Discours du Premier ministre de facto, Ariel Henry, le 1er janvier 2024

Le texte suivant est le discours prononcé par le premier ministre de facto, Ariel Henry, le premier janvier 2024, jour de notre Indépendance. Un discours qui ne semble pas venir d’un leader, avec un plan d’action pour résoudre les nombreux problèmes auxquels est confronté le pays. Il est d’ailleurs lu sans état d’âme avec, ici et là, des bredouillements.

En l’écoutant on a l’impression qu’Ariel Henry est simplement un observateur qui s’érige en conseiller, sans pourtant s’impliquer. Le peuple haïtien, qui est la grande victime de l’insécurité engendrée par les gangs armés, s’attend à beaucoup mieux de celui qui prétend être son leader. Son manque de respect pour le gouvernement de facto est patent. Le premier ministre lui-même reconnait que son gouvernement, façade de l’État, n’est pas respecté. « 2024 se ane nou dwe refè eskanp figi Leta e fè tout moun rèspèkte l patou nan peyi a. » dit-il à un certain point de son discours.

En ce 220è anniversaire, le premier ministre aurait mieux fait de se taire. Ce serait d’ailleurs un signe de cohérence avec sa décision de ne pas se rendre dans la Cité de l’Indépendance pour un tel anniversaire. Il a décidé de parler! Alors, accompagné d’un enregistrement audio, nous publions le texte du discours pour l’histoire.


Enregistrement audio du discours:

Mes chères concitoyennes,
Mes chers concitoyens,

Ane sa a mwen pat anvi fè yon diskou byen long, pou redi menm bagay nou abitye tande chak premye janvye. Mais, 2024 est une année charnière dans notre histoire.

2024 est une année au cours de laquelle nous aurons à relever ensemble de grands défis.

An 2024, Ayiti dwe reprann desten li nan men li.

Jan nou te gen tradisyon fè sa, premye janvye, nou dwe lave e netwaye kay la. Nou dwe bale wouze, chanje mèb yo plas, epi mete lòd nan kay la.

An 2024, Abraham di sètase. Se pou tout moun wè Ayiti deside pran chimen chanjman tout bon vre.

2024 se ane pou konbit chanjman an lanse, san gade dèyè.

Jou a rive pou Ayiti sòti nan ensekirite, nan zafè pa bon. Lanbi rasanbleman an sonnen pou tèt ansanm lan tounen yon reyalite.

Tout moun dakò sitiyasyon sa a pa ka rete konsa. Fòk sa chanje. Wout la difisil, men fòk nou mare senti nou pou nou ka rive fè chanjman tout moun ap swete a.

2024 se ane nou dwe refè eskanp figi Leta e fè tout moun rèspèkte l tou patou nan peyi a.

2024 doit être l’année du retour à la normale et du retour à la libre circulation des personnes et des biens.

L’année 2024 doit être l’année de la réconciliation nationale et du rassemblement de la famille haïtienne autour d’un projet commun.

2024 ap yon ane refleksyon, pou nou deside ansanm, kote nou vle ale ak peyi a,  Papa Dessalines kite pou nou an.

Ane sa a, objektif nou tout dwe : fè tout sa nou kapab pou remete Ayiti sou chimen demokrasi, rèspè konstitisyon ak lwa nou bay tèt nou, pou nou viv ansanm.

Peyi nou an gen anpil potansyèl ki ka pèmèt tout moun viv pi byen ladan l.

Nou ka rekòmanse atire envestisman, e fè touris retounen nan peyi a, nou ka fè Ayititounen yon destinasyon pèlerinaj pou tout peyi ki te viktim esklavaj vi n wè premye peyi ki te kase chèn lan. Yon aktivite konsa t ap onore zansèt nou yo e ka kreye anpil opòtinite pou nou bay jenès la travayak lespwa.

Pou nou rive chanje peyi a, fòk tout moun akepte respekte règ jwèt la.

Pou nou rive atenn objektif nou yo, fòk nou desitire ti gwoup moun ki deside sèvi ak zam pou yo teworize popilasyon an, touye moun pou gran mesi, kidnape moun,vyole fanm, anpeche ayisyen sikile lib e libè sou tè zansèt nou yo te batay pou kite pou nou.

Monopòl itilizasyon lafòs lejitim, se nan men Leta sa dwe rete. Nou pa ka kite nèg ak zam, fè moun kwè yo ka ranplase Leta, ni met nan tèt yo, yo k ap fè lalwa.

Espektak n ap bay jodi a, pa bon ditou. Mwen konprann nou fatige ak delenkan yo. Mwen konprann nou bouke ak zak bandi yo. Mwen konprann nou ta renmen sa chanje e pou sa chanje vit. Men nou paka fè sa nenpòt ki jan.

Solisyon pwoblèm sa yo, nou pap jwenn yo si n ap kontinye frajilize Leta a. Okontrè, se chèche pou nou chèche ansanm pi bon mwayen pou remete Leta a sou 2 pye li.

