📂 Mesaj Monseyè Pierre-André Dumas a Pè ki nan Dyosèz li yo, depi yon lopital nan Miyami
📅 Texte publié le Jeudi 29 février 2024 à 11h00
Nòt Ayiti-Referans:
Jou kite 18 fevriye, Monseyè Pierre-André Dumas, ki se evèk dyosèz Ansavo ak Miragwàn, te sibi boule grav nan kò li apre yon eksplozyon nan kay kote li te ye a nan Petyonvil. Li te oblije al pran swen nan yon lopital ki nan vil Miyami yo rele Jackson Memorial Hospital.
Apre yon gwo kokenn chenn operasyon, premye panse li, kòm pastè, se pou dyosèz li a, espesyalman pou pè yo. Depi lopital la, li voye yon mesaj ba yo, ke n ap jwenn sou paj sa a sou fòm odyo e kòm teks.
Menm lè ou santi, lè w ap tande mesaj enpwovize a, ke li te anba rès efè anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirityèl ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon pastè ki gen lafwa ki t ap pale. Yon pastè ki t ap pale « collégialement » avèk pè li yo. Li rekonèt bon travay yo ap fè nan yon dyosèz tou nèf. Si ou tande, oubyen li mesaj la avèk atansyon, ou ka rekonèt tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen sò l, ni ap blame lòt pou sa li ap viv la.
Tande ou li mesaj la. Teks la se yon kopi de anrejistreman an. (suite…)
La Journée mondiale de la vie consacrée fut un des encouragements de l’Eglise Catholique envers les consacré(e)s. Elle a été initiée en 1997 sous le pointificat du pape Jean-Paul II qui avait alors souhaité que fût instituée une journée de remerciements pour ce précieux don qu’est la vie consacrée dans la personne des prêtres, religieux, religieuses et laics qui ont décidé de donner leur vie au Seigneur en le suivant de plus près.
Distingués Membres du Conseil d’Administration de l’UNIFA,
