Mesaj Evèk Legliz Katolik Ayiti yo nan okazyon fèt Nwèl 2023 a

Nou te resevwa mesaj sa jou ki te vandredi 1e desanm 2023

Pou Pèp Bondye a: pè yo, mè yo, frè yo, fidèl layik yo ak tout moun ki gen bòn volonte.

« Bondye, fè nou kase tèt tounen, se pou limyè fas ou klere nou, konsa nou va jwenn lavi! »
(Sòm 79, 4).

bishop-hat1 Nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, ki reyini nan Labòd ki chita nan dyosèz Okay la, pou Asanble òdinè nou, nou salye nou, frè n ak sè n yo. Kòm pastè, gadyen pèp Bondye a, n ap fè nou konnen nou toujou la bò kote nou. Nan Tan Lavan sa a ki pral debouche sou fèt Nwèl la, nou santi li nesesè pou nou pataje ak nou yon pawòl esperans. Pawòl esperans sa a jwenn rasin li nan Evènman Nesans Pitit Bondye a, Li menm ki vin sove limanite epi ki fè nou rele: « Ou menm, Solèy k ap leve, klète limyè ki p ap janm fini an, solèy jistis, klere moun yo ki chita nan fènwa ak lonbraj lanmò a. Vini Granmèt, vin sove nou » (Brevyè, Refren Mayifikat, 21 desanm nan).

2 Nou vle pran tan nou pou nou kontanple Evènman sa a: Pitit Bondye a fèt pou nou! (cf. Ezayi 9, 5-6 ; Lik 2, 6-7). Vini Jezi sou tè a nan mitan nou an lage yon limyè tounèf sou tout reyalite n ap viv jounen jodiya kòm esperans ak kè kontan, malè ak soufrans. Pandan l ap klere nou li envite nou pran desten nou nan men, kòm Nasyon.

Nan mitan pil evènman chaje doulè ak danje n ap viv nan istwa nou kòm pèp, n ap mande nou pa bay legen, pa lage tèt nou nan dezespwa. Nou kanpe fèm avèk nou nan soufrans nou yo. Nan sans sa a, nou pwofite okazyon sa a pou voye senpati nou bay tout moun, gason kon fi, ki viktim dirèkteman oswa endirèkteman anba zak vyolans ak ensekirite ki pase nan ane 2023 sa a.

3 N ap prepare nou pou nou selebre Fèt Nwèl la nan de (2) kontèks. Premye kontèks la se sitiyasyon trajik pèp la ap viv la ki vin pi grav chak jou pi plis ak dominasyon gwoup moun ki gen gwo zam nan men yo, lavi chè a k ap monte san rete, desepsyon jèn yo k ap pati kite peyi a, gwo endiferans otorite Leta yo, entranzijans aktè politik yo ki pa vle jwenn yon antant pou wete peyi a nan twou san fon li ye a. Dezyèm kontèks la se Sinòd Legliz la ki envite nou chanje mantalite ak fason n ap aji, pou nou yonn koute lòt, pou nou dyaloge nan laverite ak senserite, pou nou mache ansanm, pou nou viv ansanm, pou nou yonn chèche konprann lòt pi byen, pou nou ka rive dekouvri gras a limyè Lesprisen an vrè sans Listwa epi rekonstwi Nasyon nou an ansanm.

4 Frè ak Sè Ayisyen nou yo, Gason ak Fi bòn volonte yo, gadò mouton Bètleyèm yo te kouri an premye al gade evènman Nwèl la (cf. Lik 2, 8-20). Menm jan ak gadò mouton sa yo ki pa t dòmi, men ki te rete ap veye, nou envite nou souke kò nou, reveye nou. Moman an rive pou yon vrè revèy espirityèl ak sitwayen. Revèy sa ap mennen nou antre nan demach konvèsyon pèsonèl ak kolektif total kapital k ap fè nou goumen kont lide ki vle fè kwè sa p ap janm chanje ak lide kòmkwa tout bagay pèdi davans lan. Se pou nou reveye nou, pou nou lite kont fòs mal yo ki gen mak yo sou tout aspè nan lavi nou: sosyal, politik, ekonomik ak kiltirèl. Revèy sa a mande angajman patriyotik tout moun pou remete Ayiti kanpe. Tout bagay sa yo va posib si nou kite Lespri Bondye a dirije nou (cf. Women 8,14 ; Galat 5, 16.18).

