📂 Kouman Kovid-19 aji sou kò yon moun?
📅 Texte publié le Mercredi 8 avril 2020 à 6h00
Kowonaviris te ekziste anvan jounen jodiya sou anpil lòt fòm. Gen ladan ki te jis bay moun ki genyen li yon rim sèvo. Gen lòt ki te pi grav pou moun ki trape li. Tankou, pa ekzanp, sa ki te parèt nan peyi Lachin en 2002 a e ki te bay moun lafyév, yon tous sèch, doulè nan tout kò yo e gwo pwoblèm pou respire.
Sa ki ap fè ravaj toupatou jodiya rele nouvo kowonaviris oubyen KOVID-19. Li pi rèd pase tout sa ki te la anvan yo. Lè li antre nan kò yon moun, preske tout ògan enpòtan yo ka peye konsekans la.
Kijan viris sa enfekte kò yon moun?
Viris sa a enfekte kò yon moun lè li atake e rive anpeche selil ki ansante yo fè travay yo. Souvan, li kòmanse miltipliye tèt li pou li ka rive simaye pi byen. Premye sa viris ki responsab KOVID-19 la fè, se al layite sou selil ki nan poumon nou yo. Nou konnen poumon yo (gen 2) se yon aparèy ki enpotan anpil. Se yo ki pèmet nou respire, donk ki kenbe nou anvi. (suite…)
Kowonaviris te ekziste anvan jounen jodiya sou anpil lòt fòm. Gen ladan ki te jis bay moun ki genyen li yon rim sèvo. Gen lòt ki te pi grav pou moun ki trape li. Tankou, pa ekzanp, sa ki te parèt nan peyi Lachin en 2002 a e ki te bay moun lafyév, yon tous sèch, doulè nan tout kò yo e gwo pwoblèm pou respire.
Nan tan KOVID-19 sa a, tout sa ou touche dwe pwòp. Telefòn mobil, se youn nan bagay ou touche plis nan yon jounen. Ekran anpil ladan yo fèt ak yon glas espesyal yo rele Gorille, yon glas ki mens, leje e rezistan. Pa bliye ke sou glas ak plastik, viris la ka rete vivan jiska 3 jou. Epitou, gen yon etid ki montre ke pafwa ekran yon telefòn mobil gen 7 fwa plis jèm pase yon bouch twalèt. Se pou sa, fò nou kenke li toujou pwòp. Nou dwe netwaye l omwen yon fwa nan yon jounen ou plis pase sa a si gen lòt moun ki sèvi oubyen konn sèvi ak li.
KOVID-19 se yon maladi ki komanse nan peyi Lachin. Men kounyeya li rive nan anpil lòt peyi e ou jwenn tras li sou tout kontinan yo. Li deja touye anpil moun.
Port-au-Prince vient d’accueillir du 27 au 31 octobre la troisième édition des rencontres des cultures créoles ayant pour invité d »honneur, notre fameux