Mesaj Evèk Ayiti yo (CEH) [sou sitiyasyon peyi a: fevriye 2021]

Nou resevwa teks sa a le 2 févriye 2021

Frè nou yo ak Sè nou yo nou renmen anpil yo,

1. Pou nou kapab rete fidèl ak misyon nou genyen pou n mache ak Pèp Bondye a, ede tout fanm ak tout gason bòn volonte wè klè, epi pou n rete solidè ak tout konpatriyòt nou yo, espesyalman sila yo k ap soufri yo, nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, nou jije li nesesè pou nou bay dizon Legliz la nan sitiyasyon peyi a ye jounen jodiya, yon sitiyasyon ki bay dezolasyon : menm jan ak Jezikri, Legliz la toujou mete l bò kote sa ki drèt, laverite, jistis, respè pou lavi ak diyite moun. Se pozisyon sa a nou pran ak fèm konviksyon ki p ap janm chanje kèlkeswa jan sa ye a. Men, menmsi sa klè epi pagen okenn dout ladan, nou ka ajoute de (2) konsta :

2. Prezidan Repiblik la aplike lwa elektoral la ak konstitisyon an kont depite yo, senatè yo ak majistra yo nan ane ki sot pase yo. Li te montre lalwa se yon sèl li ye ni pou lòt eli yo, ni pou li menm tou, konsa li tou pwoklame lalwa se yon sèl li ye pou tout moun. Nou rete kwè tout moun dakò sou prensip ki di pèsonn pa pi wo pase lalwa ak konstitisyon peyi a. Premye konsta sa a fè nou pa bezwen ni literati, ni jistifikatif jiridik ankò. Tout moun vle pou Ayiti yon Leta ki chita sou lalwa.

3. Men dezyèm konsta a : Peyi a prèt pou l eklate ; sa pèp la ap wè devan je l chak jou se lanmò, asasinay, enpinite, ensekirite. Tout kote ou pase, prèske nan tout domèn, se machwè gonfle. Gen anpil bagay ki fè moun yo fache, tankou : fason yo mete Konsèy Elektoral Pwovizwa, fason y ap fè yon lòt konstitisyon, elatriye. Sa vle di, se pa sèlman ravaj kidnaping nan ap fè yo ki fè moun pa ka viv nan peyi a. Èske nou dwe aksepte oubyen tolere sa ?

4. Nan mitan kriz sosyo-politik ak ekonomik san rete sa a, melanje ak pwazon rayisans ak mefyans, nou dwe chèche pito pou n jwenn yon antant sou tout sa ki kreye pwoblèm ; fòk nou konstwi sa nan dyalòg sosyal epi enstitisyonèl pou n ka evite katastwòf. G« en kèk moun ki kouri kite reyalite a, y al kache nan mond pa yo, yon lòt gwoup moun fè fas kare ak reyalite a, men yo sèvi ak vyolans k ap detwi ». Poutan, « ant endiferans egoyis ak reyaksyon vyolan, gen yon opsyon ki toujou posib : dyalòg » (Pap Franswa, Fratelli tutti # 199). Se sèlman pon antant la k ap ede diferan aktè yo evite, yon kote oswa yon lòt, pou tout Ayiti pa al tonbe pi fon ankò pase kote li ye a.

5. Nou mande frè ak sè ayisyen nou yo pou yo montre yo gen disiplin, bon konprann ak sajès nan chèche sa ki pi bon pou Nasyon an. Nou mande moun ki gen misyon pou veye sou lavi ak byen moun, pou yo garanti sekirite tout moun epi fè moun k ap simaye lanmò yo mete zam yo yon kote, yon fason pou kidnaping ak ensekirite disparèt nèt nan peyi d Ayiti. Tankou Pap Franswa raple nou ank, o«nstwi lapè sosyal nan yon peyi pa janm fini nèt. Sa se yon travay san pran souf ki mande angajman tout moun … Se pou jefò sa a fè nou vire do bay tout atirans vanjans ak chèche enterè pèsonèl nou sèlman epi pou yon ti bout tan . (Fratelli tutti # 232).

6. Nou envite nou akèyi mesaj sa a tankou akonpayman Legliz nou an ak repons Konferans Evèk Katolik Ayiti yo (CEH) abitye bay youn oswa yon lòt pati oubyen gwoupman politik k ap tann nan men l « bon konsèy li yo » nan inisyativ ki enpòtan anpil yo. Pandan n ap swete pou patriyòt ayisyen ki gen reskonsablite nan zafè Leta peyi a montre yo pi diy ankò pase zansèt nou yo, pandan n ap mande yo pou yo mete yo nan travay touswit san pè san krent, nou renouvle lanmou nou genyen pou peyi nou an. Nou mande Lespri sen an pou l klere moun k ap twoke kòn yo, epi nou mande Manman Pèpetyèl Sekou, Patwòn Ayiti, pou l pran defans nou bò kote Jezikri, Pitit Bondye a, Limyè tout Nasyon.

Mesaj ki soti nan syèj Koferans Evèk Peyi d Ayiti, nan dat 2 fevriye 2021.

Monseyè Launay SATURNE
♝ Achevèk Okap Ayisyen
≡ Prezidan CEH

Monseyè Pierre André DUMAS
♝ Evèk Ansavo ak Miragwann
≡ Visprezidan CEH

Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
≡ Sekretè Jeneral CEH
..
Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmel
≡ Ekonom CEH
..
Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay

Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM
♝ Evèk Fòlibète

Monseyè Max Leroy MESIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens

Monseyè Yves Marie PEAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv
Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk Hench

Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè

Monseyè Ducange SYLVAIN, SDB
♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens

Monseyè Pierre Antoine PAULO, OMI
♝ Evèk Emerit PòdPè

Monseyè Louis N. KEBREAU, SDB
♝ Achevèk Emerit Okap Ayisyen

Monseyè Frantz COLIMON, SMM
♝ Evèk Emerit Pòdepè

Monseyè Willy ROMELUS
♝ Evèk Emerit Jeremi

Monseyè Jean Alix VERRIER
♝ Evèk Emerit Okay

Monseyè Joseph LAFONTANT
♝ Evèk Oksilyè Emerit Pòtoprens