{"id":52123,"date":"2025-03-03T16:50:31","date_gmt":"2025-03-03T21:50:31","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?p=52123"},"modified":"2025-03-03T22:14:59","modified_gmt":"2025-03-04T03:14:59","slug":"mesaj-evek-katolik-karem-2025","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/","title":{"rendered":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la"},"content":{"rendered":"<p class=\"recommended\">\u270d Entwodiksyon:<\/p>\n<div class=\"translation\" style=\"color: #7c1803;\">\n<p>Teks w ap jwenn apre n\u00f2t sa a se yon mesaj ev\u00e8k katolik an Ayiti yo ekri pou tan Kar\u00e8m 2025 lan pou p\u00e8p Ayisyen, pou sila yo ki vle mache sou tras Bondye, e tout moun ki gen b\u00f2n volonte. Ev\u00e8k yo ki ap viv chak jou sitiyasyon malouk peyi yo a, envite e ankouraje p\u00e8p la pou yo viv tan sa a tankou yon gwo peleninaj espirity\u00e8l e pou yo pran yon konp\u00f2tman moun ki vle repanti tout bon vre, pandan y ap f\u00e8 gwo chanjman nan lavi yo.<\/p>\n<p>Pou f\u00e8 sa, f\u00f2 chak moun k\u00f2manse bat lestomak yo e pran responsablite yo pou fini ak briganday ki tabli nan peyi a. Se s\u00e8l jan pou yo rive prepare t\u00e8t yo pou yo ka gen yon losy\u00e8 nan gwo pwom\u00e8s k\u00e8 kontan Jezikri f\u00e8 nou l\u00e8 li te mouri sou kwa a e resisite 3 jou apre.<\/p>\n<p>Pou rive la, f\u00f2 nou k\u00f2manse pa f\u00e8 yon leve kanpe ak labany\u00e8 lafwa nou nan men nou e f\u00e8 l\u00f2t konnen nou pran desizyon pou anpeche peyi a fini n\u00e8t nan men nou.<\/p>\n<p>Se defi sa yo, nan sitiyasyon Ayiti a e nan ane jibile a, ev\u00e8k yo mete devan nou: Kov\u00e8syon, Solidarite, Espwa, Rezistans, Angajman kl\u00e8 e Rekonsilyuasyon.<\/p>\n<p>Men dokiman an san manke yon mo&#8230;<\/p>\n<\/div>\n<p><!--more--><\/p>\n<p id=\"more\" class=\"texte_recu\">Nou resevwa teks sa a lendi 3 mas 2025<\/p>\n<p><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" width=\"825\" height=\"236\" id=\"texte\" class=\"aligncenter size-large wp-image-32025\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg\" alt=\"\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg 825w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-300x86.jpg 300w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-500x143.jpg 500w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-150x43.jpg 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 825px) 100vw, 825px\" \/><\/p>\n<h5 style=\"text-align: center; color: #330000; letter-spacing: 1.3px;\">POU P\u00c8P BONDYE A:<br \/>\nP\u00c8 YO, M\u00c8 YO, FR\u00c8 YO,<br \/>\nFID\u00c8L LAYIK YO AK TOUT MOUN KI GEN B\u00d2N VOLONTE<\/h5>\n<p class=\"quote_source\">P\u00e8leren lesperans, an nou pran chimen limy\u00e8 Pak Granm\u00e8t la!<\/p>\n<div class=\"justify\">\n<p><img decoding=\"async\" class=\"alignleft size-medium wp-image-52131\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2025\/03\/karem2025-360x261.jpg\" alt=\"\" width=\"250\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2025\/03\/karem2025-360x261.jpg 360w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2025\/03\/karem2025.jpg 385w\" sizes=\"(max-width: 360px) 100vw, 360px\" \/><span class=\"padded-dropcap\">1<\/span> Tan kar\u00e8m nan rive sou nou ane sa nan kont\u00e8ks Ane jibil\u00e8 2025 la. Pap Franswa envite nou viv Ane lagras ak transf\u00f2masyon sa a nan lesperans. Konsa, nou tout envite pou nou f\u00e8 Pak sa a tounen yon veritab pelerinaj espirity\u00e8l k ap mennen nou nan Pak Jezi Kri a, vr\u00e8 sous esperans nou.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">2<\/span> Nan sitiyasyon patikilye Ayiti ye a, n ap viv tan kar\u00e8m sa a tankou yon vr\u00e8 chemen penitans. Sa f\u00e8 deja tw\u00f2 lontan depi n ap konnen soufrans san par\u00e8y sa a ki make ak move t\u00e8r\u00e8 vyolans yo, mechanste gwoup ame yo ak konp\u00f2tman pouryanis oswa enpisans moun ki ta dwe garanti lajistis ak lap\u00e8 nan peyi a. Menm jan ak l\u00e8 p\u00e8p Izray\u00e8l la t ap kouri pou miz\u00e8 Lejip t ap f\u00e8 l pase oswa l\u00e8 l\u00f2t nasyon l\u00e8nmi te konn anvayi li, n ap viv yon moman kote f\u00f2s f\u00e8nwa yo sanble dechennen, kote san inosan yo ap pouse kout r\u00e8l monte nan sy\u00e8l la.