{"id":51511,"date":"2024-12-06T12:20:02","date_gmt":"2024-12-06T17:20:02","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?p=51511"},"modified":"2024-12-06T15:12:27","modified_gmt":"2024-12-06T20:12:27","slug":"mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/","title":{"rendered":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la"},"content":{"rendered":"<div class=\"notation\" style=\"color: #990000;\">\n<p>Chak ane, nan k\u00f2mansman tan litijik yo rele <strong>Avan<\/strong> an, Ev\u00e8k katolik nan peyi Dayi toujou f\u00e8 s\u00f2ti yon l\u00e8t pastoral pou ankouraje p\u00e8p Bondye a, ak tout sila yo ki gen b\u00f2n volonte.<\/p>\n<p>Ane sa a, tradisyon an kontinye malgr\u00e9 sitiyasyon malouk ke peyi a ap viv.<\/p>\n<p>Apre 142\u00e8 Asanble \u00d2din\u00e8 yo ki te f\u00e8t nan d\u00e8nye jou mwa novanm ki sot pase a, kote yo te priye, reflechi sou siyifikasyon evenman ke n ap prepare pou pou selebre a, e sou sitiyasyon peyi a ap viv la, yo di p\u00e8p Bondye a: Pran kouraj pa febli, kontinye mache ak je yo fikse sou limye Betley\u00e8m la, menm l\u00e8 \u00ab\u00a0Leta\u00a0\u00bb sanble ba yo vag, menm l\u00e8 \u00ab\u00a0Komonote ent\u00e8nasyonal\u00a0\u00bb la ap jwe m\u00f2de soufle ak yo, e menm l\u00e8 \u00ab\u00a0k\u00e8k pey\u00a0\u00bb ap mete gaz sou dife vyolans la l\u00e8 yo ap voye zam an kach\u00e8t bay moun ki reponsab sitiyasyon a, paske \u00ab\u00a0Moun ki mete espwa yo nan Granm\u00e8t la ap mache san yo pa dekouraje, san yo pa janm febli\u00a0\u00bb (cf. Izayi 40, 31)<\/p>\n<p>\u00ab F\u00e8t Nw\u00e8l la f\u00e8 nou sonje Bondye ki te tounen moun nan mitan nou \u00bb vin leve eskanp figi nou. Souw\u00e8 Ev\u00e9k katolik nan peyi Dayiti a, se pou p\u00e8p la komanse reviv diyite sa a pandan ane 2025, konsa yo ka viv ak k\u00e8 poze ane <strong>Jibile<\/strong> a ki ap ouv\u00e8 nan toutdyos\u00e8z peyi dimanch k ap <strong>29 desanm<\/strong> nan sou t\u00e8m \u00ab P\u00e8leren Lesperans \u00bb.<\/p>\n<p>Men teks la an krey\u00f2l ke nou te resevwa mesaj sa jou ki te vandredi 6 desanm 2024\u2026<\/p>\n<\/div>\n<p><!--more--><br \/>\n<img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" id=\"text\" class=\"wp-image-32025 size-full aligncenter\" src=\"\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg\" alt=\"\" width=\"825\" height=\"236\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg 825w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-300x86.jpg 300w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-500x143.jpg 500w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete-150x43.jpg 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 825px) 100vw, 825px\" \/><\/p>\n<div style=\"text-align: center; color: #ff0000;\"><strong>\u00ab Moun ki mete espwa yo nan Granm\u00e8t la, ap mache san yo pa janm dekouraje \u00bb<\/strong><\/div>\n<p style=\"text-align: center;\">(Liv Pwof\u00e8t Izayi 40, 31).<\/p>\n<p>Fr\u00e8 ak S\u00e8 nou yo nou renmen anpil,<\/p>\n<div class=\"justify\">\n<p><img decoding=\"async\" class=\"alignleft wp-image-4316 size-thumbnail\" src=\"\/.\/images\/blog\/2014\/bishop-miter.jpg\" alt=\"bishop-hat\" \/><span class=\"padded-dropcap\">1<\/span> Se pou k\u00e8 poze ak fav\u00e8 Bondye Papa nou ak Jezikri, Granm\u00e8t nou an, rete av\u00e8k nou jodi a ak pou tout tan !<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">2<\/span> Soti nan dat 26 pou rive 28 novanm lan, Nou menm, Ev\u00e8k Katolik yo an Ayiti, nou te \u00f2ganize 142\u00e8m Asanble \u00d2din\u00e8 nou. Nan finisman Asanble sa a ak nan k\u00f2mansman Tan Lavan an, nou voye mesaj ankourajman sa a pou nou. Se yon mesaj ki jwenn enspirasyon li nan paw\u00f2l pwof\u00e8t Izayi ki di : \u00ab Moun ki mete espwa yo nan Granm\u00e8t la ap mache san yo pa dekouraje, san yo pa janm febli \u00bb (cf. Izayi 40, 31). Paw\u00f2l sa yo te gide lapriy\u00e8 nou yo ak refleksyon nou yo sou lavi Legliz nou an ak sitiyasyon difisil peyi nou an.