Twazyèm Kominike Konferans Evèk katolik Ayiti yo sou zafè eksplozyon ki te pase lakay Monseyè Pierre-André Dumas

Frè n ak sè n yo,

Kè poze pou nou nan Kris la, Sovè nou an!

1. Dimanch 18 fevriye a, nan kòmansman sware a, yon gwo eksplozyon fèt nan kay kote Monseyè Pierre-André Dumas abitye rete lè li Pòtoprens. Eksplozyon sa manke pote ale lavi Monseyè Dumas, paske li boule anpil.2. Nan lendi maten, Konferans Evèk Legliz Katolik la te soti yon nòt nan laprès pou anonse sa ki pase a epi mande fidèl yo lapriyè pou retablisman Monseyè Dumas. Menm jou lendi sa a, « Jij de Pè » te ale nan kay la pou fè konsta an prezans plizyè moun ; pami yo kèk fanmi Monseyè Dumas.

Avoka nou yo pral depoze yon rekèt bay Komisè Gouvènman an pou mande l mete Aksyon piblik an mouvman sou dosye a. Depi gwo evenman konsa fèt, Lajistis dwe al fouye pou konn sa k pase a.

3. Otorite Legliz la nan Vil Wòm, lòt Legliz Sè yo, Legliz Ayiti, tout sitwayen nan peyi a bezwen konnen sa k lakoz gwo eksplozyon sa. Poutèt sa, nan dezyèm nòt pou laprès Konferans Evèk yo te pibliye a, nou di n ap tann san pèdi tan rezilta ankèt Polis syantifik la pou nou konnen sa k pase a epi pou nou pran desizyon ki konfòm sou sa.

4. Jan nou tout konnen l, Monseyè Dumas ap soufri anpil. Fanmi l ap soufri. Evèk yo, pè yo, fidèl dyosèz « Anse-à-Veau/Miragoâne », tout sitwayen ki gen bòn volonte ap soufri. Men gen espwa. Monseyè Dumas kontinye ap pran swen nan yon lopital aletranje, nan peyi Etazini. N ap lapriyè pou gerizon li. N ap lapriyè pou li kapab retounen vin jwenn nou, retounen nan dyosèz li, reprann travay anonse levanjil renmen, jistis ak lapè a.

5. Nou pwofite manifeste solidarite nou ak Frè Sakre Kè yo ki nan men kidnapè yo. Nou solidè ak tout moun yo kidnape, ak tout moun ki oblije kouri kite kay yo, ki pèdi manb fanmi yo ak byen yo. Pa pèdi lespwa. Bondye avèk nou !

6. N ap raple yon lòt fwa Otorite nan Leta a, n ap raple Gouvènman anplas la, se li menm ki gen reskonsabilite sekirite peyi a. Lavi pèp la sou kont li paske depi w aksepte pou w reskonsab, ou aksepte tout privilèj, tout devwa ak tout tèt chaje sa pote. Kisa n ap fè pou n chanje sitiyasyon pèp la ki lage debra balan an? Kisa n ap fè pou n chanje vizaj Ayiti, bèl Peyi nou sa ?

7. Etan n ap di Otorite nan Lapolis la n ap tann rezilta travay Polis syantifik la, etan n ap di Otorite nan Lajistis yo n ap tann rezilta ankèt la, n ap mande Bondye lapè ak jistis pou Ayiti, n ap mande l gerizon pou Monseyè Dumas ak benediksyon pou nou tout ak pou peyi a.

Pòtoprens, 29 fevriye 2024.

Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Metwopoliten Pòtoprens
Prezidan CEH