Rèl Filles de Marie yo ki ap travay an Ayiti

Nou te resevwa videyo a jou lendi 9 janvye 2023 a, e nou fè transkripsyon an

Se yon mesaj kote nou menm Filles de Marie (fdm) n ap mande sekou. Wi! N ap mande lapolis, laprès, lajistis sekou. N ap mande tout moun ki gen « bonne volonté » e ki ka ede nou nan sitiyasyon nou ye la a sekou.

An 2010, nou te viktim tranbledetè 12 janvye a nan Bèlè. Nou te pèdi 15 mè. Nou te pèdi preske tout kominote nou yo ak èv nou yo nan Pòtoprens. Tout kay kote nou te konn viv yo te tonbe. Nou te gen yon douzèn sè ki te blese ak jan mwen di a 15 lòt ki te mouri. Nou pat gen anyen ankò. Siperyè pwovensyal la ak ekonòm pwovensyal la ki te konn ap jere kòb kongregasyon an te pèdi lavi yo.

Apre evenman fannfwa sa a, nou te a zewo. Nou te kenbe paske nou gen lafwa nan Bondye. Sitiyasyon an te terib anpil pou nou. Avèk jenewozite anpil moun keseswa nan peyi Dayiti, keseswa lòt bò dlo, nou te bat jiskaske nou te rive achte yon teren nan Latranble 12. Se sou teren sa a ke, aprè kèk tan, nou te rive bati yon lekòl gras a  yon Fondasyon espayòl. Se pou sa nou te ba l non Rèn Sofya. Apre lekòl la, yo te ede nou bati yon rezidans pou mè yo avèk yon kwizin.

Men nou te gen plis bezwen toujou. Se Bèlè ki te baz nou. Se la tout moun te gen yon ti espas pou yo viv trankil. Kòm nou pat gen kote pou n te loje tout mè yo, nou bezwen lòt kay ankò. Nou te bezwen yon enfimri, yo rezidans pou malad yo ak granmoun nou yo. Ak sipò moun nan peyi a ak lòt bò dlo, nou te rive bati enfimri a ak yon novisya kote jèn ki deside fè mè te ka jwenn yon kote pou jwenn fòmasyon. Tout bagay sa yo te pran tan pou yo te fèt.

Li te pran nou 9 lane, de 2010 jiska 2019, nou kapab di, pou nou te rive reyalize tout bagay sa yo. Se pat ankò tout sa nou te bezwen. Men nou te deja gen yon espas pou nou viv ak mè yo.

Men sa ki rive ki fè nou blije ap chache sekou jodiya kote laprès, lapolis e lajistis, e kote tout moun ki konsène nan peyi a, se paske n ap pase yon kalvè. Se kri de doulè n ap lanse.

Vandredi ki te 25 novanm, 3 gason ak zam antre nan kominote Latranble a. Yo rive sou yon mè ki t ap fè netwayaj, yo pwente zam sou li. Yo te gentan mare gason yo ki nan sèvis mè yo; yo te minote yo. Jou sa a, Bondye fè, yo pat fè anyen grav. Yo te sèlman  pati ak yon anpoul rechajab.

Depi lè sa a, mè yo t ap viv sou dan; yo pat gen lapè. Epi nan zòn, se tire tout la jounen, tout nan nwit. Nou menm, kòm responsab, nou t ap chache kijan pou nou fè pou nou bay mè yo uon souf, pou te ka respire yon lòt lè, yon lòt kote. Fè to sòti Latranble pat fasil paske nou tout nou konnen kisa ki genyen nan Kwadèboukè ak nan Latranble. Bondye pou nou, nou rive nan fen mwa novanm nan jwenn yon estrateji pou nou fè yo sòti, pou yo te ka respire pandan yon ti tan nan yon lòt kominote. Sa te fèt vre, gras a Bondye. Yo rive ap respire. Yo kòmanse ap chanje figi. Yo pat pi mal.

Antretan, moun yo tounen ankò nan lakou a, rive kote mè yo gen tout afè yo, afè pèsonèl yo, pwojè yo, tout bagay… Jou sa a lè antre nan lakou a, yo mare gadyen an, yo bat sekirite ki te sou lakou a, yo pati ak 6 batri kite pou alimante kay la.

Yon lòt fwa ankò, yo retounen. Sete pou 3è fwa. Yo mare sekirite yo, yo tire sou seri baryè a e kraze l. Yo antre toupatou. Yo pran tout sa yo te ka pran. Nan menm lakou a toujou, yo ale nan novisya a kote yo t ap prepare jèn ki deside vin mè. Yo tire. Yo antre anan chapèl novisya a. Yo sakaje. Yo rache tout sa ki te dekore tabènak. Yo pran tabènak la e lage la sou lakou a. Yo antre nan lòt pati nan kay la, e sa yo bliye yo pat fè. Yo pran tout sa yo te ka pote ale.

Nan yon dènye kou, yo retounen ankò jou ki 5 janvye a. Yo mete sekirite yo deyò. Yo pran kle baryè a nan men sekirite yo e tabli nan lakou a…, nan lekòl la.

Tranblemandetè a te mete nou a zewo. Men gras a charite anpil moun isit an Ayiti ak lòt bò dlo, nou te kòmanse ap pran souf… Sa nou te fè yo te koute yon pakèt kòb ke noumenm nou pat genyen. Nou te fè tout bagay sa yo gras a solidarite anpil moun. Nan lakou a te gen anpil bagay ki te ka pèmèt nou kenbe kay kay la, antreteni lekòl la.
Kounyeya, nou tounen sinistre ankò…

Mesye yo nan kay la, nou pa konn sa y ap fè. Nou pa gen aksè ak anyen. Tout bagay nou yo anba men yo. Nou mande souple lapolis, laprès, Legliz, tout moun ki gen vwa, tout ki gen « bonne volonté » pou yo ede nou ou pou di nou kisa nou dwe fè pou sòti nan sitiyasyon tèt chaje sa a.

Nou rele tout sa ki pou ta ede nou deja. Yo parèt enpwisan. Nou konte sou Bondye. Nou konnen anyen pa enposib pou li e Li ap fè nou jwenn pòt pou nou sòti. Mè yo ki te kite kay la le 20 novanm 2021 anm sete ak rad sou kò yo te pati paske yo pat ka pran anyen. Tout te boure nan yon kamyonèt.

Ede nou souple. Pote nou sekou. Nou pa kapab ankò. Li vrèman tris.

Lè nou te fin pase 12 janvye, nou te san anyen. Nou vin jwenn moun ki ede nou reprann nou yon tijan. E jodiya nou tounen moun ki nan lari, san kay. Donk, frè ak sè m yo, tout moun « de bonne volonte », Filles de Marie yo lanse mesaj sa a. Nou ta kontan nou tande l e nou pataje l ak tout moun ki ka fè yon bagay pou ede nou sòti nan sitiyasyon sa a.

Mwen di nou Mèsi anpil.

Sete Sè nou, reponsab Filles de Marie yo,

Sè LUCIE, fdm