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">3<\/span> Pandan n ap prepare nou pou n selebre f\u00e8t Nw\u00e8l la, f\u00e8t nesans Sila a ki pote delivrans pou tout moun sou t\u00e8 a, je nou rete fikse sou li pou nou kapab jwenn konsolasyon, f\u00f2s ak kouraj pou nou kontinye mennen bon konba a. Konviksyon sa a f\u00e8 nou renouvle volonte nou pou nou toujou akonpaye p\u00e8p la nan mitan tout soufrans ak kalamite li yo.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">4<\/span> Nesans Sov\u00e8 a se yon Bon Nouv\u00e8l pou tout moun Bondye kreye p\u00f2tre ak li (cf. Jen\u00e8z 1, 26-27). Bondye sa ki tounen Moun nan envite nou reflechi anpil nan yon moman kote peyi nou an ap trav\u00e8se gwo pwobl\u00e8m. Anpil fanmi ap viv nan yon miz\u00e8 ki r\u00e8d anpil. Mete sou sa, vyolans f\u00e8 moun pa kapab viv tankou moun. Anpil moun lage san kay epi san espwa. Gen granmoun ki abandone, ki gen k\u00e8 sote ak lapenn, paske yo pa gen kapasite pou yo f\u00e8 fas ak yon reyalite konsa. J\u00e8n yo ak timoun yo gen anpil enkyetid pou avni yo, yo anvi dekouraje. Sitiyasyon makawon sa a se rezilta vyolans, k\u00f2ripsyon ak move fason y ap mennen bak peyi a.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">5<\/span> Paw\u00f2l Bondye ki tounen moun pou bay moun diyite li k\u00f2m pitit Bondye pouse nou pran an konsiderasyon reyalite malouk sa yo. Konsa, Nou menm, Ev\u00e8k Katolik an Ayiti, nou te di sem\u00e8n pase yo kijan tout sa k ap pase nan peyi a twouble nou epi f\u00e8 nou mal. Kounye a ank\u00f2, nou lanse yon ap\u00e8l bay tout fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo pou nou di nou : peyi nou an danje, nou nan ka. Devan gwo mal\u00e8 pandye sa a, se pou tout akt\u00e8 ki nan sosyete a rive depase divizyon ak konfli pou sove peyi a. Pout\u00e8t sa nou mande :<\/p>\n<ol type=\"a\">\n<li>Moun ki gen zam nan men yo k ap touye, k ap piye, vyole, boule epi f\u00e8 moun pati kite kay yo, sispann ak vye zak malon\u00e8t sa yo. Vye zak sa yo pa bon ni pou peyi a, ni pou p\u00e8p la, ni pou nou menm k ap f\u00e8 yo.<\/li>\n<li>Moun k ap f\u00e8 mesye-dam sa yo jwenn zam ak bal an kach\u00e8t yo, sispann alimante vyolans av\u00e8g sa a k ap f\u00e8 san koule nan sosyete nou an chak jou.<\/li>\n<li>Otorite Leta yo, ch\u00e8che travay nan enter\u00e8 tout moun olye nou s\u00e8vi pw\u00f2p enter\u00e8 pa nou ak enter\u00e8 pati nou. Kontwole dwan ak fronty\u00e8 yo, p\u00f2 ak ayewop\u00f2 yo, ni prive ni piblik, pou bloke trafik zam ak minisyon ilegal k ap antre nan peyi a. Fini ak pwobl\u00e8m ensekirite a antan n ap ch\u00e8che bon mwayen pou retire zam nan men timoun, nan men j\u00e8n ak granmoun ki pran nan toubiyon vyolans la. Reponn, san p\u00e8di tan, a bezwen moun ki deplase yo. Travay pou bay tout viktim yo jistis. Retabli l\u00f2d ak lap\u00e8.<\/li>\n<li>\u00a0Kominote Ent\u00e8nasyonal la, sonje pwom\u00e8s ak angajman nou yo pou nou ede Ayiti soti nan bafon vyolans ak izolman li ye a. F\u00e8 tout sa nou kapab pou zam ak minisyon ilegal sispann antre nan peyi a. Popilasyon sa a ki lage pou kont li a dwe ka konte sou solidarite l\u00f2t Nasyon yo.<\/li>\n<\/ol>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">6<\/span> Tout gason ak fanm nan peyi a, n ap di nou : malgre tout sitiyasyon malouk sa yo, se pou nou kontinye mache san nou pa dekouraje. Se pou nou tout tounen temwen lesperans. Chak Ayisyen, chak Ayisy\u00e8n, k\u00e8lkeswa kondisyon li, gen yon w\u00f2l pou jwe nan transf\u00f2masyon peyi a. Nou ankouraje nou ch\u00e8che pratike lap\u00e8 nan fanmi nou yo ak nan kominote nou yo. Patisipe nan tout desizyon k ap ch\u00e8che solidarite, edikasyon ak sansibilizasyon pou lap\u00e8. Sen P\u00f2l di nou : \u00ab Si yon s\u00e8l manm k\u00f2 a ap soufri, tout l\u00f2t manm yo pran soufri ak li \u00bb (1 Korentyen 12, 26).