8250.- Proverbes et dictons d’Haïti

Classification Arts et Culture

 

ABCDEFGHIJ – K – LM
N – O – P – Q – RST – U – V – W – X – Y – Z

-I-

Ignorance
  • Bèf di li pral sal savann, se ke li li sal.
  • Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
  • Li pa konnen non chen .
  • Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri paka lage .
  • Sa je pa wè, kè pa tounen.

Impertinence
  • Ti moun fwonte fè bab nan simityè.
  • Kabrit pa mare nan pikèt bèf.

Indépendance
  • Dyondyon leve kote li vle, menm anba jouk poul.
  • Granmoun pa rete ak granmoun.
  • Mwen pa janm ret ak moun.
  • Se grès kochon-an ki kwit kochon-an.

Infortune
  • Chay sot sou tèt li tonbe sou zepòl.
  • Devenn se pian.
  • Lè w gen devenn, lèt kaye kase tè ou.
  • Lè w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ou.
  • Lè w sot pi wo, ou pran pi gwo so.
  • Malè pa gen klaksòn.
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.
  • Malfini manke poul, li pran pay.
  • Sa-a se twokèt la, chay la dèyè.
  • W ap kouri pou lapli, ou tonbe nan larivyè.

Ingratitude
  • Bèf pa janm di savann mèsi.
  • Chen ou fè byen se ou li mòde lè li anraje.
  • Gran mesi chen se kout baton.
  • Jete vye chodyè pou chodyè nèf.
  • Nan bay kout men, ou jwen kout pye
  • Ou kouche sou po bèf la, w ap pale li mal.
  • Ou monte makak voye wòch, premye moun li kase tet se ou

Injustice
  • Bondye konn bay li pa konn separe.
  • Bourik travay, chwal garyonen.
  • Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
  • Danmijann poko plen, boutèy paka jwenn.
  • Le w malere, tout bagay sanble w.
  • Malere se dan devan.
  • Pitit malere malelve, pitit granèg malapri.
  • Ravèt pa janm gen rezon devan poul
  • Se sou chen mèg, yo wè pis.
  • Tout bèt nan lanmè manjé moun, men se reken ki pote pi move non.

Intelligence
  • Nèg sòt mare chwal li, nèg lespri paka lage l.
  • Nou alfabèt, nou pa bèt.
  • Pale fransè pa di lespri.
  • Tande pa di konprann pou sa.


Investissement

  • Lajan nan poch pa fè pitit.

-J-

Jalousie
  • Depi na  ginen, nèg rayi nèg.
  • Fanm jalou pa gra.
  • Volè pa janm renmen volè parèy li.

Justice
  • Mezi lajan w mezi wanga w.
  • Byen san swe pa pwofite.
  • Rayi chen, di dan l blanch.
  • Sa ki ba bon pou sak, ou pa bay makout li.
  • Sa w fè, se li ou wè.

Justice divine
  • Kreyon Bondye pa gen gòm.
  • Sa Bondye sere pou w lavalas paka pote ale.

-L-

Lacheté
  • Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
  • Lè poul mare, ravèt fèl eskplikasyon.
  • Si chen rakonte w sa li we, ou pap janm mache nannwit.

-M-

Malheur
  • Anmèdan gen remèd.
  • Chat mande swe, lage chen deye l.
  • Chay la sot sou tèt, li tonbe sou zépòl.
  • Depi li rat, se premye fwa li pran nan pèlen.
  • Kote yap plimen kodèn, poul pa ri.
  • Lè bab kanmarad ou pran dife, met pa w ala tranp.
  • Lè kè ti poul kontan, malfini ki dèyè l.
  • Lè w sot pi wo, ou pran pi gwo so.
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.
  • Mete chat veye mantèg.
  • Sa a se twokèt la, chay la dèyè.
  • Se lè kay pran dife ou konnen konbyen kokobe ki te ladan n.
  • W ap kouri pou lapli, ou tonbe nan larivyè.
  • Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.

Méfiance
  • Abitan pa mize lavil.
  • Bèl fanm se traka.
  • Chat konnen, rat konnen, barik mayi-a rete la.
  • Chat ki chode pè menm dlo frèt.
  • Chen ki konnen w, se li ki souke ke li pou ou.
  • Depi na ginen, nèg rayi nèg.
  • Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale.
  • Jan chat mache se pa jan-an li chase rat.
  • Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
  • Li se kouto de bò.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Makak sou, men li pap domi douvan kay chen.
  • Se lè w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Sa manman chat konnen, manman chat konnen li tou.
  • Se lè koulèv la mouri, ou wè longè l.
  • Se mwen se yo.
  • Si kalmason te viann, se pa nan mitan chemen ou ta jwen li.
  • Tig gen vye men, zong li pa janm vye.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

Mensonge
  • Bonjou li pa la verite
  • De je kontre manti kaba.
  • Twou manti pa fon.

Misère
  • Bat dlo pou fè bè.
  • Fè san soti nan wòch.
  • Grangou se mizè, vant plen se traka.
  • Se sou chen mèg, yo wè pis
  • Mache tankou yon kòk kazwèl ki pran move kout zepon.
  • Malere pa fè bwodè.
  • Mizè fè bourik kouri pase chwal.
  • Ou jis dèyè kamyonèt la.

Mystère
  • Anba levit fè nwa.
  • Anba moumou se dèy.
  • Dèyè mòn gen mòn.
  • Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
  • Sa je pa wè, kè pa tounen.
  • Sa ki nan kè yanm, se kouto ki konnen l.
  • Se lè kay pran dife ou konnen konbyen kokobe ki te ladan n.
  • Se lè koulèv la mouri ou wè longé l.
  • Se soulye ki konnen si chosèt gen twou.

