{"id":25213,"date":"2019-02-17T22:58:04","date_gmt":"2019-02-18T03:58:04","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?p=25213"},"modified":"2021-10-29T12:43:36","modified_gmt":"2021-10-29T16:43:36","slug":"ceant-kriz","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/","title":{"rendered":"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la"},"content":{"rendered":"<p>P\u00e8p Ayisyen,<br \/>\nKonpatriy\u00f2t nan tout 4 kwen peyi a,<br \/>\nKonpatriy\u00f2t ki nan dyaspora a,<br \/>\nFr\u00e8m ak S\u00e8m yo :<\/p>\n<div style=\"text-align: justify;\">\n<p><a href=\"\/notables\/getperson.php?personID=2&amp;tree=Politique\"><img loading=\"lazy\" decoding=\"async\" class=\"img_border alignleft\" src=\"\/pages\/wp-content\/uploads\/2019\/02\/cean20190217-300x294.jpg\" alt=\"\" width=\"275\" height=\"294\" \/><\/a>Sa f\u00e8 10 jou depi peyi a ap viv yon moman difisil, yon moman ki bay anpil k\u00e8 sote ;Sa f\u00e8 10 jou depi timoun yo paka ale lek\u00f2l, lopital yo paka bay laswenyay, gwo biznis ak ti biznis paka fonksyone ;<\/p>\n<p>Sa f\u00e8 10 jou tou depi Leta ap p\u00e8di anpil lajan. An menm tan tou, popilasyon an soufri anpil. Ak\u00f2z wout ki bare, li paka jwenn dlo potab, li paka jwen manje, li paka jwenn gaz, li pr\u00e8ske pa jwenn kouran. Tout sa ki ka mennen nou dir\u00e8k dir\u00e8k nan yon grav kriz imanit\u00e8 ;<\/p>\n<p>Sa f\u00e8 10 jou depi k\u00e8k nan fr\u00e8 ak s\u00e8 nou yo ap p\u00e8di lavi yo nan sikonstans ki rev\u00f2lte nou tout. Se av\u00e8k anpil k\u00e8 sere m\u2019ap pwofite voye senpati m pou tout kategori moun, espesyalman polisye ki tonbe yo.<\/p>\n<p>K\u00f2m papa pitit ki konn doul\u00e8 paran, mwen voye yon panse espesyal pou manman jenn ti gason sa a, Roberto Badjo THELUSMA ki mouri devan lopital jeneral pandan li t\u2019ap ede manman li nan ti aktivite kom\u00e8s li. Si m tounen 40 lane annary\u00e8, mwen sonje tou kijan m te konn ede manman m nan kom\u00e8s vyann li t konn f\u00e8 nan mache Kwabosal. Men Jodia mwen se Premye Minis, kidonk, p\u00e8sonn pa konnen kisa Roberto Badjo Thelusma te ka vin ye nan peyi sa a.<!--more--><\/p>\n<p>D\u00e8nye tan sa yo, anpil revandikasyon eksprime. Mwen pran n\u00f2t ke nou te s\u00f2ti pou manifeste kont lavich\u00e8, nou mande kont sou lajan Petwo Karibe ak koze k\u00f2ripsyon nan Leta ;<\/p>\n<p>Nou te s\u00f2ti pou mande travay, pou di dezak\u00f2 nou ak dola a k ap monte t\u00e8t n\u00e8g, ak lamiz\u00e8 k ap taye banda toupatou. Mwen menm ak tout manb Gouv\u00e8nman an, nou tande vwa nou, nou tande r\u00e8l nou, nou konprann k\u00f2l\u00e8 ak endiyasyon nou.<\/p>\n<p>Opozisyon pliry\u00e8l la te soti pou eksprime dezako li ak gouv\u00e8nans peyi a. P\u00e8p la f\u00e8 tande vwa li san li pa sibi represyon, e dirijan yo konprann nesesite pou bay swit ak revandikasyon p\u00e8p la. M\u2019ap pwofite felisite Polis nasyonal la pou pwofesyonalism ak matirite li. E mwen mande yo kontinye pwoteje lavi chak grenn sitwayen, sekirize lek\u00f2l yo, biznis yo elatriye. Mesye Dam, chapo ba !<\/p>\n<p>Men yon l\u00f2t kote, nan jou ki pase yo, gen anpil dez\u00f2d ki merite kondane. Moun ki p\u00e8di lavi yo, Magazen ki pran dife, ponp gaz ki boule, vit machin ki kraze, ti biznis ki f\u00e8 fayit. Tout sa lak\u00f2z anpil j\u00e8n, anpil moun nan klas mwayenn nan p\u00e8di lespwa nan peyi a.<\/p>\n<p>Nan jou ki sot pase yo, anpil res\u00f2tisan peyi zanmi nou yo te oblije kite peyi a. Se yon move n\u00f2t pou nou sou s\u00e8n ent\u00e8nasyonal la. Pandan nap mande touris antre nan peyi a, nou pa kapab kontinye voye move siyal pou p\u00e8sonn pa anvi vini vizite nou. Nou kondane zak malon\u00e8t kote yon sitwayen te souye drapo peyi zanmi nou L\u00e8zetazini. Nou kondane atak ki f\u00e8t sou Anbasad peyi zanmi tankou Pewou ak Itali. Bagay sa yo pa bon ditou e yo pa f\u00e8 lon\u00e8 ak fy\u00e8te Nasyon an \u2026<\/p>\n<p>Nou konstate ke nan moman mal\u00e8 pandye sou peyi a, p\u00e8sonn pa epanye! Nou tout soufri! Nou tout nan lapenn! P\u00e8sonn pa ka fonksyone!Se pout\u00e8t sa, m\u2019ap di nou, sekt\u00e8 prive, lid\u00e8 politik, sosyete sivil, lajen\u00e8s, Petwotchalenndj\u00e8, dyaspora, ti machann, etidyan, lid\u00e8 relijye pa gen tan ank\u00f2 ! Jou pr\u00e8ske bare nou. F\u00f2k nou fokis sou nannan pwobl\u00e8m nan.<\/p>\n<p>Kisa ki eksplike dram peyi a ap viv jounen jodi a?<\/p>\n<p>Poukisa nou nan tout pwobl\u00e8m sa yo ? Poukisa nou pa janm ka jwenn solisyon ? P\u00e8p Ayisyen! Fr\u00e8m ak s\u00e8 m yo!<\/p>\n<p>Dram n\u2019ap viv jounen jodia pa par\u00e8t pou kont li. Li pa yon ka p\u00e8di nonplis. Kidonk, se yon bagay nou ka eksplike. L\u00e8 nou fouye nan Listwa Peyi a, nou rann nou kont se paske depi lontan, nou refize chita pou nou poze pwobl\u00e8m viv ansanm nan. Nou refize chita gade youn l\u00f2t nan je pou nou poze pwobl\u00e8m fondalnatal peyi a :<\/p>\n<ul>\n<li>Pwobl\u00e8m k\u00f2ripsyon k\u2019ap gangrennen Leta a ;<\/li>\n<li>Pwobl\u00e8m rich\u00e8s peyi a ki pa byen separe ;<\/li>\n<li>Pwobl\u00e8m move gouv\u00e8nans ki gen nan Leta a.<\/li>\n<\/ul>\n<p>Mezanmi peyi a divize ! E se pa jodia ! Milat yon b\u00f2 n\u00e8g nwa yon l\u00f2t b\u00f2 ; moun rich nan yon kan moun p\u00f2v kanpe anfas ; moun lavil kanpe ag\u00f2ch moun andey\u00f2 kanpe adwat ; moun ki nan peyi a se youn moun ki nan dyaspora a se yon l\u00f2t \u2026 Divizyon toupatou ! Ki sosyete ki ka mache konsa ?<\/p>\n<p>Jodia, b\u00f2 kote Prezidan an, mwen angaje m pi plis ke anvan. Misyon m se batay pou rekonsilye nou youn ak l\u00f2t, rekoud tout moso ki chire yo, pou Tidjo ak G\u00f2ldennberg kapab chita pale. Yon chita pale sou abitraj Leta pou nou ansanm, deside ki kote n ap mennen peyi a. Paske, li kl\u00e8 ke malgre tout diferans ki genyen antrenou, desten nou tout f\u00e8 yon s\u00e8l.<\/p>\n<p>Nou t\u00e8lman rate okazyon pou nou poze pwobl\u00e8m yo e rezoud yo yon fwa pou tout sa lak\u00f2z ke sa nou pa rezoud ay\u00e8 eklate nan figi nou jodia. Nou sonje 6-7 jiy\u00e8 2018 ? Nou sonje sa k te pase ?<\/p>\n<p>P\u00e8p la te raple nou ke nou dwe chita pou pote chanjman nan lavi li. Li te voye yon mesaj f\u00f2 bay tout elit yo, elit politik ak ekonomik peyi a an patikilye. Mesaj p\u00e8p la te kl\u00e8. Li te di ke l pa kapab ank\u00f2, menmjan Junior yon jenn Ayisyen lamiz\u00e8 ap tizonnen, te raple nou sa l\u00f2trejou ank\u00f2 sou rezo sosyal yo ak nan radyo. Junior, vwa w pale pou tout jen\u00e8s la.<\/p>\n<p>Se pout\u00e8t sa, nou te mache nan 10 Depatman peyi a nan sousi pou lavil kontre ak andey\u00f2, pou lide tout kategori moun, ak tout sekt\u00e8 kontre, nan objektif pou nou tabli ansanm yon Pak Pou n Byen Gouv\u00e8nen Peyi a.<\/p>\n<p>Anpil anpil jef\u00f2 f\u00e8t. Men bagay la pa fasil. Pwosesis la poko fin abouti. Men f\u00f2k nou dak\u00f2 akalmi nou te gen nan fen lane 2018 jouk rive 7 fevriye 2019 la, se pr\u00e8v si nou chita pale yonn ak l\u00f2t n ap rive f\u00e8 lap\u00e8 ak estabilite blayi. Yon fason pou n poze epi rezoud vr\u00e8 pwobl\u00e8m ekonomik yo.<\/p>\n<p>Pandan n ap pran angajman pou nou kontinye pale san f\u00f2s kote, f\u00f2k nou pa janm sispann goumen kont yonn nan pi gwo l\u00e8nmi peyi sa a ki se k\u00f2ripsyon.<\/p>\n<p>Pwos\u00e8 PetwoKaribe a ap f\u00e8t w\u00e8 pa w\u00e8 ! Se yon angajman mwen te pran depi nan Deklarasyon Politik Jeneral mwen. Jodia map pran agajman ank\u00f2 devan p\u00e8p Ayisyen an pou ede ch\u00e8che K\u00f2b Petwokaribe a. F\u00f2k k\u00f2b leta itilize pou byenn\u00e8t tout pitit peyi a.<\/p>\n<p>F\u00f2k gen egzanp ki trase sou tout moun ki v\u00f2l\u00e8 lajan Leta a. Lajan P\u00e8p Ayisyen an dwe s\u00e8vi P\u00e8p Ayisyen !<\/p>\n<p>Nan sousi transparans, m ap raple mwen f\u00e8 pibliye tout rezolisyon PetwoKaribe yo. Sa itil anpil nan bay p\u00e8p la bon jan zouti pou li pi byen konprann kisa ki dosye PetwoKaribe a. Ki moun nan Leta ki gen dw\u00e8t yo tranpe ladann, ki enstitisyon piblik kou prive ki enplike. Volonte pou f\u00e8 limy\u00e8 sou jesyon lajan sa a, te mennen m bay Lakoud\u00e8kont jar\u00e8t pou anyen pa t anpeche yo rem\u00e8t rap\u00f2 odit la. Finalman, gras ak rap\u00f2 pasy\u00e8l sa a, Leta ayisyen pote plent ofisy\u00e8lman kont moun ki sisp\u00e8k nan detounen lajan p\u00e8p la.<\/p>\n<p>Tout aksyon sa yo, se pou ede jwenn repons ak gwo kesyon sa a jen\u00e8s peyi a ap poze depi ane pase a : \u00ab Kot K\u00f2b PetwoKaribe a ? \u00bb Mwen bay nou garanti kesyon sa p ap rete san repons. Yon gwo egzanp ap resi trase nan peyi sa !<\/p>\n<p>10 d\u00e8nye jou sa yo mwen ak tout manm gouv\u00e8nman an nou travay anpil. Sa f\u00e8 n mande t\u00e8t nou \u00e8ske kriz nou ap trav\u00e8se a pa genyen yon op\u00f2tinite ladan l. Op\u00f2tinite pou nou gade t\u00e8t nou nan glas epi refonde sosyete a sou baz ki pi solid.<\/p>\n<p>Se nan moman kriz, kriz malouk sa yo sosyete yo pran tout dispozisyon pou koupe fache ak tout sa ki anpeche yo make pwen k\u00f2msadwa.<\/p>\n<p>Malgre tout difikilte ki genyen sou pwosesis dyal\u00f2g ki te tanmen depi nan mwa desanm nan, li kl\u00e8, jiskaprezan nou gen yon s\u00e8l alt\u00e8nativ : Dyal\u00f2g la se s\u00e8l vr\u00e8 chimen an.<\/p>\n<p>Pandan n ap kontinye f\u00e8 sakrifis pou dyal\u00f2g la rapousuiv epi abouti, f\u00f2k nou kontinye viv, se pout\u00e8t sa, Gouv\u00e8nman m ap dirije a pran anpil desizyon.<\/p>\n<p>Pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, apr\u00e8 plizy\u00e8 Kons\u00e8y Gouv\u00e8nman, mwen menm ak tout minis yo, gen anpil kalte mezi nou deside pran.<\/p>\n<p>Annatandan Minis yo vin bay plis detay sou mezi prese prese yo, me ansanm mezi global nou deside pran yo:<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\"><strong>1.- Premy\u00e8 desizyon :<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Koupe bidj\u00e8 Laprimati de 30% pandan n ap sigjere Laprezidans ak Palman an f\u00e8 menmjan an<br \/>\nRetire tout privilej ki pa neses\u00e8 nan men gran fonksyon\u00e8 Leta yo (Tankou fr\u00e8 gaz, kat telef\u00f2n, vwayaj initil aletranje, kantite konsiltan sou dosye yo\u2026).<br \/>\nRekonsidere zaf\u00e8 Dezy\u00e8m Rezidans lan.<br \/>\nEkonomi sa yo ap p\u00e8m\u00e8t pa egzanp nou ranf\u00f2se pouvwa jidisy\u00e8 a nan ba li plis mwayen pou fasilite aboutisman pwos\u00e8 Petwokaribe a.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">2.- <strong>Dezy\u00e8m desizyon<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Nou kw\u00e8 k ap p\u00e8m\u00e8t Leta jwenn plis k\u00f2b pou bay plis s\u00e8vis.<br \/>\nNou mande prese-prese Kou Sipery\u00e8 D\u00e8kont pou f\u00e8 Odit tout antrepriz oton\u00f2m Leta yo, yon manny\u00e8 pou nou ch\u00e8che tout k\u00f2b Leta ki detounen, sa ki ap ede nou bay popilasyon an bonjan s\u00e8vis, an menm tan nap voye je sou minist\u00e8 tit\u00e8l yo.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">3.- <strong>Twazy\u00e8m desizyon:<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Tout done estatistik yo montre akl\u00e8 peyi a p\u00e8di anviwon 60 milya goud chak ane sou fwonty\u00e8 ak Ladwann nan zaf\u00e8 kontrebann. Prese-prese, nou pral travay ak zanmi nan kominote Ent\u00e8nasyonal la, Sekt\u00e8 prive a, ak Lapolis mete ak Responsab Ladwann yo pou nou w\u00e8 kouman anvan ane sa fini nou ka rive rantre mwatye nan k\u00f2b sa. E lajan sa, nou pral gade kouman nap kapab mete l nan pwodiksyon nasyonal, nan bay sibvansayon nan angr\u00e8 pou peyizan, kredi ak moun kap f\u00e8 biznis, sa ki se yonn nan mwayen nou genyen pou rive bese dola a.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">4.- <strong>Katriy\u00e8m desizyon :<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Mwen antann mwen ak Prezidan an pou nou kraze tout monop\u00f2l, pou nou pwoteje moun kap travay nan pwodiksyon nasyonal la, gwo tankou piti (tankou moun kap pwodui ze, patat, diri elatriye). Nan sans sa, prese-prese, mwen pral gen yon rankont ak moun ki gen gwo biznis nan peyi a men ki nan pwodiksyon nasyonal pou w\u00e8 ki gwo desizyon nou kapab pran ansanm pou kreye plis dj\u00f2b pou bese dola, elatriye \u2026<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">5.- <strong>Senky\u00e8m desizyon :<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Mwen antann mwen ak Prezidan an pou rankontre tout moun ki se pwopriyet\u00e8 faktori yo pou diskite avek yo e pou gade nan ki sans nap kapab f\u00e8 yon ef\u00f2 anplis pou nou manyen sal\u00e8 minim\u00f2m pou ouvriye ak ouvriy\u00e8z yo jwenn yon alemye.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">6.- <strong>Sizy\u00e8m desizyon:<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">N ap kontinye aji sou dosye Petwo Karibe a.