Mesaj Monseyè Max Leroy Mésidor, Achevèk metwopoliten Pòtoprens, apre ensidan ki te pase jedi 13 avril la


© 2023 Audio de Tele Amen; Texte de Mgr Max Leroy Mésidor

Frè ak sè m yo, mwen salye nou ak tout kè mwen.

Aprè chòk ak emosyon zak malonèt ki pase nan oratwa Sen Chabèl la jedi 13 avril la te pwovoke, aprè Nòt ofisyèl Sèvis Kominikasyon Achidyosèz la te pibliye a, mwen pran lapawòl pou kondane imedyatman zak kidnapin ki fèt aprè mès mwen t ap selebre a, toupre chapèl la, nan yon lakou prive. Se yon zak revòltan. Se yon gwo menas pou responsab yo ak fidèl nan Legliz la.

N ap prezante senpati ak solidarite Legliz la bay 2 moun yo kidnape yo ak 2 moun machin kidnapè yo te frape devan baryè oratwa a. Grasadye, yo vivan.

Moun ki viktim yo se lamès yo te vini, se lapriyè yo te vin lapriyè. Yo te panse yo te ka fè sa nan lapè. Malerezman, mesye ki gen gwo zam nan men yo montre yo pa pè anyen. Yo pa respekte pèsonn. Yo pa respekte pyès enstitisyon. Yo montre pa Krenn Bondye. Yo fè sa yo vle; lè yo vle; kote yo vle; sou moun so vle.

Nou esprime senpati ak solidarite nou bay fanmi 2 frè nou ak fanmi tout lòt moun ki nan men kidnapè yo. N ap di otorite yo nan Leta, nou pa dakò ditou ak fason peyi a ak mache la a. Se kòmsi Leta a kraze. Se kòmsi tout pan sosyete a ap ebranle.

  • Lekòl pa ka fonksyonen byen; Inivèsite menm bagay.
  • Lopital gen anpil pwoblèm: chak semen yo ap kidnape doktè.
  • Komèsan ap fèmen antrepriz yo. Ti machann ap viv nan kè sote.
  • Jounalis andanje.
  • Legliz pa ka rasanble fidèl nan lapè, kit se Legliz katoloik, kit se Legliz pwotestan.
  • Plizyè komisarya vid.
  • Pèp la santi li lage poukont li.

Kote sa ap rive? Kote n ap mennen peyi a? Pèp la pa ka viv, sa n ap fè?

Lekòl yo ak inivèsite yo pa ka fèmen. Legliz pa ka fèmen poutèt ensekirite. Se dwa nou pou nou rasanble nan lapè, nan sekirite. Se dwa elèv yo pou yo al lekòl. Se dwa antrepriz, laprès, lopital pou yo fonksyonen nòmalman. Se dwa pèp la pou li sikile, pou li chache lavi.

Alò, otorite yo ki nan Leta a, kisa n ap fè? Ki pwojè nou? ki kote nou prale ak peyi a? Nou gen responsablite pou nou bay sekirite. Mwen ankouraje nou san nou pa pèdi tan pou nou fè yon veritab chita pale avèk tout sektè, san nou pa mete okenn moun sou kote, pou nou wè sa pou nou fè. Gen anpil moun ki kapab nan peyi a. Gen anpil moun ki renmen peyi a. Gen anpil moun ki gen bòn volonte nan peyi a. Rele yo, pale avè yo. Fò nou pale ak senserite, san kalkil politik, san koutba, san entranzijans. Nou andanje! Nou gen yon sosyete k ap kraze. Nou gen yon peyi pou nou sove.

Mesye ki gen gwo zam yo, ki kote nou vle rive? Ki pwojè nou? Ki sa nou vle menm pou peyi a? Ki sa nou vle pou fanmi nou e pou jenerasyon k ap vini an? Sa k ap pase nou konsa a? Pran yon ti tan pou nou reflechi. Epi respekte Bondye. Respekte pitit Bondye. Respekte lavi moun. Lavi moun sakre. Ou menm tou, lavi w sakre.

Fidèl yo, tout sitwayen yo, tout moun ki gen bòn volonte, ankouraje! Pa pèdi espwa, ni pa reziye nou. Reziyasyon pa pou kretyen, li pa pou sitwayen vanyan. Rete solidè youn ak lòt. Kontinye lapriyè. Se pou Legliz yo kontinye rasanble pèp Bondye a nan lafwa ak vijilans.

Mwen remèsye tout moun ki voye mesaj senpati pou nou, tout moun ki rann nou vizit nan okazyon difisil sa a. Jès yo ale nan kè nou e nan kè tout fidèl Legliz la. Nan okazyon Fèt « Divine Misèricorde » la, m ap mande Bondye, Kè Sansib la pou Li gen pitye pou nou, pou Li veye sou nou, pou Li veye sou peyi sa a li renmen anpil, peyi sa a Li abitye sove nan move moman.

Mèsi anpil,

+Monseyé Max Leroy Mésidor
Achevèk metwopoliten Pòtoprens