{"id":55436,"date":"2026-11-28T19:53:10","date_gmt":"2026-11-29T00:53:10","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?p=55436"},"modified":"2026-11-28T21:04:43","modified_gmt":"2026-11-29T02:04:43","slug":"ceh-mesaj_nwel2026","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/","title":{"rendered":"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo"},"content":{"rendered":"<p class=\"recommended\">\u270d Note de Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\u00a0:<\/p>\n<div class=\"notation\">\n<p>K\u00f2m chak ane, nan k\u00f2mansman premye tan litijik la nou rele Lavan, Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo voye yon mesaj\u00a0 bay fid\u00e8l katolik yo, e tout moun ki gen bon volonte. Nan mesaj ane sa a, ki gen pou t\u00e8m \u00ab Limy\u00e8 a klere nan f\u00e8nwa a \u00bb (Jan 1,5), yo mande fr\u00e8 ak s\u00e8 yo pou yo kontinye bay lafwa yo jar\u00e8t, kenbe lesperans yo byen vivan, epi kontinye aji, oswa k\u00f2manse aji, k\u00f2m sitwayen responsab.<\/p>\n<p>Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t soufrans p\u00e8p ayisyen a ap sibi yo anpil. \u00a0Vyolans ak l\u00f2t zak krimin\u00e8l ap simaye laper\u00e8z toupatou. Yo kreye yon sitiyasyon kote moun pa santi yo an sekirite. Tout sa vin elaji \u00ab ravin rayisman \u00bb la, e f\u00e8 twou divizyon yo vin pi fon. Yo mande otorite yo pou yo pran mezi serye pou retabli yon Eta de dwa, konbat kriminalite, epi garanti bon kondisyon pou eleksyon yo prevwa \u00f2ganize yo ka f\u00e8t nan yon fason ki vr\u00e8man lib ak on\u00e8t.<\/p>\n<p>Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t genyen k\u00e8k mouvman k ap f\u00e8t nan bon direksyon an. Men yo souliye tou ke nou pa ka toujou ap mande peyi zanmi yo pou yo vin rezoud pwobl\u00e8m nou yo. Se responsablite chak sitwayen. Se sitou responsablite Leta. Kidonk, nou tout \u00a0dwe pran angajman nou oserye, e mete devwa nou opw\u00f2p.<\/p>\n<p>Nan yon sitiyasyon ki sanble ak yon nwit ki par\u00e8t tw\u00f2 long, yo ankouraje tout Ayisyen pou yo pa kite dekourajman anvayi k\u00e8 yo, men pou yo kontinye f\u00e8 ef\u00f2 pou bati yon sosyete ki chita sou lanmou, responsablite ak solidarite.<\/p>\n<p>L\u00e8t la fini ak yon souw\u00e8: Yo swete p\u00e8p la yon Nw\u00e8l 2026 ak yon Ane 2027 ki pote lap\u00e8 ak benediksyon Granm\u00e8t la sou Ayiti; yon Nw\u00e8l ki ka f\u00e8 yo rive w\u00e8 limy\u00e8 yon b\u00e8l douvanjou.<\/p>\n<p>Nou envit nou li mesaj la.<\/p>\n<\/div>\n<p><!--more--><\/p>\n<p id=\"more\" class=\"texte_recu\">Nou resevwa t\u00e8ks sa a jou ki te samdi 28 novanm 2026<\/p>\n<h5 style=\"text-align: center;\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" width=\"825\" height=\"236\" id=\"texte\" class=\"aligncenter size-large wp-image-32025\" src=\"\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg\" alt=\"\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg 825w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-300x86.jpg 300w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-500x143.jpg 500w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-150x43.jpg 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 825px) 100vw, 825px\" \/><\/h5>\n<h4 style=\"text-align: center;\">P\u00e8 yo, Relijye yo, Relijyez yo,<br \/>\nGason ak Fanm b\u00f2n volonte yo<\/h4>\n<p style=\"text-align: center;\"><span style=\"color: #ff0000;\">\u00ab Limy\u00e8 a klere nan f\u00e8nwa a \u00bb <\/span><\/p>\n<p style=\"text-align: center;\">(Evanjil de Jan 1, 5)<\/p>\n<p>Fr\u00e8 n ak S\u00e8 n yo,<\/p>\n<div class=\"justify\">\n1. Nan tan sa a kote n ap prepare f\u00e8t Nesans Sov\u00e8 nou an, nou menm Ev\u00e8k Konferans Episkopal Ayiti yo, vle f\u00e8 nou santi nou tou pre nou. Epi, av\u00e8k mesaj sa a, nou vle