<br \/>\n<span class=\"padded-dropcap\">7<\/span> F\u00e8t Nw\u00e8l la f\u00e8 nou sonje Bondye vin tounen moun nan mitan nou. Konsa, Bondye leve diyite lavi chak moun byen wo, li f\u00e8 li san par\u00e8y. An nou ch\u00e8che renmen li nan chak fr\u00e8 ak chak s\u00e8 nou yo. Volonte Bondye se pou nou ch\u00e8che \u00abf\u00e8 tout sa nou kapab pou chak moun reprann f\u00f2s ak asirans pou gade avni an ak yon lespri lib, san paspouki, yon k\u00e8 ranpli ak konfyans epi yon ent\u00e8lijans ki w\u00e8 kl\u00e8\u00bb (Pap Franswa). Se sa Tan Lavan an mande nou, li menm ki mete nou sou wout pou nou ale nan gran Jibile 2025 lan. Pap Franswa ap ouv\u00e8 Jibile sa a nan Lam\u00e8s 24 desanm k ap vini an nan vil W\u00f2m. Nan dis (10) Dyos\u00e8z nou yo, nan peyi a, n ap ouv\u00e8 Jibile a dimanch k ap 29 desanm nan sou t\u00e8m \u00ab P\u00e8leren Lesperans \u00bb.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">8<\/span> N ap swete tout moun yon Nw\u00e8l 2024 ak yon Lane 2025 ki pote sekirite, lap\u00e8 ak renmen. Ak konkou lapriy\u00e8 Manman nou, Lavy\u00e8j Mari, n ap mande Bondye tout gras ak benediksyon li pou nou tout P\u00e8p Ayisyen an.<\/p>\n<p>Mesaj sa a soti nan Kay kote Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti yo konn reyini, Lilavwa, jou ki te 5 desanm 2024 la.<\/p>\n<\/div>\n<p>Men siyati Ev\u00e8k Katolik Ayiti yo :<\/p>\n<table>\n<tbody>\n<tr style=\"border-bottom: none;\">\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Max Leroy MESIDOR<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k P\u00f2toprens<br \/>\n\u2736 Prezidan CEH<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 DUMAS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ansavo ak Miragwan<br \/>\n\u2736 Visprezidan CEH<br \/>\n\u270d An konvalesans<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Joseph Gontrand D\u00c9COSTE, SJ<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jeremi<br \/>\n\u2736 Sekret\u00e8 Jeneral CEH<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 D\u00e9sinord JEAN<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ench<br \/>\n\u2736 Ekon\u00f2m CEH<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Kadinal Chibly LANGLOIS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Okay<br \/>\n\u2736 Konseye<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Marie \u00c9rick Glandas TOUSSAINT<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jakmel<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Launay SATURN\u00c9<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k Okap Ayisyen<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Willy ROMELUS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Emerit Jeremi<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Quesnel ALPHONSE, smm<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k F\u00f2lib\u00e8te<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Sander LOUIS-JEAN<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Yves Marie PEAN, CSC<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Gonayiv<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Wismick JEAN-CHARLES<\/strong><br \/>\n\u265dEv\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Charles Peters BARTHELUS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k P\u00f2dep\u00e8<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"size-full wp-image-34985 aligncenter\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png\" alt=\"\" width=\"202\" height=\"184\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png 202w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau-150x137.png 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 202px) 100vw, 202px\" \/><\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Chak ane, nan k\u00f2mansman tan litijik yo rele <strong>Avan<\/strong> an, Ev\u00e8k katolik nan peyi Dayi toujou f\u00e8 s\u00f2ti yon l\u00e8t pastoral pou ankouraje p\u00e8p Bondye a, ak tout sila yo ki gen b\u00f2n volonte.