Textes et Documents » Catégorie : Textes en créole

📂 Diskou premye minis Ayisyen an, Ariel Henry, jou ki te 28 oktòb 2021 la

Ayisyèn, Ayisyen,
Kompatryot mwen yo k ap tandem pa bò isit, tankou lòt bò dlo,

 

Sa fè anviwon twa (3) mwa depi mwen monte kòm Premye minis nan de kondisyon difisil nou tout konnen yo. Mwen vin jwenn yon peyi dechire, divize, yon Leta ki kraze ak tout enstitisyon demokratik nou yo ki pap mache. Moun paka kite Pòtoprens pou ale nan Sid.

Sitiyasyon ekonomik peyi a tonbe nan yon nivo ensipòtab, lajan monte bwa. Lavi chè ap toupizi tout sèktè nan sosyete a. Defisi bidjetè rive nan yon nivo nou pa janm wè.  Goud (gde.) la ap kontinye pran kalòt parapò ak dola ($) meriken an e, ou pa menm ka jwenn li lè ou bezwen l. Chomaj, lamizè ak grangou ap fini ak tout espwa jenès nou an ki blije al pran imilyasyon nan tout peyi ki nan rejyon an. Mwen kanpe la nan lis pwoblèm nou tout ap konfwonte! (suite…)

...lire le texte »»

📂 Funérailles du président Jovenel Moise: Éloge funèbre de Martine Joseph Moise

🙏 Monsieur le Premier Ministre;
🙏 Mesdames, messieurs les membres du gouvernement;
🙏 Mesdames, messieurs les représentants des pays amis;
🙏 Mesdames, messieurs les fonctionnaires de L’État;
🙏 Hauts dignitaires de la fonction publique
🙏 Mesdames, messieurs les représentants des institutions indépendantes;
🙏 Mesdames, messieurs les officiels des dix départements de la République;
🙏 Mesdames, messieurs les représentants des collectivités territoriales;
🙏 Mesdames, messieurs les représentants des secteurs privés et des affaires;
🙏 Mesdames, messieurs les représentants des organisations de la société civile;
🙏 Mesdames, messieurs les représentants de la diaspora;
🙏 Frè ak sè m yo nan tout peyi a,

Au nom de le toute la famille présidentielle, j’aimerais vous remercier du plus profond de mon cœur de votre présence parmi nous pour rendre un dernier hommage à mon mari, Jovenel Moïse.

La famille vit des jours sombres. Faire le déplacement jusqu’ici pour nous soutenir, pour dire « au revoir » à mon président, à mon mari, le père de mes enfants est une marque de sympathies qui procure force et courage à toute la famille et l’aide à surmonter ces épreuves.
(suite…)

...lire le texte »»

📂 Nòt Konferans Evèk Katolik Ayiti yo sou sitiyasyon sosyopolitik la

Nou resevwa teks sa a jou ki te premye jen 2021

Frè ak sè nou yo,
Tout moun ki gen bòn volonte,

1 Nan non Jezikri, Sovè tout moun, nan non misyon Legliz la genyen pou l di laverite, Legliz la pa gen dwa kite moun ap peri nan move kondisyon lavi li, paske sa lavi sere pou moun makonnen avèk listwa lavi Jezikri. Sa vle di : sa moun ap chwazi nan lavi a, sa kap sove l oubyen sa kap fè l pèdi chemen l, tout sa makonnen sere sere ak Jezikri (Cf. Pape Jean Paul II, Redemptor Hominis, n.14).

2 Se konsa Legliz la nan peyi Ayiti ap veye sou tout Pèp Ayisyen an ak anpil renmen nan kè l. Se yon responsablite ki antre nan misyon l menm pou li rete atantif epi sansib devan tout kesyon Pèp la ap poze, devan tout kè kase ak kè sere l yo. (Cf. Jean Paul II, Redemptor Hominis, n. 15). Anpil mesaj Konferans Evèk Ayiti yo montre angajman Legliz la bò kote Pèp Ayisyen an ki pa sispann goumen pou jwenn jistis, lapè ak lavi miyò. (suite…)

...lire le texte »»

📂 Remèsiman ak enfòmasyon Evèk Katolik Peyi Ayiti yo

Texte reçu le 4 mai 2021

 

« Kijan pou m fè lwanj pou Granmèt la pou tout sa l fè pou mwen? »
(Sòm 115,12).

1 Nou menm Evèk Katolik peyi Ayiti yo, nou kontan anpil pou frè ak sè nou yo ki te rive jwenn liberasyon yo nan lannwit 29 pou rive 30 avril la. Jou sa Granmèt la fè a se yon jou kè kontan (cf. Sòm 117, 24). Ansanm avèk yo, ansanm avèk Kongregasyon yo, ansanm avèk tout fanmi yo, ak tout Pèp Bondye a, epi tout moun ki te pote konkou yo, n ap di Bondye mèsi. (suite…)
...lire le texte »»

📂 Nòt Konferans Evèk Katolik Peyi Dayiti Yo ki pote dat 20 avril 2021

Nou resevwa teks sa a jou ki 20 avril 2021

« GranMèt la koute moun ki mande Li sekou: li delivre yo anba kè sote.
GranMèt la toupre moun ki gen kè kraze yo; Lap sove moun, ki pa kapab ankò !… »
(Sòm 33, vèsè 17-19).

Frè m ak sè m yo,

ND du Perpétuel Secours, patronne d'Haiti1.- Nou menm Evèk katolik peyi Dayiti konstate ak anpil doulè sitiyasyon frè ak sè nou yo ki nan men bandi pa chanje jiskaprezan. Zantray tout moun ki gen moso renmen nan kè yo ap dechire. Di (10) jou nan men kidnapè se twòp.

2.- Malgre tout apèl Legliz la, Evèk yo, Pè yo, Relijye/Relijyèz yo, fidèl layik yo, òganizasyon Sosyete sivil la, nan peyi Dayiti tankou lòtbò dlo, otaj yo pa jwenn liberasyon; yo toujou nan men kidnapè yo, ki pa sanble tande rezon.

3.- Devan sitiyasyon sa a, nou dwe aji kòm kretyen epi kòm sitwayen konsekan, pitit menm Nasyon. Poutèt sa, nan tèt kole avèk CHR (Konferans Ayisyen Relijye yo), nou deside yon lòt fwa pou tout lekòl katolik, prezbiteral, kongreganis, inivèsite ak tout lòt enstitisyon (sof Lopital ak Sant Sante yo) kanpe travay pandan twa jou : mèkredi 21, jedi 22, ak vandredi 23 Avril la. (suite…)

...lire le texte »»