Diskou Prezidan Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) sou sitiyasyon kriz la

Une semaine après des manifestations qui ont pris chaque jour plus d’ampleur et qui reflètent le raz-de-bol du peuple devant la corruption qui gangrène le gouvernement, le président Haitien, Jovel Moise, après une semaine de silence déconcertant, décida finalement de prendre la parole en s’adressant en créole au peuple Haitien le 14 février.

Le mécontentement populaire manifesté publiquement durant les premiers jours de juillet de l’année dernière suite à l’annonce de la hausse des prix des carburants a été exacerbé par l’inflation galopante et la publication, à la fin du mois de janvier, d’un rapport de la Cour supérieure des comptes sur la gestion calamiteuse et les possibles détournements de près de deux milliards de dollars du fonds Petrocaribe, un programme d’aide offert à Haïti par le Venezuela depuis 2008. Les accusations incluent Moise et une entreprise qu’il dirigeait avant son entrée en fonction en 2017.

Alors que les manifestants, dans leur grande majorité demandent la démission du président, celui-ci, au lieu de proposer un plan concret, demande plutôt aux autres de prendre des actions pour remédier à la situation. Tout en denonçant « la situation humanitaire grave », il se dégage néanmoins de toute responsabilité à cet égard et assimile les manifestants à des dealers de drogues ou à des criminels.

Pour l’édification des compatriotes Haitiens, nous reproduisons ci-après le discours pré-enregistré diffusé sur la télévision d’État TNH le jeudi 14 février 2019.

Pèp Ayisyen,

photo de Jovenel MoiseMwen vinn pale avèk nou jodi a, sou sitiyasyon peyi a trouve li depi kèk jou. Kote tout aktivite paralyze nan anpil zòn, sitou nan zòn metropolitèn nan [Port-auPrince].

M ap voye senpati m bay tout viktim zak kraze brize ki fèt nan dènye jou sa yo. Mwen panse a fanmi moun ki pèdi lavi yo, moun ki pèdi biznis yo, ki pèdi machin yo, ki pèdi komès yo, timachann ki pedi bak yo. Nan non nasyon an, mwen eksprime yo tout solidarite mwen.

Mwen voye senpati mwen bay Pèp la kap viv yon sitiyasyon imanitè grav ki pa ka jwenn manje pou yo manje, ki paka ale lopital, ki paka jwenn medikaman, ki paka ale lekol.

Manifestasyon se yon dwa tout sitwayen genyen nan demokrasi. Dwa sa a makonnen ak devwa chak moun genyen pou respekte lalwa. Li inakseptab pou moun ki gen fonksyon ofisyèl ap manifeste kot a kot avek chef gang amé ke lajistis ap chache. Sa a se yon siyal ki pa fè lonè demokrasi, ki pa fè lonè enstitisyon nou yo.

Mwen voye yon gwo kout chapo bay lapolis, chak polisye ki te fè tout sa yo kapab pou pwoteje lavi ak byen moun. Prezidan nou fyè de nou. Peyi a fyè de nou.

Moun ki nan plis bezwen yo se avè nou mwen ap pale, moun ki gen menm orijin sosyal avè m yo, moun ki gen yon frè, yon sè, yon kouzen, yon kouzin, ki oblije kite peyi a pou ale chache lavi miyo yon lot kote, pafwa yo nwaye nan lanmè, reken manje yo, bèt sovaj nan forè devore yo. Moun ki leve maten ki pa jwenn anyen pou yo manje ansanm ak pitit yo, map di nou tout, mwen pap janm trayi nou. Se pou nou mwen te kandida, se pou nou mwen vinn prezidan, se pou nou map travay. Men pa bliye, lè w prezidan yon peyi ki pa gen gwo mwayen tankou peyi pa nou ou oblije chwazi aksyon kap mete Ayiti sou ray devlopman tout bon vre men ki pran yon titan, e aksyon ki ka parèt bon jodi a men kap plonje peyi a nan plis mizè demen.

Mwen tande vwa pèp la, mwen konn pwoblèm kap toumante nou. Se poutèt sa, gen yon pakèt mezi gouvenman an pran, mwen mande Premye Minis la poul vinn eksplike yo e aplike yo prese prese pou soulaje mize nou.

