{"id":24175,"date":"2018-12-11T14:25:44","date_gmt":"2018-12-11T19:25:44","guid":{"rendered":"https:\/\/www.haiti-reference.com\/pages\/?p=24175"},"modified":"2019-04-09T10:12:37","modified_gmt":"2019-04-09T14:12:37","slug":"mesaj-nwel-2018-ceh","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/","title":{"rendered":"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti"},"content":{"rendered":"<p class=\"texte_recu\">Texte re\u00e7u le 10 d\u00e9cembre 2018<\/p>\n<p class=\"notation\">\u00ab L\u00e8 tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi, ki te f\u00e8t anba Lalwa pou sove sila yo ki anba lalwa, yon fason pou l te f\u00e8 nou fav\u00e8 vin pitit Bondye \u00bb<\/em> (Galat 4,4-5).<\/p>\n<div style=\"text-align: justify;\">\n<p><a href=\"http:\/\/www.haiti-reference.com\/religion\/catholique\/ceh.php\"><img decoding=\"async\" class=\"alignleft wp-image-4316 size-thumbnail\" src=\"\/.\/images\/blog\/2014\/bishop-miter.jpg\" alt=\"bishop-hat\" \/><\/a><strong>1.<\/strong> Se ak gwo kokennchenn mo sa yo Sen P\u00f2l s\u00e8vi nan l\u00e8t li ekri moun Galat yo, pou l pale sou ent\u00e8vansyon Bondye f\u00e8 pou l sove ras l\u00e8z\u00f2m. Sen Jan, b\u00f2 kote pa l, prezante fason ent\u00e8vansyon sa a f\u00e8t ak yon b\u00e8l ti paw\u00f2l tou kout : \u00ab Li monte tant li nan mitan nou \u00bb (Jan 1, 14).<\/p>\n<p><strong>2.<\/strong> Pitit Bondye a rebay moun ki pa t ka sove t\u00e8t li, konfyans. Li f\u00e8t sanble ak moun. Li aksepte viv menm jan ak li, s\u00f2f peche li pa t konn f\u00e8 (cf. Ebre 4, 15). Li monte tant li b\u00f2 kote pa moun, yon fason pou moun ka tounen jwenn fy\u00e8te l, grand\u00e8 l ak diyite l nan konfyans. K\u00e8lkeswa non mal la pote, Bondye pa kite moun nan kontinye plonje pi fon ladan l. Li vin pote l sekou pou ede l soti nan twou li te tonbe a, yon manny\u00e8 pou l ka gen konfyans n\u00e8t ale nan f\u00f2s Sila a ki sove l la.<\/p>\n<p><strong>3.<\/strong> Pitit fi ak pitit gason Ayiti k ap viv anndan tankou dey\u00f2 peyi a, nou salye nou av\u00e8k anpil renmen. N ap pare nou pou n fete Nw\u00e8l, kise gwo ev\u00e8nman kote Jezi, Pitit Bondye a, sov\u00e8 nou an, te vin f\u00e8t nan mitan nou. Jodi a ank\u00f2, nan tan nap viv la, li vin plante tant li nan mitan nou.<!--more--><\/p>\n<p><strong>4.<\/strong> Tan sa a kote peyi nou an malad jous nan zo, tout moun konnen ki kalite maladi li soufri. N ap site k\u00e8k nan yo : ech\u00e8k enstitisyon leta yo, vyolans k ap vale t\u00e8ren, n\u00e8g ak zam ki gen gwo moun d\u00e8y\u00e8 yo k ap ba yo bourad lajan ak zam, katastw\u00f2f ekonomik san rete ki lak\u00f2z yon lamiz\u00e8 kap depafini ak p\u00e8p la, koripsyon sou tout f\u00f2m, enpinite awogan, moun pa f\u00e8 moun konfyans, prensip sakre lavi pa respekte, vyolasyon diyite moun, jan nou te deja denonse sa ak tout f\u00f2s nou nan d\u00e8nye mesaj nou te s\u00f2ti nan dat 27 sektanm 2018 la. Nan sans sa a, k\u00f2man pou n pa di kijan san nou tresayi l\u00e8 nou w\u00e8 ak ki mechanste, rayisans, k\u00e8di, yo rache yon seri moun, fr\u00e8 ak s\u00e8 nou, epi voye yo jete vaykevay sou pil fatra. Nou voye senpati nou bay fanmi ki gen dlo nan je yo, epi n ap tann yo mete men sou moun ki kom\u00e8t krim san par\u00e8y sa yo epi trennen yo devan lajistis.<\/p>\n<p><strong>5.<\/strong> Chak jou kap pase nou konstate nasyon an ap antre pi fon nan yon twou san fon. Se nan bouch twou sa a Pitit Bondye a vin jwenn nou jodi a. Li lonje men ba nou epi li di nou byen f\u00f2 se pou nou gen konfyans nan Li, se pou nou gen konfyans nan t\u00e8t nou, se pou youn f\u00e8 l\u00f2t konfyans. Konfyans sa a, se s\u00e8l kondisyon pou gen bonjan dyal\u00f2g. Se nou tout kap tann e ki vle rive nan dyal\u00f2g sa a k\u00e8lkeswa non nou ba li a. Dyal\u00f2g la mande konfyans ak laverite, se vre. Men li mande tou youn koute l\u00f2t, pale ak senserite epi bliye t\u00e8t nou pou n ka defann enter\u00e8 sipery\u00e8 Peyi a.