{"id":38099,"date":"2021-12-19T14:55:43","date_gmt":"2021-12-19T19:55:43","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/?p=38099"},"modified":"2023-04-29T13:59:59","modified_gmt":"2023-04-29T17:59:59","slug":"evek-katolik-nwel-2021","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/","title":{"rendered":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an"},"content":{"rendered":"<p class=\"texte_recu\">Nou resvwa dokiman sa a jou ki te 18 desanm 2021<\/strong><\/p>\n<p>P\u00e8 nou yo, M\u00e8 nou yo, Fr\u00e8 nou yo,<br \/>\nFid\u00e8l yo, ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte:<\/p>\n<div class=\"justify\">\n<p><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"alignleft size-full wp-image-38107\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/night-of-jesus2.jpg\" alt=\"\" width=\"281\" height=\"180\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/night-of-jesus2.jpg 281w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/12\/night-of-jesus2-150x96.jpg 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 281px) 100vw, 281px\" \/><span class=\"padded-dropcap\">1<\/span> Nan yon ti tan ank\u00f2 nou pral selebre Nesans Sov\u00e8 nou an, Jezi kri, e n ap gen pou n swete yonn l\u00f2t b\u00f2n f\u00e8t Nw\u00e8l ak b\u00f2n ane. Tan Lavan an, k\u00f2m tan atant, konv\u00e8syon ak rekonsilyasyon, pataj ak esperans, prepare nou pou sa. Li louvri je nou sou yon mod\u00e8l lavi ki pi laj epi ki pi b\u00e8l. Tan Lavan an prepare nou pou n selebre lavi, sa vle di Jezi, li menm ki Liberat\u00e8 ak Sov\u00e8 limanite a, nan wete tout sa ki pa bon nan nou, nan detwi tout j\u00e8m divizyon ki anpeche nou rekon\u00e8t nou se fr\u00e8 ak s\u00e8 epi ki anpeche yonn akeyi l\u00f2t k\u00f2m sa dwa. Ak j\u00e8s konkr\u00e8, Legliz la envite nou soti nan konp\u00f2tman manfouben nou yo pou nou kapab akeyi Jezi Kri pi byen epi koube nou anba pouvwa li. Li mande nou louvri k\u00e8 nou, men nou ak zye nou pou n al jwenn fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo epi mache ansanm ak yo. Ki aksyon patriyotik ak zanmitay sosyal nou ta swete reyalize pou nou pran wout k ap mennen nou nan b\u00f2n gouv\u00e8nans ak nan bon jan t\u00e8t ansanm Ayiti bezwen an?<!--more--><\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">2<\/span> Nan misyon li genyen pou l mache sou tras pwof\u00e8t yo epi preche levanjil la, Legliz Jezi Kri a bay t\u00e8t li devwa pou li toujou soutni epi akonpaye pitit gason ak pitit fi li yo nan lapenn yo tankou nan k\u00e8 kontan yo, nan moman t\u00e8t chaje yo tankou nan moman lespwa yo (cf. Gaudium et spes n.1). Konsa, k\u00f2m Ev\u00e8k nan mitan p\u00e8p Bondye a, nou pa kapab rete bra kwaze devan ev\u00e8nman t\u00e8rib ki pase nan d\u00e8nye mwa sa yo. Pandan n ap prezante senpati nou bay tout moun ki viktim nan kastastw\u00f2f natir\u00e8l, nan eksplozyon, nan zak kidnaping, vy\u00f2l ak vyolans tout kalite. Nou konfye nan Mizerik\u00f2d Bondye nanm fr\u00e8 ak s\u00e8 inosan nou yo ki tonbe anba bal gwoup moun ki gen gwo zam yo. Nou voye senpati ak kondoleyans nou bay tout fanmi ki and\u00e8y yo. Nou kondane ak tout f\u00f2s nou zak sa yo ki rive kom\u00e8t nan mitan fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo. Nou mande pou laverite, l\u00f2d ak jistis reprann plas yo epi pou otorite Leta a retounen nan peyi nou an.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">3<\/span> Nan lapriy\u00e8 lanjelis ki te f\u00e8t 31 okt\u00f2b la, sou plas Sen Py\u00e8 nan vil W\u00f2m, Pap Franswa te gen yon panse espesyal pou Ayiti, peyi nou \u00ab k ap viv nan tribilasyon ak kalamite \u00bb. Piblikman, Pap la mande \u00ab reskonsab tout nasyon yo pou yo soutni peyi nou an, pou yo pa kite l pou kont li \u00bb nan moman difisil sa a. Anpil nan konpatriy\u00f2t nou yo blije pati kite peyi a ak lespwa yo kapab jwenn lavi miy\u00f2 yo espere a nan yon l\u00f2t peyi. Malerezman, yo konn viktim souvan anba move tr\u00e8tman ak diskriminasyon. Nou f\u00e8 vwa nou f\u00e8 yonn ak vwa Pap la pou nou kondane ev\u00e8nman tris sa yo epi nou mande pou prensip ki gen pou w\u00e8 ak resp\u00e8 diyite moun aplike pou tout moun. Nou manifeste rekonesans nou bay Pap la pou b\u00e8l mesaj solidarite sa a.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">4<\/span> Nou pouse yon gwo kout r\u00e8l devan sitiyasyon malouk sa a. \u00c8ske kriz sa a pa ta dwe touche konsyans Reskonsab yo nan Kominote ent\u00e8nasyonal la ? \u00c8ske l pa ta dwe pouse yo ede nou travay men nan men pou nou kapab panse blese sa a epi f\u00e8 pwomosyon pou respekte dwa iniv\u00e8s\u00e8l yo? Epitou, \u00e8ske lid\u00e8 politik nou yo, dirijan nou yo ak tout elit peyi a, yo menm tou, pa ta dwe santi yo kons\u00e8ne pi plis toujou nan sitiyasyon makawon sa a ki mete nou plat at\u00e8 a?