8240.200.- Creole Dictionary / Dictionnaire créole: Gid / Guide

Classification Arts et Culture

I.- Seksyon kreyòl

Kijan pou sèvi ak Diksyonè sa a

Yon mo sou Diksyonè sa a


Diksyonè Kreyòl Ayisyen sa a se yon diksyonè an 3 lang ki gen plis pase 15,000 mo ak ekspresyon kreyòl ayisyen ak tradiksyon yo an angle ak franse. Li gratis. Anplis de tradiktion an franse e an angle, Chak mo ou ekspresyon ka genyen omens yon negzanp, kèk sinonim, ak antonim.

Men kijan ou ka chache yon tradiksyon nan diksyonè a


  1. Nan bwat rechèch la:
    Tape kòmansman mo Kreyòl, Anglè, oswa Franse ou vle chèche a.
  2. Chwazi lang lan:
    Tcheke bouton radyo ki koresponn ak lang mo ou a (Kreyòl, English, oswa French). Sa ede diksyonè a jwenn antre ki kòrèk la.
  3. Klike sou « Chache / Search / Recherche »:
    Peze bouton rechèch la pou montre rezilta yo ki matche.
  4. Li antre a:
    Chak rezilta montre mo kreyòl la, nan yon premye tan. klike sou mo ou vle pou wè tradiksyon an angle e an franse.

Sa w ap jwenn nan chak antre


  • Mo Kreyòl ak pati gramè li (non, vèb, adjektif…)
  • Tradiksyon an anglè
  • Tradiksyon an franse
  • Egzanp  ki gen fraz ki gen mo sa a nan kontèks li
  • Pafwa sinonim (mo ki sanble) li
  • Antonim (mo ki opoze) li
  • Jou  fichye mo a te revize ou korije.

Gid rapid: Kreyòl /Angle/ Franse


Kreyòl Angle Franse
Chache Search Recherche
Mo Word Mot
Lang Language Langue
Tradiksyon Translation Traduction
Ekzanp Example Exemple
Sinonim Synonym Synonyme
Antonim Antonym Antonyme
Lèt Letter (of alphabet) Lettre (de l’alphabet)
Diksyonè Dictionary Dictionnaire
Rezilta Result(s) Résultat(s)

Kijan pou gen pi bon rezilta


  • Si yon mo pa bay okenn rezilta, eseye yon fòm rasin ki pi senp (retire fen -syon, -man).
  • Kreyòl Ayisyen pa toujou itilize aksan regilyèman — eseye vèsyon ak aksan ak san aksan.
  • Sèvi ak angle oswa franse pou chèche yon mo kreyòl ou poko konnen.
  • Diksyonè a ap mete ajou chak semèn — tcheke tounen pou nouvo antre.
  • Antre yo ekri ak ti lèt — chèche ak ti lèt pou pi bon rezilta.

Ou ka toujou sèvi ak lis alfabetik pou jwenn yon mo kreyol si ou pa si de jan li ekri.

article-footer-nav