Nòt Konferans Episkopal d Ayiti a sou dènye dekrè Pouvwa Egzekitif la mete deyò nan Jounal Ofisyèl Peyi a

ceh_logoNan nòt sa a, nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, nou prezante salitasyon fratènèl nou bay fidèl nou yo epi tout konpatriyòt nou yo. Nan jou difisil sa yo, lespri nou tout boulvèse akoz tout mal k ap minen Nasyon nou an ak tè nou an. Nou pa ka pa atire atansyon chak grenn konpatriyòt sou danje ki riske plonje Ayiti ak tout pitit li yo pi fon nan bouyay ak dezòd. Nou vle pale sou kèk atik nan dekrè ki gen pou wè ak Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik la ak Kat Idantifikasyon Inik la, men tou lòt Pwojè Lwa sou Nouvo Kòd Penal la. Nan dekrè sa yo, gen kèk atik ki manyen nati imanite nou an, kilti nou, lafwa nou ak sosyete nou an. Atik sa yo pa ta dwe soti san yon chita pale ak moun yo ki konsène yo.

Fason yo kouri aji san chèche konnen kiyès ki pou ak kiyès ki kont la, san chèche konnen kisa gason ak fanm avize Nasyon an panse, deja montre feblès ak ensètitid ki bò kote dirijan nou yo.

Lè se nati ak lavi yon Nasyon menm dekrè ki chaje ak eleman etranje sa yo atake, nou gen tout dwa nou pou n leve kanpe kont yo ak tout fòs nou. Se sa menm n ap fè la a, nou pwoteste ak tout fòs nou kont PWOJÈ LWA KI GEN POU WÈ AK NOUVO KÒD PENAL LA, Pouvwa Egzekitif la prezante san konsiltasyon ni deba, san sitwayen ak fòs moral epi espirityèl sosyete ayisyèn nan pa patisipe ladan. Sa riske kraze baz demokrasi nou an ki deja pa solid.

Pandan n ap kite jiris nou yo ki gen konpetans ak konsyans, fè yon analiz detaye, san pas pouki sou Pwojè Lwa sa a, pou pote limyè epi avèti Ayisyen yo sou veritab pwa li genyen nan balans la oubyen sou konsekans li ka genyen nan sosyete a, nou menm, Evèk Katolik nan peyi d Ayiti, nou vle deklare ak tout fòs nou Pwojè Lwa sa a nou pa aksepte l ni sou plan etik ni sou plan moral. Plizyè pwen montre sa, ni nan fason yo fè l la ni nan sa ki gen anndan l. Pou laverite, sou plizyè pwen, Pwojè Lwa sa a koze domaj grav sitou nan nati imanite nou an. Li antre nan kesyon lavi moun, yon bagay ki deja difisil epi konplike : laj moun ka kòmanse gen rapò seksyèl, rapò seksyèl nan mitan fanmi pwòch, oryantasyon seksyèl, chanjman sèks, elatriye … Yon seri gwo tonton kesyon ki mande chita pale ak refleksyon. Se pou sa, pwojè sa a charye nan li menm, menm gwo boulvèsman ki pote chanjman grav epi danjere nan fondman sivilizasyon nou an te konstwi pou respè moun, diyite li, lavi li, fanmi li, elatriye … ; yon seri chanjman ki te deja parèt nan lwa tounèf sou Kat Idantifikasyon Nasyonal Inik la, sitou nan atik 5 lan nou denonse kare bare.

N ap fè Pouvwa Egzekitif la sonje reskonsablite moral ak etik li genyen pou l pa koube anba presyon ideyolojik kèlkeswa kote yo soti a, pou l pa angaje pèp ayisyen an, san chita pale, nan chimen sa a ki p ap mennen l lòt kote pase nan yon twou ki pi katastwofik pase kote nou ye jounen jodiya. Èske vrèman se sa ki pi enpòtan nan moman an, fè pase an fòs epi tou dousman PWOJÈ LWA SOU NOUVO KÒD PENAL LA, yo dwe wè pa wè fè bak sou li ?

