Nòt Evèk Legliz Katolik Yo an Ayiti ki sòti 8 septann 2022

Texte reçu le samedi 8 septembre 2022

« Nou va konen laverite a, epi laverite a va ban nou libète. »
(Jan 8, 32)

Tèks sa a se yon Nòt Evèk Katolik dobedyans Wòm ki an Ayiti pibliye jou ki te vandredi 8 septann 2022 pou yo denonse sitiyasyon dezespwa ak latwoublay pèp Bondye ki an Ayiti a ap viv jodiya.

Yo pwofite tou, nan menm nòt sa a, denonse yon bann sankonsyans ki kache dèyè mikwo pou yo voye monte. Kèk nan moun sa yo rive menm akize Legliz la kòmsi li ta tranpe nan trafik zàm fann fwa.

Evèk yo, apre yo fin raple travay ak zèv Legliz la ap fè, invite moun sa yo pou yo pran responsabilite yo si yo ta renmen tout bon vre figi peyi a chanje.

Li tèks la nou menm…


Legliz Katolik an Ayiti ki gen Evèk Katolik yo nan tout dis (10) Dyosèz yo, nan dis Depatman peyi a, pa sispann tande rèl pèp Aysyen an. Sitiyasyon malouk mizè ak ensekirite ki blayi toupatou a montre aklè otorite Leta nou yo pa kapab mennen bak peyi a jan sa ta awe fèt.

Poutètsa, Konferans Evèk Legliz Katolik yo an Ayeti mande otorite peyi a pran bonjan desizyon pou pote chanjman peyi a bezwen an. Tan yo grav. Mizè a twòp. Pèp la bezwen viv e li gen tout dwa l pou l viv nan respè ak diyite.

Pandan n ap remèsye sila yo k ap fòme ak enfòme popilasyon an, nou denonse avèk tout fòs nou kèk animatè radyo k ap site non Legliz Katolik nan move zak trafik zam. Gen ladan yo ki manm rive menase fè move zak sou batiman legliz nou yo, sou pè ak mè nou yo, sou kolaboratè nou ak sou enstitisyon nou yo. Legliz Katolik pa nan trafik zam. Kite Lajistis fè travay li. Sispann simen konfizyon ak latwoublay nan tèt popilasyon an. Difamasyon ak kalomni se peche grav. Yo sal epi touye imaj ak bòn repitasyon moun.

Misyon Legliz Katolik an Ayiti se sèvi tout moun nan kat kwen peyi a, nan lavil tankou nan zòn ki pi rekile yo. Nou angaje nou non sèlman nan travay anonse Bòn Nouvèl la ak evangelize moun, men tou nan domèn edikasyon, nan domèn lasante, nan fè pwomosyon pou diyite ak dwa moun, nan devlòpman sosyal ak tout kalite bonjan zèv charite, pou ede pèp Ayisyen an pa kite yo vòlè lespwa l nan mitan sitiyasyon dezespwa ak latwoublay.

Evèk Katolik yo an Ayiti vle sa klè pou tout moun. Sa kap pase koulye a nan peyi a mande tout moun pran responsablite yo nan di pawòl konsekan ak poze bonjan aksyon ki pou ede chanje figi peyi a ki fin depafini. Lanbi a kònen pou tout mon mache ansang, men nan men, nan chemen ki dwat, ki kòrèk, chemen limyè, laverite, lajistis ak devlòpman.

Se pou BonDye beni nou, epi sove Ayiti, peyi nou an. Se pou l ede nou travay pou nou soti nan sa nou ye a. Se pou Manman Mari, Notre-Dame de la Nativitè pote nou sekou!

Nòt sa a soti nan kay kote Evèk Legliz Katolik yo korn rasanble, Lilavwa, jou ki 8 Sektanm 2022 an, fèt Nesans Lavyèj Mari.

 

Monseyè Launay SATURNE
♝ Achevèk Okap Ayisyen
✶ Prezidan CEH
Monseyè Max Leroy MESIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens
✶ Visprezidan CEH
Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk de Hinche
✶ Ekonòm Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH)
Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay
✶ Konseye Konferans Evèk Ayisyen yo (CEH)
Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Évêque d’Anse-à-Veau / Miragoâne
Monseyè Marie Érick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmèl
Monseyè Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
Monseyè Quesnel ALPHONSE, smm
♝ Evèk Fòlibète
Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv
Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè