{"id":1619,"date":"2014-12-02T13:30:54","date_gmt":"2014-12-02T18:30:54","guid":{"rendered":"http:\/\/haiti-reference.com\/pages\/?p=1619"},"modified":"2019-03-08T22:11:12","modified_gmt":"2019-03-09T03:11:12","slug":"mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/","title":{"rendered":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: right;\">Texte re\u00e7u le 1er d\u00e9cembre 2014<\/p>\n<div style=\"text-align: justify;\"><strong><a href=\"http:\/\/www.haiti-reference.com\/religion\/catholique\/ceh.php\"><img decoding=\"async\" class=\"alignleft img_border\" src=\"\/.\/images\/notables\/bishops_ht.jpg\" alt=\"bishops_ht\" width=\"300\" \/><\/a>1.<\/strong> \u00ab Men l\u00e8 tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a, ki f\u00e8t s\u00f2ti nan vant yon fi. \u00bb (Galat 4,4)<\/p>\n<p><strong>2.<\/strong> Nou menm Ev\u00e8k Peyi d Ayiti, nou reyini nan Asanble pleny\u00e8, epi nou voye mesaj sa a pou tout p\u00e8, fr\u00e8, m\u00e8, disip misyon\u00e8 Jezikri, p\u00e8p Bondye ki nan peyi d Ayiti, tout moun, gason kou fi, ki gen b\u00f2n volonte : Benediksyon ak lap\u00e8 nan Kris la!<\/p>\n<p><strong>3.<\/strong> Pandan n ap prepare nou pou n selebre jou Kris la te f\u00e8t nan mitan nou, li menm Pitit Bondye a ki vin tounen tou pitit yon fi, l\u00e8 l pran ch\u00e8 nan ch\u00e8 nou. Depi lontan lontan, Bondye te prepare jou sa a. Se li menm tout t\u00e8 tap tann. Epi, tankou Abraram, sa te f\u00e8 k\u00e8l kontan anpil. (Gade Jan 8,56)<\/p>\n<p><strong>4.<\/strong> Sitiyasyon lavi sosyal, politik ak relijye nan ep\u00f2k Jezi a te gen anpil latwoublay. Te gen gwoup moun ki tap batay kont lot gwoup moun, gwoupman politik yo te youn anfas lot, divizyon nan zaf\u00e8 larelijyon, epitou se etranje ki tap kontrole peyi a : men nan ki eta peyi kote Jezi te f\u00e8t la te ye. Men tou, se konsa tan an te ye!<\/p>\n<ol style=\"list-style-type: lower-alpha;\">\n<li class=\"pagetext\" style=\"padding-left: 30px;\">Tan an ki te bon n\u00e8t pou simaye Bon Nouv\u00e8l la!<\/li>\n<li class=\"pagetext\" style=\"padding-left: 30px;\">Tan an ki te pote lesperans ak yon chanjman total kapital!<\/li>\n<\/ol>\n<p><strong>5.<\/strong> Jezi li menm menm te montre kijan misyon l te makonnen ak tan kote l t ap viv la, pandan l tap anonse : \u00ab Tan an rive, peyi kote Bondye wa a toupre. \u00bb (Mak 1,15)<!--more--><\/p>\n<p><strong>6.<\/strong> Se konsa mesaje Levanjil yo te konprann nesesite ki genyen pou y opa janm separe keksyon tan an ak reyalite delivrans (Bondye k sove n nan) : \u00ab L\u00e8 a deja rive pou nou leve s\u00f2ti nan d\u00f2mi, paske kounye a delivrans lan pi pre nou. \u00bb (W\u00f2m 13,11). Oubyen : \u00ab Jodi a si nou tande vwa l, pinga nou kite k\u00e8 nou vin di (\u2026) Okontr\u00e8, se pou nou youn ankouraje l\u00f2t chak jou, toutotan je nou louvri jodi sa a, pou p\u00e8sonn pami nou pa kite k\u00e8 li vin di ak\u00f2z peche ki twonpe l. \u00bb (Ebre 3,7.13)<\/p>\n<p><strong>7.<\/strong> Bondye ba nou delivrans li nan tan pa l ak nan tan n ap viv la! Eske nou pa p\u00e8di tw\u00f2p tan? Li bon pou n poze t\u00e8t nou kesyon sa a. K\u00f2m p\u00e8p, k\u00f2m nasyon, \u00e8ske nou kapab dekouvri tan ki bon an ak moman ki byen tonbe a pou peyi nou vin pi bon? Eske nou kapab profite gwo chans sa a pou n avanse, epi pou n devlope t\u00e8t nou tout bon vre?<\/p>\n<p><strong>8.<\/strong> Pandan tout istwa n k\u00f2m p\u00e8p, si nou toujou te montre anpil rezistans, kouray, lafwa nou nan yon denmen miyo\u2019, li neses\u00e8 tou pou n rekon\u00e8t, an menm tan, nou te manke yon pak\u00e8t bon okazyon.<\/p>\n<p><strong>9.<\/strong> L\u00e8 n derefize konpran n enpotans tan ak moman n ap viv la, sa telman genyen anpil move konsekans nou pa menm kapab kalkile tou sa n p\u00e8di. Nan sans sa a Jerizal\u00e8m ki pa t rekon\u00e8t tan vizit Granm\u00e8t la se yon bel egzanp. Se pou sa li te tonbe nan r\u00e8l ak manje dan. (Gade. Lik 19, 41-44) Si nou pa f\u00e8 atansyon menm traka sa a ka rive nou tou!<\/p>\n<p><strong>10.<\/strong> Jodi a toujou, nou pa sispann youn ap dechire l\u00f2t, n ap kraze peyi a epi nou pap kite anyen pou sa k ap vini aprre nou. Men pandan jou yo ap kouri byen vit, men akt\u00e8 politik yo tonbe nan chire pit, san youn pa vle kite pou lot. Se zaf\u00e8 peyi nou an k ap peye sa.