Yon kout rèl Konferans Katolik Konsakre yo

Mesaj sa a te vin jwenn nou jou kite 6 septanm 2023

« Bondye nan bafon kote nou ye a, n ap rele w. »
(Kf Sòm 130, 1)

 

Lè n ap gade sa kap pase nan kèk kwen nan peyi a, nou menm konsakre peyi Dayiti, pandan n ap manifeste solidarite nou ak pèp nou an k ap soufri depi dikdantan, nou vle repoze menm kesyon avèk Pè Kawas François, sj : « Granmèt, mwen pa kapab konprann poukisa youn ap manje lòt konsa, kote w pase se lagè, m ap mande sa ki fè sa? »

Bèl nasyon nou an ap fin defigire nèt, e se pwòp pitit bout tè a ki kanpe pou mete l ajenou. Domaj nou nan bato a, e se nou k ap pèse l, nou chita sou branch lan epi n ap koupe l. Gen yon gwoup moun ki ta sanble pèdi nosyon  de sa yo rele« sakralite lavi » : Yo touye, yo kidnape, yo vyole, yo maspinen, yo vòlè, yo ekspwopriye, yo mete dife jan yo vle, kote yo vle, lè yo vle; e tout sa,  anba boul je mouche Leta. Moun ki peye po kase a se sila yo ki pòv yo. Nou vle raple tout moun k ap mete dlo nan je popilasyon an ke nou tout, nou se frè ak sè, e nou pa dwe janm bliye Ayiti se manman nou tout.

Pòtoprens al zanviwon li yo, yon bon pati nan [Department] Latibonit la tounen yon maleng, kote moun pa moun pou yon gwoup k ap dechèpiye zòt. Plis pase 2 lane, mouche: menm je w, men je l. Zafè lamas pa gade moun ki sou pouvwa a. Lapolis toujou prezan pou brave manifestasyon kont ensekirite; lè sa a, toujou gen gaz lakrimojèn, toujou gen bal, polisye toujou disponib… men kanta pou kwape bandi, pa janm gen materyèl, pa janm gen polisye. Tou yon pèp ap disparèt alòske yon ti gwoup moun menm ak taye banda, ap jwi privilèj pòs leta. Nan peyi Dayi, responsab Lapolis yo ansanm ak moun k ap dirije bak peyi a pa janm pran okenn desizyon pou pwoteje ak sèvi moun ki pi fèb yo.

Nan dènye tan sa yo, tout moun, nan tout kouch sosyal, sans distenksyon, nan KOURI. Nou kouri san pran souf, e nou ap mande tèt nou : Kilè n ap sispann kouri? Poutan gen moun ki sanble alèz nan sa, e yo fè tout sa yo kapab pou mete nou nan kouri.

Nan sitiyasyon mangonmen sa a, n ap lanse yon apèl solanèl bay tout sektè : Katolik la, Pwotestan yo, Vodou a, Sosyete sivil la, inivèsite a (piblik tankou prive), sendika yo, laprès la, politik la (pati yo), tout moun ki nan akò ak dezakò yo… Nou tout ki renmen Ayiti, pou nou mete tèt nou, kè nou ak vwa nou ansanm pou nou di NON a fòs lanmò k ap depafini ak peyi nou an, kondane ak tout fòs nou jenosid sa y ap fè sou pèp nou an;  epi pwovoze yon chimen k ap kondi nan liberasyon peyi a anba tout fòs fènwa yo, ni sa ki vizib, ni sa yo ki anba chal.

Se pou Manman NotreDam Pèpetyèl Sekou, Patwòn peyi nou an, veye sou Ayiti e pote rèl nou bay Piti li Jezikri, Sovè nou an.

Pòtoprens, lendi 4 sektanm 2023

Biwo Konferans katolik Konsakre an Ayiti (Conférence Haitienne des Religieux, CHR)