Mesaj Evèk Legliz Katolik Ayiti yo pou Karèm 2025 la

Teks w ap jwenn apre nòt sa a se yon mesaj evèk katolik an Ayiti yo ekri pou tan Karèm 2025 lan pou pèp Ayisyen, pou sila yo ki vle mache sou tras Bondye, e tout moun ki gen bòn volonte. Evèk yo ki ap viv chak jou sitiyasyon malouk peyi yo a, envite e ankouraje pèp la pou yo viv tan sa a tankou yon gwo peleninaj espirityèl e pou yo pran yon konpòtman moun ki vle repanti tout bon vre, pandan y ap fè gwo chanjman nan lavi yo.

Pou fè sa, fò chak moun kòmanse bat lestomak yo e pran responsablite yo pou fini ak briganday ki tabli nan peyi a. Se sèl jan pou yo rive prepare tèt yo pou yo ka gen yon losyè nan gwo pwomès kè kontan Jezikri fè nou lè li te mouri sou kwa a e resisite 3 jou apre.

Pou rive la, fò nou kòmanse pa fè yon leve kanpe ak labanyè lafwa nou nan men nou e fè lòt konnen nou pran desizyon pou anpeche peyi a fini nèt nan men nou.

Se defi sa yo, nan sitiyasyon Ayiti a e nan ane jibile a, evèk yo mete devan nou: Kovèsyon, Solidarite, Espwa, Rezistans, Angajman klè e Rekonsilyuasyon.

Men dokiman an san manke yon mo…

Nou resevwa teks sa a lendi 3 mas 2025

POU PÈP BONDYE A:
PÈ YO, MÈ YO, FRÈ YO,
FIDÈL LAYIK YO AK TOUT MOUN KI GEN BÒN VOLONTE

Pèleren lesperans, an nou pran chimen limyè Pak Granmèt la!

1 Tan karèm nan rive sou nou ane sa nan kontèks Ane jibilè 2025 la. Pap Franswa envite nou viv Ane lagras ak transfòmasyon sa a nan lesperans. Konsa, nou tout envite pou nou fè Pak sa a tounen yon veritab pelerinaj espirityèl k ap mennen nou nan Pak Jezi Kri a, vrè sous esperans nou.

2 Nan sitiyasyon patikilye Ayiti ye a, n ap viv tan karèm sa a tankou yon vrè chemen penitans. Sa fè deja twò lontan depi n ap konnen soufrans san parèy sa a ki make ak move tèrè vyolans yo, mechanste gwoup ame yo ak konpòtman pouryanis oswa enpisans moun ki ta dwe garanti lajistis ak lapè nan peyi a. Menm jan ak lè pèp Izrayèl la t ap kouri pou mizè Lejip t ap fè l pase oswa lè lòt nasyon lènmi te konn anvayi li, n ap viv yon moman kote fòs fènwa yo sanble dechennen, kote san inosan yo ap pouse kout rèl monte nan syèl la.

3 Chak Ayisyen dwe santi li konsène epi endiye poutèt ravaj sa a peyi nou an ap sibi a. Yo detwi, sou tout fòm epi yon fason òganize, anpil estrikti enpòtan nan lavi peyi a, espas ki gen pou wè ak lasante (lopital, famasi, laboratwa medikal) ak espas ki gen pou wè ak ledikasyon (bibliyotèk, lekòl, inivèsite), domaj k ap fèt sou lavi moun ki sakre. Nou pa gen mo pou nou pale sou zak malonèt sa a, kote yo pran yon ti bebe nan men manman li ak vyolans pou lage li nan dife devan je manman an ki, podyab, ap gade bagay tèrib sa a. Moun ki egzekite zak tèrib sa a ta dwe jije epi pini tousuit.

4 Nivo mal k ap frape nou la a mande nou antre byen fon nan konsyans nou. Sila yo k ap detwi lavi epi touye rèv tout fanmi sa yo, pèdi tout konsyans sa yo rele byen ak mal. Men egzistans moun sa yo tou se imaj yon sosyete malad, ki wonje ak enjistis, kòripsyon ak lamizè. Yo aji san pè, san krent, yo menm sanble moun ki byen pwoteje. Ki men ki kache dèyè yo ? Pou kiyès y ap travay nan egzekite pwojè destriksyon peyi nou renmen anpil la ? Moun ki gen pouvwa ak otorite pou mete fren nan aksyon y ap poze yo, poutan k ap gade yo k ap aji san fè anyen, fè tèt yo parèt konplis nan vye zak k ap fèt yo.