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">3<\/span> Chak Ayisyen dwe santi li kons\u00e8ne epi endiye pout\u00e8t ravaj sa a peyi nou an ap sibi a. Yo detwi, sou tout f\u00f2m epi yon fason \u00f2ganize, anpil estrikti enp\u00f2tan nan lavi peyi a, espas ki gen pou w\u00e8 ak lasante (lopital, famasi, laboratwa medikal) ak espas ki gen pou w\u00e8 ak ledikasyon (bibliyot\u00e8k, lek\u00f2l, iniv\u00e8site), domaj k ap f\u00e8t sou lavi moun ki sakre. Nou pa gen mo pou nou pale sou zak malon\u00e8t sa a, kote yo pran yon ti bebe nan men manman li ak vyolans pou lage li nan dife devan je manman an ki, podyab, ap gade bagay t\u00e8rib sa a. Moun ki egzekite zak t\u00e8rib sa a ta dwe jije epi pini tousuit.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">4<\/span> Nivo mal k ap frape nou la a mande nou antre byen fon nan konsyans nou. Sila yo k ap detwi lavi epi touye r\u00e8v tout fanmi sa yo, p\u00e8di tout konsyans sa yo rele byen ak mal. Men egzistans moun sa yo tou se imaj yon sosyete malad, ki wonje ak enjistis, k\u00f2ripsyon ak lamiz\u00e8. Yo aji san p\u00e8, san krent, yo menm sanble moun ki byen pwoteje. Ki men ki kache d\u00e8y\u00e8 yo ? Pou kiy\u00e8s y ap travay nan egzekite pwoj\u00e8 destriksyon peyi nou renmen anpil la ? Moun ki gen pouvwa ak otorite pou mete fren nan aksyon y ap poze yo, poutan k ap gade yo k ap aji san f\u00e8 anyen, f\u00e8 t\u00e8t yo par\u00e8t konplis nan vye zak k ap f\u00e8t yo.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">5<\/span> Kar\u00e8m nan envite nou konv\u00e8ti. Chak moun, nan nivo pa li, dwe poze t\u00e8t li kesyon sa a : \u00e8ske mwen kite konp\u00f2tman pouryanis mwen oubyen laper\u00e8z anpeche mwen vin patizan lap\u00e8 ? \u00c8ske mwen pa kontribye, ak desizyon m yo, pou ranf\u00f2se enjistis k ap pran pye nan peyi a? Envitasyon pwof\u00e8t Jow\u00e8l la sonnen ak f\u00f2s pou nou : \u00ab kase t\u00e8t tounen vin jwenn mwen ak tout k\u00e8 nou, nan f\u00e8 j\u00e8n, kriye ak d\u00e8y. \u00bb (Jow\u00e8l 2, 12).<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">6<\/span> Fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo, mal\u00e8 frape nou men nou pa pou kont nou. Jezi Kri te f\u00e8 fas ak sa nan pasyon li l\u00e8 l te aksepte pote tout chay soufrans limanite sou do li. Pak li a se esperans nou. Li aprann nou vyolans ak lanm\u00f2 pa gen d\u00e8nye mo. Pak Kris la se viktwa sou f\u00e8nwa mal la.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">7<\/span> P\u00e8p nou an k ap kouri pasi pala ak lapenn nan k\u00e8 li kapab jwenn f\u00f2s pou li leve kanpe ank\u00f2. Men sa egzije yon chemen lafwa, solidarite ak aksyon ki kl\u00e8. Esperans krety\u00e8n nan pa vle di tann mal la dispar\u00e8t san nou pa f\u00e8 anyen. Se yon ap\u00e8l pou nou konstwi, nan lafwa ak lajistis, yon sosyete kote lavi respekte, kote dwa plase pi wo pase f\u00f2s brital la, kote chak moun ap santi li reskonsab byenn\u00e8t tout moun.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">8<\/span> Nan sitiyasyon detr\u00e8s n ap viv la, nou envite chak batize f\u00e8 kar\u00e8m sa a tounen yon tan konba espirity\u00e8l ak angajman kl\u00e8, nan j\u00e8n ak lapriy\u00e8. Fas ak mal ki depase nou an, f\u00f2k nou rele Bondye san rete. Se pou legliz nou yo vin tounen espas lapriy\u00e8 pou lap\u00e8. An nou ede viktim yo vr\u00e8man, an nou soutni moun yo ki p\u00e8di tout sa yo te genyen yo, an nou f\u00e8 aksyon pou nou soulaje pi f\u00e8b yo. An nou youn tounen pou l\u00f2t la : men k ap redrese, vwa k ap pote sekou.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">9<\/span> Nan lannwit doul\u00e8 sa a, vwa legliz la vle tounen vwa Kris la menm k ap mande pou nou pa bay laper\u00e8z, dezespwa ak rayisans legen. Kar\u00e8m nan raple nou chemen nou pa fini devan lakwa : li mennen nou nan rezireksyon.<\/p>\n<p>K\u00f2m p\u00e8leren lesperans, an nou vanse sou chemen Pak sa a ki anonse viktwa lavi sou lanm\u00f2.<\/p>\n<p>Se pou N\u00f2tredam P\u00e8pety\u00e8l Sekou, Manman p\u00e8p nou an, akonpaye nou epi lapriy\u00e8 pou nou.<\/p>\n<\/div>\n<p>Mesaj sa a soti nan Kay kote Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti yo konn reyini, Lilavwa, jou ki 3 mas 2025 la.