyè nan sosyete sa a”, nou menm kòm konsakre nou deside poze 2 jès senbolik ki gen anpil sans:

  1.  Pote solidarite bay viktim kriz sa a ki dire twòp antan n ap bay san nan lakwa wouj ayisyèn epi vizite lopital yo antan n ap pataje sa nou genyen tankou medikaman ak materyèl pou swenyay lasante.
  2. Nou sèten pawòl sa yo sen Jan Pòl II te di lè li te vizite peyi Dayiti jou 9 mas 1983 a gen anpil valè toujou jounen jodi a : « Il faut que quelque chose change ici – Il faut les « pauvres de toute sorte se reprennent à espérer… Fòk bagay yo chanje isit la – Fòk pòv yo sou tout fòm rekoumanse gen lespwa…». Antan n ap fè youn nan solidarite toutan ak Pèp la k ap soufri, nou pral mache nan lapriyè nan silans bò 9h00 nan maten, jou madi 22 oktòb 2019 la k i se jou fèt sen Jan Pòl II, nan Pòtoprens ak nan tout dyosèz kote sa posib, pou nou lapriyè, viv ak selebre lafwa nou epi mande Bondye lagras pou peyi nou ak pou pèp nou an. (N ap rasanble devan legliz Kris Wa pou nou ale nan sanktyè manman Pèpetyèl Sekou Bèlè, epi nou pral fini ak lanmès nan Katedral Tranzitwa a ke Monseyè Achevèk nou an ap prezide).
Nou envite klèje tout dyosèz nou yo (Dyak, Pè ak Monseyè) ansanm ak tout fidèl kotolik yo, manm tout lòt konfesyon relijyez yo, tout lòt sektè sosyopwofesyonèl, tout gason ak fanm bòn volonte vin jwenn nou pou fè monte kot Bondye kri soufrans nou yo.

Devan gwo defi nou gen jodi a ak nan non limyè lafwa nou, nou di tout Pèp la nou solidè ak li epi nou angaje n bò kote li san fay. Nou pwofite mande sosyete a travay pou yon demen miyò nan peyi Dayiti.

P. Eric Jasmin, CSC Président
Sr. Lourdes Toussaint, SJS Vice-Présidente
P. Jean Denis Saint Felix, SJ Conseiller
P. Gilbert Peltrop, C.Ss.R Secrétaire Général