{"id":33906,"date":"2020-11-28T13:27:31","date_gmt":"2020-11-28T18:27:31","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/?p=33906"},"modified":"2024-03-01T20:16:38","modified_gmt":"2024-03-02T01:16:38","slug":"mesaj-evek-katolik-nwel-2020","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/","title":{"rendered":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: right;\">Texte re\u00e7u le 28 novembre 2020<\/p>\n<div class=\"justify\">\n<h5 style=\"text-align: center;\">\u00ab\u00a0Pa kite yo v\u00f2l\u00e8 Lesperans lan nan men nou\u00a0\u00bb<\/h5>\n<p style=\"text-align: center; margin-bottom: 1.75em;\">(Pap Franswa)<\/p>\n<p><img decoding=\"async\" class=\"alignright size-medium\" src=\"\/img_temp\/avent\/avent3.jpg\" width=\"300\" \/>1.- Nou menm ev\u00e8k katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble \u00f2din\u00e8 nou, nou salye nou tout, s\u00e8 ak fr\u00e8 nou, nan tan Lavan sa a kote n\u2019ap prepare k\u00e8 nou pou nou selebre f\u00e8t nesans Jezi Granm\u00e8t nou. Evenman san par\u00e8y sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou ch\u00e8che glwa Bondye epi travay pou lap\u00e8 tabli sou t\u00e8 a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Py\u00e8 3,15) nan moman difisil yo.<!--more--><\/p>\n<p>2.- Jodi a peyi sa a nou renmen anpil la mande nou pou nou batay pi plis pou nou delivre\u2019l. Peyi a bezwen lap\u00e8, li bezwen yon chanjman total kapital : chanjman nan mantalite, chanjman nan tout chapant sosyete a, chanjman nan fason y ap mennen bak peyi a, nan jan y\u2019ap f\u00e8 politik. Depi mwa jiy\u00e8 2018, nou pa sispann mande tout akt\u00e8 politik yo pou yo pran men yo. Nan ane 2020 sa a nou te denonse tou deriv pouvwa anplas la ki pa sispann chifonnen Konstitisyon an nan pran k\u00e8k dekr\u00e8 ki bay gwo k\u00e8 kase.<\/p>\n<p>3.- Sityasyon malouk peyi a k\u2019ap vi n pi mal chak jou pi plis boulv\u00e8se nou anpil. Se zantray nou k\u2019ap rache l\u00e8 nou w\u00e8 lavyolans, lamiz\u00e8 ak salte fi n kouvri peyi a. Jodi a nou pa ka konte kantite zak kidnaping ki f\u00e8t. Bandi ap mache vyole moun, asasinen, y ap simen lat\u00e8r\u00e8, lanm\u00f2 ak dlo nan je, yo f\u00e8 moun oblije pati kite kay yo. Nou f\u00e8 youn ak tout p\u00e8p ayisyen an ki fatige pou nou rele byen f\u00f2 epi pou nou redi ak tout f\u00f2s nou : nou bouke ak ensekirite, vyolans, lamiz\u00e8 ak lat\u00e8r\u00e8 k\u2019ap layite k\u00f2 yo nan peyi a ! Nou bouke ! Se tw\u00f2p at\u00f2 ! P\u00e8p ayisyen an pa kapab ank\u00f2 ! Kanta nou menm k\u2019ap f\u00e8 move zak sa yo ak tout sila yo k ap soutni nou, nan non Bondye lavi a, nou mande nou : sispann ! Se tout p\u00e8p Ayisyen an ki pa dak\u00f2 ak sa. Sa pap mennen nou lwen.<\/p>\n<p>4.- L\u00e8 nou gade kijan kriz sa a ki la depi k\u00e8k tan ap brase bil peyi a, yon l\u00f2t fwa ank\u00f2, nou mande pou tout moun pran konsyans, peyi a dwe pase anvan tout enter\u00e8 p\u00e8son\u00e8l, tikoulout, pou gen yon chanjman total kapital nan lespri ak nan k\u00e8. Se pou nou rive jwenn yon antant antrenou menm ayisyen pou nou bati nasyon-an yon l\u00f2t jan. Se pou nou rive devlope bon jan rap\u00f2 ki makonnen nou ansanm. Nou menm ev\u00e8k katolik peyi Ayiti, nou ankouraje tout inisyativ nasyonal ki kapab rasanble tout f\u00f2s peyi a pou yo mete ansanm pou yo rive jwenn yon antant (konsansis) ki pou ranf\u00f2se enstitisyon yo yon fason pou bon jan klima konfyans kapab tounen nan mitan popilasyon an.<\/p>\n<p>5.- Anpil moun ak anpil sekt\u00e8 ta swete pou gen pase men ki f\u00e8t nan Konstitisyon an, oubyen yon l\u00f2t Konstitisyon, f\u00f2k sa ta rive f\u00e8t jan l dwe f\u00e8t epi se pa ni yon moun ni yon ti gwoup moun ki kapab deside sou yon koze enp\u00f2tan konsa pou lavni peyi a. Lespwa sa a nou genyen pou nou rive pale ansanm toutan, nan senserite, san bl\u00f2f, an nou kenbe l f\u00e8 m. Se ladan l n ap jwenn solisyon pwobl\u00e8m k ap boulv\u00e8se peyi a. Se chita pale sa a s\u00e8lman ki ka mennen nou nan aprann byen viv youn ak l\u00f2t tankou fr\u00e8 ak s\u00e8. Konsa, nou mande tout ayisyen, fi tankou gason, chak moun nan nivo pa yo pou f\u00e8 tout sa yo kapab pou anpeche peyi a antre pi fon nan twou li twouve\u2019l jodi a.