ranf\u00f2se lesperans nou pandan n ap kite je nou fikse sou Jezikri, Limy\u00e8 ki klere nan f\u00e8nwa a. Nan limy\u00e8 sa a, se Bondye menm ki vin tabli kay li nan mitan p\u00e8p li a (cf. Jan 1,14). Tan beni Lavan an envite nou akeyi li jan pwof\u00e8t Izayi di l, ak jan Janbatis repete l, l\u00e8 li mande: \u00ab Prepare chemen Granm\u00e8t la, f\u00e8 santye li yo vin dwat. Tout ravin ap plen, tout m\u00f2n ak tout ti m\u00f2n ap vin plat \u00bb (Lik 3,4-5; cf. Izayi 40,3-4). Pou nou reponn ap\u00e8l sa a, nou pwopoze ane sa a 4 konp\u00f2tman enp\u00f2tan pou P\u00e8p Bondye a k ap tann Granm\u00e8t la : Rete vijilan, prepare k\u00e8 nou, kons\u00e8ve lajwa nan k\u00e8 nou, epi akeyi JeziKri ak yon lafwa f\u00e8m. Se sou chemen sa yo n ap avanse pou nou rankontre Sov\u00e8 a k ap vini an.<\/p>\n<p>2. Nan f\u00e8t Nw\u00e8l la, Bondye depase tout lojik nou menm moun pou li vin rankontre nou nan reyalite lavi nou. Li te tounen moun tankou nou pou chak moun kapab dekouvri diyite li k\u00f2m pitit Bondye. Konsa, k\u00f2m past\u00e8 nou, pandan n ap kontanple kr\u00e8ch la, n ap gade nou tou nou menm fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo. Gwo epr\u00e8v n ap sibi yo pote anpil doul\u00e8 nan k\u00e8 nou. Nan 10 dyos\u00e8z peyi a, nou f\u00e8 youn ak nou nan tout soufrans ak lapenn vyolans gwoup ame yo lak\u00f2z chak jou. Ap\u00e8l pou nou prepare chemen Granm\u00e8t la envite nou akeyi JeziKri, Emany\u00e8l ki vle di Bondye av\u00e8k nou. Men ap\u00e8l sa a envite nou tou pou nou louvri chemen lavi ak lespwa pou peyi nou an: bouche ravin rayisman yo, bouche ravin divizyon yo; relouvri wout ki mennen nan vil pwovens yo; netwaye katye yo epi rebati espas vyolans defigire yo; retabli tout mwayen kominikasyon ak transp\u00f2 avyon nan ayewop\u00f2 ent\u00e8nasyonal kapital peyi a.<\/p>\n<p>3. L\u00e8 yon fr\u00e8 oubyen yon s\u00e8 vin pote nou sekou nan mitan detr\u00e8s nou yo, f\u00e8nwa lannwit la pa menm jan ank\u00f2. Li klere tankou limy\u00e8 douvanjou k ap dispar\u00e8t f\u00e8nwa. Se pout\u00e8t sa, nou pa kapab f\u00e8men je sou pwogr\u00e8 ki f\u00e8t nan lit kont vyolans av\u00e8g k ap dechire lavi p\u00e8p nou an depi anpil lane. Sa a se rezilta angajman serye anpil fr\u00e8 ak s\u00e8 ki konprann chay kwa p\u00e8p nou an ap pote epi deside pote nou sekou. Nou gen larekonesans pou tout f\u00f2s sa yo ki soti nan l\u00f2t peyi, ansanm ak f\u00f2s nasyonal nou yo, ki riske lavi yo pou pwoteje p\u00e8p nou an epi ede peyi a leve kanpe ank\u00f2. Nou s\u00e8ten listwa peyi nou an ap sonje j\u00e8s solidarite, kouraj ak imanite sa yo. Men, f\u00f2 nou pa bliye: premye limy\u00e8 douvanjou a pa vle di gran jounen deja rive. Se pout\u00e8t sa, nou ankouraje tout akt\u00e8 ki kons\u00e8ne yo pou yo kontinye f\u00e8 jef\u00f2 ak anpil kouraj. Peyi a dwe rive nan limy\u00e8 yon vr\u00e8 chanjman ki garanti sekirite a, retabli otorite Leta a, mete sist\u00e8m jistis la kanpe, repare t\u00f2 yo, epi rekoud sosyete a.<\/p>\n<p>4. Solidarite peyi zanmi yo se yon kado tout bon vre ki gen anpil val\u00e8 epi moun ap toujou sonje l. Se nou tout pitit peyi a ki dwe pran responsablite f\u00e8 nasyon an leve kanpe. Men se otorite piblik yo ki pote responsblite sa a an premye. Leta a pa gen l\u00f2t chwa. Li dwe retounen pran kontw\u00f2l katye yo yon fwa pou tout. Li dwe ranf\u00f2se z\u00f2n ki deja sekirize yo epi retabli s\u00e8vis esansy\u00e8l yo pou popilasyon an kapab viv av\u00e8k diyite. Konsa, okenn gwoup ame pap kapab enpoze lwa pa yo ank\u00f2. Menm jan tou, nou mande otorite yo pou yo pran mezi ki f\u00e8m epi k ap bay rezilta, pou bloke sikilasyon zam ak minisyon, ranf\u00f2se siveyans p\u00f2 yo, fwonty\u00e8 yo ak s\u00e8vis ladw\u00e0n yo, epi mete yon bout nan tout trafik k ap alimante vyolans la. Tout moun ki kom\u00e8t zak krimin\u00e8l sa yo ansanm ak tout konplis yo dwe rann kont devan lajistis.<\/p>\n<p>5. Pou sa ki gade eleksyon yo, sa f\u00e8 anviwon 10 lane depi otorite ki pase nan t\u00e8t Leta a pa kreye kondisyon pou p\u00e8m\u00e8t sitwayen yo ekz\u00e8se dwa yo pou yo vote. Li l\u00e8 li tan pou popilasyon an pran chemen biwo v\u00f2t pou l tounen s\u00e8l akt\u00e8 nan chwazi moun li vle pou dirije l. Nou envite chak sitway\u00e8n ak chak sitwayen pou yo s\u00e8vi ak bilten v\u00f2t yo av\u00e8k yon konsyans kl\u00e8, av\u00e8k kouraj ak det\u00e8minasyon pou prepare yon l\u00f2t avni pou peyi a. Sa mande pou l\u00e8 moman an rive, tout sila yo ki gen laj pou sa al vote pou chwazi moun k ap gen pou vin dirije nou. Men, pou tout sa rive posib, f\u00f2k popilasyon an, k\u00e8lkeswa kote l twouve l nan peyi a kapab deplase lib e lib\u00e8 san k\u00e8 sote. Sa se yon kondisyon priyorit\u00e8, yon kondisyon neses\u00e8.<\/p>\n<p>6. Fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo, sitiyasyon n ap viv jounen jodiya sanble ak yon nwit ki long anpil. Men se nan mitan lannwit lan menm JeziKri vin klere fas t\u00e8 a ki te plonje nan f\u00e8nwa. Konsa, nou ka tande ap\u00e8l pwof\u00e8t Izayi a k ap k\u00f2nen nan z\u00f2r\u00e8y nou : \u00ab Leve kanpe, klere, men Limy\u00e8 w la k ap briye, k ap klere \u00bb (Izayi 60, 1). F\u00e8t Nw\u00e8l la pa s\u00e8lman yon konsolasyon, men tou li se yon ap\u00e8l pou nou tounen \u00ab limy\u00e8 t\u00e8 a \u00bb (Matye 5, 14). Nan chak k\u00e8 ki vire gade Granm\u00e8t la nan lapriy\u00e8, nan chak vizaj ki montre renmen pou l\u00f2t la, nan chak men kap pran swen sila yo ki malad oubyen k ap simen pou yon demen miy\u00f2, chak fwa nou refize lavyolans, gen yon ti flanm ki limen, kap kwape f\u00e8nwa. Nou se p\u00e8p ki gen lafwa, yon p\u00e8p ki gen lesperans, nou p ap kite f\u00f2s mal la pote laviktwa. (cf Women 12, 21) !<\/p>\n<p>7. Pandan n ap prepare nou pou nou antre nan yon lane tou n\u00e8f, n ap kite je nou fikse sou JeziKri. Nou p ap kite lap\u00e8r\u00e8z f\u00e8 dap piyanp sou lesperans nou, nou p ap kite rayisans toufe renmen Bondye mete nan k\u00e8 nou pou nou viv tankou fr\u00e8 ak s\u00e8, nou p ap kite vyolans f\u00e8 nou bliye nou se moun Bondye kreye p\u00f2tre ak Li. Mal la p ap janm triyonfe. F\u00e8nwa p ap janm gen d\u00e8nye mo a : JeziKri se limy\u00e8 nou, yon limy\u00e8 ki p ap janm etenn.<\/p>\n<p>8. Fr\u00e8 ak s\u00e8 nou renmen anpil yo, nou swete nou tout yon lane tou n\u00e8f tankou yon kaye tou n\u00e8f kote nou pral ekri ansanm listwa yon Ayiti ki transf\u00f2me, yon Ayiti k ap viv nan lap\u00e8. Nou rem\u00e8t peyi a nan men Manman N\u00f2treDam P\u00e8pety\u00e8l Sekou, Patw\u00f2n nou. Nou rem\u00e8t peyi a tou nan men Sen Joz\u00e8f, ki te toujou ap veye sou Jezi nan tout moman f\u00e8nwa yo. Se pou JeziKri, Limy\u00e8 ki soti nan Limy\u00e8 a, klere sou nou chak ak sou nou tout ! Nou swete tout moun yon B\u00f2n f\u00e8t Nw\u00e8l 2026 ki pote k\u00e8 kontan. Nou swete tout moun yon b\u00f2n Ane 2027 chaje ak lagras ak benediksyon. Se pou Bondye Granm\u00e8t la beni epi pwoteje Ayiti ! Se pou Bondye Granm\u00e8t la beni epi pwoteje p\u00e8p Ayisyen an !<\/p>\n<p>Mesaj sa a soti nan Kay kote Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti yo konn reyini, jou ki 27 Novanm 2026 la, nan okazyon f\u00e8t N\u00f2treDam Meday Mirakilez.