-N-

Naïveté
  • Gen bab pa vle di granmoum pou sa.
  • Lajan pa al gangan pou l tounen.
  • Li pa konnen non chen l.

Nécessités
  • A defo chen, kabrit al lachas.
  • Bouche nen w pou bwè dlo santi.
  • Chimen bezwen pa janm long.
  • Malere pa fè bwodè.
  • Mizè fèbourik kouri pase chwal.

-O-

Omertà (Code du silence)
  • Bouch manje tout manje, li pa pale tout pawòl.
  • Je wè, bouch pe.
  • Kase fèy kouvwi sa.
  • Mouch pa antre nan bouch ki fèmen.
  • Si pa gen sitirè pa ka gen vòlè.

Opportunisme
  • Chanje mèt, chanje metye.
  • Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
  • Dekouvri Sen Pyè pou kouvri Sen Pòl.
  • Fè lefou po w pa peye dwa.
  • Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
  • Lajan pa al gangan pou l tounen.
  • Lanmò bourik ranje chen.
  • Le w bezwen kongo, ou rele l yaya.
  • Le w nan mitan bourik, ou pote ba.
  • Ou fòse bourik janbe dlo, ou pa fòse l bwè dlo.
  • Ou pran ka piskèt, li mande kokoye.
  • Se sòt ki bay, embesil ki pa pran.

Orgueil
  • Krapo fè kolè li mouri san dèyè.
  • Fè wont sèvi kolè.

-P-

Pardon
  • Evite miyo pase mande padon.
  • Bondye padonen, nèg pa padonen.
  • Kase fèy kouvwi sa.
  • Li pa manje manje bliye.

Paresse
  • Chita pa bay.
  • Lap kale wès

Partage
  • Bay piti pa chich.
  • Manje kwit pa gen mèt.
  • Men ale, men vini zanmi dire.
  • Moun ki manje pou kont yo pa janm grangou.

Patience
  • Avèk patyans, wa wè tete foumi.
  • Jou fèy tonbe nan dlo se pa jou-a li pouri
  • Piti piti fè lonè prezidan.
  • Ou pa nago, ou pa kita.
  • Sa-a se dènye kou ki touye koukou.
  • Se sen kòb ki fè goud.
  • Ti pil ti pil fè chaj.
  • Twò prese pa fè jou louvri

Perfection / Imperfection
  • Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
  • Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
  • Tout moun gen yon gren zannon kay zofèv

Perséverance
  • Bouche nen w pou bwè dlo santi.
  • Li pa janm twò ta pou chen anraje.
  • Ou pa nago, ou pa kita.
  • Piti piti fè lonè prezidan.
  • Teke mab la jis li kase.

Porcs
  • Kochon manje santiman l nan po bannan-n.
  • Kochon mawon konnen sou ki bwa poul fwote.

Protection
  • Manman chen pa janm mode pitit li jis nan zo.

Providence
  • Bondye pa bòpè.
  • Bondye pouse mouch pou bèf san ke.
  • Kreyon Bondye pa gen gòm.
  • Pa gen pèn san sekou.
  • Sa Bondye sere pou w lavalas paka pote ale.
  • Tout chay gen twokèt li.

Prudence
  • Abitan pa mize lavil.
  • An afè pa dòmi di.
  • Anvan chen manje zo, li mezire machwè li.
  • Atansyon pa kapon.
  • Bèf ki gen ke long, pa janbe dife.
  • Bèl fanm pa vle di bon ménaj.
  • Bèl pawòl pa vle di verite pou sa.
  • Bouch manje tout manje, li pa pale tout paròl.
  • Bwè dlo repekte vè.
  • Chat ki chode pè menm dlo frèt.
  • Chodyè ou pa monte, ou pa desann li.
  • Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale.
  • Evite miyò pase mande padon.
  • Evite pa kapon.
  • File kouto, men veye dwèt ou.
  • Je wè, bouch pe.
  • Kabwit di sak nan vant li se li ki pa l.
  • Kabwit gade je met kay anvan li antre.
  • Kapon antere manman l.
  • Kochon mawon konnen sou ki bwa poul fwote.
  • Labouyi cho, ou manje l sou kote.
  • Lagè avèti pa touye kokobe.
  • Le ti kwibich bezwen grandi, se nan twou wòch li rete.
  • Lè w gen sèl nan solèy, ou veye lapli.
  • Lè w manje pitit tig, ou pa domi di.
  • Lè w sot pi wo, ou pran pi gwo so.
  • Lè w ap manje ak diab, ou kenbe fouchèt ou long.
  • Li pa janm twò ta pou chen anraje.
  • Malfini manke w, li pa bliye.
  • Mwen byen sangle, mwen pap foule.
  • Mache sou pinga w pou w pa pile sa w te konnen.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Makak sou, men li pap domi douvan kay chen.
  • Mouch pa antre nan bouch ki fèmen.
  • Pawòl anpil, machwè gonfle.
  • Pran bal ou ofon.
  • Pa fouye zo nan Kalalou.
  • Pye kout pran devan.
  • Rete trankil, se remèd kò.
  • Se lè w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Si chen rakonte w sa li wè, ou pap janm mache nannwit.
  • Veye zo w, veye lòt la.
  • Ti mapou pa grandi anba gwo mapou.
  • Tig gen vye men, zong li pa janm vye.

article-footer-nav