{"id":48737,"date":"2024-02-29T11:00:55","date_gmt":"2024-02-29T16:00:55","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?p=48737"},"modified":"2024-03-01T20:17:59","modified_gmt":"2024-03-02T01:17:59","slug":"monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/","title":{"rendered":"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami"},"content":{"rendered":"<p class=\"recommended\">N\u00f2t Ayiti-Referans:<\/p>\n<div class=\"notation\">\n<p>Jou kite 18 fevriye, <a class=\"red\" href=\"\/pages\/notables\/getperson.php?personID=i11&amp;tree=Religion\">Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas<\/a>, ki se ev\u00e8k <a class=\"red\" href=\"\/pages\/plan\/religions\/eglise-catholique\/hierarchie\/provinces-ecclesiastiques\/provinces-pap\/#Anse_a_veau\">dyos\u00e8z Ansavo ak Miragw\u00e0n<\/a>, te sibi boule grav nan k\u00f2 li apre yon eksplozyon nan kay kote li te ye a nan Petyonvil. Li te oblije al pran swen nan yon lopital ki nan vil Miyami yo rele Jackson Memorial Hospital.<\/p>\n<p>Apre yon gwo kokenn chenn operasyon, premye panse li, k\u00f2m past\u00e8, se pou dyos\u00e8z li a, espesyalman pou p\u00e8 yo. Depi lopital la, li voye yon mesaj ba yo, ke n ap jwenn sou paj sa a sou f\u00f2m odyo e k\u00f2m teks.<\/p>\n<p>Menm l\u00e8 ou santi, l\u00e8 w ap tande mesaj enpwovize a, ke li te anba r\u00e8s ef\u00e8 anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirity\u00e8l ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon past\u00e8 ki gen lafwa ki t ap pale. Yon past\u00e8 ki t ap pale \u00ab\u00a0coll\u00e9gialement\u00a0\u00bb av\u00e8k p\u00e8 li yo. Li rekon\u00e8t bon travay yo ap f\u00e8 nan yon dyos\u00e8z tou n\u00e8f. Si ou tande, oubyen li mesaj la av\u00e8k atansyon, ou ka rekon\u00e8t tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen s\u00f2 l, ni ap blame l\u00f2t pou sa li ap viv la.<\/p>\n<p>Tande ou li mesaj la. Teks la se yon kopi de anrejistreman an.<!--more--><\/p>\n<\/div>\n<p><span style=\"color: #ff0000;\">Anjejistreman mesaj la:<\/span><br \/>\n<iframe loading=\"lazy\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/wimpy\/wimpy.iframe.html?skin=%2Fwimpy%2Fwimpy.skins%2F044.tsv&amp;autoAdvance=0&amp;infoScroll=0&amp;media=%5B%7B%22date%22%3A%221681837407%22%2C%22file%22%3A%22%2Fwimpy%2Fmgr-dumas20240227.mp3%22%2C%22kind%22%3A%22mp3%22%2C%22title%22%3A%22max-leroy-mesidor-avril2023%22%2C%22image%22%3A%22%2Fwimpy%2Fcoverart.png%22%7D%5D\" width=\"100%\" height=\"51\" frameborder=\"0\" scrolling=\"no\" seamless=\"seamless\"><\/iframe><\/p>\n<p>P\u00e8 m yo, nou tout alawonbad\u00e8,<br \/>\nKote nou ye, mwen salye nou&#8230;<\/p>\n<div class=\"justify\">\n<p>Mwen nan yon lopital Miyami, Jackson Memorial Hospital.<\/p>\n<p>Y\u00e8swa, mwen te f\u00e8 yon gwo operasyon kote yo te eseye trete blese m yo. Nan gwo operasyon sa a, yo te ranplase pati boule yo avek des \u00ab\u00a0chairs humaines\u00a0\u00bb ki konpatib av\u00e8k ch\u00e8 pa mwen. Mwen f\u00e8 tout operasyon sa a anba anestezi jeneral ki te mete m andey\u00f2 de konsyans mwen pandan yon val\u00e8 tan. Mwen s\u00f2ti anba operasyon a maten an (27 fevriye). Mwen rive bw\u00e8 dlo apre sa.\u00a0 Mwen di Bondye M\u00e8si. Yo di bagay yo reyisi. Yo w\u00e8 ch\u00e8 a pran.<\/p>\n<p>Depi maten an m ap resevwa vizit moun ki responsab lopital la. Responsab yo eksplike mwen kouman operasyon an te pase. Yo di tou me m ap oblije diminye nan s\u00e8vis mwen. Sa vle di ke mwen pap ka aji men jan an ank\u00f2. M ap bay mwens s\u00e8vis. Mwen ap diminye tou nan j\u00e8s yo. 2 pla men yo, menm l\u00e8 yo ta pran e tout bagay ta vin oke, mwen pap ka f\u00e8 b\u00e8l j\u00e8s mwen te konn f\u00e8 anvan yo.<img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"aligncenter size-large wp-image-48743\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg\" alt=\"\" width=\"500\" height=\"257\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg 500w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-360x185.jpg 360w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-265x135.jpg 265w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS.jpg 828w\" sizes=\"auto, (max-width: 500px) 100vw, 500px\" \/><\/p>\n<p>Yo di tou f\u00f2 m f\u00e8 anpil mouvman. Depi jodiya, mwen k\u00f2manse mouvman yo. Yo te vin f\u00e8 deplasman av\u00e8k mwen pou w\u00e8 si m te ka f\u00e8 mouvman, mache, kanpe, leve, kite kabann etc&#8230;<\/p>\n<p>Mwen di Bondye m\u00e8si pou sa k pase a. Aksyon de gras la monte nan sy\u00e8l la ke zanj Bondye monte pote ba Li. Bondye inik! Bondye s\u00e8l! Bondye toupwisan e Bondye gen omnisyans. Bondye gen anpil miz\u00e8rik\u00f2d. Li w\u00e8 limit mwen, e an menm tan, Bondye konnen ke san Limenm, mwen pa anyen.<\/p>\n<p>Mwen rem\u00e8sye Bondye pou tout sa li f\u00e8 pou mwen nan lavi mwen, pou lavi mwen k\u00f2m p\u00e8,<br \/>\nMwen rem\u00e8sye Bondye pou sa li f\u00e8 nan Legliz la av\u00e8k mwen. Mwen pa merite anyen pou sa.<br \/>\nMwen rem\u00e8sye Bondye poul kalite bon p\u00e8 li ban mwen tou.<\/p>\n<p>[P\u00e8 dyos\u00e8z mwen yo],<\/p>\n<p>Mwen konnen kouman nou ap travay. Mwen konnen kouman nou ye nan pawas. Mwen konnen ki soufrans nou genyen&#8230; Mwen konnen tou yo pa toujou fin konprann nou. Mwen pa bezwen tann se jedi sen pou vin di nou bagay sa yo, si Bondye p\u00e8m\u00e8t, men depi kounyeya, mwen kapab di nou, mwen rekon\u00e8t sa nou ye, sa nou vo, moun nou ye pou mwen. Day\u00e8, l\u00e9 yo voye yon ev\u00e8k nan yon dyos\u00e8z, sitou l\u00e8 dyos\u00e8z f\u00e8k fonde, pa gen anyen ki kapab di, sa ki ap reyalize yo, se li ki ap reyalize yo. Ev\u00e8k la vini tankou tout p\u00e8 yo. Li ape \u00f2ganize k\u00e8k bagay. Li bay lide, p\u00e8 bay lide. Ev\u00e8k la koute p\u00e8 yo. Li deside. Sou desizyon yo tou, chak moun kapab w\u00e8 kouman yo kapab f\u00e8 pou yo ale delavan e avanse.<\/p>\n<p>Mwenmenm, se lafwa nou ke mwen apresye anpil, kouraj nou, f\u00f2s nou. Anpil nan nou pote anpil lespwa tou pou Legliz la demen. Anpil nan nou gen anpil vizyon pou w\u00e8 kouman bagay yo ka mache.<\/p>\n<p>Nan moman sotiyasyon difisil a a, se pa l\u00e8 pou nou chita ape pet\u00e8t gen kritik. Se pa moman nonplis tou pou chita ap panse ak kisa yo ka di de nou. An nou rete noumenm. An nou rete vr\u00e8, otantik. An nou bay tout noumenm pouke youn sip\u00f2te l\u00f2t, youn ede l\u00f2t, youn f\u00e8 l\u00f2t ale delavan.<\/p>\n<p>Mwen te kontan anpil apre yon dyal\u00f2g ak responsab lopital la. Li te di m li te travay an Ayiti pandan 24 kan. Gen yon bagay ki toujou frape l. Li di lontan, li te panse se sa nou te f\u00e8 anvan ki bay pwobl\u00e8m, listwa nou te konstwi, ak sa nou te rate, ak sa nou te reyisi. Nan lavi pa l li dekouvri ke ou ekri listwa l\u00e8 w ka mete sa w ap f\u00e8 jodiya ak sa ou pral f\u00e8 demen ansanm. Se sa ki f\u00e8 ou reyisi istwa a. Se sa mwen espere pou noumenm tou.<\/p>\n<p>\u00ab\u00a0L&rsquo;avenir appartient \u00e0 ceux qui acceptent de se donner pour construire le futur pour les autres, l&rsquo;avenir pour les autres.\u00a0\u00bb E avni sa a, se l\u00f2t yo ansanm av\u00e8k nou ki ap konstwi l. Donk mwen dekouvri ke jodiya ak demen an nou ap meta ansanm la, se li ki pral ban nou yon nouvo tan. Se nouvo tan sa a n ap chanche pou peyi nou an. Se nouvo tan sa a n ap chache pou Legliz la. Se nouvo tan sa n ap chache pou t\u00e8t pa nou. Se nouvo tan an n ap chache pou p\u00e8p Bondye konfye nou an.<\/p>\n<p>Nan pawas kote nou ye, nan kons\u00e8y kote nou ye, nan chak kote nou ye, n ap w\u00e8 si nou ka bay sa ki pi bon nan noumenm pou dyos\u00e8z nou an rete djanm.<\/p>\n<p>[&#8230;] Mwen te sezi, pandan mwen te lopital P\u00f2toprens la, anvan ke mwen te vin pa b\u00f2 isit nan Miyami, mwen tande anpil bon bagay moun\u00a0 ap di sou dyos\u00e8z\u00a0 ke mwen pat mwen rann mwen kont. Mwen konnen dyos\u00e8z la konn f\u00e8 jef\u00f2, mwen konnen limit yo tou.<\/p>\n<p>Mwen tande moun ap di\u00a0 s\u00e8lman bon bagay paske yo w\u00e8 kouman sa ede, jan ekip yo ap travay, jan tout moun bay t\u00e8t yo nan s\u00e8vis yo genyen.<\/p>\n<p>L\u00e8 yon yon moun gen yon bagay pou f\u00e8, ou f\u00e8 l. Ou pa chita ap f\u00e8 gwo diskou. L\u00e8 yon moun vle soutni, ou f\u00e8 l. Pa ekzanp, nan ka pa m nan e nan jou ki sot pase yo, te gen pwobl\u00e8m pasp\u00f2; yon jou apre mwen jwenn li. 2 jou apre yo bay viza. Se vre , yo pa f\u00e8 l pou tout ka, mwen sitiyasyon m nan te fasilite sa. Sa vle di Ameriken bay viza a 2 jou apre.\u00a0 Nou espere ke ef\u00f2\u00a0 sa yo ki te f\u00e8t, nan sitiyasyon sa, li ka ouvri p\u00f2t tou pouke tout p\u00e8, tout moun nan dyos\u00e8z la, tout moun nan Legliz la, e tout p\u00f2v malere kapab jwi e pwofite de bagay sa yo.<\/p>\n<p>Mwen kontan anpil. Mwen rem\u00e8sye nou. Mwen di nou m\u00e8si pou sa nou ye pou mwen.\u00a0 Mwen di nou m\u00e8si pou sa nou ye k\u00f2m p\u00e8. Mwen di nou m\u00e8si pou moun ke nou ye a&#8230; Sa\u00a0 mwen ye, se gras a nou ke mwen ka ye. Sa nou ye, sa gras a mwen ansanm ak nou ke nou ka ye&#8230; Kenbe sa ki bon nan nou a. Bagay ki mey\u00e8 a, an nou f\u00e8 l s\u00f2ti pou lespwa ka donnen pou p\u00e8p nou, p\u00e8p ayisyen an.<\/p>\n<p>Ke Bondye beni nou! Bondye beni Ayiti. E ke lespwa boujonnen ank\u00f2 nan k\u00e8 nou tou e nan chak Ayisyen. Ann rete pozitif, Ann rete moun ki pote lesperans. Ann tounen moun ki se ewo de lesperans.<\/p>\n<p>M\u00e8si anpil. Priye pou mwen. M ap ofri ti soufrans mwenyo&#8230; Bondye ka transf\u00f2me yo e li va konplete anpil soufrans Kris la te pran&#8230;<\/p>\n<p>M\u00e8si anpil. Deja mwen di nou bonne fin de Car\u00eame e prepare nou pou nou antre nan Pak la, yon Pal tou n\u00e8f, yon Pak desperans, yon Pak damou av\u00e8 Jezikri, gran fr\u00e8 nou.<\/p>\n<p>M\u00e8si anpil.<\/p>\n<p style=\"text-align: right;\"><strong>Mons\u00e8y\u00e8 Pierre Andr\u00e9 Dumas<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ansavo ak Miragwa<br \/>\n\ud83c\udfa4 Depi Lopital Jackson Memorial nan Miami (USA)<\/p>\n<\/div>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Yon mesaj de monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 Dumas depi yon lopital ki nan Miyami, nan Florid, apre li te fin sibi yon gwo operasyon. Menm l\u00e8 ou santi, l\u00e8 w ap tande mesaj enpwovize sa a, ke li te anba r\u00e8s ef\u00e8 anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirity\u00e8l ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon past\u00e8 ki gen lafwa ki t ap pale. Yon past\u00e8 ki t ap pale \u00ab\u00a0coll\u00e9gialement\u00a0\u00bb av\u00e8k p\u00e8 li yo. Li rekon\u00e8t bon travay yo ap f\u00e8 nan yon dyos\u00e8z tou n\u00e8f. Si ou tande, oubyen li mesaj la av\u00e8k atansyon, ou ka rekon\u00e8t tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen s\u00f2 l, ni ap blame l\u00f2t pou sa li ap viv la.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,69,1383,1267],"tags":[1405],"class_list":["post-48737","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-histoire","category-sante","category-textes-en-creole","tag-mgr-pierre-andre-dumas"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Yon mesaj de monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 Dumas depi yon lopital ki nan Miyami, nan Florid, apre li te fin sibi yon gwo operasyon. Menm l\u00e8 ou santi, l\u00e8 w ap tande mesaj enpwovize sa a, ke li te anba r\u00e8s ef\u00e8 anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirity\u00e8l ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon past\u00e8 ki gen lafwa ki t ap pale. Yon past\u00e8 ki t ap pale &quot;coll\u00e9gialement&quot; av\u00e8k p\u00e8 li yo. Li rekon\u00e8t bon travay yo ap f\u00e8 nan yon dyos\u00e8z tou n\u00e8f. Si ou tande, oubyen li mesaj la av\u00e8k atansyon, ou ka rekon\u00e8t tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen s\u00f2 l, ni ap blame l\u00f2t pou sa li ap viv la.