<\/p>\n<p>Ane sa a, tradisyon an kontinye malgr\u00e9 sitiyasyon malouk ke peyi a ap viv.<\/p>\n<p>Apre 142\u00e8 Asanble \u00d2din\u00e8 yo ki te f\u00e8t nan d\u00e8nye jou mwa novanm ki sot pase a, kote yo te priye, reflechi sou siyifikasyon evenman ke n ap prepare pou pou selebre a, e sou sitiyasyon peyi a ap viv la, yo di p\u00e8p  Bondye a: Pran kouraj pa febli, kontinye mache ak je yo fikse sou limye Betley\u00e8m la, menm l\u00e8 \u00ab Leta \u00bb sanble ba yo vag, menm l\u00e8 \u00ab Komonote ent\u00e8nasyonal\u00a0\u00bb la ap jwe m\u00f2de soufle ak yo, e menm l\u00e8 \u00ab k\u00e8k peyi \u00bb ap mete gaz sou dife vyolans la l\u00e8 yo ap voye zam an kach\u00e8t bay moun ki reponsab sitiyasyon a, paske \u00ab Moun ki mete espwa yo nan Granm\u00e8t la ap mache san yo pa dekouraje, san yo pa janm febli \u00bb (cf. Izayi 40, 31)<\/p>\n<p>\u00ab F\u00e8t Nw\u00e8l la f\u00e8 nou sonje Bondye ki te tounen moun nan mitan nou \u00bb vin leve eskanp figi nou. Souw\u00e8 Ev\u00e9k katolik nan peyi Dayiti a, se pou p\u00e8p la komanse reviv diyite sa a pandan ane 2025, konsa yo ka viv ak k\u00e8 poze ane <strong>Jibile<\/strong> a ki ap ouv\u00e8 nan toutdyos\u00e8z peyi dimanch k ap <strong>29 desanm<\/strong> nan sou t\u00e8m \u00ab P\u00e8leren Lesperans \u00bb.<\/p>\n<p>Men teks la an krey\u00f2l ke nou te resevwa mesaj sa jou ki te vandredi 6 desanm 2024\u2026<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,1037,82,1267],"tags":[383],"class_list":["post-51511","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-fete-de-noel","category-lettres-pastorales","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Chak ane, nan k\u00f2mansman tan litijik yo rele Avan an, Ev\u00e8k katolik nan peyi Dayi toujou f\u00e8 s\u00f2ti yon l\u00e8t pastoral pou ankouraje p\u00e8p Bondye a, ak tout sila yo ki gen b\u00f2n volonte.  Ane sa a, tradisyon an kontinye malgr\u00e9 sitiyasyon malouk ke peyi a ap viv.  Apre 142\u00e8 Asanble \u00d2din\u00e8 yo ki te f\u00e8t nan d\u00e8nye jou mwa novanm ki sot pase a, kote yo te priye, reflechi sou siyifikasyon evenman ke n ap prepare pou pou selebre a, e sou sitiyasyon peyi a ap viv la, yo di p\u00e8p Bondye a: Pran kouraj pa febli, kontinye mache ak je yo fikse sou limye Betley\u00e8m la, menm l\u00e8 \u00ab Leta \u00bb sanble ba yo vag, menm l\u00e8 \u00ab Komonote ent\u00e8nasyonal&quot; la ap jwe m\u00f2de soufle ak yo, e menm l\u00e8 \u00ab k\u00e8k peyi \u00bb ap mete gaz sou dife vyolans la l\u00e8 yo ap voye zam an kach\u00e8t bay moun ki reponsab sitiyasyon a, paske \u00ab Moun ki mete espwa yo nan Granm\u00e8t la ap mache san yo pa dekouraje, san yo pa janm febli \u00bb (cf. Izayi 40, 31)  \u00ab F\u00e8t Nw\u00e8l la f\u00e8 nou sonje Bondye ki te tounen moun nan mitan nou \u00bb vin leve eskanp figi nou. Souw\u00e8 Ev\u00e9k katolik nan peyi Dayiti a, se pou p\u00e8p la komanse reviv diyite sa a pandan ane 2025, konsa yo ka viv ak k\u00e8 poze ane Jibile a ki ap ouv\u00e8 nan toutdyos\u00e8z peyi dimanch k ap 29 desanm nan sou t\u00e8m \u00ab P\u00e8leren Lesperans \u00bb.  