<\/p>\n<p>Men siyati Ev\u00e8k Katolik Ayiti yo :<\/p>\n<p>&nbsp;<\/p>\n<table id=\"mytable\">\n<tbody>\n<tr style=\"border-bottom: none;\">\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Max Leroy MESIDOR<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k P\u00f2toprens<br \/>\n\u2736 Prezidan CEH<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 DUMAS (Ospitalize)<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ansavo ak Miragwan<br \/>\n\u2736 Visprezidan CEH<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Joseph Gontrand DECOSTE, SJ<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jeremi<br \/>\n\u2736 Sekret\u00e8 Jeneral CEH<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 D\u00e9sinord JEAN<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ench<br \/>\n\u2736 Ekon\u00f2m CEH<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Kadinal Chibly LANGLOIS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Okay<br \/>\n\u2736 Konseye<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Marie Erick Glandas TOUSSAINT<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jakmel<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Launay SATURNE<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k Okap Ayisyen<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Charles Peters BARTHELUS<br \/>\n<\/strong>\u265d Ev\u00e8k P\u00f2dep\u00e8<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Yves Marie P\u00c9AN, CSC<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Gonayiv<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Sander LOUIS-JEAN<br \/>\n<\/strong>\u265d Ev\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Quesnel ALPHONSE, SMM.<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k F\u00f2lib\u00e8te<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\">Monsey\u00e8 Wismick JEAN-CHARLES, smm<br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<p><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"size-full wp-image-34985 aligncenter\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png\" alt=\"\" width=\"202\" height=\"184\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png 202w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau-150x137.png 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 202px) 100vw, 202px\" \/><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Teks w ap jwenn apre n\u00f2t sa a se yon mesaj ev\u00e8k katolik an Ayiti yo ekri pou p\u00e8p Ayisyen, e sitou sila yo ki vle mache sou tras Bondye, pou tan Kar\u00e8m 2025 lan. Ev\u00e8k yo ki ap viv chak jou sitiyasyon malouk peyi yo a, envite e ankouraje p\u00e8p la  pou yo viv tan sa a tankou yon gwo peleninaj espirity\u00e8l e pou yo pran yon konp\u00f2tman moun ki vle repanti tout bon vre, pandan y ap f\u00e8 gwo chanjman nan lavi yo.<\/p>\n<p>Pou f\u00e8 sa, f\u00f2 chak moun k\u00f2manse bat lestomak yo e pran responsablite yo pou fini ak briganday ki tabli nan peyi a. Se s\u00e8l jan pou yo rive prepa t\u00e8t yo pou yo ka gen yon losy\u00e8 nan gwo pwom\u00e8s k\u00e8 kontan Jezikri f\u00e8 nou l\u00e8 li te mouri sou kwa a e resisite 3 jou apre.<\/p>\n<p>Pou rive la, f\u00f2 nou k\u00f2manse pa f\u00e8 yon leve kanpe ak labany\u00e8 lafwa nou nan men nou e f\u00e8 l\u00f2t konnen nou pran desizyon pou anpeche peyi a fini n\u00e8t nan men nou.<\/p>\n<p>Se defi sa yo, nan sitiyasyon Ayiti a e nan ane jibile a, ev\u00e8k yo mete devan nou: Kov\u00e8syon, Solidarite, Espwa, Rezistans e Rekonsilyuasyon&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,82,1617],"tags":[383],"class_list":["post-52123","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-lettres-pastorales","category-temps-de-careme","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.5 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Teks w ap jwenn apre n\u00f2t sa a se yon mesaj ev\u00e8k katolik an Ayiti yo ekri pou p\u00e8p Ayisyen, e sitou sila yo ki vle mache sou tras Bondye, pou tan Kar\u00e8m 2025 lan. Ev\u00e8k yo ki ap viv chak jou sitiyasyon malouk peyi yo a, envite e ankouraje p\u00e8p la pou yo viv tan sa a tankou yon gwo peleninaj espirity\u00e8l e pou yo pran yon konp\u00f2tman moun ki vle repanti tout bon vre, pandan y ap f\u00e8 gwo chanjman nan lavi yo.  Pou f\u00e8 sa, f\u00f2 chak moun k\u00f2manse bat lestomak yo e pran responsablite yo pou fini ak briganday ki tabli nan peyi a. Se s\u00e8l jan pou yo rive prepa t\u00e8t yo pou yo ka gen yon losy\u00e8 nan gwo pwom\u00e8s k\u00e8 kontan Jezikri f\u00e8 nou l\u00e8 li te mouri sou kwa a e resisite 3 jou apre.  Pou rive la, f\u00f2 nou k\u00f2manse pa f\u00e8 yon leve kanpe ak labany\u00e8 lafwa nou nan men nou e f\u00e8 l\u00f2t konnen nou pran desizyon pou anpeche peyi a fini n\u00e8t nan men nou.  Se defi sa yo, nan sitiyasyon Ayiti a e nan ane jibile a, ev\u00e8k yo mete devan nou: Kov\u00e8syon, Solidarite, Espwa, Rezistans e Rekonsilyuasyon...\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/\" \/>\n<meta property=\"og:site_name\" content=\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2025-03-03T21:50:31+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2025-03-04T03:14:59+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"825\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"236\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/jpeg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"6 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la\",\"datePublished\":\"2025-03-03T21:50:31+00:00\",\"dateModified\":\"2025-03-04T03:14:59+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/\"},\"wordCount\":1291,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"Lettres pastorales\",\"Temps de Car\u00e8me\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/\",\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"datePublished\":\"2025-03-03T21:50:31+00:00\",\"dateModified\":\"2025-03-04T03:14:59+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"width\":825,\"height\":236},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2025\\\/03\\\/03\\\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","og_description":"Teks w ap jwenn apre n\u00f2t sa a se yon mesaj ev\u00e8k katolik an Ayiti yo ekri pou p\u00e8p Ayisyen, e sitou sila yo ki vle mache sou tras Bondye, pou tan Kar\u00e8m 2025 lan. Ev\u00e8k yo ki ap viv chak jou sitiyasyon malouk peyi yo a, envite e ankouraje p\u00e8p la pou yo viv tan sa a tankou yon gwo peleninaj espirity\u00e8l e pou yo pran yon konp\u00f2tman moun ki vle repanti tout bon vre, pandan y ap f\u00e8 gwo chanjman nan lavi yo.  Pou f\u00e8 sa, f\u00f2 chak moun k\u00f2manse bat lestomak yo e pran responsablite yo pou fini ak briganday ki tabli nan peyi a. Se s\u00e8l jan pou yo rive prepa t\u00e8t yo pou yo ka gen yon losy\u00e8 nan gwo pwom\u00e8s k\u00e8 kontan Jezikri f\u00e8 nou l\u00e8 li te mouri sou kwa a e resisite 3 jou apre.  Pou rive la, f\u00f2 nou k\u00f2manse pa f\u00e8 yon leve kanpe ak labany\u00e8 lafwa nou nan men nou e f\u00e8 l\u00f2t konnen nou pran desizyon pou anpeche peyi a fini n\u00e8t nan men nou.  Se defi sa yo, nan sitiyasyon Ayiti a e nan ane jibile a, ev\u00e8k yo mete devan nou: Kov\u00e8syon, Solidarite, Espwa, Rezistans e Rekonsilyuasyon...","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/","og_site_name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","article_published_time":"2025-03-03T21:50:31+00:00","article_modified_time":"2025-03-04T03:14:59+00:00","og_image":[{"width":825,"height":236,"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","type":"image\/jpeg"}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"6 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la","datePublished":"2025-03-03T21:50:31+00:00","dateModified":"2025-03-04T03:14:59+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/"},"wordCount":1291,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","Lettres pastorales","Temps de Car\u00e8me"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/","name":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la &#187; Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","datePublished":"2025-03-03T21:50:31+00:00","dateModified":"2025-03-04T03:14:59+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#primaryimage","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","width":825,"height":236},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2025\/03\/03\/mesaj-evek-katolik-karem-2025\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo pou Kar\u00e8m 2025 la"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/52123","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=52123"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/52123\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=52123"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=52123"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=52123"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}