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Depi l\u00e8 m rive k\u00f2m Premye Minis, mwen ranmase premye rap\u00f2 Palman te pibliye yo. Mwen te apiye ak tout f\u00f2s mwen Kou Sipery\u00e8 D\u00e8kont ki fenk soti yon l\u00f2t rap\u00f2 sou dosye Petwo Karibe a. Koulye a, pou nou al pi vit, e pou pemet peyi a rive jwenn lajan ki pedi nan Petwo Karibe a, m ap anonse :<br \/>\nNominasyon prese prese yon nouvo Direkt\u00e8 UCREF, yon nouvo Direkte ULCC<br \/>\nKomis\u00e8 Gouv\u00e8nman an pwal pran aksyon pi vit sou dosye Rap\u00f2 Kou Sipery\u00e8 D\u00e8kont la ;<br \/>\nKe CSPJ a mete plis Jij pou travay sou dosye Petwo Karibe a.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">7.- <strong>Sety\u00e8m desizyon :<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Nou pral mete kanpe e rann fonksyon\u00e8l tout bon vre Kons\u00e8y Administrasyon ki nan t\u00e8t \u00f2ganis oton\u00f2m leta yo, pou anpeche yon Direkt\u00e8 koupe rache jan lide l dil. F\u00f2k gen moun serye ki soti nan sosyete sivil la ki vin ranf\u00f2se Kons\u00e8y Administrasyon sila yo nan founi je gade.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">8.- <strong>Wity\u00e8m desizyon :<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Nou pral chita ak patn\u00e8 ent\u00e8nasyonal yo, ak BRH, APB, konpayi asirans yo pou ref\u00e8 FDI pou li ka tounen yon Bank Devl\u00f2pman pou finanse relans ekonomik lan. Pou bay j\u00e8nn aks\u00e8 ak kredi.<\/p>\n<p style=\"padding-left: 30px;\">9.- <strong>Nevy\u00e8m desizyon :<\/strong><\/p>\n<p style=\"padding-left: 60px;\">Annatandan tout mezi sa yo k\u00f2manse bay rezilta, nou gentan etabli yon pwogram dir\u00e8k ansanm ak pwodikt\u00e8 lokal yo, enp\u00f2tat\u00e8 yo ak patn\u00e8 ent\u00e8nasyonal yo pou nou kase pri pwodwi premy\u00e8 nesesite yo.<\/p>\n<p>P\u00e8p Ayisyen Menm si nou pran tout mezi nou ta imajine, gen yon s\u00e8l solisyon kap dirab : se chita pou yonn gade l\u00f2t nan je pou nou pale ansanm, pou nou deside ansanm ki kote nou vle mennen peyi a. Jodia yon l\u00f2t fwa ank\u00f2 nou dwe konsidere moman sa a, pery\u00f2d difisil sa a ke peyi a konnen depi 7 fevrye a tankou yon op\u00f2tinite ke nou paka rate. Gen ijans ! Nou rate anpil deja ! Annou tout f\u00e8 jef\u00f2 pou nou bliye sa ki divize nou\u2026<\/p>\n<p>Annou poze pwobl\u00e8m viv ansanm nan ! Pa gen wout pa bwa, pa gen 2 solisyon ! Se yon s\u00e8l ki genyen ! Se chita pale pou nou ka deside ansanm sa nou vle f\u00e8 de nasyon an&#8230;<\/p>\n<\/div>\n<p>M\u00e8si anpil !!!<br \/>\nViv Ayiti !<br \/>\nViv P\u00e8p Ayisyen an !<\/p>\n<p>Jean-Henry C\u00e9ant<br \/>\nPremier Ministre<br \/>\n16 f\/vrier 2019<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>P\u00e8p Ayisyen, Konpatriy\u00f2t nan tout 4 kwen peyi a, Konpatriy\u00f2t ki nan dyaspora a, Fr\u00e8m ak S\u00e8m yo : Sa f\u00e8 10 jou depi peyi a ap viv yon moman [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[49,50,22,1267],"tags":[1276],"class_list":["post-25213","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-crises","category-histoire-1986","category-leadership-politique","category-textes-en-creole","tag-jean-henry-ceant"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"P\u00e8p