\n<\/p><\/div>\n<p>Men siyati Ev\u00e8k Katolik Ayiti yo ki siyen mesaj la<\/p>\n<table id=\"mytable\">\n<tbody>\n<tr style=\"border-bottom: none;\">\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Max Leroy MESIDOR<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k P\u00f2toprens<br \/>\n\u2736 Prezidan CEH<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 DUMAS (Ospitalize)<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ansavo ak Miragwan<br \/>\n\u2736 Visprezidan CEH<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Joseph Gontrand DECOSTE, SJ<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jeremi<br \/>\n\u2736 Sekret\u00e8 Jeneral CEH<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 D\u00e9sinord JEAN<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ench<br \/>\n\u2736 Ekon\u00f2m CEH<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Kadinal Chibly LANGLOIS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Okay<br \/>\n\u2736 Konseye<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Marie Erick Glandas TOUSSAINT<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jakmel<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Launay SATURNE<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k Okap Ayisyen<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Charles Peters BARTHELUS<br \/>\n<\/strong>\u265d Ev\u00e8k P\u00f2dep\u00e8<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Yves Marie P\u00c9AN, CSC<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Gonayiv<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Wismick JEAN-CHARLES, smm<br \/>\n<\/strong>\u265d Ev\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Sander LOUIS-JEAN<br \/>\n<\/strong>\u265d Ev\u00e8k F\u00f2lib\u00e8te<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Quesnel ALPHONSE, SMM.<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Emerit F\u00f2lib\u00e8te<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<p><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"size-full wp-image-34985 aligncenter\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png\" alt=\"\" width=\"202\" height=\"184\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png 202w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau-150x137.png 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 202px) 100vw, 202px\" \/><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>K\u00f2m chak ane, nan k\u00f2mansman premye tan litijik la nou rele Lavan, Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo voye yon mesaj\u00a0 bay fid\u00e8l katolik yo, e tout moun ki gen bon volonte. Nan mesaj ane sa a, ki gen pou t\u00e8m \u00ab Limy\u00e8 a klere nan f\u00e8nwa a \u00bb (Jan 1,5), yo mande fr\u00e8 ak s\u00e8 yo pou yo kontinye bay lafwa yo jar\u00e8t, kenbe lesperans yo byen vivan, epi kontinye aji, oswa k\u00f2manse aji, k\u00f2m sitwayen responsab.<\/p>\n<p>Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t soufrans p\u00e8p ayisyen a ap sibi yo anpil.\u00a0Vyolans ak l\u00f2t zak krimin\u00e8l ap simaye laper\u00e8z toupatou. Yo kreye yon sitiyasyon kote moun pa santi yo an sekirite. Tout sa vin elaji \u00ab ravin rayisman \u00bb la, e f\u00e8 twou yo divizyon vin pi fon. Yo mande otorite yo pou yo pran mezi serye pou retabli yon Eta de dwa, konbat kriminalite, epi garanti bon kondisyon pou eleksyon yo prevwa \u00f2ganize yo ka f\u00e8t nan yon fason ki vr\u00e8man lib ak on\u00e8t.<\/p>\n<p>Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t genyen k\u00e8k mouvman k ap f\u00e8t nan bon direksyon an. Men yo souliye tou ke nou pa ka toujou ap mande peyi zanmi yo pou yo vin rezoud pwobl\u00e8m nou yo. Se responsablite chak sitwayen. Se sitou responsablite Leta. Kidonk, nou tout \u00a0dwe pran angajman nou oserye, e mete devwa nou opw\u00f2p.<\/p>\n<p>Nan yon sitiyasyon ki sanble ak yon nwit ki par\u00e8t tw\u00f2 long, yo ankouraje tout Ayisyen pou yo pa kite dekourajman anvayi k\u00e8 yo, men pou yo kontinye f\u00e8 ef\u00f2 pou bati yon sosyete ki chita sou lanmou, responsablite ak solidarite.