M ap kontinye mande CSPN nan pou gen dispozisyon ki pran pou akonpaye popilasyon an pou serenite, lapè ak kè poze retounen nan 4 kwen peyi a.

Pep Ayisyen,

Kriz peyi a ap travese a grav anpil. Depi Jiyè pase a, pèp la te soti nan la ri pou l mande chanjman nan kondisyon lavi l. Mwen tande vwa li. Se poutèt sa mwen te chwazi yon moun ki te kandida anfas mwen nan eleksyon, Notaire Jean Henri Ceant kom Premye Minis pou fòme yon gouvenman. Senk mwa apre, kriz la vin pi grav e li menase fondasyon peyi a. Li ka gen anpil konsekans sou peyi a. Gen de moun ki pa nan afè demokrasi, ki pa pou yon eta de dwa ki vle enpoze nasyon an yon bagay ki pap bon pou li. Li parèt kle pou tout moun, ke se sèlman yon chita pale ak tout fòs nasyon an ki ka ede n sòti nan sa n ye la a, pou tout bagay diskite kòm sa dwa.

Nou pase yon latriye gouvenman tranzisyon ki bay yon pakèt katastwòf ak dezòd ki fè peyi a anpil mal. Anpil san koule pou anyen. Leta vinn pi fèb e lavi tout moun ap degrade chak jou pi plis. Nap vle refè menm bagay yo chak fwa. Chak fwa gen pwoblem sa yo, to dola monte, lamizè vin pirèd. Pa gen moun k ap reflechi tout bon vre sou kriz nap travese jodya kipa konprann ke se sèl chimen dyalòg pou nou pran si nou vle lapè ak pwogrè tout bon vre. Pa gen moun ki gen bon konprann kita renmen gè sivil eklate nan peyi a. Li pap bon pou pèson.

Pèp Ayisyen,

Ki moun ki prezidan ki tap dakò pou yo ap vyole pitit fi moun, touye jenn gason, boule polisye ?

Ki moun ki prezidan ki tap dakò pou bandi ke lapolis ap chache ap taye banda ak gwo zam fann fwa, men nan kou moun ki di yo se demokrat.

Mwen menm Jovenel Moise, Chef Leta, mwen pap lage peyi a nan men gang ame ak dilè dwòg.

Pandan gen la twoublay nan peyi a, yon seri de moun pwofite pou fè desann avyon dwòg nan Mòl sen Nikola, kraze prizon nan sid, itilize fijitif entènasyonal pou fè konplo asasinay sou Prezidan peyi a.

Tranzisyon, enstabilite ak trafik dwòg toujou mare kòd lonbrit yo ansanm. Enstabilite ak lamizè se kòkòt ak figaro.

Mwen mande pou konsey siperye polis nasyonal la pran dispozisyon pou arete tout machan dwòg, ak moun ki ap boule polisye, simen dèy ak teworize popilasyon an.

Peyi a soufri twòp. Mwen louvri bra mwen bay moun ki pa dakò avè m yo, pou yo vin chita pale, chèche yon konsansis lajman laj pou nou ka jwenn yon akò politik ki ap pèmèt nou rezoud pwoblèm ki ap boulvèse peyi a.

Mwen ap mande tout fòs viv peyi a mete men ak mwen, rasanble fòs nou ak volonte nou anba limyè ak sajès Granmèt la pou nou chanje sa tout bon vre nan benefis tout pep ayisyen an, nan yon dyalòg san fòs kote.

Mwen remèsye tout zanmi nan Kominote entènasyonal la, ki toujou kanpe bò kote pèp Ayisyen an. Mwen remèsye yo pou gwo sipò yo ban nou sitou nan domèn sekirite e ke yap kontinye ban nou.

Pèp ayisyen mwen ap fini pou mwen mande w kontinye banm sipò w. Mwen vle w konprann ke mwen menm avè w desten nou makonnen. Mwen konnen w viktim de systèm nan. Sèl sa map mande w louvri je w. Mwen gen detèminasyon ak kouraj pou m kontinye travay pou m chanje kondisyon wap viv, pou pitit ou ak pitit pitit ou ka gen yon demen miyò.

Viv demokrasi !

Viv pèp Ayisyen!

Viv Ayiti !

Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse)
Pótoprens, Ayiti
14 fevriye 2019