<\/p>\n<p><strong>6.<\/strong> Se sou t\u00e8ren vr\u00e8 dyal\u00f2g la, ak senserite, san kite p\u00e8sonn sou kote, nou swete yo mennen dosye Petwokaribe a, epi bay yon repons kl\u00e8 sou li, nan yon ti tan ki pa lwen, ni sou plan administratif ni sou plan jiridik. Nou pa dwe twonpe nou sou kesyon sa a, Legliz rekon\u00e8t nesesite dyal\u00f2g la, li pwopoze l bay Nasyon an san li pa mete t\u00e8t li devan. Legliz angaje l nan chimen sa a, b\u00f2 kote p\u00e8p Ayisyen an yon fason pou byenn\u00e8t tout moun ka reyalize pi byen (Cf. Compendium Doktrin Sosyal Legliz la, n. 417).<\/p>\n<p><strong>7.<\/strong> Nou kw\u00e8 chak jou pi plis f\u00f2k nou rive sove peyi sa a nou renmen anpil la. Pou sa rive f\u00e8t, chak pitit fi ak pitit gason peyi a dwe jwe yon w\u00f2l aktif epi byen deside. Sa mande nou : byen reflechi, poze san nou, aksepte f\u00e8 gwo sakrifis, pandan n ap sonje okenn sakrifis pa tw\u00f2 gwo pou byen peyi sa a nou tout renmen anpil la.<\/p>\n<p><strong>8.<\/strong> Nou menm p\u00e8p la te vote epi voye al okipe tout kalite fonksyon nan Leta a, reskonsablite nou k\u00f2m moun popilasyon an bay manda, se wete peyi a nan katchouboumbe kote li twouve l la. Nou la pou n pwoteje p\u00e8p la ak enstitisyon demokratik peyi a. Nou dwe kanpe sou bann privil\u00e8j nou bay t\u00e8t nou pandan p\u00e8p la ap trimen. Nou vle di nou sa ak tout f\u00f2s nou : Moman an grav !!! Nou dwe aji anvan li tw\u00f2 ta. Nou dwe konnen lejitimite a se pa yon bagay ou genyen epi se fini, se yon bagay ou dwe ap ch\u00e8che tout tan. L\u00e8 nou nan pouvwa epi nou pa kapab s\u00e8vi p\u00e8p la, menmsi se nan eleksyon nou te ale, menmsi se mete yo mete nou nan p\u00f2s la, lejitimite nou an vin p\u00e8di f\u00f2s, li tounen pay. Kisa nou itil si nou pa ka defann enter\u00e8 sitwayen ayisyen yo, sa vle di garanti \u00a0\u00bbbyen ki pou tout moun nan\u00a0\u00bb, ki se objektif tout pouvwa politik ?<\/p>\n<p><strong>9.<\/strong> Nou menm ki nan pouvwa jidisy\u00e8 a, nou la pou n f\u00e8 respekte lalwa ak f\u00e8 lajistis blayi nan on sist\u00e8m tout moun ap kritike pout\u00e8t koripsyon ap minen l. \u00c8ske nou rekon\u00e8t sa ? Nou mande nou pou n pa nan paspouki, pou nou endepandan, pou n on\u00e8t epi ranmase kouraj nou ak de (2) men nou.<\/p>\n<p><strong>10.<\/strong> Nou menm ki angaje nan pati politik yo epi k ap travay pou n pran pouvwa a, n ap f\u00e8 nou sonje, pouvwa a se yon s\u00e8vis li ye. Pout\u00e8t sa, nou mande nou mete anbisyon p\u00e8son\u00e8l nou yo sou kote, yon fason pou se peyi a ki toujou genyen. Jan Pap Franswa di l la, \u00abyon sosyete politik ap dire si w\u00f2l l ap ch\u00e8che bay t\u00e8t li, se satisf\u00e8 bezwen tout moun, pandan l ap p\u00e8m\u00e8t tout moun nan sosyete a grandi, sitou sa ki pi f\u00e8b yo \u00bb (Diskou devan kongr\u00e8 ameriken an, 24 sektanm 2015).<\/p>\n<p><strong>11.<\/strong> Nou menm manm sosyete sivil la, fi ak gason b\u00f2n volonte, renmen peyi sa a ak tout k\u00e8 nou. Travay toutbon vre pou l devlope. W\u00f2l nou se patisipe nan transf\u00f2masyon sosyete a. Konsa, nou mande nou pou n reziste anba tout presyon, entimidasyon ak manipilasyon.<\/p>\n<p><strong>12.