Mesaj Konferans Ayisyen relijye yo (CHR) nan peyi Dayiti voye bay manm li yo ak tout lòt ki gen bòn volonte
📅 Texte publié le Dimanche 26 avril 2026
Se Konferans Ayisyen relijye (CHR) ki pibliye tèks ki sou paj sa a, jou ki te madi 21 avril 2026. Nan li, relijye yo li denonse gwo soufrans Ayisyen ap sibi. Yo ap viv nan yon peyi kote youn ak fini ak lòt e kote lavi moun pa gen okenn valè.Ayiti, peyi nou an, ap degrenngole, e tankou sa rive souvan, moun ki pi pòv yo se yo menm ki ap peye, ak lavi yo e anpil soufrans, sitiyasyon malouk nou kreye a. Kondanasyon, pou fè eritaj zansèt nou yo tounen yon tè sèk ak moun san kè sou li, klè nan tèks la.
Pou rive kontwole katchouboumbe sa a, Konferans Ayisyen relijye yo pran pòtvwa li pou rele lidè yo, elit yo, edikatè yo, kretyen yo ak jèn yo. Li envite yo pou yo montre solidarite ak angajman yo nan bon ti mamit. Anfen, li envite tout kretyen pou pa pèdi lespwa, paske Bondye pa t kreye Ayiti pou destriksyon men pou lavi, e ke, anba pwoteksyon Manman Nòt Dam Perpetyèl Sekou, li ap rive reprann li.
Dokiman sa te vin jwen nou jou ki te dimanche 26 avril 2026
Pòtoprens, 21 avril 2026
« Mwen vin pou moun ka gen lavi, epi pou yo genyen l an kantite. »
(Evanjil Jan 10, 10)
I.- Rèl tè a ak rèl pòv yo
Jodi a, tè nou an ap plenyen nan kè l. Depi nan Plèn Kil De Sak rive nan kwen ki pi blese nan Lwès, nan Sant ak nan Latibonit, peyi nou an tounen yon teren antrenman pou laterè. Frè ak sè nou yo, yo rache nan kay yo, ap fè moute desann, san yo pa gen yon kote pou yo kache kò yo.
Nan peyi Ayiti, sanble lanmo tounen yon règ pou moun viv, ak vyolans ki sèl modpas nou. Nou tounen yon sèn teyat, kote moun toupatou griyen dan sou nou, e jwenn plezi nan sa. Nou tounen yon pèp kote enterè pèsonèl ak egoyis pase anvan enterè tout lòt moun. Pov yo, ki se potre Bondye, trete kounyeya a tankou yon pakèt vye rad sal pou jete nan fatra. Yon peyi ki pa respekte ni moun, ni Bondye, ni Legliz, se yon nasyon k ap kouri toudwat nan lanmè kote li pral peri. Jan Pawol Bondye a raple nou sa: « Malere a rele, Bondye koute l, epi li sove l anba tout tray li yo » (Sòm 34, 6).
II.- Fantòm Anyen an
N ap denonse ak tout fòs nou volonte pou transfòme Ayiti an yon dezè ki parèt aklè: yon dezè san imanite, san estrikti ak san espwa.
Kouman yon moun ka rive rayi tè kote lonbrik li anterè a li jis nan pwen pou l vle fini avè l? Poukisa n ap chèche detwi pwòp frè nou? Si Papa Nasyon yo ta leve jodi a, dlo nan je yo t ap nwaye teren mechanste nou yo.
Pwojè dezolasyon sa a pa soti nan Bondye, paske Bondye kreye nou pou lavi.
III.- Apèl pou chak moun pran Responsablite yo: « Desann sou teren kè a »
N ap sonnen klewon bay tout fòs viv nan Nasyon an:
- Pou sa k ap dirije nou yo ak sa ki anvi direje yo: Chèche konsyans sitwayen an nan bibliyotèk kè nou.
- Pou nou menm k ap chèche siksè: Pa janm bati l sou do lòt moun.
- Pou gason ak fanm save yo: Pa rete prizonye nan « Syèl panse nou yo ». Desann sou teren kè nou pou nou travay tout bon pou byen tout moun alawonnbadè.
- Pou Jèn yo: Se pou Kris la sèvi nou de modèl, li menm ki te renmen moun pa l yo, jouk sa kaba. Pa kite yo achte nou pou nou gaspiye pwòp lavi nou.
- Pou Edikatè ak Kretyen yo: Temwaye ak kouraj sa nou ye tout bon an. Se pou byen komen an parèt nan tout sa n ap di ak sa n ap fè. « Veye sou kè ou plis pase tout lòt bagay, paske se nan li sous lavi a soti » (Sòm 4, 23).
IV.- Lapryè ak Esperans Rezirèksyon
Ayiti dwe reviv. Ayiti pral leve byen vivan.
Tèks sa ekri nan Syèj Konferans Ayisyen relijye yo (CHR).
Nan dat ki te 21 avril 2026.
__________________________
P. Morachel BONHOMME, sdb
Prezidan Konferans Relijye yo (CHR)
