📂 Nòt Konferans Episkopal d Ayiti a sou dènye dekrè Pouvwa Egzekitif la mete deyò nan Jounal Ofisyèl Peyi a
📅 Publié le Samedi 4 juillet 2020 à 10h39
Nan nòt sa a, nou menm, Evèk Katolik Ayiti yo, nou prezante salitasyon fratènèl nou bay fidèl nou yo epi tout konpatriyòt nou yo. Nan jou difisil sa yo, lespri nou tout boulvèse akoz tout mal k ap minen Nasyon nou an ak tè nou an. Nou pa ka pa atire atansyon chak grenn konpatriyòt sou danje ki riske plonje Ayiti ak tout pitit li yo pi fon nan bouyay ak dezòd. Nou vle pale sou kèk atik nan dekrè ki gen pou wè ak Nimewo Idantifikasyon Nasyonal Inik la ak Kat Idantifikasyon Inik la, men tou lòt Pwojè Lwa sou Nouvo Kòd Penal la. Nan dekrè sa yo, gen kèk atik ki manyen nati imanite nou an, kilti nou, lafwa nou ak sosyete nou an. Atik sa yo pa ta dwe soti san yon chita pale ak moun yo ki konsène yo.
Fason yo kouri aji san chèche konnen kiyès ki pou ak kiyès ki kont la, san chèche konnen kisa gason ak fanm avize Nasyon an panse, deja montre feblès ak ensètitid ki bò kote dirijan nou yo. (suite…)
Ce dimanche 31 mai, c’est la fête des mères haïtiennes.
Kowonaviris te ekziste anvan jounen jodiya sou anpil lòt fòm. Gen ladan ki te jis bay moun ki genyen li yon rim sèvo. Gen lòt ki te pi grav pou moun ki trape li. Tankou, pa ekzanp, sa ki te parèt nan peyi Lachin en 2002 a e ki te bay moun lafyév, yon tous sèch, doulè nan tout kò yo e gwo pwoblèm pou respire.
Le monde, depuis quelques semaines, ne vit pas seulement au ralenti, il est, dans la majorité des régions, immobilisé avec des confinements ou des mises en quarantaine collective. Il est, de plus, financièrement destabilisé.