Nòt Evèk Katolik Peyi Dayiti yo kont kidnapin

Nou resevwa teks sa a jou ki 13 avril 2021

“Sekou nou se nan men Granmèt la li ye” (Sòm 124, 8)

1 Se avèk anpil endiyasyon ak revòlt nou aprann bandi kidnape 4 Pè kominote Sen Jak : Pè Evens Joseph, Pè Michel Briand (Fransè), Pè Jean Nicaisse Milien, Pè Joël Thomas ; yon Pè Achidyosèz Kapayisyen : Pè Hugues Baptiste ; 2 relijyez : Sè Anne Marie Dorcelus (Sè Sent Terèz) ak Sè Agnès Bordeau (Fransèz nan kominote La Pwovidans) ak 3 fidèl layik, manm fanmi Pè Jean Arnel Joseph: Madan Oxane Dorcelus (Manman li), Madmwazèl Lovely Joseph (Sè li) ak Mesye Welder Joly (Parenn li). Sa rive jou dimanch 11 avril la, Dimanch Kè Sansib Bondye a, apre masak ki sot pase sou Bèlè a. Bandi kidnape yo sou wout pandan yo ta prale nan enstalasyon Pè Jean Anel Joseph kòm kire pawas Galette Chambon.

2 Depi pase kèk lane se sa ki lavi pèp Ayisyen an : bandi kidnape moun nan tout sektè, ata timoun senkan, fanmi viktim yo peye lajan, epi yo lage yo si yo pa gen tan touye yo. Anpil moun yo kidnape yo, yo imilye yo, vyole yo epi maspinen yo. Genyen nan yo ki pa janm tounen nan nòmal yo ankò. Kilè sa ap fini? Kilès ki ka chanje sa? Eske peyi a pa vin enkontwolab? Yon bann fanmi deja vann tout sa yo genyen pou peye bandi. Sa ki pi rèd la zak kidnapin tounen yon komès. Bandi yo byen kore, yap aji san kè sote. Se sak fè yo gen pouvwa konsa. Nan jan sitiyasyon sa a ye la a, sa ta sanble bandi sa yo gen plis pouvwa pase Leta ak Lapolis.

3 Nou denonse epi nou kondane ak tout fòs nou diktati kidnapin nan peyi nou. Nou pa dwe kite bandi ap kontinye touye, vyole, kidnape lòt moun. Nan kafou nou rive la a, nou dwe travay pou nou chanje kè nou ak mantalite nou. Nou dwe mete tèt ansanm nan lapriyè, nan fè jefò pou nou rive gen yon lòt peyi ki sanble ak peyi Bondye vle pou nou an. Jezi ki leve byen vivan an se fòs pou tout kretyen vivan nan batay nap mennen nan lavi a. Se sak fè menm jan avèk apot Pòl nou ka di: “Nou nan boulvès men nou pa dezespere, nou anba pèsekisyon, men nou pa sèl pou kont nou. Yo frape nou atè men yo pa fini ak nou” (2 Korentyen 4, 8-9).

4 Se nan sans sa a, nou menm Konferans Evèk yo ak CHR (Konferans Ayisyen Relijye yo) la, pou nou pwoteste kont move zak sa yo nan peyi a, nou mande tout lekòl katolik, prezbiteral, kongreganis, inivèsite ak tout lòt enstitisyon nou yo pou kanpe travay jou jedi 15 avril kap vini an. Nou mande pè yo ak tout konsakre yo, tout ajan pastoral yo pou yo akonpaye epi kenbe pèp Bondye a nan lesperans jan Pap Franswa te fenk di nou : « Pa kite difikilte yo kraze nou. Men an nou gade devan ak konfyans epi lesperans ». Nou mande pou jedi 15 avril la nan tout peyi a tout klòch sonnen a midi epi pou nou selebre lamès nan tout legliz nou yo pou mande Bondye chanjeman pou Ayiti. Nan Pòtoprens, n ap selebre lamès nan legliz Sen Pyè Petion-Ville ak tout Evèk peyi Dayiti yo menm jou a a midi.

5 Nou di mèsi epi nou kontinye konte sou tout moun ki fè solidarite ak nou nan lapriyè, nan pawòl ankourajman ak mesaj yo voye pou nou.

6 Se pou Jezikri ki leve byen vivan ede nou konbat tout mal, tout vyolans ak diktati kidnapin ki menase lavi pèp Ayisyen an. Se pou Manman Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti, lapriyè pou nou.

Nòt sa a soti nan Lilavwa, nan Kay kote Evèk Katolik peyi Dayiti yo abitye reyini, jou ki 13 avril 2021.

Monseyè Launay SATURNE
♝ Achevèk Okap Ayisyen
✶ Prezidan CEH

Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
✶ Sekretè Jeneral CEH

Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay

Monseyè Max Leroy MESIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv

Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens

Monseyè Louis N. KEBREAU, SDB
♝ Achevèk Emerit Okap Ayisyen

Monseyè Willy ROMÉLUS
♝ Evèk Emerit Jeremi
Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Evèk Ansavo ak Miragwan
✶ Visprezidan CEH

Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmel
✶ Ekonòm CEH

Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
♝ Evèk Folibète

Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk Ench

Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè

Monseyè Jean Alix VERRIER
♝ Evèk Emerit Okay

Monseyè Frantz COLIMON, SMM
♝ Evèk Emerit Pòdepè

Monseyè Joseph LAFONTANT
♝ Evèk Oksilyè Emerit Pòtoprens