<\/strong> Pitit fi ak pitit gason peyi Ayiti, tout sa nou sot di yo p ap itil anyen toutotan pwazon youn pa f\u00e8 l\u00f2t konfyans la kontinye ap gate relasyon nou yo. Nou dwe rekon\u00e8t sa, konfyans ki pa genyen nan mitan nou, paske youn p\u00e8 l\u00f2t, anpeche peyi nou an avanse. Nou dwe lite kont sa. Konba sa a mande : pou nou f\u00f2me konsyans nou, pou nou aprann viv nan laverite, aprann respekte paw\u00f2l ak angajman nou, sispann f\u00e8 koken. Se sa kap f\u00e8 nou tounen sitwayen konsekan toutbon vre.<\/p>\n<p><strong>13.<\/strong> Manman Mari ap f\u00e8 wout ak p\u00e8p Ayisyen an, se yon mod\u00e8l konfyans ak k\u00e8 sansib pou tout moun. Li pa t janm dezespere ni p\u00e8di konfyans, menm nan pye lakwa a. \u00ab Chak fwa nou gade Manman Mari, nou vle kw\u00e8 k\u00f2man tandr\u00e8s ak afeksyon se yon f\u00f2s ki pote chanjman\u00bb (Pape Fran\u00e7ois, Exhortation post-synodale Evangelii Gaudium, n. 288). F\u00e8t Nw\u00e8l la, se Bondye ki f\u00e8 nou konfyans nan Pitit li a, ki monte tant li nan mitan nou epi ki vin f\u00e8 youn kapab f\u00e8 l\u00f2t konfyans toujou.<\/p>\n<p><strong>14.<\/strong> Pitit fi ak pitit gason Ayiti yo, pi gwo sa nou swete pou f\u00e8t Nw\u00e8l 2018 la ak Ane 2019 la, se pou nou avanse epi rive nan yon vr\u00e8 kontra konfyans k ap p\u00e8m\u00e8t p\u00e8p nou an rale yon souf toutbon vre. Nou lage gwo pwoj\u00e8 sa a nan men Manman nou, N\u00f2tre Dam P\u00e8pety\u00e8l Sekou, yon fason pou, gras ak konkou<br \/>\nli, li kapab tounen reyalite.<\/p>\n<p>Mesaj sa a f\u00e8t Lilavwa, kote Ev\u00e8k Katolik peyi Ayiti konn reyini, nan dat 30 novanm 2018 ki se f\u00e8t Andre ki Sen, ki se yon Apot ki mouri mati pou k\u00f2z Kris la.<\/p>\n<\/div>\n<table id=\"mytable\">\n<tbody>\n<tr style=\"valign: top;\">\n<td valign=\"top\"><strong>Mgr. Launay SATURNE<\/strong><br \/>\nArchev\u00eaque M\u00e9tropolitain du Cap-Ha\u00eftien<br \/>\nPr\u00e9sident de la CEH<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Pierre Andr\u00e9 DUMAS<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du Dioc\u00e8se d\u2019Anse \u00e0 Veau \/ Mirago\u00e2ne<br \/>\nVice-Pr\u00e9sident de la CEH<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Joseph Gontrand DECOSTE, sj<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du Dioc\u00e8se de J\u00e9r\u00e9mie<br \/>\nSecr\u00e9taire G\u00e9n\u00e9ral de la CEH<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>S. Em. Chibly Cardinal LANGLOIS<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du dioc\u00e8se des Cayes<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. \u00a0Max Leroy MESIDOR<\/strong><br \/>\nArchev\u00eaque M\u00e9tropolitain de Port-au-Prince<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Monseigneur D\u00e9sinord JEAN<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du Dioc\u00e8se de Hinche<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Monseigneur Pierre Antoine PAULO, omi<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du Dioc\u00e8se de Port de Paix<\/td>\n<td valign=\"top\"><strong>Mgr. Marie Erick Glandas TOUSSAINT<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque Auxiliaire de l\u2019Archidioc\u00e8se Port-au-Prince<br \/>\n\u00c9conome de la CEH<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Yves-Marie PEAN, CSC<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du Dioc\u00e8se des Gona\u00efves<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Quesnel ALPHONSE<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque du Dioc\u00e8se de Fort-Libert\u00e9<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr Ducange SYLVAIN, sdb<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque Auxiliaire de l\u2019Archidioc\u00e8se Port-au-Prince<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Guire POULARD<\/strong><br \/>\nArchev\u00eaque \u00c9m\u00e9rite de Port-au-Prince<br \/>\n<strong>\u2261<br \/>\nMgr.