Mesaj Monseyè Pierre-André Dumas a Pè ki nan Dyosèz li yo, depi yon lopital nan Miyami

Jou kite 18 fevriye, Monseyè Pierre-André Dumas, ki se evèk dyosèz Ansavo ak Miragwàn, te sibi boule grav nan kò li apre yon eksplozyon nan kay kote li te ye a nan Petyonvil. Li te oblije al pran swen nan yon lopital ki nan vil Miyami yo rele Jackson Memorial Hospital.

Apre yon gwo kokenn chenn operasyon, premye panse li, kòm pastè, se pou dyosèz li a, espesyalman pou pè yo. Depi lopital la, li voye yon mesaj ba yo, ke n ap jwenn sou paj sa a sou fòm odyo e kòm teks.

Menm lè ou santi, lè w ap tande mesaj enpwovize a, ke li te anba rès efè anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirityèl ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon pastè ki gen lafwa ki t ap pale. Yon pastè ki t ap pale « collégialement » avèk pè li yo. Li rekonèt bon travay yo ap fè nan yon dyosèz tou nèf. Si ou tande, oubyen li mesaj la avèk atansyon, ou ka rekonèt tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen sò l, ni ap blame lòt pou sa li ap viv la.

Tande ou li mesaj la. Teks la se yon kopi de anrejistreman an.

Anjejistreman mesaj la:

Pè m yo, nou tout alawonbadè,
Kote nou ye, mwen salye nou…

Mwen nan yon lopital Miyami, Jackson Memorial Hospital.

Yèswa, mwen te fè yon gwo operasyon kote yo te eseye trete blese m yo. Nan gwo operasyon sa a, yo te ranplase pati boule yo avek des « chairs humaines » ki konpatib avèk chè pa mwen. Mwen fè tout operasyon sa a anba anestezi jeneral ki te mete m andeyò de konsyans mwen pandan yon valè tan. Mwen sòti anba operasyon a maten an (27 fevriye). Mwen rive bwè dlo apre sa.  Mwen di Bondye Mèsi. Yo di bagay yo reyisi. Yo wè chè a pran.

Depi maten an m ap resevwa vizit moun ki responsab lopital la. Responsab yo eksplike mwen kouman operasyon an te pase. Yo di tou me m ap oblije diminye nan sèvis mwen. Sa vle di ke mwen pap ka aji men jan an ankò. M ap bay mwens sèvis. Mwen ap diminye tou nan jès yo. 2 pla men yo, menm lè yo ta pran e tout bagay ta vin oke, mwen pap ka fè bèl jès mwen te konn fè anvan yo.

Yo di tou fò m fè anpil mouvman. Depi jodiya, mwen kòmanse mouvman yo. Yo te vin fè deplasman avèk mwen pou wè si m te ka fè mouvman, mache, kanpe, leve, kite kabann etc…

Mwen di Bondye mèsi pou sa k pase a. Aksyon de gras la monte nan syèl la ke zanj Bondye monte pote ba Li. Bondye inik! Bondye sèl! Bondye toupwisan e Bondye gen omnisyans. Bondye gen anpil mizèrikòd. Li wè limit mwen, e an menm tan, Bondye konnen ke san Limenm, mwen pa anyen.

Mwen remèsye Bondye pou tout sa li fè pou mwen nan lavi mwen, pou lavi mwen kòm pè,
Mwen remèsye Bondye pou sa li fè nan Legliz la avèk mwen. Mwen pa merite anyen pou sa.
Mwen remèsye Bondye poul kalite bon pè li ban mwen tou.

[Pè dyosèz mwen yo],

Mwen konnen kouman nou ap travay. Mwen konnen kouman nou ye nan pawas. Mwen konnen ki soufrans nou genyen… Mwen konnen tou yo pa toujou fin konprann nou. Mwen pa bezwen tann se jedi sen pou vin di nou bagay sa yo, si Bondye pèmèt, men depi kounyeya, mwen kapab di nou, mwen rekonèt sa nou ye, sa nou vo, moun nou ye pou mwen. Dayè, lé yo voye yon evèk nan yon dyosèz, sitou lè dyosèz fèk fonde, pa gen anyen ki kapab di, sa ki ap reyalize yo, se li ki ap reyalize yo. Evèk la vini tankou tout pè yo. Li ape òganize kèk bagay. Li bay lide, pè bay lide. Evèk la koute pè yo. Li deside. Sou desizyon yo tou, chak moun kapab wè kouman yo kapab fè pou yo ale delavan e avanse.