<\/p>\n<p>L\u00e8t la fini ak yon souw\u00e8: Yo swete p\u00e8p la yon Nw\u00e8l 2026 ak yon Ane 2027 ki pote lap\u00e8 ak benediksyon Granm\u00e8t la sou Ayiti; yon Nw\u00e8l ki ka f\u00e8 yo rive w\u00e8 limy\u00e8 yon b\u00e8l douvanjou.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,82,1677,1267],"tags":[383],"class_list":["post-55436","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-lettres-pastorales","category-temps-de-lavent","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v28.9 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"K\u00f2m chak ane, nan k\u00f2mansman premye tan litijik la nou rele Lavan, Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo voye yon mesaj\u00a0 bay fid\u00e8l katolik yo, e tout moun ki gen bon volonte. Nan mesaj ane sa a, ki gen pou t\u00e8m \u00ab Limy\u00e8 a klere nan f\u00e8nwa a \u00bb (Jan 1,5), yo mande fr\u00e8 ak s\u00e8 yo pou yo kontinye bay lafwa yo jar\u00e8t, kenbe lesperans yo byen vivan, epi kontinye aji, oswa k\u00f2manse aji, k\u00f2m sitwayen responsab.  Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t soufrans p\u00e8p ayisyen a ap sibi yo anpil.\u00a0Vyolans ak l\u00f2t zak krimin\u00e8l ap simaye laper\u00e8z toupatou. Yo kreye yon sitiyasyon kote moun pa santi yo an sekirite. Tout sa vin elaji \u00ab ravin rayisman \u00bb la, e f\u00e8 twou yo divizyon vin pi fon. Yo mande otorite yo pou yo pran mezi serye pou retabli yon Eta de dwa, konbat kriminalite, epi garanti bon kondisyon pou eleksyon yo prevwa \u00f2ganize yo ka f\u00e8t nan yon fason ki vr\u00e8man lib ak on\u00e8t.  Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t genyen k\u00e8k mouvman k ap f\u00e8t nan bon direksyon an. Men yo souliye tou ke nou pa ka toujou ap mande peyi zanmi yo pou yo vin rezoud pwobl\u00e8m nou yo. Se responsablite chak sitwayen. Se sitou responsablite Leta. Kidonk, nou tout \u00a0dwe pran angajman nou oserye, e mete devwa nou opw\u00f2p.  Nan yon sitiyasyon ki sanble ak yon nwit ki par\u00e8t tw\u00f2 long, yo ankouraje tout Ayisyen pou yo pa kite dekourajman anvayi k\u00e8 yo, men pou yo kontinye f\u00e8 ef\u00f2 pou bati yon sosyete ki chita sou lanmou, responsablite ak solidarite.  L\u00e8t la fini ak yon souw\u00e8: Yo swete p\u00e8p la yon Nw\u00e8l 2026 ak yon Ane 2027 ki pote lap\u00e8 ak benediksyon Granm\u00e8t la sou Ayiti; yon Nw\u00e8l ki ka f\u00e8 yo rive w\u00e8 limy\u00e8 yon b\u00e8l douvanjou.\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/\" \/>\n<meta property=\"og:site_name\" content=\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2026-11-29T00:53:10+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2026-11-29T02:04:43+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"9 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/1836a2d51dedbda7a5abefec7fd5d126\"},\"headline\":\"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo\",\"datePublished\":\"2026-11-29T00:53:10+00:00\",\"dateModified\":\"2026-11-29T02:04:43+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/\"},\"wordCount\":1864,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\",\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"Lettres pastorales\",\"Temps de l'Avent\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/\",\"name\":\"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\",\"datePublished\":\"2026-11-29T00:53:10+00:00\",\"dateModified\":\"2026-11-29T02:04:43+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\"},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2026\\\/11\\\/28\\\/ceh-mesaj_nwel2026\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/1836a2d51dedbda7a5abefec7fd5d126\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","og_description":"K\u00f2m chak ane, nan k\u00f2mansman premye tan litijik la nou rele Lavan, Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo voye yon mesaj\u00a0 bay fid\u00e8l katolik yo, e tout moun ki gen bon volonte. Nan mesaj ane sa a, ki gen pou t\u00e8m \u00ab Limy\u00e8 a klere nan f\u00e8nwa a \u00bb (Jan 1,5), yo mande fr\u00e8 ak s\u00e8 yo pou yo kontinye bay lafwa yo jar\u00e8t, kenbe lesperans yo byen vivan, epi kontinye aji, oswa k\u00f2manse aji, k\u00f2m sitwayen responsab.  Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t soufrans p\u00e8p ayisyen a ap sibi yo anpil.\u00a0Vyolans ak l\u00f2t zak krimin\u00e8l ap simaye laper\u00e8z toupatou. Yo kreye yon sitiyasyon kote moun pa santi yo an sekirite. Tout sa vin elaji \u00ab ravin rayisman \u00bb la, e f\u00e8 twou yo divizyon vin pi fon. Yo mande otorite yo pou yo pran mezi serye pou retabli yon Eta de dwa, konbat kriminalite, epi garanti bon kondisyon pou eleksyon yo prevwa \u00f2ganize yo ka f\u00e8t nan yon fason ki vr\u00e8man lib ak on\u00e8t.  Ev\u00e8k yo rekon\u00e8t genyen k\u00e8k mouvman k ap f\u00e8t nan bon direksyon an. Men yo souliye tou ke nou pa ka toujou ap mande peyi zanmi yo pou yo vin rezoud pwobl\u00e8m nou yo. Se responsablite chak sitwayen. Se sitou responsablite Leta. Kidonk, nou tout \u00a0dwe pran angajman nou oserye, e mete devwa nou opw\u00f2p.  Nan yon sitiyasyon ki sanble ak yon nwit ki par\u00e8t tw\u00f2 long, yo ankouraje tout Ayisyen pou yo pa kite dekourajman anvayi k\u00e8 yo, men pou yo kontinye f\u00e8 ef\u00f2 pou bati yon sosyete ki chita sou lanmou, responsablite ak solidarite.  L\u00e8t la fini ak yon souw\u00e8: Yo swete p\u00e8p la yon Nw\u00e8l 2026 ak yon Ane 2027 ki pote lap\u00e8 ak benediksyon Granm\u00e8t la sou Ayiti; yon Nw\u00e8l ki ka f\u00e8 yo rive w\u00e8 limy\u00e8 yon b\u00e8l douvanjou.","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/","og_site_name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","article_published_time":"2026-11-29T00:53:10+00:00","article_modified_time":"2026-11-29T02:04:43+00:00","og_image":[{"url":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","type":"","width":"","height":""}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"9 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/1836a2d51dedbda7a5abefec7fd5d126"},"headline":"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo","datePublished":"2026-11-29T00:53:10+00:00","dateModified":"2026-11-29T02:04:43+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/"},"wordCount":1864,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","Lettres pastorales","Temps de l'Avent","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/","name":"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","datePublished":"2026-11-29T00:53:10+00:00","dateModified":"2026-11-29T02:04:43+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#primaryimage","url":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png"},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2026\/11\/28\/ceh-mesaj_nwel2026\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Nw\u00e8l 2026 : Konferans Ev\u00e8k Ayiti yo"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/1836a2d51dedbda7a5abefec7fd5d126","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/55436","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=55436"}],"version-history":[{"count":4,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/55436\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":55468,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/55436\/revisions\/55468"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=55436"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=55436"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=55436"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}