Mesaj Evèk Katolik peyi Ayiti voye pou Pèp Bondye a nan okazyon fèt Nwèl 2021 an

Nou resvwa dokiman sa a jou ki te 18 desanm 2021

Pè nou yo, Mè nou yo, Frè nou yo,
Fidèl yo, ak tout moun ki gen bòn volonte:

1 Nan yon ti tan ankò nou pral selebre Nesans Sovè nou an, Jezi kri, e n ap gen pou n swete yonn lòt bòn fèt Nwèl ak bòn ane. Tan Lavan an, kòm tan atant, konvèsyon ak rekonsilyasyon, pataj ak esperans, prepare nou pou sa. Li louvri je nou sou yon modèl lavi ki pi laj epi ki pi bèl. Tan Lavan an prepare nou pou n selebre lavi, sa vle di Jezi, li menm ki Liberatè ak Sovè limanite a, nan wete tout sa ki pa bon nan nou, nan detwi tout jèm divizyon ki anpeche nou rekonèt nou se frè ak sè epi ki anpeche yonn akeyi lòt kòm sa dwa. Ak jès konkrè, Legliz la envite nou soti nan konpòtman manfouben nou yo pou nou kapab akeyi Jezi Kri pi byen epi koube nou anba pouvwa li. Li mande nou louvri kè nou, men nou ak zye nou pou n al jwenn frè ak sè nou yo epi mache ansanm ak yo. Ki aksyon patriyotik ak zanmitay sosyal nou ta swete reyalize pou nou pran wout k ap mennen nou nan bòn gouvènans ak nan bon jan tèt ansanm Ayiti bezwen an?

2 Nan misyon li genyen pou l mache sou tras pwofèt yo epi preche levanjil la, Legliz Jezi Kri a bay tèt li devwa pou li toujou soutni epi akonpaye pitit gason ak pitit fi li yo nan lapenn yo tankou nan kè kontan yo, nan moman tèt chaje yo tankou nan moman lespwa yo (cf. Gaudium et spes n.1). Konsa, kòm Evèk nan mitan pèp Bondye a, nou pa kapab rete bra kwaze devan evènman tèrib ki pase nan dènye mwa sa yo. Pandan n ap prezante senpati nou bay tout moun ki viktim nan kastastwòf natirèl, nan eksplozyon, nan zak kidnaping, vyòl ak vyolans tout kalite. Nou konfye nan Mizerikòd Bondye nanm frè ak sè inosan nou yo ki tonbe anba bal gwoup moun ki gen gwo zam yo. Nou voye senpati ak kondoleyans nou bay tout fanmi ki andèy yo. Nou kondane ak tout fòs nou zak sa yo ki rive komèt nan mitan frè ak sè nou yo. Nou mande pou laverite, lòd ak jistis reprann plas yo epi pou otorite Leta a retounen nan peyi nou an.

3 Nan lapriyè lanjelis ki te fèt 31 oktòb la, sou plas Sen Pyè nan vil Wòm, Pap Franswa te gen yon panse espesyal pou Ayiti, peyi nou « k ap viv nan tribilasyon ak kalamite ». Piblikman, Pap la mande « reskonsab tout nasyon yo pou yo soutni peyi nou an, pou yo pa kite l pou kont li » nan moman difisil sa a. Anpil nan konpatriyòt nou yo blije pati kite peyi a ak lespwa yo kapab jwenn lavi miyò yo espere a nan yon lòt peyi. Malerezman, yo konn viktim souvan anba move trètman ak diskriminasyon. Nou fè vwa nou fè yonn ak vwa Pap la pou nou kondane evènman tris sa yo epi nou mande pou prensip ki gen pou wè ak respè diyite moun aplike pou tout moun. Nou manifeste rekonesans nou bay Pap la pou bèl mesaj solidarite sa a.

4 Nou pouse yon gwo kout rèl devan sitiyasyon malouk sa a. Èske kriz sa a pa ta dwe touche konsyans Reskonsab yo nan Kominote entènasyonal la ? Èske l pa ta dwe pouse yo ede nou travay men nan men pou nou kapab panse blese sa a epi fè pwomosyon pou respekte dwa inivèsèl yo? Epitou, èske lidè politik nou yo, dirijan nou yo ak tout elit peyi a, yo menm tou, pa ta dwe santi yo konsène pi plis toujou nan sitiyasyon makawon sa a ki mete nou plat atè a?