M ap raple tout aktè sou teren an, fè latwoublay, kreye kawo, panike pitit pèp la pap bay pouvwa. Nou wè sa.

Bon jan solisyon an, se nan kreye yon anviwònman favorab pou nou ka kontinye redrese ekonomi peyi a e kreye kondisyon pou pèp ayisyen ka chwazi lib e libè, ki fanm ak ki gason serye e konpetan li vle mete nan tèt peyi a nan kad eleksyon lib, san fòs kote.

Ane 2024 la, kè kalm, tèt frèt n ap ka rekòmanse sikile nan tout katye nan kapital la, e nan tout zòn nan peyi a. Tout danmijann gen bouchon l. Sak vle fè nou pè a, gen pou jwenn bouchon pa l tou.

Jodi a, nou pi pre jou peyi zanmi nou yo apvin bay fòs sekirite nou yo jarèt, pou yo ka kwape bandi ak tout gwoup ki nan aktivite ilegal, kontrebann, trafik zam ak minisyon, trafik moun, trafik dwòg.

M ap voye yon remèsiman spesyal, nan non tout pèp ayisyen an bay tout jenn fanm ak jenn gason ki nan fòs sekirite nou yo, kit se nan lame, kit se nan lapolis. Chak jou y ap riske vi yo, pou kontre kòn yo ak bandi. Y ap fè sa ak mwayen limite.

M ap salye kouraj yo ak detèminasyon yo. N ap salye memwa tout sa yo ki tonbe pandan sèvis yo. Nou pap lage fanmi yo.

Annatandan Misyon Sipò pou sekirite (MSS) la vini, gouvènman an ap fè tout sal kapab pou mete plis mwayen ak plis materyèl nan men fòs sekirite nou yo. Materyèl ki sot defile la yo, se twòkèt la, chay la dèyè.

Manm Gouvènman an sot bay egzanp la klè, pa gen pèsòn ki odesi lalwa. Fòk Konsey siperyè pouvwa jidisyè (CSPJ), kontwole sa k ap pase nan sistèm lan, e veye pou se pa lòt bagay k ap fèt. Se devwa gouvènman an pou l veye « à la bonne marche des institutions de la République ».

M ap redi l ankò : Gouvènman m ap dirije a kwè nan dyalòg e ouvè 2 bra l pou entegre tout konpatriyòt ki vle.

Depi Jamayik mwen te pwomèt pou elaji HCT a, pou te fè plis sèktè politik rantre nan gouvènman an, pou te demare pwosesis revizyon konstitisyon, pou nou lanse pwosesis elektoral la. Pandan plis pase 2 zan, nou fè tout sa nou te kapab pou nou mennen tout moun bò tab la. Nou deside avanse ak aktè ki vle yo. Lòt yo a rejwenn nou nan wout.

Nan mwa janvye 2024 la, nou detèminepou nou fè sa.

Frè m yo, sè m yo,

Se pa yon fatalite pou gen tout kantite konpatriyòt sa yo ki nan grangou. Ayiti gen kapasite pou li pwodui ase manje pou nouri tout pitit li. Si nou vle, nou ka rezoud pwoblèm lamanjay la, yon fwa pou tout.

Agrikilti mande dlo. M ap redi l ankò pèp ayisyen ka konte sou gouvènman an, pou li kontinye defann enterè Ayiti pou itilizasyon dúne façon équitable tout dlo nou pataje akvwazen nou. Se nan konsètasyon ant popilasyon ak otorite Leta yo, pou nou jere sa, san nou pa bezwen nan kont ak vwazennou.

M ap di tout peyizan, tout plantè, mèsi pou efò y ap kontinye fè pou bay tout peyi a manje.

M ap di nan non peyi a, mèsi a tout fanm ak òm dafè, komèsan fòmèl e enfòmèl ki kontinye ap bay popilasyon an sèvis, malgre tout difikilte y ap rankontre chak jou. Gras a yo, Ladwàn bat plizye rekònan resèt, malgre ekonomi an ap mache oralanti. Mwen swete ane 2024 la pote yon soulajman nan difikilte yo. Sitiyasyon an gen pou chanje, e m ap mande yo prepare yo, pou yo ka rekòmanse envèsti nan peyi a pou pwodui plis pou konsomasyon lokal la.

M ap voye yon gwo kout chapo bay anseyan ak pwofesè nou yo, sa ki chwazi rete nan peyi a pou kontinye pataje ak jenès nou an lepen delenstriksyon. Peyi a rekonèsan pou sakrifis nou.

Yon gwo mèsi a tout travayè ki nan sistèm sante a, k ap kontinye konbat kolera e bay popilasyon an swen sante. Gras a yo, n ap kontinye vaksine timoun yo.

