Mesaj Nwèl 2018 Konferans Evèk Katolik peyi Dayiti

Texte reçu le 10 décembre 2018

« Lè tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi, ki te fèt anba Lalwa pou sove sila yo ki anba lalwa, yon fason pou l te fè nou favè vin pitit Bondye » (Galat 4,4-5).

bishop-hat1. Se ak gwo kokennchenn mo sa yo Sen Pòl sèvi nan lèt li ekri moun Galat yo, pou l pale sou entèvansyon Bondye fè pou l sove ras lèzòm. Sen Jan, bò kote pa l, prezante fason entèvansyon sa a fèt ak yon bèl ti pawòl tou kout : « Li monte tant li nan mitan nou » (Jan 1, 14).

2. Pitit Bondye a rebay moun ki pa t ka sove tèt li, konfyans. Li fèt sanble ak moun. Li aksepte viv menm jan ak li, sòf peche li pa t konn fè (cf. Ebre 4, 15). Li monte tant li bò kote pa moun, yon fason pou moun ka tounen jwenn fyète l, grandè l ak diyite l nan konfyans. Kèlkeswa non mal la pote, Bondye pa kite moun nan kontinye plonje pi fon ladan l. Li vin pote l sekou pou ede l soti nan twou li te tonbe a, yon mannyè pou l ka gen konfyans nèt ale nan fòs Sila a ki sove l la.

3. Pitit fi ak pitit gason Ayiti k ap viv anndan tankou deyò peyi a, nou salye nou avèk anpil renmen. N ap pare nou pou n fete Nwèl, kise gwo evènman kote Jezi, Pitit Bondye a, sovè nou an, te vin fèt nan mitan nou. Jodi a ankò, nan tan nap viv la, li vin plante tant li nan mitan nou.

4. Tan sa a kote peyi nou an malad jous nan zo, tout moun konnen ki kalite maladi li soufri. N ap site kèk nan yo : echèk enstitisyon leta yo, vyolans k ap vale tèren, nèg ak zam ki gen gwo moun dèyè yo k ap ba yo bourad lajan ak zam, katastwòf ekonomik san rete ki lakòz yon lamizè kap depafini ak pèp la, koripsyon sou tout fòm, enpinite awogan, moun pa fè moun konfyans, prensip sakre lavi pa respekte, vyolasyon diyite moun, jan nou te deja denonse sa ak tout fòs nou nan dènye mesaj nou te sòti nan dat 27 sektanm 2018 la. Nan sans sa a, kòman pou n pa di kijan san nou tresayi lè nou wè ak ki mechanste, rayisans, kèdi, yo rache yon seri moun, frè ak sè nou, epi voye yo jete vaykevay sou pil fatra. Nou voye senpati nou bay fanmi ki gen dlo nan je yo, epi n ap tann yo mete men sou moun ki komèt krim san parèy sa yo epi trennen yo devan lajistis.

5. Chak jou kap pase nou konstate nasyon an ap antre pi fon nan yon twou san fon. Se nan bouch twou sa a Pitit Bondye a vin jwenn nou jodi a. Li lonje men ba nou epi li di nou byen fò se pou nou gen konfyans nan Li, se pou nou gen konfyans nan tèt nou, se pou youn fè lòt konfyans. Konfyans sa a, se sèl kondisyon pou gen bonjan dyalòg. Se nou tout kap tann e ki vle rive nan dyalòg sa a kèlkeswa non nou ba li a. Dyalòg la mande konfyans ak laverite, se vre. Men li mande tou youn koute lòt, pale ak senserite epi bliye tèt nou pou n ka defann enterè siperyè Peyi a.

6. Se sou tèren vrè dyalòg la, ak senserite, san kite pèsonn sou kote, nou swete yo mennen dosye Petwokaribe a, epi bay yon repons klè sou li, nan yon ti tan ki pa lwen, ni sou plan administratif ni sou plan jiridik. Nou pa dwe twonpe nou sou kesyon sa a, Legliz rekonèt nesesite dyalòg la, li pwopoze l bay Nasyon an san li pa mete tèt li devan. Legliz angaje l nan chimen sa a, bò kote pèp Ayisyen an yon fason pou byennèt tout moun ka reyalize pi byen (Cf. Compendium Doktrin Sosyal Legliz la, n. 417).

7. Nou kwè chak jou pi plis fòk nou rive sove peyi sa a nou renmen anpil la. Pou sa rive fèt, chak pitit fi ak pitit gason peyi a dwe jwe yon wòl aktif epi byen deside. Sa mande nou : byen reflechi, poze san nou, aksepte fè gwo sakrifis, pandan n ap sonje okenn sakrifis pa twò gwo pou byen peyi sa a nou tout renmen anpil la.

8. Nou menm pèp la te vote epi voye al okipe tout kalite fonksyon nan Leta a, reskonsablite nou kòm moun popilasyon an bay manda, se wete peyi a nan katchouboumbe kote li twouve l la. Nou la pou n pwoteje pèp la ak enstitisyon demokratik peyi a. Nou dwe kanpe sou bann privilèj nou bay tèt nou pandan pèp la ap trimen. Nou vle di nou sa ak tout fòs nou : Moman an grav !!! Nou dwe aji anvan li twò ta. Nou dwe konnen lejitimite a se pa yon bagay ou genyen epi se fini, se yon bagay ou dwe ap chèche tout tan. Lè nou nan pouvwa epi nou pa kapab sèvi pèp la, menmsi se nan eleksyon nou te ale, menmsi se mete yo mete nou nan pòs la, lejitimite nou an vin pèdi fòs, li tounen pay. Kisa nou itil si nou pa ka defann enterè sitwayen ayisyen yo, sa vle di garanti  »byen ki pou tout moun nan », ki se objektif tout pouvwa politik ?

9. Nou menm ki nan pouvwa jidisyè a, nou la pou n fè respekte lalwa ak fè lajistis blayi nan on sistèm tout moun ap kritike poutèt koripsyon ap minen l. Èske nou rekonèt sa ? Nou mande nou pou n pa nan paspouki, pou nou endepandan, pou n onèt epi ranmase kouraj nou ak de (2) men nou.

10. Nou menm ki angaje nan pati politik yo epi k ap travay pou n pran pouvwa a, n ap fè nou sonje, pouvwa a se yon sèvis li ye. Poutèt sa, nou mande nou mete anbisyon pèsonèl nou yo sou kote, yon fason pou se peyi a ki toujou genyen. Jan Pap Franswa di l la, «yon sosyete politik ap dire si wòl l ap chèche bay tèt li, se satisfè bezwen tout moun, pandan l ap pèmèt tout moun nan sosyete a grandi, sitou sa ki pi fèb yo » (Diskou devan kongrè ameriken an, 24 sektanm 2015).

11. Nou menm manm sosyete sivil la, fi ak gason bòn volonte, renmen peyi sa a ak tout kè nou. Travay toutbon vre pou l devlope. Wòl nou se patisipe nan transfòmasyon sosyete a. Konsa, nou mande nou pou n reziste anba tout presyon, entimidasyon ak manipilasyon.

12. Pitit fi ak pitit gason peyi Ayiti, tout sa nou sot di yo p ap itil anyen toutotan pwazon youn pa fè lòt konfyans la kontinye ap gate relasyon nou yo. Nou dwe rekonèt sa, konfyans ki pa genyen nan mitan nou, paske youn pè lòt, anpeche peyi nou an avanse. Nou dwe lite kont sa. Konba sa a mande : pou nou fòme konsyans nou, pou nou aprann viv nan laverite, aprann respekte pawòl ak angajman nou, sispann fè koken. Se sa kap fè nou tounen sitwayen konsekan toutbon vre.

13. Manman Mari ap fè wout ak pèp Ayisyen an, se yon modèl konfyans ak kè sansib pou tout moun. Li pa t janm dezespere ni pèdi konfyans, menm nan pye lakwa a. « Chak fwa nou gade Manman Mari, nou vle kwè kòman tandrès ak afeksyon se yon fòs ki pote chanjman» (Pape François, Exhortation post-synodale Evangelii Gaudium, n. 288). Fèt Nwèl la, se Bondye ki fè nou konfyans nan Pitit li a, ki monte tant li nan mitan nou epi ki vin fè youn kapab fè lòt konfyans toujou.

14. Pitit fi ak pitit gason Ayiti yo, pi gwo sa nou swete pou fèt Nwèl 2018 la ak Ane 2019 la, se pou nou avanse epi rive nan yon vrè kontra konfyans k ap pèmèt pèp nou an rale yon souf toutbon vre. Nou lage gwo pwojè sa a nan men Manman nou, Nòtre Dam Pèpetyèl Sekou, yon fason pou, gras ak konkou
li, li kapab tounen reyalite.

Mesaj sa a fèt Lilavwa, kote Evèk Katolik peyi Ayiti konn reyini, nan dat 30 novanm 2018 ki se fèt Andre ki Sen, ki se yon Apot ki mouri mati pou kòz Kris la.

Mgr. Launay SATURNE
Archevêque Métropolitain du Cap-Haïtien
Président de la CEH

Mgr. Pierre André DUMAS
Évêque du Diocèse d’Anse à Veau / Miragoâne
Vice-Président de la CEH

Mgr. Joseph Gontrand DECOSTE, sj
Évêque du Diocèse de Jérémie
Secrétaire Général de la CEH

S. Em. Chibly Cardinal LANGLOIS
Évêque du diocèse des Cayes

Mgr.  Max Leroy MESIDOR
Archevêque Métropolitain de Port-au-Prince

Mgr. Monseigneur Désinord JEAN
Évêque du Diocèse de Hinche

Mgr. Monseigneur Pierre Antoine PAULO, omi
Évêque du Diocèse de Port de Paix
Mgr. Marie Erick Glandas TOUSSAINT
Évêque Auxiliaire de l’Archidiocèse Port-au-Prince
Économe de la CEH

Mgr. Yves-Marie PEAN, CSC
Évêque du Diocèse des Gonaïves

Mgr. Quesnel ALPHONSE
Évêque du Diocèse de Fort-Liberté

Mgr Ducange SYLVAIN, sdb
Évêque Auxiliaire de l’Archidiocèse Port-au-Prince

Mgr. Guire POULARD
Archevêque Émérite de Port-au-Prince

Mgr. Jean-Alix VERRIER

Évêque Émérite du Diocèse des Cayes

Mgr. Content SAUVEUR
Administrateur Diocésain du Diocèse de Jacmel