5 Konferans Evèk Katolik Ayiti yo fè apèl ak konsyans tout moun pou yon gwo revèy espirityèl, moral epi patriyotik pou nou kapab lite kont tout fòs mal ki nan nou epi ki viwonnen k ap pouse nou fè zak kriminèl sa yo ki bay lapenn ak dlo nan je. Nou lanse yon apèl prese prese bay aktè politik yo, aktè ekonomik, ak moun ki nan sosyete sivil la pou yo pran reskonsablite yo pou chèche antant ak kè poze, dekwa pou yo rive jwenn bon jan solisyon nan kriz peyi a ap travèse depi lontan. Nou mande gwoup moun ki gen gwo zam nan men yo pou yo depoze yo. Sispann fè moun soufri! Sispann fè moun kriye! Konsa na bay kontribisyon pa nou nan konstwi yon sosyete kote ki gen jistis, kè sansib, renmen, kote nap viv tankou sè ak frè. Paske lè wap dyaloge, pale ak frè w, ou pa ka gen zam nan men w. Dyalòg sa a mande pou yonn gade lòt nan je; pou yonn padonnen lòt epi pou n avanse ansanm.

6 Sè ak frè nou yo, an nou sispann mete enterè pèsonèl nou pi wo pase enterè peyi a. An nou montre nou se pitit fi ak pitit gason menm Patri nou an, Ayiti! «Nan limyè lafwa, an n akeyi mistè Nwèl la, mistè Bondye ki tounen moun nan Pitit li a, pou l fè nou patisipe nan sa l ye a pou n ka vin pi moun» (Saint Athanase, Sur l’Incarnation, 54.3 : PG 25). « An n kite Bondye sa a ki tounen yon Timoun nan transfòme nou, li menm ki envite nou louvri kè nou bay lesperans » (CEH, Mesaj Nwèl 2020).

7 Se poutèt sa, tankou Pap Franswa mande nan Odyans jeneral 15 desanm ki sot pase a, nou envite tout konpatriyòt nou yo anndan tankou deyò peyi a, pou yo mete plis fòs lafwa toujou nan lapriyè pou Ayiti. An nou lapriyè pou Lespri sajès ak bon konprann nan klere nou epi gide nou nan aksyon ak nan travay n ap fè pou n vin gen yon peyi tounèf daprè sa Bondye vle pou nou, « lapè, men non pa malè, pou ban nou yon avni ak yon lesperans » (cf.Jeremi 29, 11).

8 « Granmèt, vini, pou kisa w pran tan konsa ? Gen pitye pou sèvitè w » (Sòm 89, 13). Men rèl, nou menm Evèk yo, nou lanse bay Bondye pou nou tout nan fen ane 2021 an ki te make ak anpil katastwòf natirèl, anpil vyolans ak zak kriminèl.

9 O Vyèj Mari! Manman Pèpetyèl Sekou, fè nou jwenn lagras nan men Pitit ou Jezi, Emanyèl, Bondye avèk nou, pou n rive pase yon bèl fèt Nwèl 2021 ak yon lane 2022 nan rekonsilyasyon ak lapè.

Mesaj sa a soti nan kay kote evèk yo konn rasanble, Lilavwa, jou 16 desanm 2021 an.

Evèk ki siyen Mesaj sa a :

Suivent les signatures des Évêques :

Monseyè Launay SATURNÉ
♝ Achevèk Okap Ayisyen
✶ Prezidan Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH)
Monseyè Max Leroy MÉSIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens
✶ Visprezidan Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH)
Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk de Hinche
✶ Ekonòm Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH)
Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay
✶ Konseye Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH)
Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Évêque d’Anse-à-Veau / Miragoâne
Monseyè Marie Érick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmèl
Monseyè Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
Monseyè Quesnel ALPHONSE, smm
♝ Evèk Fòlibète
Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv
Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè