📂 Nòt Konferans Evèk Katolik Ayiti yo sou sitiyasyon sosyopolitik la
📅 Texte publié le Mercredi 2 juin 2021 à 8h05
Nou resevwa teks sa a jou ki te premye jen 2021
Frè ak sè nou yo,
Tout moun ki gen bòn volonte,
1 Nan non Jezikri, Sovè tout moun, nan non misyon Legliz la genyen pou l di laverite, Legliz la pa gen dwa kite moun ap peri nan move kondisyon lavi li, paske sa lavi sere pou moun makonnen avèk listwa lavi Jezikri. Sa vle di : sa moun ap chwazi nan lavi a, sa kap sove l oubyen sa kap fè l pèdi chemen l, tout sa makonnen sere sere ak Jezikri (Cf. Pape Jean Paul II, Redemptor Hominis, n.14).
2 Se konsa Legliz la nan peyi Ayiti ap veye sou tout Pèp Ayisyen an ak anpil renmen nan kè l. Se yon responsablite ki antre nan misyon l menm pou li rete atantif epi sansib devan tout kesyon Pèp la ap poze, devan tout kè kase ak kè sere l yo. (Cf. Jean Paul II, Redemptor Hominis, n. 15). Anpil mesaj Konferans Evèk Ayiti yo montre angajman Legliz la bò kote Pèp Ayisyen an ki pa sispann goumen pou jwenn jistis, lapè ak lavi miyò. (suite…)

1.- Nou menm Evèk katolik peyi Dayiti konstate ak anpil doulè sitiyasyon frè ak sè nou yo ki nan men bandi pa chanje jiskaprezan. Zantray tout moun ki gen moso renmen nan kè yo ap dechire. Di (10) jou nan men kidnapè se twòp.
1.- Nou menm evèk katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble òdinè nou, nou salye nou tout, sè ak frè nou, nan tan Lavan sa a kote n’ap prepare kè nou pou nou selebre fèt nesans Jezi Granmèt nou. Evenman san parèy sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou chèche glwa Bondye epi travay pou lapè tabli sou tè a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Pyè 3,15) nan moman difisil yo.