Nòt Konferans Evèk Katolik Ayiti yo sou sitiyasyon sosyopolitik la

Nou resevwa teks sa a jou ki te premye jen 2021

Frè ak sè nou yo,
Tout moun ki gen bòn volonte,

1 Nan non Jezikri, Sovè tout moun, nan non misyon Legliz la genyen pou l di laverite, Legliz la pa gen dwa kite moun ap peri nan move kondisyon lavi li, paske sa lavi sere pou moun makonnen avèk listwa lavi Jezikri. Sa vle di : sa moun ap chwazi nan lavi a, sa kap sove l oubyen sa kap fè l pèdi chemen l, tout sa makonnen sere sere ak Jezikri (Cf. Pape Jean Paul II, Redemptor Hominis, n.14).

2 Se konsa Legliz la nan peyi Ayiti ap veye sou tout Pèp Ayisyen an ak anpil renmen nan kè l. Se yon responsablite ki antre nan misyon l menm pou li rete atantif epi sansib devan tout kesyon Pèp la ap poze, devan tout kè kase ak kè sere l yo. (Cf. Jean Paul II, Redemptor Hominis, n. 15). Anpil mesaj Konferans Evèk Ayiti yo montre angajman Legliz la bò kote Pèp Ayisyen an ki pa sispann goumen pou jwenn jistis, lapè ak lavi miyò.

3 Nan moman tèt chaje nap viv jounen jodi a, rèl soufrans kè sere sè ak frè nou yo rezonnen byen fò nan kè nou menm Evèk yo, bèje Pèp Bondye a. Men sa ki lakòz kout rèl sa yo : se gang ki pouse tankou djondjon ak gwo zam lou nan men yo, yap fè lalwa nan peyi a; se vyolans tout kalite tout koulè; kidnaping, ensekirite ki anpeche moun sikile libelibè nan peyi a, se krim, enpinite, enstabilite politik, estrikti Leta a ki tonbe andegraba; se lavi chè, se Kovid-19 la ki tounen pi rèd, elatriye…

4 Devan sityasyon sosyopolitik ak ekonimik sa a kap degrade chak jou pi plis la, nou mande tout aktè politik yo, fi tankou gason ki nan pouvwa a, sila yo ki nan opozisyon radikal tankou modere, pou yo fè sa yo konnen pou retire sou do Pèp la yon bann chaj lou ki anpeche l mache rive nan devlopman l tout bon. Youn nan chaj sa yo, se vle yo vle, wè pa wè, òganize yon referandòm pou bay peyi a yon nouvo Konstitisyon.

5 Jan nou te di l nan mesaj Nwèl 2020 an, « si anpil moun leve vwa yo pou mande pou gen chanjman ki fèt nan Konstitisyon an, oubyen pou gen yon lòt Konstitisyon, sa dwe fèt yon jan ki korèk epi ki mete tout moun dakò. Men se pa konsa sa ap fèt koulye a. Se pa nan mitan yon kriz politik grav konsa pou yo ta pran desizyon pou ranplase yon Konstitisyon. Nan mitan yon kriz ki difisil anpil anpil pou tout aktè politik yo rive antann yo pou nou soti ladan l. Non, se pa bon lè pou yo pran desizyon sa a. Si yo vle fè l wè pa wè, sa pral foure peyi a nan yon lòt kriz ki pi rèd toujou. Nap viv koulye a yon sitiyasyon sosyal ak politik ki gen ladan l : divizyon ak chire pit, youn pa fè lòt konfyans, vyolans tout kalite tout koulè. Sitiyasyon sa a pa bon pou yon kokennchenn chanjman konsa ki mande patisipasyon tout fòs moun ak enstitisyon ki gen nan peyi a. Desizyon sajès la nan moman sa a, se kanpe soureferandòm nan. Nou mande nou, tanpri souple, pa pran chemen sa a kap mennen peyi a nan pi gwo tèt chaje toujou.

7 Pèp Ayisyen an anjeneral pa ka tann ankò pou l wè peyi a soti anba mizè, ensekirite, enstabilite ak ilegalite san bout sa a. Se poutèt sa, nou dwe deside travay ansanm, san pèdi tan, pou lapè ak chanjman tout bon tabli nan peyi a. Kijan nap rive fè sa, si dabò nou youn pa aksepte lòt la tankou frè ak sè, pitit yon menm nasyon ? Kijan nap rive fè sa, si nou pa relanse san pèdi tan machin demokrasi a pandan nap bay pèp la okazyon pou l chwazi dirijan l yo nan bon jan eleksyon ki lib epi ki transparan ?

7 Nan non misyon sa a nou genyen pou nou mache bò kote pèp Ayisyen an nan batay lap mennen chak jou pou yon lavi miyò, epi pou l vin pi pre Bondye, pou lapè kapab tabli tout bon nan bati bon jan demokrasi, nou mande tout Ayisyen, fi tankou gason, pou nou pa kite yo vòlè lesperans lan ki se motè lavi nou. (cf. CEH, Mesaj Nwèl, 2020). Ayiti pap mouri ! Se avèk kouraj, nan pèseverans, kenbe pa lage ; se avèk sajès nap rive konstwi l !

8 Se pou Lavyèj Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn peyi nou an, lapriyè pou nou. Se pou Jezikri, Sovè nou an, avèk konkou Lespri Sen an, fè Lajistis, Lapè ak Tèt Ansanm triyonfe nan peyi nou ! Se pou Bondye beni nou, se pou l beni Ayiti !

Nòt sa a soti nan Lilavois, kay kote Evèk peyi Ayiti yo reyini, jou premye jen 2021 an, jou fèt Sen Justin ki te mouri mati.

Men Evèk ki siyen nòt sa :

Monseyè Launay SATURNE
Achevèk Okap Ayisyen
Prezidan CEH

Monseyè Max Leroy MESIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens
✶ Visprezidan CEH
Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens
✶ Sekretè Jeneral CEH
Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk Ench
✶ Ekonòm CEH
Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay
Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Evèk Ansavo ak Miragwan
Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmel
Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv
Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè
Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
♝ Evèk Fòlibète