Mwenmenm, se lafwa nou ke mwen apresye anpil, kouraj nou, fòs nou. Anpil nan nou pote anpil lespwa tou pou Legliz la demen. Anpil nan nou gen anpil vizyon pou wè kouman bagay yo ka mache.

Nan moman sotiyasyon difisil a a, se pa lè pou nou chita ape petèt gen kritik. Se pa moman nonplis tou pou chita ap panse ak kisa yo ka di de nou. An nou rete noumenm. An nou rete vrè, otantik. An nou bay tout noumenm pouke youn sipòte lòt, youn ede lòt, youn fè lòt ale delavan.

Mwen te kontan anpil apre yon dyalòg ak responsab lopital la. Li te di m li te travay an Ayiti pandan 24 kan. Gen yon bagay ki toujou frape l. Li di lontan, li te panse se sa nou te fè anvan ki bay pwoblèm, listwa nou te konstwi, ak sa nou te rate, ak sa nou te reyisi. Nan lavi pa l li dekouvri ke ou ekri listwa lè w ka mete sa w ap fè jodiya ak sa ou pral fè demen ansanm. Se sa ki fè ou reyisi istwa a. Se sa mwen espere pou noumenm tou.

« L’avenir appartient à ceux qui acceptent de se donner pour construire le futur pour les autres, l’avenir pour les autres. » E avni sa a, se lòt yo ansanm avèk nou ki ap konstwi l. Donk mwen dekouvri ke jodiya ak demen an nou ap meta ansanm la, se li ki pral ban nou yon nouvo tan. Se nouvo tan sa a n ap chanche pou peyi nou an. Se nouvo tan sa a n ap chache pou Legliz la. Se nouvo tan sa n ap chache pou tèt pa nou. Se nouvo tan an n ap chache pou pèp Bondye konfye nou an.

Nan pawas kote nou ye, nan konsèy kote nou ye, nan chak kote nou ye, n ap wè si nou ka bay sa ki pi bon nan noumenm pou dyosèz nou an rete djanm.

[…] Mwen te sezi, pandan mwen te lopital Pòtoprens la, anvan ke mwen te vin pa bò isit nan Miyami, mwen tande anpil bon bagay moun  ap di sou dyosèz  ke mwen pat mwen rann mwen kont. Mwen konnen dyosèz la konn fè jefò, mwen konnen limit yo tou.

Mwen tande moun ap di  sèlman bon bagay paske yo wè kouman sa ede, jan ekip yo ap travay, jan tout moun bay tèt yo nan sèvis yo genyen.

Lè yon yon moun gen yon bagay pou fè, ou fè l. Ou pa chita ap fè gwo diskou. Lè yon moun vle soutni, ou fè l. Pa ekzanp, nan ka pa m nan e nan jou ki sot pase yo, te gen pwoblèm paspò; yon jou apre mwen jwenn li. 2 jou apre yo bay viza. Se vre , yo pa fè l pou tout ka, mwen sitiyasyon m nan te fasilite sa. Sa vle di Ameriken bay viza a 2 jou apre.  Nou espere ke efò  sa yo ki te fèt, nan sitiyasyon sa, li ka ouvri pòt tou pouke tout pè, tout moun nan dyosèz la, tout moun nan Legliz la, e tout pòv malere kapab jwi e pwofite de bagay sa yo.

Mwen kontan anpil. Mwen remèsye nou. Mwen di nou mèsi pou sa nou ye pou mwen.  Mwen di nou mèsi pou sa nou ye kòm pè. Mwen di nou mèsi pou moun ke nou ye a… Sa  mwen ye, se gras a nou ke mwen ka ye. Sa nou ye, sa gras a mwen ansanm ak nou ke nou ka ye… Kenbe sa ki bon nan nou a. Bagay ki meyè a, an nou fè l sòti pou lespwa ka donnen pou pèp nou, pèp ayisyen an.

Ke Bondye beni nou! Bondye beni Ayiti. E ke lespwa boujonnen ankò nan kè nou tou e nan chak Ayisyen. Ann rete pozitif, Ann rete moun ki pote lesperans. Ann tounen moun ki se ewo de lesperans.

Mèsi anpil. Priye pou mwen. M ap ofri ti soufrans mwenyo… Bondye ka transfòme yo e li va konplete anpil soufrans Kris la te pran…

Mèsi anpil. Deja mwen di nou bonne fin de Carême e prepare nou pou nou antre nan Pak la, yon Pal tou nèf, yon Pak desperans, yon Pak damou avè Jezikri, gran frè nou.

Mèsi anpil.

Monsèyè Pierre André Dumas
♝ Evèk Ansavo ak Miragwa
🎤 Depi Lopital Jackson Memorial nan Miami (USA)