Nòt Konferans Episkopal D Ayiti a sou Rewouvèti Legliz yo ak Repriz selebrasyon litiji Kominotè yo.

POU PÈ YO, RELIJYE AK RELIJYEZ YO EPI FIDÈL LAYIK YO

Nou menm, Evèk Katolik Peyi DAyiti, nou voye gwo salitasyon fratènèl pou nou nan Jezikri ki se Tèt Kò a nou fòme a.Pandan plizyè mwa tout moun te rete lakay yo a, sa te fè nou mal anpil lè nou pa t ka selebre Lamès ansanm ak fidèl yo. Se te yon gwo soufrans espirityèl pou nou tout, paske rasanble ansanm pou selebre lamès se fondman sa nou ye kòm Legliz oswa kòm kretyen katolik. Se sa k fè Pè Anri Libak (Henri Lubac) kite bèl fòmil sa a : « Lekaristi a fè Legliz la epi Legliz la fè Lekaristi a ».

Se pou sa, nan nòt sa a, n ap fè n konnen ak anpil kè kontan, selebrasyon lamès ak prezans fidèl yo epi tout rasanbleman kominotè yo pral kapab rekòmanse nan dat 12 Jiyè k ap vini an, pandan n ap respekte tout konsiy otorite ki reskonsab lasante yo bay epi n ap pran tout prekosyon pou anpeche Kowonaviris la gaye nan peyi a.

Pou nou menm, li parèt jis epi lejitim pou lavi Legliz la kapab reprann karaktè kominotè li menm jan sa fèt pou tout lòt aktivite sosyal ak ekonomik peyi nou an. Menm jan an tou, nou pa kapab retire reskonsablite nou genyen pou garanti sekirite lasante tout manm asanble ekaristik oswa litijik nou yo, yon fason pou n pa mete manm yo nan sitiyasyon pou yo riske trape oubyen gaye pandemi Kovid-19 la. Se poutèt sa, anvan Legliz yo tounen louvri, nou te mete deyò yon seri mezi ak konsiy lasante nou dwe respekte pandan pandemi Kovid-19 la. Egzije respè konsiy sanitè yo, mande sans reskonsablite ak pridans bò kote chak grenn moun ; se yon reskonsablite tou pou sansibilize fidèl yo sou mezi yo dwe aplike yo.

Se pou lajwa nou genyen pou n retounen nan legliz nou yo tounen yon aksyon de gras pou Granmèt la ki pa sispann pwoteje n nan moman pi difisil ki te prevwa pou Ayiti a. Nan selebrasyon ak rasanbleman nou yo, se pou nou kontinye lapriyè pou Ayiti, pou tout moun ki angaje nan bay malad yo laswenyay epi pou tout moun ki trape Kovid-19 la.

Se pou Manman Mari, Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti, lapriyè pou nou epi akonpaye nou nan chimen lafwa sa a, pou n fè lwanj pou Bondye pi plis, epi pou byennèt espirityèl tout pitit li yo.

Lilavwa, Syèj Konferans Episkopal d Ayiti a, le 4 Jiyè 2020.

Monseyè Launay SATURNE
Achevèk Okap Ayisyen
Prezidan CEH

Monseyè Pierre André DUMAS
Evèk Ansavo ak Miragwann
Visprezidan CEH

Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
Evèk Jeremi
Sekretè Jeneral CEH

Kadinal Chibly LANGLOIS
Evèk Okay

Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Pòtoprens

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
Evèk Gonayiv

Monseyè Pierre Antoine PAULO, OMI,
Administratè Apostolik Sede Vacante PòdPè

Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM
Evèk Fòlibète
Monseyè Désinord JEAN
Evèk Hench

Monseyè Charles Peters BARTHELUS
Evèk Nome Pòdepè

Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jakmel
Ekonom CEH

Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
Evèk Oksilyè Pòtoprens

Monseyè Louis N. KEBREAU, SDB
Achevèk Emerit Okap Ayisyen

Monseyè Frantz COLIMON, SMM
Evèk Emerit Pòdepè

Monseyè Willy ROMELUS
Evèk Emerit Jeremi

Monseyè Jean Alix VERRIER
Evèk Emerit Okay

Monseyè Joseph LAFONTANT
Evèk Oksilyè Pòtoprens