Textes et Documents » Catégorie : Textes en créole

📂 Rèl Filles de Marie yo ki ap travay an Ayiti

Nou te resevwa videyo a jou lendi 9 janvye 2023 a, e nou fè transkripsyon an

Se yon mesaj kote nou menm Filles de Marie (fdm) n ap mande sekou. Wi! N ap mande lapolis, laprès, lajistis sekou. N ap mande tout moun ki gen « bonne volonté » e ki ka ede nou nan sitiyasyon nou ye la a sekou.

An 2010, nou te viktim tranbledetè 12 janvye a nan Bèlè. Nou te pèdi 15 mè. Nou te pèdi preske tout kominote nou yo ak èv nou yo nan Pòtoprens. Tout kay kote nou te konn viv yo te tonbe. Nou te gen yon douzèn sè ki te blese ak jan mwen di a 15 lòt ki te mouri. Nou pat gen anyen ankò. Siperyè pwovensyal la ak ekonòm pwovensyal la ki te konn ap jere kòb kongregasyon an te pèdi lavi yo.

Apre evenman fannfwa sa a, nou te a zewo. Nou te kenbe paske nou gen lafwa nan Bondye. Sitiyasyon an te terib anpil pou nou. Avèk jenewozite anpil moun keseswa nan peyi Dayiti, keseswa lòt bò dlo, nou te bat jiskaske nou te rive achte yon teren nan Latranble 12. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Voye yon minis monte se sipòte gouvènman li ladan n lan…

Nou resevwa teks sa a jou ki te 18 oktòb 2022

M pa antre nan deba lengwistik ayisyen an nan dimansyon teknik li. Mwen pa gen konpetans pou sa. Kòm sitwayen e kòm moun ki reflechi anpil sou enjistis ak inegalite sosyal, mwen gen pozisyon m sou ki politik lengwistik ki dwe patisipe nan kreyasyon yon sosyete ki va donnen plis jistis ak egalite, men se pa sou sa m ap pale jodi a.M sezi, m estomake lè m li editoryal M. Michel Degraff nan Mew York Times kote, an bon kreyòl, li voye minis edikasyon gouvènman de fakto doktè Ariel Henry a, M. Nesmy Manigat monte kòm yon moun ki pote lespwa.

Se pa mwen ki ap aprann mesye Degraff yon minis solidè aksyon gouvènman li ladan n lan.

(suite…)

...lire le texte »»

📂 Diskou premye minis Ariel Henry sou sitiyasyon peyi: Mèkredi 5 oktòb 2022

Frè m yo,
Sè m yo
Chè konpatriyòt,

M ap salye nou tout, andedan tankou andeyò peyi a.

Mwen kwè li bon nan sitiyasyon grav peyi a ap travèse laa, pou mwen vin fè yon pale ak nou sou pwoblèm k ap bwase bil peyi a, e ki mete nou tout nan tèt chaje.

Nan pakou politik mwen, mwen toujou aprann ke se nan dyalòg, nan konsètasyon ak tèt ansanm pou nou jwenn meyè solisyon pou pwoblèm nou yo. M ap pale yon langaj verite, e m mande nou pran yon ti tan pou nou reflechi sou sa k ap pase nan peyi a depi 3 semenn. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt Evèk Legliz Katolik Yo an Ayiti ki sòti 8 septann 2022

Texte reçu le samedi 8 septembre 2022

« Nou va konen laverite a, epi laverite a va ban nou libète. »
(Jan 8, 32)

Tèks sa a se yon Nòt Evèk Katolik dobedyans Wòm ki an Ayiti pibliye jou ki te vandredi 8 septann 2022 pou yo denonse sitiyasyon dezespwa ak latwoublay pèp Bondye ki an Ayiti a ap viv jodiya.

Yo pwofite tou, nan menm nòt sa a, denonse yon bann sankonsyans ki kache dèyè mikwo pou yo voye monte. Kèk nan moun sa yo rive menm akize Legliz la kòmsi li ta tranpe nan trafik zàm fann fwa.

Evèk yo, apre yo fin raple travay ak zèv Legliz la ap fè, invite moun sa yo pou yo pran responsabilite yo si yo ta renmen tout bon vre figi peyi a chanje.

Li tèks la nou menm… (suite…)

...lire le texte »»

📂 Mesaj Evèk Katolik peyi Ayiti voye pou Pèp Bondye a nan okazyon fèt Nwèl 2021 an

Nou resvwa dokiman sa a jou ki te 18 desanm 2021

Pè nou yo, Mè nou yo, Frè nou yo,
Fidèl yo, ak tout moun ki gen bòn volonte:

1 Nan yon ti tan ankò nou pral selebre Nesans Sovè nou an, Jezi kri, e n ap gen pou n swete yonn lòt bòn fèt Nwèl ak bòn ane. Tan Lavan an, kòm tan atant, konvèsyon ak rekonsilyasyon, pataj ak esperans, prepare nou pou sa. Li louvri je nou sou yon modèl lavi ki pi laj epi ki pi bèl. Tan Lavan an prepare nou pou n selebre lavi, sa vle di Jezi, li menm ki Liberatè ak Sovè limanite a, nan wete tout sa ki pa bon nan nou, nan detwi tout jèm divizyon ki anpeche nou rekonèt nou se frè ak sè epi ki anpeche yonn akeyi lòt kòm sa dwa. Ak jès konkrè, Legliz la envite nou soti nan konpòtman manfouben nou yo pou nou kapab akeyi Jezi Kri pi byen epi koube nou anba pouvwa li. Li mande nou louvri kè nou, men nou ak zye nou pou n al jwenn frè ak sè nou yo epi mache ansanm ak yo. Ki aksyon patriyotik ak zanmitay sosyal nou ta swete reyalize pou nou pran wout k ap mennen nou nan bòn gouvènans ak nan bon jan tèt ansanm Ayiti bezwen an? (suite…)

...lire le texte »»