Nou espere Pouvwa Egzekitif la ap gen kouraj, tèt an plas, sajès epi sitou respè pou l pa fòse Pèp Ayisyen an aksepte sa ki tou senpleman ale nan sans kontrè ak vrè valè yo.
Nou envite l konsantre l pito sou vrè pwoblèm Ayisyen yo ap fè fas epi chèche rezoud yo olye l ap al pran nan lòt peyi yon seri valè etranje pote ban nou, ki pa kadre ak bon tradisyon nou yo. Poutèt sa, li bon pou nou fè sonje konsiy sa a Sokrat (Socrate) te bay la: reskonsablite tout moun k ap dirije pèp, se fè l vin pi bon. Men se pa sa k ap fèt la a ak desizyon dekrè sa yo ki pa kadre ak lalwa epi ki soti nan lòt mantalite enperyalis ak neyokolonyalis. Nou mande l kanpe sou desizyon sa yo epi bloke yo.

Kout rèl sa a nou lanse a, nou menm Evèk peyi d Ayiti yo, nou fè l paske nou tande rèl Pèp Ayisyen an an jeneral, sitou kretyen yo ak jiris avize yo ki kwè nou nan yon deriv san limit ki danjere anpil ak kèk eleman nan dekrè sa yo ki menase fondman sosyete nou an, fason nou viv ansanm, kilti nou, lafwa nou ak moral kretyèn nan. Nou vle di fidèl nou yo ak tout konpatriyòt nou yo, nan tan sa a ki menase egzistans nou an, tan bouyay sa a, tan ensètitid sa a, tan gwo soufrans sa a, nou rete atache byen fèm ak misyon nou genyen pou n mache ak pèp nou an. N ap fè sonje « lajwa ak lespwa, tristès, kè sere gason ak fanm k ap viv nan tan sa a, sitou sila yo ki pòv ak tout sila yo k ap soufri, se lajwa ak lespwa, tristès ak kè sere pa nou tou, nou menm ki se disip ak apot Kris la, pa gen anyen ki konsène moun ki pa touche kè nou » (Gaudium et Spes, No 1).

Se pou Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti, pwoteje nou kont tout sa ki mal epi prezève nou kont tout danje !

Lilavwa, nan Syèj Konferans Episkopal d Ayiti a, 3 jiyè 2020, jou fèt Sen Toma (Saint Thomas), Apot.

Monsèyè Launay SATURNÉ
Archevêque Métropolitain du Cap-Haïtien
Président de la CEH

Monsèyè Pierre André DUMAS
Évêque d’Anse-à-Veau / Miragoâne
Vice-Président de la CEH

Monsèyè Joseph Gontrand DÉCOSTE, SJ
Évêque de Jérémie
Secrétaire Général de la CEH

Chibly Kadinal LANGLOIS
Évêque des Cayes

Monsèyè Marie Érick Glandas TOUSSAINT
Évêque de Jacmel
Économe de la CEH

Monsèyè Max Leroy MÉSIDOR
Archevêque Métropolitain de Port-au-Prince

Monsèyè Louis N. KÉBREAU, SDB
Archevêque Émérite du Cap-Haïtien

Monsèyè Willy ROMÉLUS
Évêque Émérite de Jérémie
Monsèyè Jean Alix VERRIER
Évêque Émérite des Cayes

Monsèyè Frantz COLIMON, SMM
Évêque Émérite de Port-de-Paix

Monsèyè Joseph LAFONTANT
Évêque Auxiliaire Émérite de Port-au-Prince

Monsèyè Pierre Antoine PAULO, OMI
Administrateur Apostolique Sede Vacante de Port-de-Paix

Monsèyè Yves Marie PÉAN, CSC
Évêque des Gonaïves

Monsèyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
Évêque de Fort-Liberté

Monsèyè Désinord JEAN
Évêque de Hinche

Monsèyè Ducange SYLVAIN, SDB
Évêque Auxiliaire de Port-au-Prince

Monsèyè Charles Peters BARTHELUS
Évêque Nommé de Port-de-Paix