<\/p>\n<p>6.- Se nan lapriy\u00e8 ak nan bon jan aksyon nou vle f\u00e8 solidarite ak tout sila yo machin ensekirite a maspinen, krabinen, asasinen. Lapriy\u00e8 se yon f\u00f2s ki fasilite epi nouri viv-ansanm nan sitou nan moman difisil yo. Nan Jezi, Pitit Bondye a ki tounen moun, nou jwenn lafwa, lesperans ak renmen pou nou vire gade fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo, espesyalman sila yo lavi a ap malmennen, sila yo sosyete a mete sou kote, sila yo machin ensekirite yo fabrike a matirize nan k\u00f2 yo, nan k\u00e8 yo ak nan lespri yo. Se pout\u00e8t sa nou mande tout kretyen katolik ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte pou nou p\u00e8severe nan adorasyon san rete nou te dekrete nan mwa jen 2019 la. Nou mande nou pou nou f\u00e8 youn ak tout fid\u00e8l ki nan10 dios\u00e8z ki nan peyi a pou nou f\u00e8 3 jou j\u00e8n, lapriy\u00e8 reparasyon ak demann pou konv\u00e8syon ak pou delivrans peyi a. N\u2019ap f\u00e8 lapriy\u00e8 sa yo nan jou 5, 6 ak 7 desanm nan. Nou pa gen dwa kite dekourajman ak reziyasyon enstale nan k\u00e8 nou. \u00ab Lapriy\u00e8 a se kote nou jwenn f\u00f2s Kris la. Li neses\u00e8 pou nou nan moman kritik sa a \u00bb (Benoit XVI, Encyclique Deus Caritas est, n. 36).<\/p>\n<p>7.- Peyi a pap chanje toutotan lespri nou ak k\u00e8 nou pa chanje. Si nou vle w\u00e8 sityasyon nou chanje, se pou nou kite Bondye chanje k\u00e8 nou anvan paske se nan k\u00e8 nou move zak yo soti (Cf. Matye 15,19). Devan machin lanm\u00f2 pwograme san fren k ap woule ak tout boulin nan mitan nou, kidonk ki menase nou, \u00ab nou pa dwe kite yo v\u00f2l\u00e8 lesperans nou \u00bb (Pape Fran\u00e7ois, omeli dimanch Ramo, 25 mas 2013). Se pou nou rete vijilan. Se pou nou kontinye di byen f\u00f2 : nou kw\u00e8 nan lavi pou tout fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo nan peyi Ayiti. Nou menm ki kw\u00e8 nan Bondye Granm\u00e8t la, nou dwe rekon\u00e8t renmen pi f\u00f2 pase tout bagay. \u00ab Pi gwo danje ki ka menase nou se l\u00e8 nou refize renmen (cf. 1 Korentyen 13, 1-13) \u00bb (Pape Fran\u00e7ois, Encyclique Fratelli Tutti, n. 92). Nw\u00e8l se f\u00e8t renmen, f\u00e8t frat\u00e8nite, f\u00e8t lap\u00e8. Lap\u00e8 sa a se ansanm pou nou ch\u00e8che\u2019l. An nou bay Ayiti yon chans. P\u00e8p sa soufri tw\u00f2p. An nou kwape lavyolans ! An nou bat chalbari d\u00e8y\u00e8 ensekirite ak enpinite !<\/p>\n<p>8.- An nou louvri k\u00e8 nou pou nou akeyi nan lafwa gwo f\u00e8t Nw\u00e8l la. Se gwo f\u00e8t Bondye ki tounen moun nan Pitit li a pou l f\u00e8 moun viv lavi pa l la. Konsa, li f\u00e8 nou menm moun kontre ak li (Saint Athanase, sur l\u2019Incarnation, 54,3 : PG 25). Bondye sa a ki tounen yon ti bebe nan bra manman l, LaVy\u00e8j Mari. L\u2019ap souri ba nou, an nou kite\u2019l transf\u00f2me nou. Li di nou pou nou pa p\u00e8di lespwa, pran kouraj nou ak de men epi louvri k\u00e8 nou bay lagras Bondye.<\/p>\n<p>9.- Se pou gras f\u00e8t Nw\u00e8l la soutni nou nan konba kont ensekirite, vyolans ak tout sa kap simen lanm\u00f2 ! Se pou\u2019l soutni angajman nou pou nou bati yon l\u00f2t Ayiti tou n\u00e8f kote lavi tout bon fleri. Se pou Manman P\u00e8pety\u00e8l Sekou, patw\u00f2n nou, vi n pote nou sekou. Se pou\u2019l mande Jezi Pitit li fav\u00e8 pou nou pase yon f\u00e8t Nw\u00e8l nan k\u00e8 poze ak yon lane 2021 nan renmen ak frat\u00e8nite !<\/p>\n<p>Mesaj sa a f\u00e8t nan Lilavwa, kay kote ev\u00e8k katolik peyi Ayiti reyini, jou 27 novanm 2020 an, jou f\u00e8t.<\/p>\n<\/div>\n<p>N\u00f2treDam Meday Mirakil\u00e8z.<\/p>\n<table>\n<tbody>\n<tr>\n<td style=\"border: none; vertical-align: top;\"><strong>Monsey\u00e8 Launay SATURNE<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k Okap Ayisyen<br \/>\n\u2261 Prezidan CEH<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Pierre Andr\u00e9 DUMAS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Ansavo ak Miragwann<br \/>\n\u2261 Visprezidan CEH<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Joseph Gontrand DECOSTE, SJ<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jeremi<br \/>\n\u2261 Sekret\u00e8 Jeneral CEH<br \/>\n..<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Marie Erick Glandas TOUSSAINT<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Jakmel<br \/>\n\u2261 Ekonom CEH<br \/>\n..<br \/>\n<strong>Kadinal Chibly LANGLOIS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Okay<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Louis N. KEBREAU, SDB<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k Emerit Okap Ayisyen<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Max Leroy MESIDOR<\/strong><br \/>\n\u265d Achev\u00e8k P\u00f2toprens<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Willy ROMELUS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Emerit Jeremi<br \/>\n&#8230;<\/td>\n<td style=\"border: none; vertical-align: top;\"><strong>Monsey\u00e8 Yves Marie PEAN, CSC<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Gonayiv<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 D\u00e9sinord JEAN<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Hench<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Jean Alix VERRIER<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Emerit Okay<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Quesnel ALPHONSE, SMM<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k F\u00f2lib\u00e8te<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Charles Peters BARTHELUS<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k P\u00f2dep\u00e8<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Pierre Antoine PAULO, OMI<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Emerit P\u00f2dP\u00e8<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Frantz COLIMON, SMM<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Emerit P\u00f2dep\u00e8<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Ducange SYLVAIN, SDB<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<br \/>\n&#8230;<br \/>\n<strong>Monsey\u00e8 Joseph LAFONTANT<\/strong><br \/>\n\u265d Ev\u00e8k Oksily\u00e8 P\u00f2toprens<br \/>\n&#8230;<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nou menm ev\u00e8k katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble \u00f2din\u00e8 nou, nou salye nou tout, s\u00e8 ak fr\u00e8 nou, nan tan Lavan sa a kote n\u2019ap prepare k\u00e8 nou pou nou selebre f\u00e8t nesans Jezi Granm\u00e8t nou. Evenman san par\u00e8y sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou ch\u00e8che glwa Bondye epi travay pou lap\u00e8 tabli sou t\u00e8 a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Py\u00e8 3,15) nan moman difisil yo.<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":32025,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,31,1037,82,1267],"tags":[383],"class_list":["post-33906","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-eglise-catholique","category-eveques","category-fete-de-noel","category-lettres-pastorales","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Nou menm ev\u00e8k katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble \u00f2din\u00e8 nou, nou salye nou tout, s\u00e8 ak fr\u00e8 nou, nan tan Lavan sa a kote n\u2019ap prepare k\u00e8 nou pou nou selebre f\u00e8t nesans Jezi Granm\u00e8t nou. Evenman san par\u00e8y sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou ch\u00e8che glwa Bondye epi travay pou lap\u00e8 tabli sou t\u00e8 a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Py\u00e8 3,15) nan moman difisil yo.