Remèsiman ak enfòmasyon Evèk Katolik Peyi Ayiti yo

Texte reçu le 4 mai 2021

 

« Kijan pou m fè lwanj pou Granmèt la pou tout sa l fè pou mwen? »
(Sòm 115,12).

1 Nou menm Evèk Katolik peyi Ayiti yo, nou kontan anpil pou frè ak sè nou yo ki te rive jwenn liberasyon yo nan lannwit 29 pou rive 30 avril la. Jou sa Granmèt la fè a se yon jou kè kontan (cf. Sòm 117, 24). Ansanm avèk yo, ansanm avèk Kongregasyon yo, ansanm avèk tout fanmi yo, ak tout Pèp Bondye a, epi tout moun ki te pote konkou yo, n ap di Bondye mèsi.

2 Pandan 20 jou, yo te viv gwo soufrans, yo te fè eksperyans mati. Men nan mitan lonbraj lanmò a, fòs mal la pa t fini ak yo, paske Bondye yap sèvi a vivan, li te la avèk yo. Se pou nou fè lwanj pou non Li.

3 Nou di tout moun ki te akonpanye nou nan moman eprèv ak doulè sa a, mèsi anpil. Nou pa ka konte kantite jès senpati ak solidarite nou resevwa.

4 Nou apresye avèk imilite kokenn chenn solidarite nou te jwenn bò kote kretyen katolik yo, ak bò kote anpil lòt sektè relijye epi yon gwo pati nan sosyete sivil la, lè Konferans Evèk Katolik yo (CEH) ak Konferans Ayisyèn Relijye yo (CHR) te lanse mobilizasyon an. Anpil Ayisyen nan dyaspora a te montre senpati yo pou viktim kidnapping yo epi yo pat kache doulè yo lè yap gade jan peyi ap depafini. Yo te pwofite okazyon sa a pou yo montre aklè kijan menm jan avèk nou epi ansanm avèk nou, yo vle goumen pou kwape kidnapping ak tout lòt mal ki anpeche lapè tabli nan peyi a ak nan kè nou chak. Kalite solidarite sa a, anpil nan nou konprann li, se yon valè ki pa negosyab, li fè nou santi lè youn ap soufri se nou tout kap soufri.

5 Se avèk kè sere epi anpil soufrans, nou konstate kijan kèk moun ki gen reskonsablite pou pwoteje nou enpwisan, kèk lòt menm rete endiferan alòske kèk lòt ankò rete nan yon silans ki parèt konplis nan jan yap trete dosye kidnapping nan anjeneral, jan yap trete koze gang kap pouse tankou djondjon, zak kidnapping kap ogmante chak jou e ki touche sitwayen Ayisyen tankou sitwayen etranje nan tout sektè nan peyi a. Plis kesyon sekirite a ap vin pi mal, plis popilasyon an lage debrabalanse, san sekou anfas kidnapping nan. Nou denonse ak tout fòs nou sistèm latèrè sa a yo lage sou kou popilasyon an. Jiskilè laverite va parèt aklè sou koze kidnapping nan, epi kilè kidnapping va disparèt nèt nan peyi a?

6 Tout moun kap viv sou tè peyi Ayiti dwe jwenn pwoteksyon ki nesesè pou l fè tout aktivite ki kapab pote byennèt pou li ak pou lòt moun. Dayè, atik 19 Konstitisyon 29 mas 1987 di l aklè : « Leta gen obligasyon pou l degaje l, tout jan, tout mannyè, pou tout Ayisyen jwenn lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan sa pale nan Deklarasyon Nazyonzini sou dwa tout kretyen vivan genyen ». Jodi a pa gen youn nan dwa sa yo ki respekte. Sityasyon an grav!

7 Batay pou rive kwape kidnapping ak tout lòt kalite mal kap wonje sosyete a dwe kontinye. Nan misyon nou kòm Legliz, nou mande Pèp BonDye

a) pou l rete vijilan, pou l rete pridan epi toujou kenbe flanbo lapriyè a byen wo pou liberasyon peyi nou an. Nou mande tout fidèl katolik ki nan tout pawas nan peyi a : a) pou yo selebre yon mès aksyondgras ak entèsesyon jou jedi kap 6 me 2021 an; nan fen mès la pou yo chante Te Deum. Yo va swiv menm orè mès yo genyen nan pawas yo;
b) pou yo fè priyè Wozè a nan legliz yo, nan fanmi yo, nan gwoup yo, nan katye yo epi pou di lòt priyè ki dedye a Lavyèj Mari pandan tout mwa me a;
c) pou yo òganize yon Maraton lapriyè pandan tout mwa me a ak timoun yo, jèn yo, lekòl yo, nan fanmi yo ou byen nan travay yo nan lè ki pi bon pou yo : pou yo resite yon « je vous salue », Regina Ceali a avèk lapriyè, « anba mizerikòd ou nou pran refij… »;
d) pou yo priye nevèn Lespri Sen an, soti 13 pou rive 22 me. Kote sa posib, yo va fè yon pwosesyon oflanbo lavèy fèt Lapannkot la pou transfòmasyon Legliz la ak Peyi a;
e) pou yo priye nevèn Manman Pèpetyèl Sekou a, Patwòn peyi nou an, soti 18 pou rive 26 jen.

8 Pandan nap mande pou nou tout rete soude youn ak lòt tankou pitit yon menm peyi, nan moman difisil sa nap viv la, nou salye nou avèk menm lafwa epi menm lesperans Jezi ki leve byen vivan pote pou nou an.

9 Se pou Lavyèj Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, Manman nou ki nan syèl la, akonpanye nou epi se pou Bondye Granmèt la beni nou!

Nòt sa a soti nan Lilavwa, Kay kote Evèk Katolik peyi Ayiti yo reyini, jou 4 me 2021.

 

Mgr Launay SATURNÉ
Achevèk Okap Ayisyen
Prezidan Konferans evèk yo (CEH)

Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
Evèk Oksilyè Pòtoprens
Sekretè jeneral Konferans evèk yo (CEH)