5 Mistè Pitit Bondye a ki tounen moun nan fè nou vin pitit Papa a epi li fè nou tounen vin yon sèl pèp, frè ak sè nan Jezi, li menm ki «premye Pitit pami anpil frè» (Women 8, 29). Èske se pa lespri fratènite sa a ki te louvri wout fondasyon nasyon nou an ? Se sa nou pral fete nan dat premye janvye 2024 la kote nou pral selebre 220 lane endepandans nou. Moman an rive pou nou travay pou n chèche rekonstwi fratènite sa a, pou nou rekoud twal fratènite sa a ki chire. Batay pou pouvwa, kouri dèyè richès, kouri dèyè enterè pèsonèl, enterè klan ak gwoup san gade dèyè, simen divizyon, tout sa mete gwo distans nan mitan nou kòm frè ak sè, kòm manb yon sèl pèp. Se poutèt sa, nan non fratènite tout bon vre a, nou mande nou pran chemen dyalòg la, angaje nou sou wout travay ansanm nan, pratike ekzèsis yonn aprann koute lòt la, yonn aprann konnen lòt la (cf. Pap Franswa, Dokiman sou fratènite, 4 fevriye 2019).

6 Kè kontan fèt Nwèl la ak nouvo Lane 2024 k ap vini an ap pi gwo toujou si ta genyen bon jan aksyon ki poze pou rezoud kriz la, sa vle di: yon akò laj ki mete tout aktè kriz yo dakò, angajman otorite yo pou mete fen ak trafik ilegal zam ak minisyon yo, mete bout ak sitiyasyon vyolans, ensekirite ak enpinite; sipò vizib kominote entènasyonal la sou dezameman an ; tout sa yo se baz k ap pèmèt lavi pèp la tounen nan nòmal li, pou enstitisyon demokratik yo tounen kanpe sou 2 pye yo.

7 Nou ankouraje tout jefò dyalòg ak rankont k ap fèt yo nan tout nivo pou jwenn yon bon fason pou nou soti nan gwo kriz sa a. N ap di pèp ayisyen an, tout elit yo nan peyi a ak tout aktè politik yo: moman an grav anpil! « Pa fè kè nou di, men koute vwa Granmèt la! » (cf. Sòm 94, 7-8). Nan lespri fèt Nwèl la, se pou nou pare pou nou fè sakrifis pou byen peyi nou an. Se pou nou sensè nan rezolisyon yo n ap gen pou pran yo, paske sèlman « laverite a va ban nou libète » (Jan 8, 32).
Nan okazyon fèt Nwèl sa a, nou envite tout pitit peyi a, fi tankou gason, pou nou viv nan lesperans ki pa janm twonpe a epi ki jwenn fòs li nan lapriyè ak nan konvèsyon. Pitit Bondye a ki fèt Bètleyèm nan mizè ekstrèm san parèy la toujou la. Nesans li la pou fè nou sonje lè li tounen moun nan mitan nou an se dominasyon fòs mal la ak fòs fènwa yo nan mond lan ki kòmanse disparèt. Avèk Emanyèl, ki vle di Bondye-avèk-nou, nou ka kòmanse espere ankò epi angaje nou pou nou konstwi yon lòt peyi kote se fòs byen an k ap gide li. Avèk Jezi Kri, Pitit Bondye ki tounen moun nan, an nou antre nan Esperans sa a! An nou espere pou Ayiti! An nou espere epi travay ansanm pou Ayiti!

8 Se pou Pitit Bondye a, Prens lapè a, Solèy Jistis la, ki soti nan Lavyèj Mari ki sen, reveye renmen nan fon kè nou, sous tout konfyans nan lavni nou ak nan lavni peyi nou. Bòn fèt Nwèl 2023 ! Bòn Ane 2024 k ap pote anpil fwi !

Mesaj sa fèt, nan Labòd, dyosèz Okay, nan dat premye desanm 2023, nan okazyon fèt Chal Fouko ki sen.

Evèk Legliz Katolik Ayiti ki siyen Mesaj sa se :

Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Pòtoprens
Prezidan CEH
Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Evèk Ansavo ak Miragwan
✶ Visprezidan CEH
Monseyè Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
✶ Sekretè Jeneral CEH
Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk Ench
✶ Ekonòm CEH
Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay
✶ Konseye
Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv
Monseyè Launay SATURNÉ
♝ Achevèk Okap Ayisyen
Monseyè Marie Érick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmel
Monseyè Quesnel ALPHONSE, smm
♝ Evèk Fòlibète
Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè