{"id":4338,"date":"2013-12-04T15:22:47","date_gmt":"2013-12-04T20:22:47","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-reference.info\/pages\/?p=4338"},"modified":"2023-04-29T14:08:32","modified_gmt":"2023-04-29T18:08:32","slug":"mesaj-ceh-nwel-2013","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/","title":{"rendered":"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la"},"content":{"rendered":"<p class=\"texte_recu\">Texte re\u00e7u le 3 d\u00e9cembre 2013<\/p>\n<div style=\"text-align: justify;\">\n<p><a href=\"\/religion\/catholique\/ceh.php\"><img decoding=\"async\" class=\"alignleft wp-image-4316 size-thumbnail\" src=\"\/.\/images\/blog\/2014\/bishop-miter.jpg\" alt=\"bishop-hat\" \/><\/a><strong>1.<\/strong> Nou menm Achev\u00e8k ak Ev\u00e8k katolik ayisyen yo ki te reyini nan Asanble pleny\u00e8 \u00f2din\u00e8 nan Lilavwa salye nou ak lafwa nan Granm\u00e8t la.<\/p>\n<p><strong>2.<\/strong> Nou sot selebre avek Pep Bondye ki nan 10 dyosez peyi a kloti Lane Lafwa a ki te tonbe nan jou f\u00e8t Kris Wa a. Selebrasyon sa yo ki te plen nou ak k\u00e8 kontan, ki bay nanm nou fos p\u00e8m\u00e8t nou antre nan Tan Lavan an pou nou ka prepare rout pou Jezi, Sov\u00e8 nou an ki te f\u00e8t sou t\u00e8 a. An n gade nan ki reyalite sosyal, politik, jewopolitik ak espirityel Jezi te f\u00e8t.<\/p>\n<p><strong>3.<\/strong> \u00ab L\u00e8 tan an te rive nan d\u00e8nye bout li, Bondye te voye pitit li a ki te f\u00e8t nan vant yon fanm, ki f\u00e8t dapr\u00e8 Lalwa a pou vin sove tout sila yo ki anba Lalwa \u00bb. (Galate 4,4) Li te f\u00e8t nan yon peyi ki te anba lokipasyon ak divizyon. Gwoup ki tap lite youn kont l\u00f2t, tap goumen, te vle youn touye l\u00f2t. Zel\u00f2t yo tap batay ak patizan Ewod yo, Esenyen kont Sadiseyen, Jideyen kont Samariten, Farizyen kont Pibliken, e nou te ka di plis toujou.<!--more--><\/p>\n<p><strong>4.<\/strong> Jezi li menm, malgre tout kalite batay sa yo, te chache atake reyalite mal la nan rasin li. Sa vle di: \u00ab peche a \u00bb. Se pou sa, premye mesaj li se te envitasyon pou tout moun alawon n bad\u00e8, zanana kou pengwen aksepte konv\u00e8syon: \u00abSe pou nou chanje k\u00e8 nou, paske way\u00f2m sy\u00e8l la toupre\u00bb. (Matye 4,17)<span id=\"more-4301\"><\/span><\/p>\n<p><strong>5.<\/strong> Nou tout san wete san mete envite pou nou antre nan Way\u00f2m lavi ak laverite a, Wayom lagras ki sen an, Wayom renmen, jistis ak lap\u00e8 a. Men pou n antre nan Way\u00f2m sa a, f\u00f2k nou asepte kase t\u00e8t tounen vin jwenn Bondye epi chanje move konpotman nou ak l\u00f2t yo. Paske sa ki reyini tout p\u00e8p ki te lenmi tankou yon s\u00e8l p\u00e8p se konv\u00e8syon ak renmen, ki soti nan viktwa Kris la sou peche: \u00ab Pa gen jwif ak payen, pa gen esklav ak moun lib, pa gen gason ak fi, paske nou tout, nou f\u00e8 yon s\u00e8l nan Jezikri\u00bb. (Galat 3, 28)<\/p>\n<p><strong>6.<\/strong> Tout kalite pwoblem sosyal ak politik nan anpil peyi, menm jan ak peyi pa nou an, sanble anpil ak peyi Jezi tap viv la. Desten p\u00e8p nou an trajik akoz anpil soufrans ak sitiyasyon konfli ki toujou sou chimen li ; sa vin gen gwo konsekans sou lavi chak grenn ayisyen ak sou tout nasyon an. Se sa ki lak\u00f2z li vin pi difisil pou nou viv ansanm tankou yon s\u00e8l p\u00e8p. Poutan sa Bondye vle : \u00ab Se lap\u00e8 pou p\u00e8p li a ak zanmi li yo, men tou fok yo sispan n aji tankou moun ki gen t\u00e8t cho.\u00bb (S\u00f2m 84, 9)<\/p>\n<p><strong>7.<\/strong> Jodi a ank\u00f2, nou kontinye ap kreye nan mitan nou anpil sitiyasyon mefyans ak kwape lot moun kap bloke nou jounen jodi a, ki menase avni nou e ki gate relasyon nou ak Bondye, ak pw\u00f2p t\u00e8t nou, ak pwochen yo epi av\u00e8k anviwonman nou :<\/p>\n<ul>\n<li>Batay chen manje chen pou pouvwa ki pa janm fini ;<\/li>\n<li>Resp\u00e8 nou manke genyen pou l\u00f2t moun yo, pou desizyon ki korek yo ak pou lalwa;<\/li>\n<li>Kritik ki negatif yo epi ki ap chache detwi selman;<\/li>\n<li>Lavi moral nou ak lot val\u00e8 nou yo kap fin depafini;<\/li>\n<li>Debandad nan administrasyon ak koripsyon;<\/li>\n<li>Keksyon youn kap lonje dw\u00e8t sou lot ki pa sispann bloke nou;<\/li>\n<li>Zaf\u00e8 refize aksepte opinyon lot la kap grandi chak jou pi plis, jistan nou rive nan youn meprize lot;<\/li>\n<li>Eskandal moun ki genyen kap vin pi rich, epi malere kap vin pi pov.<\/li>\n<\/ul>\n<p><strong>8.<\/strong> Ti Pitit ki f\u00e8t jou Nw\u00e8l la te viv tou nan kondisyon sa yo, kote moun p\u00e8di vale yo epi vin potre ak zonbi. Men li te aksepte yo epi transf\u00f2me yo pou li te ka montre nou kouman nou dwe, nou menm tou, chanje sitiyasyon kote youn p\u00e8 lot la pou nou viv ak konfyans youn nan l\u00f2t, pou nou sispan n ap mete moun sou kote, pou chak moun ka jwenn plas yo tankou fr\u00e8 ak s\u00e8.<\/p>\n<p><strong>9.<\/strong> Pitit ki f\u00e8t jou Nw\u00e8l la se yon kote kite gen zannimo li te jwenn pou l te rete; konsa li f\u00e8 yon s\u00e8l ak tout timoun nan peyi nou ki pa ale lek\u00f2l e ki pa gen p\u00e8sonn pou ede yo; j\u00e8n nou yo ki pa konnen kisa demen ap pote pou yo; granmoun nou yo ki lage pou ko\u2019 yo; peyizan nou yo ki pa gen ni t\u00e8 ni ankadreman, tout moun sa yo ki pa gen kay pou yo rete; yon latriye fanmi kap fin depafini; yon pak\u00e8t fanm ki lage de bra balan ki pa gen p\u00e8sonn pou yo rele;<\/p>\n<p><strong>10.<\/strong> Ti Pitit ki f\u00e8t jou Nw\u00e8l la konnen tou sa ki rele menas ak mete sou kote. Sonje se Mari ak Joz\u00e8f ki te chape poul yo av\u00e8k li nan peyi Lejip pou yo pa t touye l. Menm jan av\u00e8k li, gen yon pak\u00e8t fanmi ayisyen ki deside pran kannot pou trav\u00e8se move lanm\u00e8 pandan yap mete lavi yo an danje; gen lot kap trav\u00e8se fwonty\u00e8 kote yo sibi imilyasyon, yap kouri d\u00e8y\u00e8 yo, san yo pa rekon\u00e8t sa ki pi piti nan dwa yo genyen yo.<\/p>\n<p>L\u00e8 yo te kw\u00e8 nan peyi letranje yo tap jwen n yon lavi miy\u00f2, se move tretman, avilisman, atak rasis e menm lanm\u00f2 yo ranmase.<\/p>\n<p><strong>11.<\/strong> Kiy\u00e8s ki kapab konprann p\u00e8p sa a, ki pa sispann pote kwa nan listwa li? Kiy\u00e8s ki dwe ede l jwenn yon.<\/p>\n<ul>\n<li>Se dirijan, fanm ak gason yo, p\u00e8p la te vote : yo dwe merite konfyans, yo dwe on\u00e8t, epi renmen peyi sa a ak tout k\u00e8 yo ;<\/li>\n<li>Se reskonsab legliz yo: yo dwe tounen bonjan gid espirity\u00e8l epi moun k ap travay pou lap\u00e8. Yo dwe gen bon jan konpotman epi apran korije sa ki pa bon nan konsyans p\u00e8p la ;<\/li>\n<li>Se lid\u00e8 pati politik yo : pou komanse yo dwe sonje politik la mande yo travay pou lajistis ak lap\u00e8, pou yo bliye t\u00e8t yo, men pou yo chache sa ki nan enter\u00e8 tout moun ;<\/li>\n<li>Se moun save yo, pwofesyon\u00e8l yo, biznisman n yo : yo dwe itilize tout mwayen yo genyen pou yo ka s\u00e8vi popilasyon an byen;<\/li>\n<li>Se senp fonksyon\u00e8 yo ak sa ki pi byen fome yo : piske se sou yo menm administrasyon piblik ak prive a chita, yo dwe montre yo k\u00f2r\u00e8k epi on\u00e8t pandan y ap toujou byen f\u00e8 travay yo ;<\/li>\n<li>Se peyizan yo, moun kap degaje yo pou ko\u2019 yo ak sa ki resevwa yon ti monnen chak mwa, yo menm ki pote sou do yo ekonomi peyi a : yo dwe \u00f2ganize yo chak jou pi plis pou yo ka travay nan;<\/li>\n<li>Se tout gason ak tout fanm, pitit gason ak pitit fi p\u00e8p la : yo dwe sonje peyi a bezwen yo mete t\u00e8t yo ansanm pou yo pran chimen rekonstriksyon an ak rekonsilyasyon.<\/li>\n<\/ul>\n<p><strong>12. <\/strong>Kouman vre nou kapab rebati peyi sa a san nou pa wete rankin nan k\u00e8 nou, san nou pa chache rezoud konfli kap divize nou ? Kouman nap rive f\u00e8 sa si nou pa oganize yon konbit chita pale tande, pou youn kapab konpran n lot, epi pou sa k f\u00e8 diferans nou an ap tounen yon f\u00f3s pou nou, pou sa k f\u00e8 nou pa w\u00e8 tout bagay menmjan an ap tounen yon rich\u00e8s pou nou?<\/p>\n<p><strong>13.<\/strong> Vle pou nou vle rive nan konbit chita pale tande a, se s\u00e8l kondisyon pou f\u00e8 t Nw\u00e8l la tounen sa l dwe ye a : yon f\u00e8t fanmi, yon f\u00e8t kote youn ak l\u00f3t f\u00e8 youn, yon f\u00e8t kote youn ak l\u00f3t santi yo fr\u00e8 tout bon vre. Se volonte rive rey\u00e8lmanvre nan konbit chita pale tande sa a k ap bay zans\u00e8t nou yo on\u00e8 ak resp\u00e8, yo menm ki te met t\u00e8t yo ansanm, sa gen 210 lane, pou yo goumen ansanm. Youn pa t menm ak l\u00f3t, men yo tout ansanm te kase yon s\u00e8l randevou listwa : bati yon peyi lib ak endepandan.<\/p>\n<p><strong>14.<\/strong> Se pou f\u00e8t Nwel la, kote anpil fanmi pral chita ansanm, tounen pou nou menm ayisyen, gason tankou fi, pitit t\u00e8 sa a, yon randevou t\u00e8t ansanm, men nan men, pou n kite f\u00e8nwa laper\u00e8z nou yo, f\u00e8nwa youn pa f\u00e8 l\u00f3t konfyans, f\u00e8nwa youn met l\u00f3t sou kote, f\u00e8nwa chire pit nou yo ak f\u00e8nwa lesefrape nou yo.<\/p>\n<p><strong>15.<\/strong> Se pou nan mitan tout f\u00e9nwa nou yo, paw\u00f2l renmen ak verite a pote bonjan limy\u00e8 pou nou ak anpil k\u00e8 kontan ! \u00ab Paske k\u00e8 kontan levanjil la pote lajwa nan k\u00e8 ak nan tout kwen lavi moun yo ki rankontre Jezi.\u00bb (Evangelii Gaudium : K\u00e8 kontan Levanjil la)<\/p>\n<p><strong>16.<\/strong> Se pou \u00ab Lesperans ki pa janm f\u00e8 nou wont la (Women 8,5) kontinye rete nan nou ak tout fos li ! Se pou zetwal ki tap dirije Wa maj yo mennen nou al jwenn Jezi, sov\u00e8 ak liberat\u00e8 nou an!<\/p>\n<p><strong>17.<\/strong> Se pou Lavy\u00e8j Mari ak Joz\u00e8f, misye marye li, veye sou peyi a, sou tout ayisyen ki se yon sel fanmi, pou yo proteje yo pou okenn mal\u00e8 pa rive yo !<\/p>\n<ul>\n<li>Bon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 ! Bon lanne 2014 !<\/li>\n<li>Bonjan selebrasyon 210 lanne endepandans peyi nou an!<\/li>\n<\/ul>\n<p class=\"tabletext\" style=\"text-align: right;\">Mesaj sa a soti nan lokal CEH la,<br \/>\njou ki te 30 novanm 2013,<br \/>\nnan f\u00e8t Sentandre, ki se Apot epi mati.<\/p>\n<\/div>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Texte re\u00e7u le 3 d\u00e9cembre 2013 1. Nou menm Achev\u00e8k ak Ev\u00e8k katolik ayisyen yo ki te reyini nan Asanble pleny\u00e8 \u00f2din\u00e8 nan Lilavwa salye nou ak lafwa nan Granm\u00e8t [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,36,82,11,1267],"tags":[383],"class_list":["post-4338","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-fetes-et-celebrations","category-lettres-pastorales","category-religion","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Texte re\u00e7u le 3 d\u00e9cembre 2013 1. Nou menm Achev\u00e8k ak Ev\u00e8k katolik ayisyen yo ki te reyini nan Asanble pleny\u00e8 \u00f2din\u00e8 nan Lilavwa salye nou ak lafwa nan Granm\u00e8t [&hellip;]\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2013-12-04T20:22:47+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2023-04-29T18:08:32+00:00\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"8 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la\",\"datePublished\":\"2013-12-04T20:22:47+00:00\",\"dateModified\":\"2023-04-29T18:08:32+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/\"},\"wordCount\":1650,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"F\u00eates et c\u00e9l\u00e9brations\",\"Lettres pastorales\",\"Religion\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/\",\"name\":\"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"datePublished\":\"2013-12-04T20:22:47+00:00\",\"dateModified\":\"2023-04-29T18:08:32+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/\"]}]},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2013\\\/12\\\/04\\\/mesaj-ceh-nwel-2013\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la &#187;","og_description":"Texte re\u00e7u le 3 d\u00e9cembre 2013 1. Nou menm Achev\u00e8k ak Ev\u00e8k katolik ayisyen yo ki te reyini nan Asanble pleny\u00e8 \u00f2din\u00e8 nan Lilavwa salye nou ak lafwa nan Granm\u00e8t [&hellip;]","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/","article_published_time":"2013-12-04T20:22:47+00:00","article_modified_time":"2023-04-29T18:08:32+00:00","author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"8 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la","datePublished":"2013-12-04T20:22:47+00:00","dateModified":"2023-04-29T18:08:32+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/"},"wordCount":1650,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","F\u00eates et c\u00e9l\u00e9brations","Lettres pastorales","Religion","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/","name":"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"datePublished":"2013-12-04T20:22:47+00:00","dateModified":"2023-04-29T18:08:32+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/"]}]},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2013\/12\/04\/mesaj-ceh-nwel-2013\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti yo nan lokazyon f\u00e8t nw\u00e8l 2013 la"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/4338","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=4338"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/4338\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=4338"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=4338"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=4338"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}