<\/p>\n<p><strong>11.<\/strong> Ansanm ak pi fo\u2019 sitwayen peyi a, men sa nou w\u00e8 :<\/p>\n<ol style=\"list-style-type: lower-alpha;\">\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Eleksyon yo pa f\u00e8t l\u00e8 yo te dwe f\u00e8t la epi youn ap tire kod ak lot san rete!<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Pri tout pwodwi premye nesesite vin pi ch\u00e8, se pousa grangou simaye toupatou!<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">T\u00e8 nou an fin depafini pout\u00e8t y opa sispan n koupe pyyebwa, ki lakoz tout bon t\u00e8 nou yo ale nan lanm\u00e8!<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Anpil Ayisyen p\u00e8di lespwa, sitou j\u00e8n yo, pout\u00e8t chomay ak bon travay ki pa genyen.<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Anpil moun kontinye ap ch\u00e8che kite peyi a nan move kondisyon, sitiyasyon sa a kraze fanmi, sa f\u00e8 yo imilye p\u00e8p nou an epi yo pase diyite li anba pye!<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Sist\u00e8m edikasyon nou, sist\u00e8m jidisy\u00e8 a ak sist\u00e8m lasante a manke djanm, ki f\u00e8 administrasyon piblik la pa fonksyone byen!<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Etidyan nou yo ak pwofesyon\u00e8l nou yo manke ankadreman, gen de l\u00e8 menm y opa jwen n ditou!<\/li>\n<\/ol>\n<p><strong>12.<\/strong> Fr\u00e8 n ak S\u00e8 n nan peyi d Ayiti, moman n ap viv la pa bon vre. Men si n pa profite chans tan sa a ban nou pou nou mete t\u00e8t nou ansanm, pou f\u00e8 peyi nou vanse epi defann diyite n k\u00f2m moun ak k\u00f2m p\u00e8p, se kite n ap kite z\u00f2t f\u00e8 n tounen esklav ak restavek.<\/p>\n<p><strong>13.<\/strong> Si nou retire t\u00e8t nou nan sitiyasyon malouk sa a, devwa n k\u00f2m Past\u00e8 oblije n f\u00e8 n sonje :<\/p>\n<ol style=\"list-style-type: lower-alpha;\">\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n pran chimen konv\u00e8syon a, se li kap pote bonjan chanjman an nan relasyon n ak Bondye, nan relasyon nou youn ak lot, nan relasyon nou, ak peyi n ansanm ak t\u00e8 kote nap viv la;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n sispann youn ap mawon lot, youn ap f\u00e8 magouy sou lot, pou youn ap pase lot la nan tenten;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n konprann kijan tout \u00e8d ak sip\u00f2 kominote ent\u00e8nasyonal la bay pap janm kapab pran plas konsyans nou k\u00f2m sitwayen, paske se li kap ede nou kontinye viv nan lon\u00e8 resp\u00e8 epi kap sove peyi nou an;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n f\u00e8 tout sa nou konnen pou nou pa kontinye ap frape enstitisyon nou yo ki d\u00e9j\u00e0 f\u00e8b anpil, pou n pa mete peyi a t\u00e8t anba ;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n fini ak tout vyolans sa yo, ansanm avek tout vye zak brigandaj ak ensekirite;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n pran chimen resp\u00e8, chimen youn koute l\u00f2t, chimen youn f\u00e8 l\u00f2t konfyans, chimen youn met t\u00e8t ansanm ak l\u00f2t jouk nou rive bati yon sosyete ki apran n rezoud problem divizyon li yo pi byen;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n f\u00e8 jefo\u2019, pou n monte pi wo, pou n pa repete er\u00e8 ki te f\u00e8t yo, pou n ka jwenn chimen tou n\u00e8f ki mennen nan yon lavi miyo\u2019 kap pibon pou demen, etan n ap ch\u00e8che epi etan n jwenn, nou menm menm Ayisyen ak Ayisy\u00e8n, bonjan solisyon pou pwobl\u00e8m pa nou yo;<\/li>\n<li style=\"padding-left: 30px;\">Li l\u00e8 li tan pou n konprann politik la se yon mwayen pou nou \u00f2ganize sa ki nan enter\u00e8 tout moun (sa n rele bien commun an), paske li f\u00e8 n vin genyen pi bon kalite moral ak pi bon zouti pou \u00f2ganize sosyete nou an. Pap Franswa te di : \u00ab Politik la se pi wo degre renmen an, paske l ap ch\u00e8che sa k nan enter\u00e8 tout moun. \u00bb (W\u00f2m, jen 2013).<\/li>\n<\/ol>\n<p><strong>14.