Kèk konsiy pou selebrasyon nou yo nan tan epidemi Kovid 19 la / de la CEH

I.- Gwo soulajman pou tout Legliz


N ap di Bondye mèsi paske li pèmèt nou kapab reprann selebrasyon nou yo apre 3 mwa. Se yon gwo soulajman pou tout Legliz la paske sa te fè nou anpil lapenn le nou wè nou pat kapab rasanble ak anpil moun jan sa abitye fèt.

Men n ap sonje tou maladi a toujou la, li kontinye ap fè dega. Poutèt sa, fò nou kontinye pran anpil prekosyon. Se pa nenpòt kijan nou pral reprann selebrasyon nou yo. Gen dispozisyon pou nou pran anndan Legliz yo pou pwoteje lavi pèp Bondye a. Se sa kifè Konferans Evèk Katolik peyi Dayiti an voye nòt sa a pou tout pè, tout relijye, relijyez, tout fidèl nan peyi a. Sa yo mande la a ale nan menm sans ak sa kap fèt nan lòt peyi yo. Sou otorite evèk la, kire pawas yo ansanm avèk ekip pastoral yo pral veye pou prensip sa yo respekte nan tout Legliz la pandan tout tan maladi Kovid 19 la ap egziste nan peyi a.

II.- Respè, diyite, senplisite


Selebrasyon yo ap toujou fèt avèk respè, diyite, senplisite pou yo ka ede pèp la lapriyè epi chante lwanj pou Bondye Granmèt la.
A.- Jan legliz la dwe ranje:
  1. Kantite moun nou ka akeyi se yon tyè nan sa nou konn abitye resevwa. Sa vle di: si legliz la abitye pran 300 moun, se 100 moun nou kapab akeyi pou yon selebrasyon. Sa kapab mande pou nou ogmante nomb selebrasyon yo. N ap kite yon ti tan ant chak selebrasyon yo yon fason pou nou kapab fè yon ti netwayaj legliz la.
  2. Tout moun kap patisipe nan selebrasyon nou yo dwe mete mask.
  3. N ap make plas yo epi ant chak moun fòn kite distans 1m50. Pou moun ki gen yon andikap yo menm, fò gen yon kote ki adapte pou yo.
  4. Mete jèl ki fèt ak alkòl disponib pou moun kap patisipe nan selebrasyon nou yo.
  5. Ap gen yon sèvis akèy k ap veye si prensip yo respekte: eske moun yo pote mask, epi ki kote moun yo ap chita nan legliz la? Li ta bon pou se jèn moun sitou ki fè akèy la.
B.- Preparasyon selebrasyon nou yo:

  1. Sakristen yo pral gen pou yo veye sou preparasyon selebrasyon yo pandan yap respekte tout prensip yo jan sa dwe fèt, sitou sou sa ki pi nesesè yo nan selebrasyon yon sakreman, oubyen nan nenpòt ki selebrasyon. Li enpòtan anpil pou nou limite kantite moun kap antre nan sakristi a pou anpeche gen twòp rankont.
  2. Li enpòtan pou nou dezenfekte tout objè n ap gen bezwen pou selebrasyon yo avèk anpil respè epitou pandan n ap respekte mezi ijyèn yo. Li tap bon pou nou ta dezenfekte apre chak selebrasyon nou yo kèk bagay nou te itilize tankou: pipit ak anbon, kredans, ansanswa, eletriye…
  3. Mikwo yo dwe kouvri ak yon bagay ki fèt pou sa tankou: eponj, plastik. Si sa posib n ap mete yon mikwo disponib pou chak moun kap entèveni e mikwo sa yo, n ap dezenfekte yo apre chak selebrasyon.
  4. Li pa nesesè pou nou gen anpil anfannkè sou lotèl la, yon fason pou nou evite yo plede manyen objè n ap itilize nan selebrasyon yo.

III.- Selebrasyon lamès la


Nan sitiyasyon nap viv jodi a, selebrasyon lamès yo mande yon gwo vijilans nan kantite aktè litijik yo, nan jès ak deplasman nou yo.
A.- Evèk oubyen pè kap gen pou prezide selebrasyon lamès yo:

  1. Y ap gen pou mete mask nan kèk moman nan selebrasyon an: (konsekrasyon, rit kominyon an, lè y ap preche) si yo pre asamble a.
  2. Misèl la, se sèl moun kap prezide a kap ranje li.
  3. Nan moman pou lave men an, pè a kapab ale sou kredans lan, kote ki gen dlo ak savon kila pou sa, epi kapab genyen tou jèl ki fèt ak alkòl.
  4. Si nan yon selebrasyon gen plizyè pè ak dyak, y ap respekte distans 1m50 pou yo mete chèz yo. Pè kap prezide a ap veye pou gen yon bon distans bò lotèl la pandan priyè ekaristik la. Ap gen yon patèn ki disponib pou prezidan asanble a epi seli kap bwè nan kalis PRENSIPAL la. Pè kap konselebre yo ap lave men yo anvan kominyon an e y ap tranpe losti yo a nan yon LÒT kalis ki la pou sa. Dyak la ap gen pou lave menl avan li manyen nenpòt bagay l ap pote bay pè yo.
B.- Pou deroulman selebrasyon an:

  1. Pwosesyon: n ap limite mouvman pwosesyon antre ak sòti pè yo pandan n ap respekte distans yo. Pap gen pwosesyon ofrann.
  2. Pap gen bay lanmen, pa gen akolad (baiser de paix). Pou yon jès lapè, kapab gen yon ti souri oubyen yon ti jès bese tèt nan plas kote w ye a (sa sèvi tou pou nan moman òdinasyon, pou akèy nan presbiteryòm).
  3. Pou kèt la, nou pap gen pou fè panye (bwat) pase nan men chak moun kap bay ofrann nan lamès la.
C.- Lè n ap bay kominyon:

  1. Moun kap bay kominyon:
    Minis k ap distribye lakominyon yo ap mete mask epi y ap gen pou yo lave men yo avèk jèl avan yo fè sa.
  2. Moun kap vin resevwa lakominyon yo:
    Y ap avanse etan y ap respekte 2 pa distans la. Y ap jwenn jèl nan men yon manb akèy pou netwaye men yo; apre sa y ap resevwa losti a nan men yo epi y ap konsomel avan yo deplase. Lè yo fin distribiye lakominyon an, minis yo ap gen pou lave men yo sou kredans lan.

IV.- Moun kap chante ak moun kap jwe mizik yo


  1. Si pou kèk selebrasyon nou deside pou gen kèk moun ki chante, fòk nou ranje yo yon fason pou yo respekte 2 pa distans la. Moun kap chante yo dwe mete mask e yo pa oblije anpil (5 a 10 moun konsa).
  2. Moun kap distribye fèy chan yo dwe lave menl avan li fè sa. Patisipan an dwe kenbe fèy li a jiskaske selebrasyon an fini.

V.- Pou selebrasyon lòt sakreman yo avèk fineray.


A.- Batèm:
  1. N ap limite kantite fanmi n ap resevwa pou nou ka respekte prensip sanitè yo.
  2. Se pè a sèlman ak paran timoun nan kap fè siy lakwa a sou li pou akeyi timoun nan.
  3. Jès poze men an ap fèt san pè a pa touche timoun nan.
  4. Batèm nan ap fèt avèk dlo ki beni pandan selebrasyon an.
  5. Pè a ap pase lwil senkrèm nan nan fwon timoun nan ak yon moso koton epi lap brilel apre selebrasyon an.
    Pè a ap lave menl avan li remèt limyè a bay paran yo.
B.- Konfimasyon:
  1. N ap limite kantite moun kap konfime yo dapre kapasite nou ka pran.
  2. N ap toujou respekte prensip ki te deja la pou selebrasyon lamès la.
  3. Parenn nan oubyen marenn nan ap lave menl avan li akonpanye moun kap konfime a lèl pral mete men sou zèpòl li a.
  4. 4- Pè a ap pase lwil senkrèm nan nan fwon moun kap konfime a ak yon moso koton epi lap brilel apre selebrasyon an.
C.- Fineray:
  1. N ap mande responsab ponp finèb yo, fanmi an ak tout patisipan yo pou yo respekte tout prensip yo (mask, distans sosyal yo, lave men elatriye…)
  2. N ap kite yon bon ti distans ant sèkèy la ak lotèl la.
  3. Si fineray la ap fèt avèk lamès, n ap gen pou nou toujou respekte menm prensip nou te di pou lamès yo.
  4. Moun kap fè absout la, se li sèl kap fè aspèsyon ak ansansman kò a.
D.- Maryaj:
  1. N ap netwaye chèz moun kap marye yo apre chak selebrasyon.
  2. Si maryaj la ap fèt avèk lamès, n ap gen pou nou toujou respekte menm prensip nou te di pou lamès la.
E- Sakreman rekonsylyasyon an:
  1. N ap akeyi moun kap vin konfese yo pandan n ap respekte prensip sanitè yo, sa vle di: respekte distans 1m50 la, moun kap konfese a pap fas pou fas ak pè a epi lap mete mask.
  2. Si gen plizyè moun kap konfese,yo pap chita twò pre youn ak lòt ni yo pap chita twò pre kote pè a ap fè konfesyon an pou sekrè konfesyon an kapab respekte.
F.- Onksyon malad yo:
  1. Pè a ap pase lwil la sou moun nan ak yon moso koton apre lap brilel.
  2. Si pè a ap fè onksyon malad la pandan gen lamès, y ap gen pou respekte tout prensip sanitè yo.

VI.- Kèk bagay pou nou sonje avan nou fini:


  1. Si pat gen mès krismal pou ane a, pè a kapab sèvi avèk lwil li te gen deja oubyen evèk dyosèz la kapab pran yon lòt desizyon.
  2. Benitye yo ap toujou rete vid; chak fwa sa nesesè, pè a a fè benediksyon dlo.
  3. Fòk nou gen yon koton an rezèv pou chak fwa nou gen pou nou fè onksyon.
  4. Si gen plizyè mès nan yon jounen, apre chak mès, se pou yo chanje lenj litijik yo (kòporal, pirifikatwa, manitèj).
  5. Li ta bon pou anfannkè yo avèk pè yo gen rad pa yo menm, yo itilize e yo konsève.
  6. Pawas ki poko gen sèvis dakèy, se bon moman pou yo òganize sa, pou yo fòme yo e sitou pou yo mete jèn ladan yo.
  7. Li enpòtan anpil pou nou sonje: moun yo pa dwe kwense nan legliz la; menm jan tou nan kè a, pè yo ak anfannkè yo pa dwe kwense. Nou pap chaje kè a ak anpil dekorasyon, nou pap mete anpil flè. Tout bagay dwe ranje yon fason pou tout moun respire byen, pou tout moun wè dewoulman selebrasyon an byen. Konsa na lapriyè pi byen e ak plis kè poze.
Monseyè Launay SATURNE
Achevèk Okap Ayisyen
Prezidan CEH

Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
Evèk Jeremi
Sekretè Jeneral CEH

Kadinal Chibly LANGLOIS
Evèk Okay

Monseyè Max Leroy MESIDOR
Achevèk Pòtoprens

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
Evèk Gonayiv

Monseyè Pierre Antoine PAULO, OMI
Administratè Apostolik Sede Vacante PòdPè

Monseyè Pierre André DUMAS
Evèk Ansavo ak Miragwann
Visprezidan CEH

Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
Evèk Jakmel
Ekonom CEH
Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
Evèk Fòlibète

Monseyè Désinord JEAN
Evèk Hench

Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
Evèk Oksilyè Pòtoprens

Monseyè Louis N. KEBREAU, SDB
Achevèk Emerit Okap Ayisyen

Monseyè Frantz COLIMON, SMM
Evèk Emerit Pòdepè

Monseyè Willy ROMELUS
Evèk Emerit Jeremi

Monseyè Jean Alix VERRIER
Evèk Emerit Okay

Monseyè Joseph LAFONTANT
Evèk Oksilyè Pòtoprens

Monseyè Chales Peters BARTHELUS
Evèk Nome Pòdepè