\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2020-11-28T18:27:31+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2024-03-02T01:16:38+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:width\" content=\"825\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:height\" content=\"236\" \/>\n\t<meta property=\"og:image:type\" content=\"image\/jpeg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"7 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an\",\"datePublished\":\"2020-11-28T18:27:31+00:00\",\"dateModified\":\"2024-03-02T01:16:38+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/\"},\"wordCount\":1471,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"Ev\u00eaques\",\"F\u00eate de No\u00ebl\",\"Lettres pastorales\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/\",\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"primaryImageOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#primaryimage\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#primaryimage\"},\"thumbnailUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"datePublished\":\"2020-11-28T18:27:31+00:00\",\"dateModified\":\"2024-03-02T01:16:38+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/\"]}]},{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#primaryimage\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2020\\\/07\\\/ceh_entete.jpg\",\"width\":825,\"height\":236},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2020\\\/11\\\/28\\\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an &#187;","og_description":"Nou menm ev\u00e8k katolik peyi Ayiti, ki reyini pou asanble \u00f2din\u00e8 nou, nou salye nou tout, s\u00e8 ak fr\u00e8 nou, nan tan Lavan sa a kote n\u2019ap prepare k\u00e8 nou pou nou selebre f\u00e8t nesans Jezi Granm\u00e8t nou. Evenman san par\u00e8y sa a ki vi n chanje listwa nou menm moun, envite nou pou nou toujou ch\u00e8che glwa Bondye epi travay pou lap\u00e8 tabli sou t\u00e8 a. Nan Jezi, Bondye tounen moun pou l sove nou (Jan 1, 14), li mande nou pou nou kite lesperans sa a pote nou (1 Py\u00e8 3,15) nan moman difisil yo.","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/","article_published_time":"2020-11-28T18:27:31+00:00","article_modified_time":"2024-03-02T01:16:38+00:00","og_image":[{"width":825,"height":236,"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","type":"image\/jpeg"}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"7 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an","datePublished":"2020-11-28T18:27:31+00:00","dateModified":"2024-03-02T01:16:38+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/"},"wordCount":1471,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","Ev\u00eaques","F\u00eate de No\u00ebl","Lettres pastorales","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/","name":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"primaryImageOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#primaryimage"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#primaryimage"},"thumbnailUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","datePublished":"2020-11-28T18:27:31+00:00","dateModified":"2024-03-02T01:16:38+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/"]}]},{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#primaryimage","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2020\/07\/ceh_entete.jpg","width":825,"height":236},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2020\/11\/28\/mesaj-evek-katolik-nwel-2020\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti voye pou P\u00e8p Bondye-a: p\u00e8 yo, m\u00e8 yo, fr\u00e8 yo, fid\u00e8l yo ak tout moun ki gen b\u00f2n volonte nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l 2020 an"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33906","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=33906"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/33906\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media\/32025"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=33906"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=33906"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=33906"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}