<\/strong> Nan okazyon f\u00e8t Nw\u00e8l sa a, nou envite nou kenbe konfyans nou fem nan Bondye pandan nap voye je gade Zetwal ki s\u00f2ti anwo a ki vin klere tout moun ki te chita nan f\u00e8nwa ak lonbray lam\u00f2, pou l f\u00e8 yo mache san k\u00e8 sote nan wout k\u00e8 poze a. (Gade Lik 1, 78-79) Vini, an nou pw\u00f2che pi pre limy\u00e8 sa a ki vin klere toiut moun alawonn bad\u00e8!<\/p>\n<p><strong>15.<\/strong> Se pou Manman P\u00e8petiyel li menm ki toujou pote n Sekou, li menm ki sa patwon n ak protektris nou ede nou nan konba lavi a, konsa nou va rankontre ak Sov\u00e8 t\u00e8 a : Jezi pitit li a.<\/p>\n<p><strong>16<\/strong>. Se pou f\u00e8t Nw\u00e8l yo p\u00e8m\u00e8t fanmi ak zanmi nou yo youn rankontre l\u00f2t nan renmen ak nan t\u00e8t ansanm.<\/p>\n<p><strong>17.<\/strong> Lap\u00e8 ak K\u00e8 poze pou tout moun, gason kou fi, ki gen b\u00f2n volonte!<\/p>\n<p><strong>18.<\/strong> Nou swete tout Fr\u00e8 ak S\u00e8 n yo yon F\u00e8t Nw\u00e8l 2014 K\u00e8 Kontan, ak benediksyon Bondye pou lane 2015!<\/p>\n<p>Mesaj sa a soti nan kay reyinyion Ev\u00e8k yo, nan Lilavwa,<br \/>\njou ki te 27 novanm 2014<br \/>\nki se f\u00e8t \u00ab Notre-Dame de la M\u00e9daille Miraculeuse \u00bb.\n<\/p><\/div>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Texte re\u00e7u le 1er d\u00e9cembre 2014 1. \u00ab Men l\u00e8 tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a, ki f\u00e8t s\u00f2ti nan vant yon fi. \u00bb (Galat 4,4) 2. [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":0,"comment_status":"closed","ping_status":"closed","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[12,36,82,11,1267],"tags":[383],"class_list":["post-1619","post","type-post","status-publish","format-standard","hentry","category-eglise-catholique","category-fetes-et-celebrations","category-lettres-pastorales","category-religion","category-textes-en-creole","tag-conference-episcopale-dhaiti"],"yoast_head":"<!-- This site is optimized with the Yoast SEO plugin v27.4 - https:\/\/yoast.com\/product\/yoast-seo-wordpress\/ -->\n<title>Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014 &#187;<\/title>\n<meta name=\"robots\" content=\"index, follow, max-snippet:-1, max-image-preview:large, max-video-preview:-1\" \/>\n<link rel=\"canonical\" href=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/\" \/>\n<meta property=\"og:locale\" content=\"fr_CA\" \/>\n<meta property=\"og:type\" content=\"article\" \/>\n<meta property=\"og:title\" content=\"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014 &#187;\" \/>\n<meta property=\"og:description\" content=\"Texte re\u00e7u le 1er d\u00e9cembre 2014 1. \u00ab Men l\u00e8 tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a, ki f\u00e8t s\u00f2ti nan vant yon fi. \u00bb (Galat 4,4) 2. [&hellip;]\" \/>\n<meta property=\"og:url\" content=\"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/\" \/>\n<meta property=\"article:published_time\" content=\"2014-12-02T18:30:54+00:00\" \/>\n<meta property=\"article:modified_time\" content=\"2019-03-09T03:11:12+00:00\" \/>\n<meta name=\"author\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n<meta name=\"twitter:card\" content=\"summary_large_image\" \/>\n<meta name=\"twitter:label1\" content=\"\u00c9crit par\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data1\" content=\"Haiti-Reference\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:label2\" content=\"Estimation du temps de lecture\" \/>\n\t<meta name=\"twitter:data2\" content=\"7 minutes\" \/>\n<script type=\"application\/ld+json\" class=\"yoast-schema-graph\">{\"@context\":\"https:\\\/\\\/schema.org\",\"@graph\":[{\"@type\":\"Article\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/#article\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/\"},\"author\":{\"name\":\"Haiti-Reference\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\"},\"headline\":\"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014\",\"datePublished\":\"2014-12-02T18:30:54+00:00\",\"dateModified\":\"2019-03-09T03:11:12+00:00\",\"mainEntityOfPage\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/\"},\"wordCount\":1432,\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"keywords\":[\"Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)\"],\"articleSection\":[\"Eglise catholique\",\"F\u00eates et c\u00e9l\u00e9brations\",\"Lettres