Men teks la an krey\u00f2l ke nou te resevwa mesaj sa jou ki te vandredi 6 desanm 2024\u2026\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2024-12-06T17:20:02+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2024-12-06T20:12:27+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"7 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la\",\"datePublished\":\"2024-12-06T17:20:02+00:00\",\"dateModified\":\"2024-12-06T20:12:27+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/\"},\"wordCount\":1467,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\",\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"F\u00eate de No\u00ebl\",\"Lettres pastorales\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/\",\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\",\"datePublished\":\"2024-12-06T17:20:02+00:00\",\"dateModified\":\"2024-12-06T20:12:27+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2021\\\/02\\\/ceh-sceau.png\"},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/12\\\/06\\\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la &#187;","og_description":"Chak ane, nan k\u00f2mansman tan litijik yo rele Avan an, Ev\u00e8k katolik nan peyi Dayi toujou f\u00e8 s\u00f2ti yon l\u00e8t pastoral pou ankouraje p\u00e8p Bondye a, ak tout sila yo ki gen b\u00f2n volonte.  Ane sa a, tradisyon an kontinye malgr\u00e9 sitiyasyon malouk ke peyi a ap viv.  Apre 142\u00e8 Asanble \u00d2din\u00e8 yo ki te f\u00e8t nan d\u00e8nye jou mwa novanm ki sot pase a, kote yo te priye, reflechi sou siyifikasyon evenman ke n ap prepare pou pou selebre a, e sou sitiyasyon peyi a ap viv la, yo di p\u00e8p Bondye a: Pran kouraj pa febli, kontinye mache ak je yo fikse sou limye Betley\u00e8m la, menm l\u00e8 \u00ab Leta \u00bb sanble ba yo vag, menm l\u00e8 \u00ab Komonote ent\u00e8nasyonal\" la ap jwe m\u00f2de soufle ak yo, e menm l\u00e8 \u00ab k\u00e8k peyi \u00bb ap mete gaz sou dife vyolans la l\u00e8 yo ap voye zam an kach\u00e8t bay moun ki reponsab sitiyasyon a, paske \u00ab Moun ki mete espwa yo nan Granm\u00e8t la ap mache san yo pa dekouraje, san yo pa janm febli \u00bb (cf. Izayi 40, 31)  \u00ab F\u00e8t Nw\u00e8l la f\u00e8 nou sonje Bondye ki te tounen moun nan mitan nou \u00bb vin leve eskanp figi nou. Souw\u00e8 Ev\u00e9k katolik nan peyi Dayiti a, se pou p\u00e8p la komanse reviv diyite sa a pandan ane 2025, konsa yo ka viv ak k\u00e8 poze ane Jibile a ki ap ouv\u00e8 nan toutdyos\u00e8z peyi dimanch k ap 29 desanm nan sou t\u00e8m \u00ab P\u00e8leren Lesperans \u00bb.  Men teks la an krey\u00f2l ke nou te resevwa mesaj sa jou ki te vandredi 6 desanm 2024\u2026","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/","article_published_time":"2024-12-06T17:20:02+00:00","article_modified_time":"2024-12-06T20:12:27+00:00","og_image":[{"url":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","type":"","width":"","height":""}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"7 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la","datePublished":"2024-12-06T17:20:02+00:00","dateModified":"2024-12-06T20:12:27+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/"},"wordCount":1467,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","F\u00eate de No\u00ebl","Lettres pastorales","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/","name":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","datePublished":"2024-12-06T17:20:02+00:00","dateModified":"2024-12-06T20:12:27+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#primaryimage","url":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png"},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/12\/06\/mesaj-evek-legliz-katolik-nan-okazyon-fet-nwel-2024-la\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Ev\u00e8k Legliz Katolik Ayiti yo voye pou P\u00e8p Bondye a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l layik yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2024 la"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/51511","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=51511"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/51511\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=51511"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=51511"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=51511"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}