📂 Mesaj Konferans Ayisyen relijye yo (CHR) nan peyi Dayiti voye bay manm li yo ak tout lòt ki gen bòn volonte
📅 Texte publié le Dimanche 26 avril 2026 à 12h42
I.- Rèl tè a ak rèl pòv yo
Jodi a, tè nou an ap plenyen nan kè l. Depi nan Plèn Kil De Sak rive nan kwen ki pi blese nan Lwès, nan Sant ak nan Latibonit, peyi nou an tounen yon teren antrenman pou laterè. Frè ak sè nou yo, yo rache nan kay yo, ap fè moute desann, san yo pa gen yon kote pou yo kache kò yo.
Nan peyi Ayiti, sanble lanmo tounen yon règ pou moun viv, ak vyolans ki sèl modpas nou. Nou tounen yon sèn teyat, kote moun toupatou griyen dan sou nou, e jwenn plezi nan sa. Nou tounen yon pèp kote enterè pèsonèl ak egoyis pase anvan enterè tout lòt moun. Pov yo, ki se potre Bondye, trete kounyeya a tankou yon pakèt vye rad sal pou jete nan fatra. Yon peyi ki pa respekte ni moun, ni Bondye, ni Legliz, se yon nasyon k ap kouri toudwat nan lanmè kote li pral peri. Jan Pawol Bondye a raple nou sa: « Malere a rele, Bondye koute l, epi li sove l anba tout tray li yo » (Sòm 34, 6). (suite…)
La Conférence Haïtienne des Religieux apporte sa solidarité au réseau « Nos Petits Frères et Soeurs” ainsi qu’à la Fondation Saint-Luc suite à l’enlèvement suivi de la séquestration de huit personnes dont un enfant de trois (3) ans et une ressortissante irlandaise. Cet événement douloureux s’est produit dans la matinée du dimanche 3 août 2025 à l’orphelinat Sainte-Hélène d’Obléon, situé à Tèt Bwa Pen