pastorales\",\"Religion\",\"Textes en cr\u00e9ole\"],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"WebPage\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/\",\"name\":\"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014 &#187;\",\"isPartOf\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\"},\"datePublished\":\"2014-12-02T18:30:54+00:00\",\"dateModified\":\"2019-03-09T03:11:12+00:00\",\"breadcrumb\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/#breadcrumb\"},\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"potentialAction\":[{\"@type\":\"ReadAction\",\"target\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/\"]}]},{\"@type\":\"BreadcrumbList\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/2014\\\/12\\\/02\\\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\\\/#breadcrumb\",\"itemListElement\":[{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":1,\"name\":\"Accueil\",\"item\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\"},{\"@type\":\"ListItem\",\"position\":2,\"name\":\"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014\"}]},{\"@type\":\"WebSite\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#website\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"description\":\"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence\",\"publisher\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\"},\"potentialAction\":[{\"@type\":\"SearchAction\",\"target\":{\"@type\":\"EntryPoint\",\"urlTemplate\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/?s={search_term_string}\"},\"query-input\":{\"@type\":\"PropertyValueSpecification\",\"valueRequired\":true,\"valueName\":\"search_term_string\"}}],\"inLanguage\":\"fr-CA\"},{\"@type\":\"Organization\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#organization\",\"name\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/\",\"logo\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\",\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/wp-content\\\/uploads\\\/2016\\\/04\\\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png\",\"width\":338,\"height\":87,\"caption\":\"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence\"},\"image\":{\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/logo\\\/image\\\/\"},\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/bsky.app\\\/profile\\\/haiti-reference.bsky.social\"]},{\"@type\":\"Person\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/#\\\/schema\\\/person\\\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb\",\"name\":\"Haiti-Reference\",\"image\":{\"@type\":\"ImageObject\",\"inLanguage\":\"fr-CA\",\"@id\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"url\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"contentUrl\":\"https:\\\/\\\/secure.gravatar.com\\\/avatar\\\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g\",\"caption\":\"Haiti-Reference\"},\"description\":\"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.\",\"sameAs\":[\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.com\\\/\"],\"url\":\"https:\\\/\\\/www.haiti-reference.info\\\/pages\\\/author\\\/jeanantoine19\\\/\"}]}<\/script>\n<!-- \/ Yoast SEO plugin. -->","yoast_head_json":{"title":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014 &#187;","robots":{"index":"index","follow":"follow","max-snippet":"max-snippet:-1","max-image-preview":"max-image-preview:large","max-video-preview":"max-video-preview:-1"},"canonical":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/","og_locale":"fr_CA","og_type":"article","og_title":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014 &#187;","og_description":"Texte re\u00e7u le 1er d\u00e9cembre 2014 1. \u00ab Men l\u00e8 tan an rive bout, Bondye voye Pitit li a, ki f\u00e8t s\u00f2ti nan vant yon fi. \u00bb (Galat 4,4) 2. [&hellip;]","og_url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/","article_published_time":"2014-12-02T18:30:54+00:00","article_modified_time":"2019-03-09T03:11:12+00:00","author":"Haiti-Reference","twitter_card":"summary_large_image","twitter_misc":{"\u00c9crit par":"Haiti-Reference","Estimation du temps de lecture":"7 