5 Karèm nan envite nou konvèti. Chak moun, nan nivo pa li, dwe poze tèt li kesyon sa a : èske mwen kite konpòtman pouryanis mwen oubyen laperèz anpeche mwen vin patizan lapè ? Èske mwen pa kontribye, ak desizyon m yo, pou ranfòse enjistis k ap pran pye nan peyi a? Envitasyon pwofèt Jowèl la sonnen ak fòs pou nou : « kase tèt tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou, nan fè jèn, kriye ak dèy. » (Jowèl 2, 12).

6 Frè ak sè nou yo, malè frape nou men nou pa pou kont nou. Jezi Kri te fè fas ak sa nan pasyon li lè l te aksepte pote tout chay soufrans limanite sou do li. Pak li a se esperans nou. Li aprann nou vyolans ak lanmò pa gen dènye mo. Pak Kris la se viktwa sou fènwa mal la.

7 Pèp nou an k ap kouri pasi pala ak lapenn nan kè li kapab jwenn fòs pou li leve kanpe ankò. Men sa egzije yon chemen lafwa, solidarite ak aksyon ki klè. Esperans kretyèn nan pa vle di tann mal la disparèt san nou pa fè anyen. Se yon apèl pou nou konstwi, nan lafwa ak lajistis, yon sosyete kote lavi respekte, kote dwa plase pi wo pase fòs brital la, kote chak moun ap santi li reskonsab byennèt tout moun.

8 Nan sitiyasyon detrès n ap viv la, nou envite chak batize fè karèm sa a tounen yon tan konba espirityèl ak angajman klè, nan jèn ak lapriyè. Fas ak mal ki depase nou an, fòk nou rele Bondye san rete. Se pou legliz nou yo vin tounen espas lapriyè pou lapè. An nou ede viktim yo vrèman, an nou soutni moun yo ki pèdi tout sa yo te genyen yo, an nou fè aksyon pou nou soulaje pi fèb yo. An nou youn tounen pou lòt la : men k ap redrese, vwa k ap pote sekou.

9 Nan lannwit doulè sa a, vwa legliz la vle tounen vwa Kris la menm k ap mande pou nou pa bay laperèz, dezespwa ak rayisans legen. Karèm nan raple nou chemen nou pa fini devan lakwa : li mennen nou nan rezireksyon.

Kòm pèleren lesperans, an nou vanse sou chemen Pak sa a ki anonse viktwa lavi sou lanmò.

Se pou Nòtredam Pèpetyèl Sekou, Manman pèp nou an, akonpaye nou epi lapriyè pou nou.

Mesaj sa a soti nan Kay kote Evèk Katolik peyi Ayiti yo konn reyini, Lilavwa, jou ki 3 mas 2025 la.

Men siyati Evèk Katolik Ayiti yo :

 

Monseyè Max Leroy MESIDOR
♝ Achevèk Pòtoprens
✶ Prezidan CEH
Monseyè Pierre André DUMAS (Ospitalize)
♝ Evèk Ansavo ak Miragwan
✶ Visprezidan CEH
Monseyè Joseph Gontrand DECOSTE, SJ
♝ Evèk Jeremi
✶ Sekretè Jeneral CEH
Monseyè Désinord JEAN
♝ Evèk Ench
✶ Ekonòm CEH
Kadinal Chibly LANGLOIS
♝ Evèk Okay
✶ Konseye
Monseyè Marie Erick Glandas TOUSSAINT
♝ Evèk Jakmel
Monseyè Launay SATURNE
♝ Achevèk Okap Ayisyen
Monseyè Charles Peters BARTHELUS
♝ Evèk Pòdepè
Monseyè Yves Marie PÉAN, CSC
♝ Evèk Gonayiv
Monseyè Sander LOUIS-JEAN
♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens
Monseyè Quesnel ALPHONSE, SMM.
♝ Evèk Fòlibète
Monseyè Wismick JEAN-CHARLES, smm
♝ Evèk Oksilyè Pòtoprens