Ayisyen, Konpatriy\u00f2t nan tout 4 kwen peyi a, Konpatriy\u00f2t ki nan dyaspora a, Fr\u00e8m ak S\u00e8m yo : Sa f\u00e8 10 jou depi peyi a ap viv yon moman [&hellip;]\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2019-02-18T03:58:04+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2021-10-29T16:43:36+00:00\" \/>\n<meta property=\"og:image\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2019\/02\/cean20190217-300x294.jpg\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"12 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la\",\"datePublished\":\"2019-02-18T03:58:04+00:00\",\"dateModified\":\"2021-10-29T16:43:36+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/\"},\"wordCount\":2385,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"keywords\":[\"Jean Henry | C\u00e9ant\"],\"articleSection\":[\"Crises\",\"Histoire: 1986-\",\"Leadership politique\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/\",\"name\":\"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"datePublished\":\"2019-02-18T03:58:04+00:00\",\"dateModified\":\"2021-10-29T16:43:36+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/\"]}]},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2019\\\/02\\\/17\\\/ceant-kriz\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la &#187;","og_description":"P\u00e8p Ayisyen, Konpatriy\u00f2t nan tout 4 kwen peyi a, Konpatriy\u00f2t ki nan dyaspora a, Fr\u00e8m ak S\u00e8m yo : Sa f\u00e8 10 jou depi peyi a ap viv yon moman [&hellip;]","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/","article_published_time":"2019-02-18T03:58:04+00:00","article_modified_time":"2021-10-29T16:43:36+00:00","og_image":[{"url":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/wp-content\/uploads\/2019\/02\/cean20190217-300x294.jpg","type":"","width":"","height":""}],"author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"12 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la","datePublished":"2019-02-18T03:58:04+00:00","dateModified":"2021-10-29T16:43:36+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/"},"wordCount":2385,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"keywords":["Jean Henry | C\u00e9ant"],"articleSection":["Crises","Histoire: 1986-","Leadership politique","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/","name":"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"datePublished":"2019-02-18T03:58:04+00:00","dateModified":"2021-10-29T16:43:36+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/"]}]},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2019\/02\/17\/ceant-kriz\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Diskou Jan Enri Seyan (Jean-Henry C\u00e9ant) sou Sitiyasyon kriz la"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/25213","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=25213"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/25213\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=25213"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=25213"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=25213"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}