<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">5<\/span> Konferans Ev\u00e8k Katolik Ayiti yo f\u00e8 ap\u00e8l ak konsyans tout moun pou yon gwo rev\u00e8y espirity\u00e8l, moral epi patriyotik pou nou kapab lite kont tout f\u00f2s mal ki nan nou epi ki viwonnen k ap pouse nou f\u00e8 zak krimin\u00e8l sa yo ki bay lapenn ak dlo nan je. Nou lanse yon ap\u00e8l prese prese bay akt\u00e8 politik yo, akt\u00e8 ekonomik, ak moun ki nan sosyete sivil la pou yo pran reskonsablite yo pou ch\u00e8che antant ak k\u00e8 poze, dekwa pou yo rive jwenn bon jan solisyon nan kriz peyi a ap trav\u00e8se depi lontan. Nou mande gwoup moun ki gen gwo zam nan men yo pou yo depoze yo. Sispann f\u00e8 moun soufri! Sispann f\u00e8 moun kriye! Konsa na bay kontribisyon pa nou nan konstwi yon sosyete kote ki gen jistis, k\u00e8 sansib, renmen, kote nap viv tankou s\u00e8 ak fr\u00e8. Paske l\u00e8 wap dyaloge, pale ak fr\u00e8 w, ou pa ka gen zam nan men w. Dyal\u00f2g sa a mande pou yonn gade l\u00f2t nan je; pou yonn padonnen l\u00f2t epi pou n avanse ansanm.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">6<\/span> S\u00e8 ak fr\u00e8 nou yo, an nou sispann mete enter\u00e8 p\u00e8son\u00e8l nou pi wo pase enter\u00e8 peyi a. An nou montre nou se pitit fi ak pitit gason menm Patri nou an, Ayiti! \u00abNan limy\u00e8 lafwa, an n akeyi mist\u00e8 Nw\u00e8l la, mist\u00e8 Bondye ki tounen moun nan Pitit li a, pou l f\u00e8 nou patisipe nan sa l ye a pou n ka vin pi moun\u00bb (Saint Athanase, Sur l\u2019Incarnation, 54.3 : PG 25). \u00ab An n kite Bondye sa a ki tounen yon Timoun nan transf\u00f2me nou, li menm ki envite nou louvri k\u00e8 nou bay lesperans \u00bb (CEH, Mesaj Nw\u00e8l 2020).<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">7<\/span> Se pout\u00e8t sa, tankou Pap Franswa mande nan Odyans jeneral 15 desanm ki sot pase a, nou envite tout konpatriy\u00f2t nou yo anndan tankou dey\u00f2 peyi a, pou yo mete plis f\u00f2s lafwa toujou nan lapriy\u00e8 pou Ayiti. An nou lapriy\u00e8 pou Lespri saj\u00e8s ak bon konprann nan klere nou epi gide nou nan aksyon ak nan travay n ap f\u00e8 pou n vin gen yon peyi toun\u00e8f dapr\u00e8 sa Bondye vle pou nou, \u00ab lap\u00e8, men non pa mal\u00e8, pou ban nou yon avni ak yon lesperans \u00bb (cf.Jeremi 29, 11).<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">8<\/span> \u00ab Granm\u00e8t, vini, pou kisa w pran tan konsa ? Gen pitye pou s\u00e8vit\u00e8 w \u00bb (S\u00f2m 89, 13). Men r\u00e8l, nou menm Ev\u00e8k yo, nou lanse bay Bondye pou nou tout nan fen ane 2021 an ki te make ak anpil katastw\u00f2f natir\u00e8l, anpil vyolans ak zak krimin\u00e8l.<\/p>\n<p><span class=\"padded-dropcap\">9<\/span> O Vy\u00e8j Mari! Manman P\u00e8pety\u00e8l Sekou, f\u00e8 nou jwenn lagras nan men Pitit ou Jezi, Emany\u00e8l, Bondye av\u00e8k nou, pou n rive pase yon b\u00e8l f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 ak yon lane 2022 nan rekonsilyasyon ak lap\u00e8.<\/p>\n<p>Mesaj sa a soti nan kay kote ev\u00e8k yo konn rasanble, Lilavwa, jou 16 desanm 2021 an.<\/p>\n<p>Ev\u00e8k ki siyen Mesaj sa a :<\/p>\n<\/div>\n<p>Suivent les signatures des \u00c9v\u00eaques :<\/p>\n<table id=\"mytable\">\n<tbody>\n<tr style=\"border-bottom: none;\">\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Launay SATURN\u00c9<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k Okap Ayisyen<br \/>\n\u2736 Prezidan Konferans Ev\u00e8k Ayisyen yo (CEH)<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Max Leroy M\u00c9SIDOR<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k P\u00f2toprens<br \/>\n\u2736 Visprezidan Konferans Ev\u00e8k Ayisyen yo (CEH)<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 D\u00e9sinord JEAN<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k de Hinche<br \/>\n\u2736 Ekon\u00f2m Konferans Ev\u00e8k Ayisyen yo (CEH)<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Kadinal Chibly LANGLOIS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Okay<br \/>\n\u2736 Konseye Konferans Ev\u00e8k Ayisyen yo (CEH)<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 DUMAS<\/strong><br \/>\n\u265d \u00c9v\u00eaque d\u2019Anse-\u00e0-Veau \/ Mirago\u00e2ne<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Marie \u00c9rick Glandas TOUSSAINT<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jakm\u00e8l<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Joseph Gontrand D\u00c9COSTE, SJ<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jeremi<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Quesnel ALPHONSE, smm<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k F\u00f2lib\u00e8te<\/td>\n<\/tr>\n<tr>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Yves Marie P\u00c9AN, CSC<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Gonayiv<\/td>\n<td style=\"border-bottom: none;\"><strong>Monsey\u00e8 Charles Peters BARTHELUS<br \/>\n<\/strong>\u265d Ev\u00e8k P\u00f2dep\u00e8<strong><br \/>\n<\/strong><\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n<p><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"size-full wp-image-34985 aligncenter\" src=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png\" alt=\"\" width=\"202\" height=\"184\" srcset=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau.png 202w, https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2021\/02\/ceh-sceau-150x137.png 150w\" sizes=\"auto, (max-width: 202px) 100vw, 202px\" \/><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye bay tout P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an. Nan message sa a ev\u00e8k yo envite nou pou nou soti nan konp\u00f2tman manfouben nou yo pou nou kapab resevwa Jezi Kri pi byen, epi koube nou anba pouvwa li. Konsa nou ka al jwenn fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo epi mache ansanm ak yo&#8230;<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":34554,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,1037,11,1267],"tags":[383],"class_list":["post-38099","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-fete-de-noel","category-religion","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye bay tout P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an. Nan message sa a ev\u00e8k yo envite nou pou nou soti nan konp\u00f2tman manfouben nou yo pou nou kapab resevwa Jezi Kri pi byen, epi koube nou anba pouvwa li. Konsa nou ka al jwenn fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo epi mache ansanm ak yo...\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2021-12-19T19:55:43+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2023-04-29T17:59:59+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/12\/naissance-de-jesus-christ.png\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"1000\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"338\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/png\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"7 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an\",\"datePublished\":\"2021-12-19T19:55:43+00:00\",\"dateModified\":\"2023-04-29T17:59:59+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/\"},\"wordCount\":1326,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/12\\\/naissance-de-jesus-christ.png\",\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"F\u00eate de No\u00ebl\",\"Religion\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/\",\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/12\\\/naissance-de-jesus-christ.png\",\"datePublished\":\"2021-12-19T19:55:43+00:00\",\"dateModified\":\"2023-04-29T17:59:59+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/12\\\/naissance-de-jesus-christ.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/12\\\/naissance-de-jesus-christ.png\",\"width\":1000,\"height\":338},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2021\\\/12\\\/19\\\/evek-katolik-nwel-2021\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an &#187;","og_description":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye bay tout P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an. Nan message sa a ev\u00e8k yo envite nou pou nou soti nan konp\u00f2tman manfouben nou yo pou nou kapab resevwa Jezi Kri pi byen, epi koube nou anba pouvwa li. Konsa nou ka al jwenn fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo epi mache ansanm ak yo...","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/","article_published_time":"2021-12-19T19:55:43+00:00","article_modified_time":"2023-04-29T17:59:59+00:00","og_image":[{"width":1000,"height":338,"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/12\/naissance-de-jesus-christ.png","type":"image\/png"}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"7 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an","datePublished":"2021-12-19T19:55:43+00:00","dateModified":"2023-04-29T17:59:59+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/"},"wordCount":1326,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/12\/naissance-de-jesus-christ.png","keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","F\u00eate de No\u00ebl","Religion","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/","name":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/12\/naissance-de-jesus-christ.png","datePublished":"2021-12-19T19:55:43+00:00","dateModified":"2023-04-29T17:59:59+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#primaryimage","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/12\/naissance-de-jesus-christ.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/12\/naissance-de-jesus-christ.png","width":1000,"height":338},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2021\/12\/19\/evek-katolik-nwel-2021\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye a nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2021 an"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38099","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=38099"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/38099\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media\/34554"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=38099"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=38099"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=38099"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}