Mwen vle pwofite okazyon sa a, pou m salye konpatriyòt nou yo ki nan dyaspora a. N ap travay pa bò isit, pou nan yon jouki pa twò lwen, sa ki vle ka retounen lakay, ka vin envèsti e vin pataje eksperyans yo ak konpetans yo ak nou, e pouki pa, vin patisipe nan politik peyi a tou.

Annatandan, n ap di yo mèsi pou tout sipò ak solidarite yo bay sè ak frè nou yo, sikonstans oblije yo kite Ayiti.

Mesdames, Messieurs,

Nous  célébrons aujourd’hui un moment exceptionnel dans notre histoire nationale, un moment qui a façonné notre identité et tracé le chemin vers un avenir de liberté et de dignité. Nos ancêtres ont proclamé la dignité de l’homme et ont érigé un phare de liberté qui brille encore aujourd’hui. Leur sacrifice et leur engagement envers la justice résonnent à travers les pages de notre histoire, et doivent constituer une source d’inspiration pour les générations à venir.

En tant que peuple libre et souverain, nous sommes les gardiens de cet héritage précieux. Nous sommes les héritiers de la lutte pour l’égalité, la justice et la liberté. Nous devons évaluer les défis auxquels nous sommes confrontés et renouveler notre engagement envers les idéaux qui ont guidé nos ancêtres.

Célébrer l’An 220e de notre indépendance est également un devoir de mémoire. En 1804, Haïti a posé un acte de bravoure qui a résonné bien au-delà de nos frontières, inspirant d’autres nations à s’engager sur le chemin de la liberté. Aujourd’hui, nous nous souvenons de Toussaint Louverture, de Jean-Jacques Dessalines, de Claire Heureuse, d’Henry Christophe, d’Alexandre Pétion, de Zabeth, de Capois La Mort, de Boisrond Tonnerre, de Denise Bazile dite Défilée la folle, ainsi que de toutes celles et de tous ceux qui ont contribué à forger notre nation.

Nous rendons hommage à ces héros de la révolution, à ces visionnaires qui ont cherché à édifier une société juste et équitable. En ce jour solennel, nous devons également reconnaître les lacunes et les contraintes auxquelles nous faisons face en tant que nation. Nous devons rester vigilants et déterminés à surmonter les obstacles qui entravent notre chemin.

Célébrer nos 220 ans d’indépendance ne devrait pas seulement être une rétrospective, mais aussi un appel à l’action. Nous devons nous engager à honorer l’héritage de nos ancêtres en œuvrant pour une Haïti plus forte, plus unie et plus prospère. Cela nécessite un effort collectif, une solidarité nationale qui transcende les divisions.

Ce premier janvier 2024 marque aussi les 120 ans de la première interprétation officielle de la Dessalinienne. Cet hymne,dont les paroles si bien chantées par ce groupe, nous galvanisent et nous rappellentchaque jour qui nous sommes, d’où nous venons, les promesses que nous noussommes faites, les obligations que nous avons les uns envers les autres et envers le monde.

1804, 1904, 2004, 2024 sont des jalons importants de notre vie de peuple qui nous invitent à la fois à une rétrospective et à une introspection sur nos manquements, notre difficulté à nous faire confiance, à nous parler, à nous mettre ensemble pour offrir le meilleur de nous-mêmes à notre pays.

L’année 2024, Année de la Mémoire, ramène également les 275 ans de la ville de Port-au-Prince. Capitale la plus peuplée de la Caraïbe, fondée en 1749, elle aura 300 ans dans 25 ans. Une prochaine fois,je vous soumettrai une idée, un projet ambitieux, qui devrait faire l’unanimité parmi nous, autour de la célébration de cette échéance.

Je veux réaffirmer ici, au nom de tout le gouvernement, notre engagement envers la démocratie, la transparence et la responsabilité. Nous devons consolider nos institutions, renforcer l’Etat de droit et promouvoir une gouvernance exemplaire pour répondre aux aspirations légitimes de notre peuple.

En ce jour où nous célébrons le début del’An 220e de notre indépendance, je vous exhorte à regarder vers l’avenir avec espoir. En honorant nos ancêtres, nous devons également préparer le terrain pour les générations futures, afin qu’elles puissent continuer à écrire l’histoire glorieuse de notre cher pays.

Frè m ak sè m yo,

Peyi nou gen poul pran yon lòt dirèksyon e retounen sou chimen demokrasi, Etadedwa ak pwosperite. Se nou tout ki pou pote kole.

Mwen envite tout moun nan tout rakwenpeyi a, moun nan tout kouch sosyal, moun tout tandans politik, pou nou refè inite ki te pèmèt zansèt nou yo ranpòte laviktwa, libere peyi e fè l pran yon lòt dirèksyon.

Ansanm nou ka bwè soup rèstorasyon peyi Dayiti.

Bonne Année. Bone fête de l’independance.
Vive Haiti!

Dr. Ariel Henry
1er janvier 2024