8250.- Proverbes et dictons d’Haïti

Classification Arts et Culture

 

ABCDEFGHIJ – K – LM
N – O – P – Q – RST – U – V – W – X – Y – Z

-D-

Danger et risques
  • An afè pa dòmi di.
  • Anmèdan gen remèd.
  • Antre nan batay san baton.
  • Ayiti se tè glise.
  • Bat chen-an tan mèt li.
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
  • Gade pa boule je.
  • Gade pa pwazon (de Pèlen tèt).
  • Jwèt se jwèt, kwòchèt pa landann.
  • Lè ké ti poul kontant, malfini ki déyè l.
  • Lè marengwen ap vole, ou pa konn kilès ki mal, kilès ki fimèl.
  • Lè w mouri, ou pa pè santi.
  • Lè w ap manje ak diab, ou kenbe fouchèt ou long.
  • Li se kouto de bò.
  • Malere se dan devan.
  • Mwen byen sangle, mwen pap foule.
  • Mache chèche pajanm dòmi san soupe.
  • Makak pa jwe ak tig.
  • Mete chat veye mantèg.
  • Moun ki manje piti tig pa dòmi di.
  • Nan mal, nan mal nèt.
  • Pa konen pa al lajistis.
  • Pawòl anpil, machwè gonfle.
  • Ou Ou wè mare chwal, mare bourik pi rèd.
  • Se lè w pile chen, ou konn si li konn mòde.
  • Si chen rakonte w sa li wè, ou pap janm mache nannwit.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

Déception
  • Aprè dans, tanbou lou.
  • Byen konte, mal kalkile.
  • Depi l rat, se premye fwa li pran nan pèlen.
  • Gwo vant pa di lajan.
  • Malfini manke poul, li pran pay.
  • Se lè koulèv la mouri, ou wè longè l.
  • Tankou ti Jezi nan po krab.
  • Zèb ou pa vle leve nan jaden, leve devan pòt kay ou.

Démocratie
  • Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.

Diffamation
  • Lang malveyan file pase kouto de bò
  • Lang pa lanmè, men li ka noye w

Dignité
  • Lajan fè chen danse.
  • Lajan fè nèg monte maswife.
  • Merite pa mande.
  • Rele chen papa pou zo.

Divisions sociales
  • Bèf pou wa, savann pou wa, ya demele yo.
  • Danmijann poko plen, boutèy paka jwenn.
  • Kabrit pa mare nan pikèt bèf.
  • Milat pòv se nèg, nèg rich se milat.
  • Ou jis dèyè kamyonèt la.
  • Wòch nan dlo pa konn doulè Wòch nan solèy

-E-

Egoisme
  • Akrèk pa bay.
  • Anvi tout, pédi tout.
  • Chen ki gen zo pa gen zanmi.
  • Depi na ginen, nèg rayi nèg.
  • Kabwit de mèt mouri nan solèy.
  • Wòch nan dlo pa konn doulè wòch nan solèy
  • Tout koukouy klere pou je li.
  • Zafè kabrit pa zafè mouton.

Embarras
  • Byen konte, mal kalkile.
  • Malfini manke poul, li pran pay.
  • Tout bèt jennen mode.

Engagement
  • An afè pa dòmi di.
  • Aprè dans, tanbou lou.
  • Pwomès se dèt.
  • Responsablite se chay.
  • Wè pa wè antèman pou katrè.
  • Wi pa monte mòn.


Epargne

  • Se sen kòb ki fè goud.
  • Se piti ki mennen gwo.
  • Ti pil ti pil fè chaj.

Espoir
  • Bondye bon.
  • Byen mal pa lanmò.
  • Espwa fè viv.
  • Fè zanmi ak kouto anvan zabriko mi.
  • Maladi pran bouyon.
  • Nan pwen lapriyè ki pa gen amèn.
  • Toutan tèt poko koupe li ka pote chapo.

Expérience
  • Avantaj kok, se na zepon li li ye.
  • Koulèv ki konn laje goj li vale krapo.
  • Diab pa pè diab.
  • Eksperians kòk la se nan zepon li li ye.
  • Fòk ou konn la, pou al la.
  • Fòk ou pase maladi, pou konn remèd.
  • Kochon mawon konnen sou ki bwa poul fwote.
  • Nèg sòt mare kòd li, nèg lespwi pakab demare li.
  • Pati bonè pa di konn chimen pou sa.
  • Tete pa janm twò lou pou mèt li.

-F-

Faiblesse
  • Konstitisyon se papye, bayonèt se fè.
  • Lè poul mare, ravèt fèl eskplikasyon.
  • Makak pa jwe ak tig.

Famille
  • Dwèt ou pou ou, ou pa ka koupe li jete.
  • Pitit se baton veyès.
  • Pitit se richès malere.
  • San pi pwès pase dlo.

Famine
  • Chen grangou pa jwe.
  • Grangou se mizè, vant plen se traka.
  • Sak vid pa kanpe.

Flatterie
  • Lajan fè chen danse.
  • Rele chen papa pou zo.

-G-

Gaspillage
  • Bat dlo pou fè bè.
  • Se lave men, siye até.
  • Vide dlo nan panyen pèse.
  • Zwazo ki chante pa gra.

Générosité
  • Bay piti pa chich.
  • Li gen kè nan men.
  • Se anvi bay ki bay.

-H-

Haine
  • Depi nan  ginen, nèg rayi nèg.

Humilité

  • Kòfrefò pa swiv kòbya.
  • Koukou wè lwen, men li pa wè deyè tèt li.
  • Li pa janm twò ta pou chen anraje.

Hypocrisie
  • Dan pouri gen fòs sou bannann mi.
  • De kou nan bouda bourik la, de kou nan sakpay la.
  • Lè chat pa la, rat bay kalinda.
  • Ravèt pa janm gen rezon devan poul.
  • Zanmi pre se zanmi kòd anba bra.

article-footer-nav