\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2024-02-29T16:00:55+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2024-03-02T01:17:59+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"8 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami\",\"datePublished\":\"2024-02-29T16:00:55+00:00\",\"dateModified\":\"2024-03-02T01:17:59+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/\"},\"wordCount\":1538,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2024\\\/02\\\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg\",\"keywords\":[\"Mgr. Pierre-Andr\u00e9 | Dumas\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"Histoire\",\"Sant\u00e9\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/\",\"name\":\"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2024\\\/02\\\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg\",\"datePublished\":\"2024-02-29T16:00:55+00:00\",\"dateModified\":\"2024-03-02T01:17:59+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2024\\\/02\\\/mgr-dumas_CNS.jpg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2024\\\/02\\\/mgr-dumas_CNS.jpg\",\"width\":828,\"height\":426},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2024\\\/02\\\/29\\\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami &#187;","og_description":"Yon mesaj de monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 Dumas depi yon lopital ki nan Miyami, nan Florid, apre li te fin sibi yon gwo operasyon. Menm l\u00e8 ou santi, l\u00e8 w ap tande mesaj enpwovize sa a, ke li te anba r\u00e8s ef\u00e8 anestezi a, w ap dekouvri yon dirijan espirity\u00e8l ki, malgre soufrans li, pa bliye responsabilite l. Se anvan tou, yon past\u00e8 ki gen lafwa ki t ap pale. Yon past\u00e8 ki t ap pale \"coll\u00e9gialement\" av\u00e8k p\u00e8 li yo. Li rekon\u00e8t bon travay yo ap f\u00e8 nan yon dyos\u00e8z tou n\u00e8f. Si ou tande, oubyen li mesaj la av\u00e8k atansyon, ou ka rekon\u00e8t tou yon Ayisyen konsekan ki kontinye ap swete bon bagay pou peyi li ki ap viv yon sitiyasyon mangonmen; yon nonm tou ki rete pozitif, ki pa rete ap plenyen s\u00f2 l, ni ap blame l\u00f2t pou sa li ap viv la.","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/","article_published_time":"2024-02-29T16:00:55+00:00","article_modified_time":"2024-03-02T01:17:59+00:00","og_image":[{"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg","type":"","width":"","height":""}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"8 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami","datePublished":"2024-02-29T16:00:55+00:00","dateModified":"2024-03-02T01:17:59+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/"},"wordCount":1538,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg","keywords":["Mgr. Pierre-Andr\u00e9 | Dumas"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","Histoire","Sant\u00e9","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/","name":"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS-500x257.jpg","datePublished":"2024-02-29T16:00:55+00:00","dateModified":"2024-03-02T01:17:59+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#primaryimage","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS.jpg","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2024\/02\/mgr-dumas_CNS.jpg","width":828,"height":426},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2024\/02\/29\/monseye-dumas-a-pe-ki-nan-dyosez-li-yo\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Monsey\u00e8 Pierre-Andr\u00e9 Dumas a P\u00e8 ki nan Dyos\u00e8z li yo, depi yon lopital nan Miyami"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/48737","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=48737"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/48737\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=48737"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=48737"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=48737"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}