Kijan pou netwaye telefòn mobil ou nan tan KOVID-19 sa a

Nan tan KOVID-19 sa a, tout sa ou touche dwe pwòp. Telefòn mobil, se youn nan bagay ou touche plis nan yon jounen. Ekran anpil ladan yo fèt ak yon glas espesyal yo rele Gorille, yon glas ki  mens, leje e rezistan. Pa bliye ke sou glas ak plastik, viris la ka rete vivan jiska 3 jou. Epitou, gen yon etid ki montre ke pafwa ekran yon telefòn mobil gen 7 fwa plis jèm pase yon bouch twalèt. Se pou sa, fò nou kenke li toujou pwòp. Nou dwe netwaye l omwen yon fwa nan yon jounen ou plis pase sa a si gen lòt moun ki sèvi oubyen konn sèvi ak li.

Men kijan ou ka netwaye yon telefòn mobil :

  1. Lave men w. Sa pap sèvi a anyen si ou netwaye telefòn nan ak yon men ki sal e chaje ak jèm.
  2. Fèmen telefòn nan nèt, e retire li nan etwi ki proteje l la, si li nan youn. Etwi sa ap bezwen yon netwayaj apa.
  3. Pran yon moso twal ki byen pwòp. Ou ka sèvi ak nenpòt ki twal. Men, li ta pi bon pou ou sèvi ak youn ki aksòban e ki pap grave ekran an.
  4. Sèvi ak yon solisyon netwayaj ki pa gen alkòl. Anpil konpayi telefòn mande w pou ou pa netwaye ak likid ki gen alkòl. Sitou pa sèvi ak pafen oubyen sa yo rele dlo javèl yo. Pa eseye plonje telefòn nan dlo menm si yo di w dlo pap antre andedan l. Pa sèvi ak klowòks.
  5. Mouye chifon twal la ak solisyon ou chwazi a. E netwaye aparèy la. Evite sitou pase kote dlo a ka antre andedan l.
  6. Pase apre yon chifon mouye ak dlo sèlman. Se pou ou ka rense l.
  7. Tann li sèch. Si ou pa ka rete tann telefòn nan sèch poukont li, seche l ak yon lot moso chifon ki pwòp e ki pa mouye.
  8. Lè tout kò telefòn nan seche, ou ka ouvè l e rekomanse sèvi ak li.

Ou ka sèvi ak menm teknik sa a pou netwaye etwi pwoteksyon telefòn nan si li an plastik, tablèt, laptop.

Men sonje ke netwaye aparèy sa yo souvan pap pwoteje w devan viris pichon yo rele KOVID-19 la. Kle ppwoteksyon an ou se:

  • Lave men w souvan,
  • Lave figi w chak fwa ou te rete anpil tan deyò e ou antre lakay ou,
  • Evite bo ak bay moun lanmen.
  • Rete a yon distance de omwen yon mèt de moun ki pi pre w la.

Si ou ta santi ou genyen viris, oubyen si w te rankontre ak yon moun ki fè tès la e ki sòti pozitif, chache fè tès la oumenm.

Kowonaviris sa a, ke yo rele KOVID-19, ka mennen w anba tè. PWOTEJE TÈT OU, E PWOTEJE LANTOURAY OU!

Haiti-Référence
24 mars 2020