minutes"},"schema":{"@context":"https:\/\/schema.org","@graph":[{"@type":"Article","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/#article","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/"},"author":{"name":"Haiti-Reference","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb"},"headline":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014","datePublished":"2014-12-02T18:30:54+00:00","dateModified":"2019-03-09T03:11:12+00:00","mainEntityOfPage":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/"},"wordCount":1432,"publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"keywords":["Conf\u00e9rence des \u00c9v\u00eaques [Catholiques] d'Haiti (CEH)"],"articleSection":["Eglise catholique","F\u00eates et c\u00e9l\u00e9brations","Lettres pastorales","Religion","Textes en cr\u00e9ole"],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"WebPage","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/","name":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014 &#187;","isPartOf":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website"},"datePublished":"2014-12-02T18:30:54+00:00","dateModified":"2019-03-09T03:11:12+00:00","breadcrumb":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/#breadcrumb"},"inLanguage":"fr-CA","potentialAction":[{"@type":"ReadAction","target":["https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/"]}]},{"@type":"BreadcrumbList","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/2014\/12\/02\/mesaj-konferans-evek-peyi-d-ayiti-yo-pou-fet-nwel-la-2014\/#breadcrumb","itemListElement":[{"@type":"ListItem","position":1,"name":"Accueil","item":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/"},{"@type":"ListItem","position":2,"name":"Mesaj Konferans Ev\u00e8k Peyi d Ayiti yo pou F\u00e8t Nw\u00e8l la 2014"}]},{"@type":"WebSite","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#website","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","description":"Un guide de r\u00e9f\u00e9rence","publisher":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization"},"potentialAction":[{"@type":"SearchAction","target":{"@type":"EntryPoint","urlTemplate":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/?s={search_term_string}"},"query-input":{"@type":"PropertyValueSpecification","valueRequired":true,"valueName":"search_term_string"}}],"inLanguage":"fr-CA"},{"@type":"Organization","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#organization","name":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/","logo":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/","url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","contentUrl":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-content\/uploads\/2016\/04\/cropped-cropped-logo_201604-8-1.png","width":338,"height":87,"caption":"Haiti-R\u00e9f\u00e9rence"},"image":{"@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/logo\/image\/"},"sameAs":["https:\/\/bsky.app\/profile\/haiti-reference.bsky.social"]},{"@type":"Person","@id":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/#\/schema\/person\/31b60fcaaaa5b4ba18270235f02b08bb","name":"Haiti-Reference","image":{"@type":"ImageObject","inLanguage":"fr-CA","@id":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","url":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","contentUrl":"https:\/\/secure.gravatar.com\/avatar\/9b11d07f29649732ac94152597644974680b48609e6bb45f06ea787552d2520c?s=96&d=mm&r=g","caption":"Haiti-Reference"},"description":"Biblioth\u00e9caire de r\u00e9f\u00e9rence avec une bonne ma\u00eetrise de la culture et de l'histoire d'Haiti.","sameAs":["https:\/\/www.haiti-reference.com\/"],"url":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/author\/jeanantoine19\/"}]}},"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/1619","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=1619"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/1619\/revisions"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=1619"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=1619"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/www.haiti-reference.info\/pages\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=1619"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}