\u00a0Jean-Alix VERRIER<\/strong><br \/>\n\u00c9v\u00eaque \u00c9m\u00e9rite du Dioc\u00e8se des Cayes<br \/>\n\u2261<br \/>\n<strong>Mgr. Content SAUVEUR<\/strong><br \/>\nAdministrateur Dioc\u00e9sain du Dioc\u00e8se de Jacmel<\/td>\n<\/tr>\n<\/tbody>\n<\/table>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Texte re\u00e7u le 10 d\u00e9cembre 2018 \u00ab L\u00e8 tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi, ki te f\u00e8t anba Lalwa [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,1037,69,82,11,1267],"tags":[383],"class_list":["post-24175","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-fete-de-noel","category-histoire","category-lettres-pastorales","category-religion","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Texte re\u00e7u le 10 d\u00e9cembre 2018 \u00ab L\u00e8 tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi, ki te f\u00e8t anba Lalwa [&hellip;]\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2018-12-11T19:25:44+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2019-04-09T14:12:37+00:00\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"8 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti\",\"datePublished\":\"2018-12-11T19:25:44+00:00\",\"dateModified\":\"2019-04-09T14:12:37+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/\"},\"wordCount\":1688,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"F\u00eate de No\u00ebl\",\"Histoire\",\"Lettres pastorales\",\"Religion\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/\",\"name\":\"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"datePublished\":\"2018-12-11T19:25:44+00:00\",\"dateModified\":\"2019-04-09T14:12:37+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/\"]}]},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2018\\\/12\\\/11\\\/mesaj-nwel-2018-ceh\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti &#187;","og_description":"Texte re\u00e7u le 10 d\u00e9cembre 2018 \u00ab L\u00e8 tan an rive bout, Bondye te voye Pitit li a, ki te soti nan vant yon fi, ki te f\u00e8t anba Lalwa [&hellip;]","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/","article_published_time":"2018-12-11T19:25:44+00:00","article_modified_time":"2019-04-09T14:12:37+00:00","author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"8 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti","datePublished":"2018-12-11T19:25:44+00:00","dateModified":"2019-04-09T14:12:37+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/"},"wordCount":1688,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","F\u00eate de No\u00ebl","Histoire","Lettres pastorales","Religion","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/","name":"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"datePublished":"2018-12-11T19:25:44+00:00","dateModified":"2019-04-09T14:12:37+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/"]}]},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2018\/12\/11\/mesaj-nwel-2018-ceh\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Nw\u00e8l 2018 Konferans Ev\u00e8k Katolik peyi Dayiti"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/24175","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=24175"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/24175\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=24175"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=24175"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=24175"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}